BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yp1 chap. 32 p. 228-234
  • Ki jan m ka pwoteje tèt mwen kont moun ki vle fòse m fè sèks avè yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka pwoteje tèt mwen kont moun ki vle fòse m fè sèks avè yo?
  • Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Se pa ou ki lakòz
  • Pale sou sa k rive a
  • Ki sa m ta dwe konnen konsènan vyolans seksyèl?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 2yèm pati: Gerizon
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m dwe konnen konsènan vyolans seksyèl? — 1ye pati: Prekosyon
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ann konsole moun ki viktim abi seksyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
yp1 chap. 32 p. 228-234

CHAPIT 32

Ki jan m ka pwoteje tèt mwen kont moun ki vle fòse m fè sèks avè yo?

Chak ane, gen plizyè milyon moun yo vyole oswa ki sibi yon lòt fòm vyolans seksyèl e selon rechèch ki fèt, byen souvan se jèn yo yo plis vize. Pa egzanp, Ozetazini, yo estime apeprè mwatye nan moun yo vyole yo se moun ki poko gen 18 an. E se paske zak sa yo vin pi kouran ki fè li esansyèl pou nou pale sou sijè sa a.

“Gen yon mesye ki te atake m, li lage m atè. Se lè sa a mwen te vin rann mwen kont sa k t ap pase a. Mwen te fè tout sa m kapab pou m lite avè l. Mwen rale yon boutèy spre ki gen piman ladan l, men li voye l jete nan men m. Mwen te eseye rele, men son pa t ka soti. Mwen te pouse l, mwen te ba l kout pye, kout pwen, kout zong. Lè sa a, mwen santi yon kouto ki pèse m. Mwen pa t ret okenn fòs ankò.” — Annette.

PWOBLÈM sa a gaye anpil jounen jodi a, anpalan de moun k ap fòse moun fè sèks avè yo, e byen souvan, se jèn yo vize. Gen kèk jèn, menm jan ak Annette, se moun yo pa konnen ki agrese yo. Gen lòt, se vwazen yo ki fè yo sa. Se sa k te rive Natalie. Li te gen 10 an sèlman lè yon adolesan ki te ret toupre lakay li te fè abi seksyèl sou li. Men sa Natalie di: “Lè sa te fèk fin pase, mwen te tèlman pè e mwen te tèlman wont, m pa t di pèsonn sa.”

Gen anpil jèn se moun nan fanmi yo ki fè vyolans seksyèl sou yo. Men sa yon dam ki rele Carmen di: “Depi lè m te gen 5 an pou jis mwen rive nan 12 an, papa m te fè abi seksyèl sou mwen. Lè m te gen 20 an, mwen te resi pale sou sa avè l. Li te di m li regrèt sa, men kèk mwa annapre, li te mete m deyò nan kay la.”

Jounen jodi a, se yon bagay ki kouran anpil pou vwazen, zanmi oswa fanmi fè abi sou lòt mouna. Men, kesyon abi sou jèn nan se pa yon bagay ki nouvo. Vye pratik sa yo te konn fèt menm nan epòk yo t ap ekri Bib la (Jowèl 3:3; Matye 2:16). Tan n ap viv yo se tan ki di. Anpil moun pa gen “afeksyon pou moun parèy yo”, e yo fè abi seksyèl sou tifi (menm sou tigason) souvan (2 Timote 3:1-3). Byenke pa gen okenn prekosyon ou ka pran ki bay garanti anyen pap rive w, gen anpil bagay ou ka fè pou w pwoteje tèt ou. Ann egzamine ide ki vin annapre yo:

Se pou w veyatif. Lè w deyò, veye sa k ap pase devan w, dèyè w, ni adwat ou ni agoch ou. Gen kèk zòn tout moun konnen kòm zòn ki danjere, sitou lannuit. Toutotan sa posib, evite zòn sa yo oswa asire w ou pa poukont ou lè w nan zòn sa yo. — Pwovèb 27:12.

Pa bay move enpresyon. Evite flète oswa abiye yon fason ki pwovokan. Lè w fè mòd bagay sa yo sa ka bay move enpresyon kòmkwa ou enterese nan fè sèks oswa si yon moun vin sou sa avè w ou pap refize. — 1 Timote 2:9, 10.

Mete limit. Si w gen yon mennaj, pale avè l sou ki konduit ki akseptab ak konduit ki pa akseptab nou ta dwe genyenb. Yonfwa w fin mete limit yo, pa mete tèt ou nan sitiyasyon kote yo ka fè abi sou ou. — Pwovèb 13:10.

Pa pè pale. Pa gen anyen ki mal pou w di yon fason ki fèm: “Pa fè m sa!” oswa “Pa manyen m!” Pa aksepte tout bagay paske w pè pou mennaj ou pa kite w. Si l kite avè w poutèt sa, sèke li pa merite pou w ret avè l. Ou merite yon bon gason ki respekte kò w e ki respekte prensip ou genyen yoc.

Fè atansyon lè w sou Entènèt. Pa janm bay enfòmasyon pèsonèl oswa mete foto sou Entènèt ki ka fè moun idantifye kote w rete oswa kote yo ka jwenn oud. Si w resevwa yon mesaj ki gen rapò ak sèks, jeneralman pi bon bagay la se pa reponn. Lè nou pa reponn mòd mesaj sa yo, nan pifò ka, sa ap fè moun ki te voye mesaj la santi l pa gen okenn pouvwa sou nou.

Etap sa yo nou sot pale de yo a kapab fè gen mwens risk pou yo atake w (Pwovèb 22:3). Men, fò nou admèt, ou ka pa toujou gen kontwòl tout bagay. Pa egzanp, ou ka pa toujou gen posiblite gen yon moun avè w oswa pou w evite zòn ki danjere yo. Petèt menm w ap viv nan yon zòn ki danjere.

Petèt, selon move eksperyans ou deja fè, ou konnen move bagay kapab rive w menmsi w pran tout prekosyon pou sa pa rive. Menm jan ak Annette, nou te pale de li nan kòmansman an, moun nan ka atake w san w pa atann e w ka pa gen posiblite fè anyen. Oswa menm jan ak Carmen, se lè w te piti yo te fè abi sou ou e lè sa a ou pa t gen kontwòl sitiyasyon an oswa ou ka pa t menm byen konprann sa k t ap pase a. Byen souvan, moun ki te viktim abi seksyèl santi yo koupab pou sa k te pase a, ki jan w ka fè fas ak santiman sa a?

Se pa ou ki lakòz

Annette toujou santi l koupab pou sa k te rive a. Men sa l di: “Se mwen menm ki fè tèt mwen mal nan sans sa a. Sa k te rive nan nuit sa a toujou ap pase nan lespri m. Mwen santi m te dwe eseye fè plis efò pou m repouse l. Reyalite a sèke m te vin pè anpil apre l te fin blese m nan. M pa t ka fè anyen ankò, men m santi m te dwe fè yon bagay.”

Natalie santi l koupab tou. Men sa l di: “M pa t dwe gen tout konfyans sa a. Paran m te toujou vle pou mwen menm ak sè m nan ansanm lè n ap jwe deyò, men, mwen pa t koute. Donk, m santi se mwen ki te bay vwazen m nan okazyon pou l fè m yon bagay ki mal. Sa k te rive a te afekte fanmi m, e m santi m responsab lefètke m lakòz yo nan tout lapenn sa a. Se sa k ban m plis pwoblèm.”

Si w konn santi w menm jan ak Annette ak Natalie, ki jan w ka fè fas ak santiman kòmkwa se ou ki lakòz sa k te rive a? Premye bagay pou w toujou sonje sèke ou pa t dakò fè sèks ak moun nan. Gen kèk moun ki pa pran kesyon vyòl la oserye. Kòm eskiz yo fè konnen li nòmal pou yon gason aji fason sa a e se moun yo vyole a ki te chèche sa. Men, pa gen pèsonn ki merite pou yo vyole l. Si w te viktim yon vye zak konsa, se pa ou ki lakòz!

Natirèlman, li fasil pou yon moun di w “se pa ou ki lakòz”, men li kapab difisil anpil pou w kwè sa. Gen moun ki pa pale sou sa k te rive a, e lefètke yo santi yo koupab pou sa k pase a e yo gen lòt santiman negatif sa fè yo soufri. Men, lè w pa di anyen, se pa pou ou sa pi bon, se moun ki agrese w la ki pwofite sa. Se sa k fè li bon pou w panse ak yon lòt opsyon.

Pale sou sa k rive a

Labib fè nou konnen Jòb, yon moun ki te jis, te rive nan yon pwen kote li di: “Mwen pral pale sa k fè m mal. Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans!” (Jòb 10:1). Ou ka jwenn byenfè si w fè menm jan an. Lè w pale ak yon moun ou fè konfyans, sa ka ede w pou w pa kite sa k pase a kontinye domine w e sa ka ede w jwenn soulajman anba santiman ki ta vle pote w ale yo.

Anfèt, si w se yon kretyen, li enpòtan pou w pale ak yon ansyen nan kongregasyon an sou sa k pase a. Antanke bèje ki renmen w, pawòl ankourajan y ap di w yo ap ba w asirans se yon viktim ou ye, ou pa patisipe nan peche moun nan. Sa te mache pou Annette. Li di: “Mwen te pale ak yon [sè ki] bon zanmi m, e li te ankouraje m pale ak kèk ansyen nan kongregasyon an. M kontan m te fè sa. Yo te chita avè m plizyè fwa e yo te di m egzakteman sa m te bezwen an: se pa mwen ki lakòz sa k rive a. Mwen vrèman pa responsab sa k rive a.”

Lè w pale sou sa k te pase a e w pale sou jan w santi w, sa ka ede w pou w pa vin an kòlè e pou w pa kenbe rankin (Sòm 37:8). Sa ka ede w jwenn soulajman tou, petèt se premye fwa apre plizyè ane depi apre sa k te pase a w ap santi w byen konsa. Apre Natalie te fin pale ak paran l sou sa k te rive l la, li te santi l soulaje tou. Li di: “Yo te soutni m. Yo te ankouraje m pale, e sa te ede m pou m pa twò tris oswa twò fache. “Yon lòt bagay ki te ede Natalie se lapriyè. Li di: “Lefètke mwen pale ak Bondye, sa ede m, sitou nan moman kote m te santi m pa t ka pale ak okenn lòt moun. Lè m priye, m ka di tout sa k sou kè m. Sa fè m santi m anpè e sa fè m santi m kalme.”

Gen “yon lè pou moun geri” e ou ka wè sa tou nan ka pa w (Eklezyas 3:3). Konte sou èd zanmi menm jan ak ansyen yo ki tankou “yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli”. (Ezayi 32:2.) Evite ret ap panse sou bagay ki negatif, konsantre sou bagay ki pozitif. Pran bonjan repo. E sa k pi enpòtan an, konte sou Jewova, Bondye tout konsolasyon an, ki pral tabli yon monn nouvo kote “moun k ap fè mechanste yo ap disparèt, men moun ki mete espwa yo nan Jewova ap posede tè a”. — Sòm 37:9.

[Nòt anba paj]

a Nan kèk ka, se yon mennaj ki fè vyòl la, lè konsa swa yo fòse fi a fè sèks swa yo dwoge l pou yo ka fè l aksepte fè sèks.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 4.

c Natirèlman, konsèy sa yo valab tou si yon fi ap fòse yon gason fè sèks avè l.

d Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 11.

e Pafwa moun ki te viktim abi seksyèl konn fè gwo depresyon. Nan ka sa a, li t ap bon pou yo wè yon doktè. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w fè fas ak santiman ki dekouraje w, gade chapit 13 ak 14 nan liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, [...] yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, [...] y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen.” — 2 Timote 3:1-3.

MEN YON IDE

Si w te viktim abi seksyèl, fè yon lis vèsè ki ka rekonfòte w. Ou ka mete yon seri vèsè tankou Sòm 37:28; 46:1; 118:5-9 ak Filipyen 4:6, 7.

ÈSKE W TE KONNEN?

Ozetazini, sou chak 100 jèn ki viktim abi seksyèl gen 90 ladan yo ki konn moun ki atake yo a.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè m santi m koupab pou sa k te rive a ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki avantaj ki genyen lè w pale ak yon moun sou abi seksyèl ou te sibi a?

● Ki sa k ka rive ni ou ni lòt moun si w pa di anyen?

[Antrefilè nan paj 232]

“Li vrèman difisil pou w pale ak yon moun sou abi ou te sibi, men se pi bon bagay ou te ka fè. Paske, lè w pale, sa ede w retire tristès ak kòlè e ou rejwenn fòs ou.” — Natalie.

[Kare nan paj 230]

“Si w renmen m...”

Gen kèk moun se pa fòs yo fè sou fi pou yo fè sèks avèk yo, se jwe yo jwe sou santiman yo. Ki jan yo fè sa? Yo di yon seri bagay tankou: “Tout moun fè sèks”, “Pa gen moun k ap janm konnen”. Oswa jan yo te di sa nan chapit 24 liv sa a: “Si w renmen m, w ap fè l avè m”. Pa pran nan pyèj yon gason ki vle fè w kwè si w renmen l fò w fè sèks avè l. Reyalite a sèke moun ki panse konsa se moun k ap chèche satisfè dezi pa l. Li pa panse avè w oswa ak sa k ap bon pou ou. Yon gason ki gason toutbon ap mete enterè pa w anvan enterè l e l ap demontre li gen ase fòs pou l suiv prensip moral Bondye yo (1 Korentyen 10:24). Yon gason toutbon pap aji ak fi kòmsi fi la sèlman pou fè sèks. Okontrè, l ap konsidere “jèn medam yo tankou se te sè [l], san okenn move lide”. — 1 Timote 5:1, 2.

[Foto nan paj 233]

Santiman w genyen apre w fin viktim abi seksyèl ka twò lou pou w pote poukont ou. Li t ap bon pou w pale ak yon lòt moun pou ede w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje