-
Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 15
Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?
Fenlann
Yo anseye.
Yo vizite moun.
Yo bay temwayaj.
Nan òganizasyon nou an, pa gen yon klèje oswa chèf Legliz k ap touche lajan. Okontrè, jan yo te konn fè sa lè kongregasyon kretyen an te fèk kòmanse, gen ansyen kalifye yo nome pou “pran swen kongregasyon Bondye a”. (Travay 20:28.) Ansyen sa yo gen matirite nan domèn espirityèl e se yo ki pran latèt nan kongregasyon an pou yo pran swen twoupo Bondye a. Yo “pa fè sa nan fòse, men [yo] fè sa ak tout kè [yo] devan Bondye. [Yo pa] fè sa paske [y] ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon, men [yo] fè sa avèk dilijans”. (1 Pyè 5:1-3.) Ki travay yo fè pou yo ede nou?
Yo gen sousi pou nou e yo veye sou nou. Ansyen yo bay kongregasyon an direksyon e yo pwoteje l nan domèn espirityèl. Byenke ansyen yo konsyan Bondye ba yo yon wòl enpòtan nan kongregasyon an, yo pa domine sou pèp Bondye a pou sa. Okontrè, yo fè tout sa yo kapab pou n santi nou byen e pou n gen lajwa (2 Korentyen 1:24). Menm jan yon bèje fè anpil efò pou l pran swen chak mouton l genyen, ansyen yo fè efò pou yo konn chak moun nan kongregasyon an. — Pwovèb 27:23.
Yo aprann nou fason pou n fè volonte Bondye. Chak semèn, ansyen yo dirije reyinyon yo nan kongregasyon an pou yo ka fòtifye lafwa nou (Travay 15:32). Anplis de sa, mesye fidèl sa yo pran latèt nan travay predikasyon an, yo travay avèk nou e yo ban nou fòmasyon nan tout fasèt nan ministè a.
Yo bay nou chak ankourajman. Pou ansyen yo ede nou chak vin gen pi bon relasyon ak Bondye, yo vizite nou lakay nou oswa yo pale avè n nan Sal Wayòm nan pou yo ankouraje n. Yo sèvi ak Bib la pou yo fè sa. — Jak 5:14, 15.
Apa travay ansyen yo gen pou yo fè nan kongregasyon an, pifò ladan yo gen travay pwofàn e yo responsab yon fanmi, sa ki mande tan ak atansyon. Frè sa yo k ap travay di merite respè nou. — 1 Tesalonisyen 5:12, 13.
Ki travay ansyen yo fè nan kongregasyon an?
Ki sa ansyen yo fè pou yo montre yo enterese nan nou chak?
-
-
Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 16
Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?
Myanma
Yo patisipe nan reyinyon yo.
Yo fè soti predikasyon.
Yo netwaye Sal Wayòm nan.
Bib la pale de de gwoup mesye ki gen responsablite nan kongregasyon an: “Siveyan yo ansanm ak sèvitè ministeryèl yo.” (Filipyen 1:1). An jeneral, nan chak kongregasyon gen plizyè ansyen ak sèvitè ministeryèl. Ki travay sèvitè ministeryèl yo fè pou ede n nan kongregasyon an?
Yo ede gwoup ansyen an. Sèvitè ministeryèl yo se moun ki espirityèl yo ka fè konfyans ki travay di nan kongregasyon an. Gen ladan yo ki jèn e genyen ki aje. Travay yo fè nan kongregasyon an enpòtan, men byen souvan, se konn travay yo fè regilyèman e gen kèk travay fizik yo fè ki nesesè. Sa pèmèt ansyen yo ret konsantre sou travay yo ki se pran swen twoupo Bondye a epi anseye l.
Yo fè travay ki itil kongregasyon an. Gen kèk sèvitè ministeryèl ki responsab pou yo akeyi moun ki vin nan reyinyon yo. Genyen ki travay nan sonorizasyon, nan piblikasyon, nan sèvis kont, e gen lòt ki responsab bay pwoklamatè yo tèritwa pou yo preche. Anplis de sa, yo patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan e yo fè antretyen ladan l. Ansyen yo ka mande yo pou yo ede moun aje ki nan kongregasyon an. Piske sèvitè ministeryèl yo dispoze fè nenpòt travay ansyen yo ba yo, sa fè tout moun respekte yo. — 1 Timote 3:13.
Yo bay bon egzanp antanke kretyen. Se bèl kalite espirityèl yon frè genyen ki fè yo nome l sèvitè ministeryèl. Lè yo gen patisipasyon nan reyinyon yo, yo fòtifye lafwa nou. Piske yo pran devan nan travay predikasyon an, sa ede n vin pi zele. Lefètke yo byen kowopere ak ansyen yo, sa fè gen lajwa ak inite nan kongregasyon an (Efezyen 4:16). Rive yon lè, sèvitè ministeryèl yo ka vin kalifye pou yo sèvi kòm ansyen.
Ki moun sèvitè ministeryèl yo ye?
Ki travay sèvitè ministeryèl yo fè pou kongregasyon an byen mache?
-
-
Kòman siveyan sikonskripsyon yo ede nou?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 17
Ki jan siveyan sikonskripsyon yo ede nou?
Malawi
Yo fè soti predikasyon.
Yo preche avè n.
Yo fè reyinyon ak ansyen yo.
Ekriti grèk yo pale souvan de Banabas ak apot Pòl. Mesye sa yo te yon seri siveyan ki te konn vizite kongregasyon nan premye syèk la. Poukisa yo te konn al vizite kongregasyon yo? Yo te gen bonjan sousi pou byennèt frè ak sè nan kongregasyon yo. Pòl te di li vle “tounen al vizite frè yo” pou l te ka wè ki jan yo ye. Li te dispoze vwayaje sou plizyè santèn kilomèt pou l te ka fòtifye yo (Travay 15:36). Se menm dezi sa a siveyan k ap vizite kongregasyon yo genyen jodi a.
Yo vizite nou pou yo ankouraje nou. Chak siveyan sikonskripsyon vizite anviwon 20 kongregasyon e li pase yon semèn nan chak kongregasyon sa yo de fwa chak ane. Eksperyans frè sa yo fè ka itil nou anpil, e si yo marye, eksperyans madanm yo fè ka itil nou tou. Yo fè tout sa yo kapab pou yo konnen ni jèn ni granmoun e yo byen kontan preche ansanm ak nou epi akonpaye nou nan etid biblik nou genyen. Siveyan sa yo al fè vizit pastoral ak ansyen yo e yo bay diskou ki ankourajan ni nan reyinyon yo ni nan asanble yo pou yo ka fòtifye nou. — Travay 15:35.
Yo enterese nan tout moun. Siveyan sikonskripsyon yo enterese anpil nan kondisyon espirityèl kongregasyon yo. Yo reyini ak ansyen yo ak asistan ministeryèl yo pou yo egzamine pwogrè kongregasyon an fè e pou yo ba yo konsèy pratik k ap ede yo byen ranpli responsablite yo. Yo ede pyonye yo vin pi efikas nan travay predikasyon an e yo kontan rankontre nouvo yo pou yo tande pwogrè espirityèl yo fè. Frè sa yo dispoze “travay ansanm avè [n] nan enterè nou”. (2 Korentyen 8:23). Nou dwe imite lafwa yo ak atachman yo gen pou Bondye. — Ebre 13:7.
Pou ki rezon siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo?
Ki sa w ka fè pou w byen pwofite vizit siveyan yo?
-
-
Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 18
Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?
Repiblik dominikèn
Japon
Ayiti
Lè gen katastwòf, Temwen Jewova yo òganize yo byen vit pou yo pote frè ak sè ki nan pwoblèm yo sekou. Efò sa yo montre jan n gen lanmou toutbon youn pou lòt (Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:17, 18). Ki sa n fè pou n ede yo?
Nou bay lajan kòm ofrann. Nan premye syèk la, lè te gen yon gwo grangou nan Jide, kretyen ki t ap viv nan vil Antyòch yo te voye lajan pou frè ak sè yo (Travay 11:27-30). Menm jan an tou, lè n tande frè ak sè n yo nan lòt peyi gen gwo pwoblèm, nou bay ofrann nan kongregasyon nou e yo voye ofrann sa yo ale pou ede frè sa yo ki nan gwo bezwen. — 2 Korentyen 8:13-15.
Nou ba yo èd nou yon fason ki pratik. Ansyen ki nan zòn ki gen katastwòf la chèche pran kontak ak chak moun ki nan kongregasyon yo pou yo asire yo tout moun la e yo an sekirite. Yo konn fòme yon komite sekou pou kowòdone travay k ap fèt yo, tankou distribye manje, bay moun dlo pou yo bwè, bay moun rad, bay moun kote pou yo rete. Epi yo ede moun jwenn swen medikal. Gen anpil Temwen ki pratike yon metye yo gen bezwen nan moman an ki pote yo volontè pou patisipe nan travay sekou a oswa ki ede nan travay reparasyon kay ak Sal Wayòm ki andomaje. Pou volontè sa yo deplase, se kòb yo yo itilize pou yo peye vwayaj yo. Lefètke nou gen inite nan òganizasyon an e nou gen anpil eksperyans paske nou abitye travay ansanm, sa fè n òganize nou byen vit lè gen katastwòf. Se vre, nou ede “moun ki fanmi nou nan lafwa”, men lè sa posib, nou ede lòt moun tou kèlkeswa relijyon yo. — Galat 6:10.
Nou ba yo èd espirityèl ak konsolasyon. Se moun ki viktim anba katastwòf yo sitou ki bezwen konsolasyon. Nan moman sa yo, nou chèche jwenn fòs nan men Jewova, “Bondye tout konsolasyon an”. (2 Korentyen 1:3, 4.) Nou kontan fè moun ki sanzespwa yo konnen pwomès ki nan Bib la, e n ede yo gen konfyans nan Wayòm Bondye a piske talè konsa li pral retire tout pwoblèm ki fè yo nan lapenn e ki lakòz y ap soufri. — Revelasyon 21:4.
Sa k fè Temwen Jewova yo ka aji byen vit lè gen katastwòf?
Ki vèsè nan Bib la nou ka itilize pou nou konsole moun yo?
-
-
Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 19
Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?
Manje espirityèl nou an bon pou nou tout.
Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te gen yon konvèsasyon ak kat nan disip li yo anpalan de Pyè, Jak, Jan ak Andre. Pandan Jezi t ap bay siy ki t ap fè konnen li prezan nan dènye jou yo, li te poze yon kesyon ki gen anpil enpòtans: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman?” (Matye 24:3, 45; Mak 13:3, 4). Jezi t ap bay disip li yo asirans, antanke “mèt” yo, li t ap gen pou l chwazi moun pou ba yo manje espirityèl nan tan lafen an. Ki moun ki t ap fè pati esklav sa a?
Se yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl pami disip Jezi yo. Kolèj Santral Temwen Jewova yo sanble tèt koupe ak “esklav” sa a, paske l bay moun k ap sèvi Jewova menm jan avè l yo manje espirityèl nan bon moman. Nou depann de esklav fidèl la pou l kontinye ban nou “kantite pwovizyon [nou] bezwen nan moman apwopriye a”. — Lik 12:42.
Li responsab kay Bondye a. (1 Timote 3:15). Jezi bay esklav la gwo responsablite pou l dirije travay k ap fèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a, pou l pran swen byen materyèl òganizasyon an. Li dirije travay predikasyon an e li anseye nou pa mwayen kongregasyon yo. Kidonk, pou “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou sa n bezwen nan bon moman an, li sèvi ak piblikasyon nou itilize nan travay predikasyon an ak ansèyman nou jwenn nan reyinyon yo ak nan asanble yo.
Esklav la fidèl, sa vle di li atache ak verite ki nan Bib la e l preche bon nouvèl la fidèlman. Li prevwayan nan fason li pran swen byen Kris yo sou tè a e li fè sa avèk sajès (Travay 10:42). Jewova beni travay esklav la lè l fè plis moun vin nan kongregasyon an e l ede l bay pi plis manje espirityèl. — Ezayi 60:22; 65:13.
Kiyès Jezi te chwazi pou bay disip li yo manje espirityèl?
Nan ki sans esklav la fidèl e li prevwayan?
-
-
Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 20
Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?
Kolèj santral nan premye syèk la.
Y ap li lèt kolèj santral la voye.
Nan premye syèk la, te gen yon ti gwoup frè, anpalan de “apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm”, ki te fòme kolèj santral la, e se gwoup sa a ki te konn la pran gwo desizyon pou tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo (Travay 15:2). Lè kolèj santral la te pran yon desizyon kote tout manm li yo dakò ak desizyon an, se paske yo te egzamine sa Pawòl Bondye a di e yo te kite lespri Bondye gide yo (Travay 15:25). Kolèj santral la jodi a suiv menm egzanp sa a.
Bondye sèvi avè l pou l fè volonte L. Frè Bondye chwazi pou al nan syèl la ki manm Kolèj santral la enterese anpil nan Pawòl Bondye a e yo gen anpil eksperyans nan regle kesyon ki delika ak kesyon ki gen rapò ak bagay espirityèl yo. Frè sa yo reyini chak semèn pou yo egzamine bezwen frè ak sè yo genyen sou tout tè a. Jan sa te konn fèt nan premye syèk la, Kolèj santral la bay enstriksyon ki baze sou Bib la nan lèt li ekri yo, pa mwayen siveyan sikonskripsyon yo ak lòt moun ankò. Sa fè tout moun ki nan pèp Bondye a gen menm panse e yo aji menm jan (Travay 16:4, 5). Kolèj santral la sipèvize travay frè yo ap fè lè y ap prepare manje espirityèl la, li bay travay predikasyon an plis jarèt e l apwouve nominasyon frè ki pral gen responsablite yo.
Li byen suiv direksyon lespri sen Bondye. Kolèj santral la konte sou Jewova, Souvren tout linivè a, e sou Chèf kongregasyon an, Jezi, pou l ka jwenn direksyon (1 Korentyen 11:3; Efezyen 5:23). Frè ki manm Kolèj santral la pa aji kòm chèf sou pèp Bondye a. Yo menm ak tout lòt kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la “kontinye suiv Ti Mouton an [Jezi] kèlkeswa kote l ale”. (Revelasyon 14:4.) Lè n priye pou Kolèj santral la, li bay sa anpil valè.
Ki moun ki te fè pati kolèj santral la nan premye syèk la?
Jodi a, ki jan Kolèj santral la chèche direksyon Bondye?
-
-
Ki sa Betèl la ye?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 21
Ki sa Betèl la ye?
Sèvis atistik, Etazini
Almay
Kenya
Kolonbi
Mo ebre lè yo tradui l ki bay Betèl la vle di “Kay Bondye”. (Jenèz 28:17, 19, nòt.) Se yon non ki apwopriye pou lokal Temwen Jewova yo itilize toupatou sou tè a pou dirije epi soutni travay predikasyon an. Kolèj santral la ap travay nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini, e se la li sipèvize travay biwo filyal nan anpil peyi sou tè a ap fè. Antanke gwoup, yo rele moun k ap travay nan lokal sa yo fanmi Betèl. Menm jan ak yon fanmi, yo viv ansanm e yo travay ansanm. Yo manje ansanm e yo etidye Labib ansanm nan inite. — Sòm 133:1.
Se yon bèl kote moun viv tankou fanmi e yo travay di ak tout kè yo. Nan tout Betèl yo gen gason ak fi k ap bay tout fòs yo pou fè volonte Jewova e yo travay aplentan pou yo fè enterè Wayòm nan avanse (Matye 6:33). Pa gen youn nan yo ki touche pou travay y ap fè a. Men, yo ba yo kote pou yo dòmi, manje, ak yon ti kòb pou kèk nan depans pèsonèl yo. Tout moun nan Betèl la gen yon travay y ap fè. Gen moun ki travay nan biwo, nan kuizin oubyen nan salamanje. Gen lòt ki travay kote yo fè lesiv, nan netwayaj, nan enprimri, nan antretyen ak lòt kote ankò.
Se yon kote moun yo okipe e y ap soutni travay predikasyon an. Objektif moun k ap travay nan Betèl yo se ede plis moun posib vin konn verite ki nan Bib la. Bwochi ki nan men w lan se yon egzanp ki montre sa. Kolèj santral la te sipèvize travay moun ki t ap ekri bwochi sa a, e yo te sèvi ak kourye elektwonik pou voye enfòmasyon ki nan bwochi sa a bay plizyè santèn ekip tradiksyon sou tout tè a. Nan plizyè Betèl, yo sèvi ak machin ki gen gwo vitès pou enprime l e yo voye l nan plis pase 110 000 kongregasyon. Travay predikasyon bon nouvèl la se travay ki pi ijan jodi a, e pou travay sa a rive fèt, nan chak etap, se fanmi Betèl yo sou tout tè a ki bay pifò èd la. — Mak 13:10.
Ki moun ki travay nan Betèl la e ki aranjman yo fè pou yo?
Ki travay ijan tout moun k ap travay nan Betèl yo soutni?
-
-
Ki sa yo fè nan biwo filyal la?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 22
Ki sa yo fè nan yon biwo filyal?
Zile Salomon
Kanada
Afrik disid
Gen moun nan fanmi Betèl la ki travay nan kèk depatman ki gen rapò dirèk ak travay predikasyon k ap fèt nan yon peyi oswa nan plizyè peyi. Kèk nan yo travay nan tradiksyon, nan depo piblikasyon, kote yo enprime peryodik, kote yo relye liv, kote yo pwodui materyèl odyo oswa videyo. E yo ka fè nenpòt lòt travay pou peyi ki sou responsablite filyal la.
Gen yon komite filyal ki sipèvize travay k ap fèt yo. Nan chak filyal, Kolèj santral la nome yon Komite filyal. Li gen omwen twa ansyen byen kalifye ki gen responsablite pou dirije travay k ap fèt nan filyal la. Komite filyal la enfòme Kolèj santral la sou pwogrè ki fèt nan travay predikasyon an nan chak peyi ki sou responsablite l. Yo voye rapò bay Kolèj santral la pou fè l konnen tout pwoblèm yo rankontre. Rapò sa yo ede Kolèj santral la deside ki sijè pou l devlope nan piblikasyon ki pral parèt yo, nan reyinyon yo ak nan asanble yo. Kolèj santral la voye reprezantan l al vizite filyal yo regilyèman e yo bay Komite filyal yo konsèy k ap ede yo byen fè travay yo (Pwovèb 11:14). Kolèj Santral la òganize yon pwogram espesyal kote reprezantan l lan bay yon diskou pou ankouraje moun k ap viv nan peyi ki sou kont filyal la.
Li ede kongregasyon ki nan peyi a. Gen frè responsab nan biwo filyal la ki apwouve nouvo kongregasyon ki fòme yo, yo sipèvize travay pyonye, misyonè ak siveyan sikonskripsyon ki nan peyi ki sou responsablite filyal la. Yo òganize asanble yo ak kongrè yo. Yo kowòdone konstriksyon nouvo Sal Wayòm e yo veye pou kongregasyon yo jwenn piblikasyon yo bezwen. Tout travay yo fè nan filyal la pèmèt travay predikasyon an fèt nan lòd. — 1 Korentyen 14:33, 40.
Ki jan Komite filyal yo ede Kolèj santral la?
Ki travay yo fè nan yon biwo filyal?
-
-
Ki fason yo ekri piblikasyon n yo e ki fason yo rive tradui yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 23
Ki fason yo ekri piblikasyon n yo e ki fason yo rive tradui yo?
Sèvis redaksyon, Etazini
Kore disid
Ameni
Bouwoundi
Srilanka
Pou n ka rive fè tout sa n kapab pou n preche “bon nouvèl” la nan “tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”, nou oblije pwodui piblikasyon nan plis pase 750 lang (Revelasyon 14:6). Ki jan n fè reyalize gwosè travay sa a? Se grasa èd yon gwoup moun ki gaye sou tout tè a ki patisipe nan ekri piblikasyon nou yo e grasa yon gwoup tradiktè devwe. Yo tout se Temwen Jewova.
Yo ekri tèks orijinal la ann anglè. Kolèj santral la sipèvize travay sèvis redaksyon an ki nan syèj mondyal Temwen Jewova yo. Sèvis sa a kowòdone travay moun k ap ekri piblikasyon yo. Gen nan moun sa yo ki travay nan syèj mondyal la e gen lòt ki travay nan lòt filyal. Lefètke gen moun toupatou k ap ekri piblikasyon nou yo, sa fè gen sijè ladan yo ki touche tout kouch sosyal ak tout peyi, e sa fè moun toupatou sou tè a renmen li piblikasyon nou yo.
Yo voye tèks la bay tradiktè yo. Apre yo fin ekri tèks la, yo korije l, yo apwouve l, e yo voye l sou fòm elektwonik bay ekip tradiksyon yo sou tout tè a. Ekip sa yo tradui tèks la, yo byen konpare l ak tèks orijinal la, epi yo korije fot ki gen ladan l yo. Yo fè tout sa yo kapab pou yo chwazi “pawòl ki verite e ki egzak” pou yo ka bay vrè sans tèks anglè a nan lang y ap tradui a. — Eklezyas 12:10.
Yo itilize òdinatè pou yo fè travay la pi vit. Yon òdinatè pa ka ranplase ni yon ekriven ni yon tradiktè. Men, moun sa yo ka fè travay yo pi vit grasa diksyonè ki sou òdinatè yo, pwogram enfòmatik ki ede moun pi byen konprann yon lang ak divès pwogram ki ede moun fè rechèch. Temwen Jewova yo envante yon sistèm enfòmatik ki pèmèt yo fè piblikasyon nan plizyè lang. Yo rele sistèm sa a MEPS. Pwogram sa a pèmèt yo travay tèks yo nan plizyè santèn lang, li pèmèt yo konbine tèks yo tradui yo ak imaj yo, pou yo ka parèt ansanm, e l pèmèt yo konpoze tèks la pou l ka pare pou yo enprime l.
Poukisa nou fè tout efò sa yo menm pou lang se kèk milye moun sèlman ki pale yo? Paske se volonte Jewova “pou tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite.” — 1 Timote 2:3, 4.
Ki travay yo fè pou yo rive ekri piblikasyon nou yo?
Poukisa nou tradui piblikasyon nou yo nan plizyè lang?
-
-
Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 24
Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?
Nepal
Togo
Grann Bretay
Òganizasyon nou an pibliye plizyè milyon Bib ak lòt piblikasyon chak ane e nou distribye yo bay moun san n pa mande pou yo lajan. Nou konstwi Sal Wayòm ak filyal e nou fè antretyen ladan yo. Nou soutni plizyè milye Betelit ak misyonè e n bay èd lè gen katastwòf. Se sa k fè petèt w ap mande tèt ou: ‘Kote n jwenn lajan pou n fè tout travay sa yo?’
Nou pa fè moun peye ni ladim, ni sèvis relijye n fè yo, e n pa fè lakòlèt. Se vre, nou depanse anpil lajan pou travay predikasyon an ka fèt, men nou pa mande moun lajan. Sa gen plis pase santan, dezyèm nimewo Toudegad la te di nou kwè se Jewova k ap soutni nou, nou “pap janm mande moun ni nou pap janm fòse moun bay lajan pou travay la fèt”, e n pa janm fè sa vre! — Matye 10:8.
Se ofrann volontè moun bay ki ede n fè travay la. Gen anpil moun ki bay travay ansèyman biblik n ap fè a anpil valè, e yo bay ofrann volontè pou yo soutni travay sa a. Temwen Jewova yo bò kote pa yo kontan bay tan yo, fòs yo, lajan yo ak lòt bagay yo posede pou yo fè volonte Bondye toupatou sou tè a (1 Kwonik 29:9). Nan Sal Wayòm yo ak nan lokal nou fè asanble ak kongrè yo, gen bwat ofrann pou moun ki ta renmen bay ofrann yo. Oubyen yo ka fè ofrann sou sit nou an, jw.org. Pifò lajan nou resevwa yo se moun ki pa gen gwo mwayen ki bay yo, moun ki tankou vèv malerèz Jezi te pale an byen de li a. Vèv sa a te depoze de ti pyès monnen ki pa gen anpil valè nan trezò tanp lan (Lik 21:1-4). Se sa k fè, nenpòt moun nan ka “mete yon ti bagay apa” regilyèman pou l bay kòm ofrann “jan l te deside nan kè l la.” — 1 Korentyen 16:2; 2 Korentyen 9:7.
Nou sèten Jewova ap kontinye touche kè moun ki vle ‘onore l avèk bagay yo genyen ki gen valè yo’ lè yo soutni travay Wayòm nan pou volonte Jewova fèt. — Pwovèb 3:9.
Ki sa k fè òganizasyon nou an diferan ak lòt relijyon yo?
Ki sa yo fè ak ofrann volontè yo?
-
-
Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 25
Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?
Bolivi
Nijerya, anvan e apre
Tayiti
Jan non Sal Wayòm nan montre sa, se yon kote yo anseye Labib e ansèyman sa a met aksan sou Wayòm Bondye a ki se tèm prensipal travay predikasyon Jezi a. — Lik 8:1.
Pou moun gen kote pou yo pratike vrè adorasyon an nan zòn yo ye a. Se nan Sal la yo òganize travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Tout Sal Wayòm yo pa menm gwosè e yo pa fèt selon menm plan an. Men, tout fèt byen senp e plizyè kongregasyon konn reyini nan yon Sal Wayòm. Nan ane ki pase yo, nou konstwi plizyè milye Sal Wayòm (anviwon senk chak jou) akoz gwo kantite moun ki vin genyen nan kongregasyon nou yo. Ki jan n fè konstwi yo? — Matye 19:26.
Se grasa ofrann moun fè nou rive konstwi Sal Wayòm yo. Yo voye ofrann sa yo bay filyal la, e se lajan sa a yo itilize pou yo konstwi oswa renove Sal Wayòm pou kongregasyon bezwen sa. Kongregasyon yo pa peye enterè sou lajan an.
Se volontè ki sot nan tout kouch sosyal ki konstwi Sal yo san yo pa touche. Nan anpil peyi, yo fòme plizyè ekip konstriksyon Sal Wayòm. Ekip yo gen sèvitè pou konstriksyon ak lòt volontè ladan yo. Yo sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt nan peyi a, e yo konstwi Sal Wayòm pou kongregasyon ki nan zòn ki lwen yo tou. Nan kèk peyi, gen Temwen Jewova ki kalifye nan konstriksyon k ap sipèvize travay konstriksyon ak renovasyon Sal Wayòm nan tout yon rejyon. Byenke gen anpil frè ak sè ki jwenn bon fòmasyon k ap travay volontèman nan konstriksyon sa yo, pifò volontè ki sou chantye yo se frè ak sè ki nan kongregasyon ki nan zòn nan. Se lespri sen Jewova ak gwo efò pèp li a ki fè tout travay sa yo posib. — Sòm 127:1; Kolosyen 3:23.
Poukisa n rele kote n reyini pou n adore yo Sal Wayòm?
Ki jan n fè konstwi Sal Wayòm toupatou sou tè a?
-
-
Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 26
Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?
Estoni
Zimbabwe
Mongoli
Pòtoriko
Tout Sal Wayòm Temwen Jewova yo pote non Bondye ki sen. Se sa k fè, se yon privilèj nou genyen pou nou fè tout sa nou kapab pou Sal la rete pwòp, pou l prezantab e pou l rete an bon eta. Se yon travay ki enpòtan nan sèvis sakre n ap bay Jewova a e nou tout ka patisipe ladan l.
Nou pote n volontè pou n netwaye Sal la apre reyinyon. Apre chak reyinyon, frè ak sè yo kontan fè yon ti netwayaj pou Sal la ka rete pwòp e pou l ka byen ranje. Yon fwa pa semèn, nou fè yon pi gwo netwayaj nan Sal la. Yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl ap kowòdone travay la. An jeneral, li suiv sa yo di nan yon lis ki gen tout travay yo dwe fè lè y ap netwaye Sal Wayòm nan. Selon bezwen an, nan kèk peyi, volontè yo ka pase aspiratè oubyen yo ka bale, yo ka pase mòp, siye, ranje chèz, netwaye twalèt epi dezenfekte yo. Yo ka lave fenèt, siye glas, jete fatra, oubyen netwaye mi Sal la ni anndan ni deyò. Yo ka netwaye lakou a tou. Omwen yon fwa chak ane, yo chwazi yon jou pou yo fè yon gwo netwayaj afon nan tout sal la nèt. Lè nou fè pitit nou patisipe nan kèk travay y ap fè nan Sal la, nou aprann yo respekte kote nou adore Jewova a. — Eklezyas 5:1.
Nou bay kout men lè y ap repare Sal la. Chak ane, yo fè yon enspeksyon jeneral nan Sal Wayòm nan anndan kou deyò. Selon rezilta enspeksyon an, yo fè antretyen regilyèman nan Sal la pou l ka rete an bon eta. Sa fè yo evite fè depans ki pa nesesè (2 Kwonik 24:13; 34:10). Yon Sal Wayòm ki pwòp e ki an bon eta se yon kote ki diy pou n adore Bondye nou an. Lè n patisipe nan travay sa a, nou montre n renmen Jewova e n bay kote n adore l la anpil valè (Sòm 122:1). Epi, sa gen bon efè sou moun nan tèritwa a. — 2 Korentyen 6:3.
Poukisa nou pa dwe neglije kote nou adore Jewova a?
Ki dispozisyon yo pran pou Sal la ka toujou pwòp?
-
-
Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 27
Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?
Izrayèl
Repiblik tchèk
Benen
Zile Kayiman
Èske w ta renmen fè kèk rechèch k ap ede w gen plis konesans sou Bib la? Èske w ta renmen gen plis enfòmasyon sou yon vèsè nan Bib la, sou yon moun Bib la pale de li, sou yon kote Bib la site oswa yon bagay Bib la pale de li? Oubyen èske w konn mande tèt ou si Bib la ka ede w jwenn solisyon pou yon pwoblèm ou genyen? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, nou envite w vizite bibliyotèk Sal Wayòm nan.
Li gen bon zouti k ap ede nou fè rechèch. Tout piblikasyon Temwen Jewova yo baze sou Bib la. Petèt, ou pa gen tout piblikasyon ki disponib nan lang ou. Men, pifò nouvo piblikasyon nou yo nan bibliyotèk Sal Wayòm nan. Petèt, w ap jwenn divès tradiksyon Labib ladan l, yon bon diksyonè ak lòt liv ou ka itilize pou w fè rechèch. Ou ka itilize bibliyotèk la san pwoblèm ni anvan reyinyon yo ni apre. Si gen yon òdinatè nan bibliyotèk la, petèt yo enstale Watchtower Library a sou li, ki se yon pwogram enfòmatik ki gen anpil nan piblikasyon nou yo ladan l. Li fasil pou moun itilize l lè y ap fè rechèch sou yon mo, sou yon sijè oswa sou yon vèsè.
Li itil elèv ki nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Ou ka itilize bibliyotèk ki nan Sal la pou w byen prepare patisipasyon w yo. Se siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ki responsab bibliyotèk la. Li veye pou bibliyotèk la gen piblikasyon ki fèk parèt yo ladan l e pou piblikasyon yo byen ranje. Siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a oubyen moun k ap etidye avè w la ka montre w ki jan pou w jwenn enfòmasyon w ap chèche yo. Sepandan, pèsonn pa dwe al lakay yo ak okenn liv nan bibliyotèk la. Epi, nòmalman, li bon pou n manyen liv yo ak anpil prekosyon, nou pa dwe ekri ladan yo ni fè okenn mak ladan yo.
Pou n ka “vin aprann konn Bondye”, Bib la montre n dwe dispoze chèche l “tankou trezò ki kache”. (Pwovèb 2:1-5.) Bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan kapab ede w kòmanse chèche trezò sa a.
Ki zouti pou n fè rechèch ki nan bibliyotèk Sal la?
Ki moun ki ka ede w pi byen itilize bibliyotèk ki nan Sal la?
-
-
Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 28
Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?
Lafrans
Polòy
Larisi
Jezi Kris te di disip li yo: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” (Matye 5:16). Pou n ka fè limyè n briye, nou byen sèvi ak teknoloji jodi a, san wete Entènèt. Sit jw.org la se sit ofisyèl Temwen Jewova yo e se moun ka al sou li pou yo jwenn enfòmasyon sou kwayans nou ak aktivite nou. Ki sa k gen sou sit sa a?
Repons Bib la bay pou kèk nan kesyon moun plis poze yo. N ap jwenn repons pou kèk nan kesyon ki pi enpòtan moun konn poze. Feyè Eske soufrans ap janm fini? an ak feyè Èske moun mouri ka leve vre? a, ki disponib nan plis pase 600 lang sou sit la, ka ede nou. Epi, n ap jwenn Tradiksyon monn nouvo a nan plis pase 130 lang ak yon pakèt piblikasyon nou konn itilize pou n etidye Labib ak moun yo, tankou liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak atik Toudegad ak Réveillez-vous! pou mwa a. Nou ka li enfòmasyon sa yo sou sit la oubyen koute yo. Nou ka telechaje yo sou fòma popilè tankou MP3, PDF oubyen EPUB. Nou ka menm enprime kèk paj enfòmasyon pou moun ki enterese a nan lang li pale a. N ap jwenn videyo pou kèk piblikasyon nan divès lang siy, e n ka telechaje lekti Labib ki sou fòm dram, telechaje dram biblik yo ak bèl mizik pou n koute nan tan lib nou.
N ap jwenn enfòmasyon ki egzak sou Temwen Jewova yo. Sit la gen dènye enfòmasyon ak kèk ti videyo ki pale sou travay predikasyon n ap fè sou tout tè a, enfòmasyon ki pi resan sou kèk evènman ki afekte Temwen Jewova yo ak kèk detay sou travay sekou nou òganize yo. N ap jwenn dat pwochen kongrè yo, kote y ap fèt ak enfòmasyon k ap ede n kontakte biwo filyal nou yo.
Zouti sa yo ede n fè limyè verite a briye nan pati ki pi lwen sou tè a. Moun nan tout kontinan, san wete kontinan Antatik la, rive pwofite sit nou an tou. N ap priye pou “pawòl Jewova a ka kontinye gaye byen vit” sou tout tè a, pou glwa Bondye. — 2 Tesalonisyen 3:1.
Ki jan sit jw.org la ede plis moun aprann verite ki nan Bib la?
Ki sa w ta renmen gade sou sit Entènèt nou an?
-