-
Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 5
Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?
Ajantin
Syera Leyòn
Bèljik
Malezi
Gen anpil moun ki sispann asiste sèvis yo fè nan legliz yo paske sèvis sa yo pa ede yo jwenn okenn repons pou kesyon ki pi enpòtan yo poze nan lavi a e yo pa jwenn okenn rekonfò ladan yo. Men, poukisa ou dwe asiste reyinyon Temwen Jewova yo? Ki sa w ap jwenn nan reyinyon sa yo?
W ap kontan pami moun ki renmen w e ki gen sousi pou ou. Nan premye syèk epòk nou an, kretyen yo te fòme plizyè kongregasyon e yo te konn fè reyinyon pou yo adore Bondye, pou yo etidye Labib e pou yo ankouraje youn lòt (Ebre 10:24, 25). Piske yo te konn reyini ansanm, nan yon anbyans ki chaje lanmou, yo santi yo pami bon zanmi yo, anpalan de frè ak sè nan kongregasyon an (2 Tesalonisyen 1:3; 3 Jan 14). Nou suiv egzanp kretyen sa yo e nou jwenn kè kontan menm jan avè yo.
W ap aprann jan pou w aplike prensip ki nan Bib la. Menm jan sa te ye nan tan biblik yo, ni gason, ni fi, ni timoun, yo tout reyini ansanm. Gen anseyan kalifye ki sèvi ak Bib la pou ede n wè fason pou n aplike prensip biblik yo nan lavi n chak jou (Detewonòm 31:12; Neyemi 8:8). Tout moun ka patisipe nan konvèsasyon y ap ak oditwa a e nou tout moun ka chante pou n fè konnen esperans nou genyen. — Ebre 10:23.
W ap vin gen yon lafwa ki pi solid nan Bondye. Men sa apot Pòl te di youn nan kongregasyon nan epòk li a: “Se pa ti anvi m anvi wè nou [...] pou youn ka ankouraje lòt, pou chak moun jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m.” (Women 1:11, 12). Nan reyinyon yo, kontak nou genyen ak kretyen parèy nou yo regilyèman yo fòtifye lafwa nou e sa ban nou plis detèminasyon pou n viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la.
Poukisa w pa pwofite envitasyon nou fè w pou w vin asiste pwochen reyinyon n ap gen nan kongregasyon nou epi pou w pwofite tout byenfè sa yo tou? N ap kontan akeyi w. Tout reyinyon yo gratis e nou pa janm fè lakòlèt.
Ki egzanp nou suiv pou n fè reyinyon nou yo?
Ki byenfè nou jwenn lè n asiste reyinyon nou yo?
-
-
Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 6
Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?
Madagaska
Nòvèj
Liban
Itali
Menmsi n oblije travèse gwo forè, oswa n oblije mache anpil nan move wout, e menmsi n oblije fè fas ak klima ki difisil, nou asiste reyinyon regilyèman. Malgre tout pwoblèm ki gen nan lavi a e malgre fatig ki gen apre yon jounen travay, poukisa Temwen Jewova yo fè tout efò sa a pou yo reyini ansanm ak kwayan parèy yo?
Nou santi nou byen. Men sa apot Pòl te ekri konsènan moun ki reyini ansanm avè n nan kongregasyon an: “Annou voye je youn sou lòt.” (Ebre 10:24). Ekspresyon sa a siyifi “panse anpil ak” yon moun, sa vle di pou youn aprann konn lòt. Donk, apot la te ankouraje nou pou n enterese ak lòt moun nan kongregasyon an. Lè n chèche konn lòt fanmi ki kretyen, nou rann nou kont gen kèk nan yo ki te venk gwo obstak ki sanble ak obstak n ap rankontre yo e yo ka ede n venk obstak nou yo tou.
Nou jwenn bon zanmi. Nan reyinyon yo, nou reyini ansanm, nou pa fè sa tankou nou annik konn youn lòt, men, nou tankou bon zanmi. Nan lòt okazyon, nou konn pase bon ti moman ansanm. Ki byenfè nou jwenn lè konsa? Nou vin gen plis apresyasyon youn pou lòt, e nou vin gen plis lanmou youn pou lòt. Epi, lè konpayon nou yo gen pwoblèm, nou kouri ede yo paske se bon zanmi nou yo ye (Pwovèb 17:17). Lè n reyini ak tout moun nan kongregasyon an, nou montre nou “gen sousi youn pou lòt.” — 1 Korentyen 12:25, 26.
Nou ankouraje w fè zanmi ak moun k ap fè volonte Bondye. W ap jwenn zanmi sa yo pami Temwen Jewova yo. Tanpri, pa kite anyen anpeche w vin reyini avèk nou.
Poukisa li bon pou n reyini ansanm ak kretyen parèy nou?
Ki lè w ap vin nan reyinyon pou w ka pi byen konnen nou?
-
-
Ki sa yo fè nan reyinyon nou yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 7
Ki sa n fè nan reyinyon nou yo?
Nouvèl Zelann
Japon
Ouganda
Lityani
Nan reyinyon kretyen yo te konn òganize nan premye syèk la, yo te konn chante kantik, priye, li Pawòl Bondye a epi pale sou sa yo li a. Yo pa t konn fè okenn seremoni (1 Korentyen 14:26). Se menm bagay la nou fè nan reyinyon nou yo tou.
Nou bay enstriksyon ki soti nan Bib la e ki itil. Nan fen semèn nan, chak kongregasyon reyini pou koute yon Diskou biblik ki dire 30 minit ki pale sou fason Bib la gen rapò ak lavi nou ansanm ak epòk n ap viv la. Yo ankouraje nou tout pou nou li vèsè y ap li yo nan bib nou. Apre diskou a, yo fè Etid “Toudegad” ki dire inèdtan. Yo egzamine yon sijè nan Toudegad ki gen atik etid yo e yo envite moun nan kongregasyon an pou yo fè kòmantè. Etid sa a ede n aplike konsèy Bib la bay yo nan lavi nou. Gen plis pase 110 000 kongregasyon sou tè a ki egzamine menm atik etid la.
Nou jwenn enstriksyon ki fè n vin pi bon anseyan. Nou konn reyini nan yon jou nan semèn nan tou pou n suiv yon pwogram ki gen twa pati ki rele Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. Li baze sou sa ki nan yon dokiman nou resevwa chak mwa ki se Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè. Premye pati reyinyon sa a se Trezò ki nan Pawòl Bondye a. Nan pati sa a, yo ede n byen konprann pòsyon nan Bib la frè ak sè nan kongregasyon an te gen pou yo li alavans. Ansuit, gen pati Byen prepare w pou travay predikasyon an, ladan l gen demonstrasyon ki montre n fason pou n pale sou Bib la ak lòt moun. Epi gen yon frè ki ban nou kèk konsèy pou ede n amelyore kapasite nou genyen pou n li e pou n pale (1 Timote 4:13). Denyè pati a se Lavi nou antanke kretyen, ladan l yo egzamine fason pou n aplike prensip ki nan Bib la yo nan lavi nou chak jou e yo fè yon etid sou fòm kesyon ak repons ki ede n pi byen konprann Bib la.
Pa gen dout, lè w vin asiste reyinyon nou yo, w ap sezi wè valè bon ansèyman w ap jwenn nan Bib la. — Ezayi 54:13.
Ki sa w panse w pral tande nan reyinyon Temwen Jewova yo?
Ki pwochen reyinyon w ta renmen asiste?
-
-
Poukisa nou byen abiye lè n ap vin nan reyinyon?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 8
Poukisa nou byen abiye lè n ap vin nan reyinyon?
Islann
Meksik
Gine Bisawo
Filipin
Èske w wè jan Temwen Jewova nan foto ki nan bwochi sa a byen abiye lè yo pral asiste reyinyon nan kongregasyon yo? Poukisa n bay abiman nou ak aparans nou tout enpòtans sa a?
Pou nou ka montre respè pou Bondye. Se vre, Bondye pa gade moun sou aparans (1 Samyèl 16:7). Men, lè n reyini pou n adore l, nou montre nou gen respè ni pou li ni pou lòt moun k ap adore l yo. Si n ta gen pou n al devan yon jij nan yon tribinal, nou t ap veye sou fason nou abiye paske nou respekte pozisyon l. Menm jan an tou, fason nou abiye pou n al nan reyinyon yo montre gwo respè nou gen pou Jewova Dye, “Jij tout tè a”, e pou kote nou reyini pou n adore l la. — Jenèz 18:25.
Pou n montre enpòtans prensip n ap suiv yo genyen. Labib ankouraje kretyen yo pou yo abiye “yon fason ki senp e avèk bonsans”. (1 Timote 2:9, 10.) Abiye “yon fason ki senp” vle di evite met rad ki ka atire atansyon sou nou paske rad la twò estravagan, li twò sere, li twò kout, li twò klè oswa li twò dekòlte. Mete sou sa, lè n gen “bonsans”, sa ede n chwazi bèl rad pou nou mete, rad ki pa debraye e ki pa bay move enpresyon. Lè n suiv prensip sa yo, sa pa anpeche n gen yon pakèt chwa lè n ap abiye. San nou pa bezwen di yon mo, bèl fason nou abiye ak bèl aparans nou genyen ka ‘anbeli ansèyman Sovè nou an’, konsa n ap “bay Bondye glwa”. (Tit 2:10; 1 Pyè 2:12.) Lè n byen abiye pou n vin nan reyinyon, sa fè lòt moun gen bon opinyon sou adorasyon n ap bay Jewova a.
Pa gad sou kalite rad ou genyen pou w pa vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Nou pa bezwen met rad ki chè oswa ki estravagan pou n byen abiye, pou n pwòp e pou n prezantab.
Ki enpòtans fason n abiye genyen lè n ap adore Bondye?
Lè n ap chwazi rad n ap met sou ak fason n ap aranje kò nou, ki prensip nan Bib la nou suiv?
-
-
Ki pi bon fason pou n prepare reyinyon yo?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 9
Ki pi bon fason pou n prepare reyinyon yo?
Kanbòj
Ikrèn
Si w ap etidye Labib ak yon Temwen Jewova, se sèten w fè efò pou w prepare chak etid alavans. W ap jwenn anpil byenfè si w fè menm bagay la anvan w al nan reyinyon. W ap jwenn pi bon rezilta lè w fè yon bon pwogram pou w prepare reyinyon yo regilyèman.
Chèche wè ki lè l ap pi bon pou w etidye e ki kote. Ki lè l pi fasil pou w etidye san w pa distrè? Èske se byen bonè nan maten, anvan w kòmanse aktivite w nan jounen an, oswa ta nan aswè, apre timoun yo fin kouche? Menmsi w pa ka pase anpil tan ap etidye, ou bezwen deside konbyen tan w ap ka pran pou w etidye e pa kite anyen anpeche w itilize tan sa a pou w etidye. Chèche yon ti kote ki kalm, retire tout bagay ki ka fè w distrè. Fèmen radyo, etenn televizyon ak telefòn selilè, epi pa bay moun randevou nan lè sa a. Lè w priye anvan w etidye, sa fè w pa panse ak pwoblèm ou te jwenn pandan jounen an pou w ka konsantre lespri w sou Pawòl Bondye a. — Filipyen 4:6, 7.
Souliye ide kle yo, epi prepare w pou w fè kòmantè. Chèche gen yon ide jeneral sou sijè a. Fè yon ti reflechi sou tèm atik la oswa tèm chapit la. Chèche wè ki relasyon ki genyen ant tèm nan ak chak soutit. Byen egzamine tout foto ak kesyon revizyon yo ki met aksan sou pwen prensipal yo. Apre sa, li chak paragraf epi chèche repons kesyon yo. Chèche vèsè yo bay kòm referans yo, li yo epi reflechi sou rapò yo genyen ak sijè a oubyen ak chapit la (Travay 17:11). Lè w jwenn repons pou yon kesyon, souliye kèk mo nan paragraf la oubyen kèk ekspresyon k ap ede w sonje repons lan. Epi, nan reyinyon yo, ou ka leve men w si w vle fè yon kòmantè tou kout nan pwòp mo pa w.
Lè w prepare tout sijè yo pral egzamine nan reyinyon yo chak semèn, w ap ajoute sou konesans ou gen sou Bib la ki se yon “trezò”. — Matye 13:51, 52.
Ki pwogram ou ka fè pou w prepare reyinyon yo regilyèman?
Ki sa w ka fè pou w prepare w pou w fè kòmantè nan reyinyon?
-
-
Ki sa adorasyon an fanmi an ye?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 10
Ki sa adorasyon an fanmi an ye?
Kore disid
Brezil
Ostrali
Gine
Depi nan tan lontan, Jewova te vle pou chak fanmi pase tan ansanm, pou yo vin gen yon pi bon relasyon avè l e pou youn vin gen pi bon relasyon ak lòt (Detewonòm 6:6, 7). Se sa k fè, Temwen Jewova yo rezève tan chak semèn pou yo adore Jewova an fanmi, pou yo pale de bagay espirityèl ki gen rapò ak bezwen yo, e yo fè sa nan yon anbyans ki rilaks. Menmsi w ap viv poukont ou, tan w pran pou w etidye yon sijè biblik ki enterese w ba w yon bèl okazyon pou w pase tan ak Bondye.
Se yon moman pou n vin pi pwòch Jewova. Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Nou vin pi byen konnen Jewova lè n chèche konnen kèk detay sou pèsonalite l e sou aksyon l te fè. N ap jwenn detay sa yo nan Bib la. Yon bon fason pou nou kòmanse yon adorasyon an fanmi, se lè n pase tan ap li Labib awotvwa ansanm. Nou ka suiv pwogram lekti Labib yo bay pou reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Nou ka bay chak moun nan fanmi an yon pati pou yo li alavans, epi, nou tout ka pale sou sa n te aprann nan vèsè sa yo.
Se yon moman pou moun nan fanmi an vin pi pwòch youn ak lòt. Lè mari ak madanm, paran ak pitit etidye Labib ansanm, sa fè relasyon yo gen youn ak lòt vin pi solid. Se yon moman ki dwe bay kè kontan, yon moman pezib, yon moman nan semèn nan tout moun nan fanmi an ap tann avèk enpasyans. Selon laj timoun yo ak sitiyasyon yo, nou ka chwazi sijè k ap pi bon pou yo. Nou ka itilize kèk ribrik ki parèt nan Toudegad ak Réveillez-vous! oswa sou sit nou an ki se jw.org. Nou ka pale sou yon pwoblèm timoun yo te rankontre nan lekòl yo e sou fason pou yo fè fas ak sitiyasyon an. Nou ka gade yon pwogram Tele JW (tv.jw.org) epi fè yon ti pale sou li. Nou ka chante kantik yo pral chante nan reyinyon yo, nou ka pran yon ti rafrechisman lè adorasyon an fanmi an fini e sa ap fè tout moun kontan.
Moman espesyal sa a nou pase ansanm chak semèn, kote n ap adore Jewova a, ap ede tout fanmi an pran plezi nan Pawòl Bondye a e Jewova ap beni nou anpil pou tout efò nou fè. — Sòm 1:1-3.
Poukisa nou rezève tan pou nou fè adorasyon an fanmi?
Ki jan paran yo ka fè moman sa a pot kè kontan pou tout fanmi an?
-
-
Poukisa n al asiste kongrè?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 11
Poukisa n al asiste kongrè?
Meksik
Almay
Botswana
Nikaragwa
Itali
Poukisa moun sa yo kontan konsa? Y ap asiste yon kongrè Temwen Jewova yo. Menm jan ak sèvitè Jewova nan tan lontan yo ki te resevwa lòd pou yo rasanble twa fwa chak ane, nou chofe pou n al asiste kongrè nou yo (Detewonòm 16:16). Chak ane, nou gen twa gwo evènman espesyal nou asiste: De asanble sikonskripsyon, yo chak dire yon jou, ak yon kongrè rejyonal ki dire twa jou. Ki byenfè nou jwenn lè n asiste asanble sa yo?
Yo fè relasyon n gen ak kretyen parèy nou yo vin pi solid. Menm jan Izrayelit nan tan lontan yo te kontan louwe Jewova “nan asanble yo”, nou menm tou, nou kontan adore Jewova ansanm nan evènman espesyal sa yo (Sòm 26:12, nòt; 111:1). Asanble yo pèmèt nou rankontre Temwen ki nan lòt kongregasyon oswa ki nan lòt peyi epi fè zanmi avè yo. A midi, nou manje nan lokal yo fè asanble a, sa fè anbyans lan vin pi amikal nan moman sa yo (Travay 2:42). Nan asanble sa yo nou wè lanmou ki ini “tout frè nou yo” sou tè a ak je nou. — 1 Pyè 2:17.
Yo fè n gen pi bon relasyon ak Bondye. Izrayelit yo te jwenn anpil byenfè lè “yo te konprann pawòl” yo t ap esplike yo ki soti nan Ekriti yo (Neyemi 8:8, 12). Nou menm tou, nou bay enstriksyon nou resevwa nan asanble nou yo anpil valè. Chak asanble gen yon tèm ki baze sou Bib la. Nou aprann fason pou n fè volonte Bondye nan lavi nou grasa diskou ki enteresan yo bay ak demonstrasyon yo fè. Nou jwenn ankourajman lè n tande jan kèk kretyen rive rezoud pwoblèm yo rankontre nan lavi yo nan epòk difisil n ap viv la. Nan kongrè rejyonal yo, gen dram kote moun yo abiye jan moun te konn abiye nan tan lontan, sa fè istwa biblik yo vin pi vivan e sa pèmèt nou aprann leson ki itil nou. Nan chak asanble, gen moun ki batize pou yo montre yo vwe lavi yo bay Bondye.
Poukisa asanble yo se evènman ki bay kè kontan?
Ki byenfè w ap jwenn lè w asiste yon asanble?
-
-
Kòman nou òganize travay predikasyon an?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 12
Kòman nou òganize travay predikasyon an?
Espay
Belaris
Ong Kong
Pewou
Men sa Jezi te anonse yon ti tan anvan l te mouri: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Men, ki jan n rive fè travay predikasyon an sou tout tè a? Nou fè sa lè n suiv egzanp Jezi te kite pou nou pandan l te sou tè a. — Lik 8:1.
Nou fè efò pou nou jwenn moun yo lakay yo. Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo preche bon nouvèl la kay an kay (Matye 10:11-13; Travay 5:42; 20:20). Nan premye syèk la, Jezi te bay evanjelizatè sa yo tèritwa pou yo preche (Matye 10:5, 6; 2 Korentyen 10:13). Menm jan an tou jodi a, nou byen òganize travay predikasyon an, chak kongregasyon gen tèritwa pa yo. Sa pèmèt nou obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou “preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè”. — Travay 10:42.
Nou fè tout sa n kapab pou n rankontre moun yo kèlkeswa kote yo ye. Jezi t al preche kote li t ap jwenn moun, tankou bò lanmè oswa bò pi dlo. Konsa li kite yon bèl egzanp pou nou (Mak 4:1; Jan 4:5-15). Nou menm tou, nou pale de Bib la ak moun yo tout kote n jwenn yo, nan lari, nan biznis, sou plas piblik, oubyen nan telefòn. Anplis de sa, nou preche vwazen nou, kòlèg travay nou, elèv lekòl parèy nou ak fanmi nou lè n jwenn yon bon okazyon pou sa. Grasa tout efò sa yo, plizyè milyon moun sou tout tè a rive tande “bon nouvèl delivrans” lan. — Sòm 96:2.
Èske gen yon moun ou ta renmen pale avè l sou bon nouvèl Wayòm Bondye a, e w ta renmen fè l konnen efè bon nouvèl sa a ka gen sou avni l? Pa kenbe mesaj sa a pou ou, se yon mesaj ki bay espwa. Pataje sa w aprann yo ak lòt moun osito sa posib!
Ki “bon nouvèl” nou dwe preche?
Ki jan Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi nan fason yo preche?
-
-
Ki sa yon pyonye ye?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 13
Ki sa yon pyonye ye?
Kanada
Kay an kay.
Etid biblik.
Etid pèsonèl.
Byen souvan, yo itilize mo “pyonye” a pou pale de moun ki dekouvri yon tèritwa an premye e ki ouvri pòt pou lòt moun. Nan sans sa a Jezi te yon pyonye, piske Jewova te voye l sou tè a pou l bay lavi l pou nou e pou l ban nou posiblite pou nou sove (Matye 20:28). Jodi a, disip li yo imite l lè yo pase plis tan posib nan travay “fè disip” la (Matye 28:19, 20). Gen ladan yo ki gen posiblite patisipe nan yon aktivite nou rele sèvis pyonye.
Se yon moun k ap preche aplentan. Tout Temwen Jewova yo se pwoklamatè bon nouvèl la. Men, gen kèk ladan yo ki fè aranjman pou yo sèvi kòm pyonye pèmanan e yo pase 70 èdtan chak mwa nan travay predikasyon an. Pou yo fè sa, anpil ladan yo chwazi pa travay aplentan. Gen lòt menm yo nome pyonye espesyal nan zòn yo bezwen plis pwoklamatè bon nouvèl la. Yo pase 130 èdtan oswa plis nan travay predikasyon an chak mwa. Pyonye yo kontan mennen yon vi senp. Yo gen konfyans Jewova ap ba yo tout sa k nesesè pou yo viv (Matye 6:31-33; 1 Timote 6:6-8). Moun ki pa ka sèvi aplentan kòm pyonye ka sèvi kòm pyonye oksilyè lè yo gen posiblite pou sa e konsa, yo ka ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an lè yo pase 30 oswa 50 èdtan nan travay sa a pandan yon mwa.
Se yon moun lanmou l gen pou Bondye ak pwochen l fè l preche plis. Menm jan ak Jezi, jodi a nou remake moun yo sanzespwa, se pa ti bezwen yo bezwen aprann konnen Bondye ak objektif li (Mak 6:34)! Men, nou gen konesans k ap pèmèt nou ede yo depi kounye a, e konsa yo ka vin gen bonjan espwa pou lavni. Lanmou yon pyonye gen pou pwochen l pouse l bay tan l ak enèji l san rezèv pou l ede yo vin gen bon relasyon ak Bondye (Matye 22:39; 1 Tesalonisyen 2:8). Konsa, lafwa pyonye a vin pi solid, li vin pi pwòch ak Bondye e li viv ak plis kè kontan. — Travay 20:35.
Ki moun ou t ap di yon pyonye ye?
Sa k pouse kèk moun sèvi aplentan kòm pyonye?
-
-
Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
-
-
LESON 14
Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?
Etazini
Lekòl Galaad, nan Patèsonn, Nouyòk.
Panama
Depi lontan, yo rekonèt Temwen Jewova yo kòm moun ki resevwa bonjan fòmasyon. Yo òganize yon seri lekòl espesyal kote moun k ap preche aplentan yo kapab jwenn fòmasyon pou yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Timote 4:5.
Lekòl Pyonye. Lè yon frè oswa yon sè fin pase premye ane l kòm pyonye pèmanan, li ka asiste yon lekòl k ap dire sis jou ki ka fèt nan yon Sal Wayòm nan zòn li abite a. Objektif lekòl sa a se ede pyonye yo vin gen pi pwòch ak Jewova, pou yo vin pi efikas nan tout aspè travay predikasyon an, epi kontinye nan sèvis la.
Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Se yon lekòl ki dire de mwa e objektif li se fòme pyonye ki gen eksperyans e ki dispoze kite kote yo ye a pou y al sèvi kote ki gen bezwen. Se kòmsi pyonye sa yo di: “Men mwen! Voye m”. Konsa, yo imite Jezi Kris, pi gwo Evanjelizatè ki te pase sou tè a (Ezayi 6:8; Jan 7:29). Pou yon moun viv lwen peyi l, sa ka mande pou l adapte l ak yon vi ki pi senp parapò ak vi l t ap mennen an. Kilti moun nan zòn nan, tanperati zòn nan ak manje nan zòn nan ka diferan nèt ak sa l te konnen. Li ka menm bezwen aprann yon lòt lang. Lekòl sa a ede frè ak sè ki selibatè ansanm ak koup marye, ki gen ant 23 ak 65 an, pou yo devlope bèl kalite espirityèl k ap ede yo nan asiyasyon yo ak yon seri kapasite k ap pèmèt yo itil Jewova ak òganizasyon l lan plis toujou.
Lekòl Galaad. Mo ebre lè yo tradui l ki bay “Galaad” la vle di “gwo temwayaj”. Depi lè Lekòl Galaad te fonde an 1943, plis pase 8 000 moun pase ladan l. Yo te voye yo kòm misyonè pou bay temwayaj “jis nan dènye bout tè a” e yo jwenn bon rezilta (Travay 13:47). Premye fwa yo te voye moun ki fèk sot nan Lekòl sa a Pewou, pa t gen kongregasyon nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 1 000 kongregasyon. Premye fwa yo te voye misyonè nan peyi Japon, yo pa t menm jwenn dis pwoklamatè nan peyi a. Kounye a, gen plis pase 200 000. Elèv k ap asiste Lekòl Galaad yo pase senk mwa ap etidye Pawòl Bondye a afon. Se pyonye espesyal, oswa misyonè, moun k ap travay nan biwo filyal, oswa moun ki nan sèvis sikonskripsyon yo envite nan lekòl sa a pou yo jwenn fòmasyon k ap pèmèt yo bay travay predikasyon an jarèt toupatou sou tè a.
Ki objektif lekòl pyonye a?
Pou kiyès yo fè Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?
-