BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • scl
  • Defo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Defo
  • Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
scl

Defo

Ki defo kretyen yo dwe evite?

Kòlè

Sm 37:​8, 9; Pw 29:22; Kl 3:8

Gade tou Pw 14:17; 15:18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 37:​18, 19, 23, 24, 31-35 — Frè Jozèf yo te pran l, yo te vann li kòm esklav, epi yo te bay Jakòb manti pou fè l konnen Jozèf, pitit li renmen an, mouri.

    • Jen 49:​5-7 — Yo te pini Simeyon ak Levi paske lè yo te an kòlè, yo te fè yon seri aksyon ki vyolan anpil.

    • 1Sa 20:​30-34 — Wa Sayil te an kòlè anpil, li te joure Jonatan e li te menm eseye touye l.

    • 1Sa 25:​14-17 — Nabal te rele sou mesye David yo e li te joure yo, sa te ka menm fè yo touye tout gason ki lakay li.

Lè yon moun pran tèt li pou yon pakèt afè

Fp 2:3; Jk 3:​14-16

Lè yon moun lach

2Ti 1:7; Re 21:8

Mechanste

Dt 15:​7, 8; Mt 19:8; 1J 3:17

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 42:​21-24 — Frè Jozèf yo te fè konnen yo te regrèt poutèt yo te fè Jozèf mechanste.

    • Mk 3:​1-6 — Sa te fè Jezi mal anpil lè l te wè jan Farizyen yo te mechan.

Lè yon moun pa gen respè pou lòt moun

Gade “San respè”

Lè yon moun pran tèt li pou yon pakèt afè

Ga 5:26; Fp 2:3

Gade tou Pw 3:7; 26:12; Wm 12:16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Sa 15:​1-6 — Absalon t ap vante tèt li e li t ap fè anpil bagay pou l fè moun yo pi renmen l pase wa David, papa l.

    • Dn 4:​29-32 — Wa Nebikadneza te gen ògèy, se sa k fè Jewova te pini l.

Anvi; tanta

Wm 13:9; 1P 2:1

Gade tou Ga 5:26; Tt 3:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 26:​12-15 — Jewova te beni Izarak poutèt li te travay di, men moun Filisti yo te kòmanse gen tanta sou sa l te genyen yo.

    • 1Wa 21:​1-19 — Wa Ahab ki te mechan te gen tanta sou jaden rezen Nabòt la, sa te fè wa a fè konplo pou touye l.

Lakrentif pou lòm

Sm 118:6; Pw 29:25; Mt 10:28

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Nb 13:​25-33 — Dis espyon izrayelit yo te vin pè ènmi yo anpil, sa te fè yo di yon seri bagay ki te lakòz pèp la vin pè tou.

    • Mt 26:​69-75 — Apot Pyè te gen lakrentif pou lòm, sa te fè l nye Jezi twa fwa.

Lè yon moun ava

Gade “Ava”

Lahèn

Pw 10:12; Tt 3:3; 1J 4:20

Gade tou Nb 35:​19-21; Mt 5:​43, 44

Ipokrizi

Gade “Ipokrizi”

Jalouzi

Gade “Jalouzi”

Parès

Pw 6:​6-11; Ekl 10:18; Wm 12:11

Gade tou Pw 10:26; 19:15; 26:13

Renmen lajan, bagay materyèl

Mt 6:24; 1Ti 6:10; Eb 13:5

Gade tou 1J 2:​15, 16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jb 31:​24-28 — Menmsi Jòb te rich, li pa t vin materyalis.

    • Mk 10:​17-27 — Yon jennonm rich te tèlman renmen byen l te genyen yo, li pa t vle kite yo pou l al suiv Jezi.

Gwo rankin

1Sa 30:6; Ef 4:31; Kl 3:19

Gade tou Jk 3:14

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Ob 10-14 — Bondye te pini moun Edòm yo poutèt yo te vrèman rayi Izrayelit yo, ki te frè yo.

Lè yon moun pran dwa ki pa pou li

Gade “Lè yon moun pran dwa ki pa pou li”

Ògèy; awogans

Gade “Ògèy”

Lè yon moun renmen fè kont

Pw 26:20; 1Ti 3:​2, 3; Tt 3:2

Gade tou Pw 15:18; 17:14; 27:15; Jk 3:​17, 18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 13:​5-9 — Te vin gen yon gwo diskisyon ant gadò bèt Abraram yo ak gadò bèt Lòt yo, men Abraram te chèche fè lapè.

    • Jj 8:​1-3 — Mesye Efrayim yo te pete yon sèl lobo ak jij Jedeyon, men, piske l te gen imilite, li te fè lapè avèk yo.

Lè yon moun fè rebèl

1Sa 15:23; Jd 4, 8, 10, 11

Gade tou Dt 21:​18-21; Sm 78:​7, 8; Tt 1:10

Lè yon moun twò jis

Ekl 7:16; Mt 7:​1-5; Wm 14:​4, 10-13

Gade tou Eza 65:5; Lk 6:37

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 12:​1-7 — Jezi te kondane Farizyen yo poutèt yo te pran pòz yo jis.

    • Lk 18:​9-14 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre lè yon moun twò jis, li pap jwenn favè Bondye.

Lè yon moun gen tèt di

Jr 13:10

Gade tou Jr 7:​23-27; Za 7:​11, 12

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 36:​11-17 — Piske Sedesyas te montre l se yon wa ki mechan e ki gen tèt di, sa te fè pèp la jwenn pinisyon nan men Bondye.

    • Tr 19:​8, 9 — Apot Pòl te rale kò l sou moun ki t ap fè tèt di yo e ki te refize kwè nan mesaj Wayòm nan.

Lè yon moun pa rezonab

Mk 7:​21-23; Ef 5:17

Gade tou 1P 2:15

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 8:​10-20 — Izrayelit yo te montre yo pa rezonab ak pwofèt Samyèl lè l t ap montre yo jan l pa saj pou y ap chèche gen yon moun parèy yo kòm wa.

    • 1Sa 25:​2-13, 34 — Nabal te derefize aji yon fason ki rezonab lè David te voye mande l yon èd ki te nòmal, sa te ka lakòz tout mesye lakay li yo pèdi lavi yo.

Lè yon moun pa fè lòt moun konfyans e li lage fo akizasyon sou yo

Jb 1:​9-11; 1Ti 6:4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Sa 18:​6-9; 20:​30-34 — Wa Sayil pa t fè David konfyans, li te panse David pa fidèl e li te menm chèche fè Jonatan vire kont David.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje