Maryaj
Ki jan maryaj fè vin egziste?
Ki moun yon kretyen ta dwe chwazi kòm mari l oswa madanm li?
Poukisa yon vrè kretyen pap aksepte pou yon pitit gason l oswa yon pitit fi l ki batize marye ak yon moun ki pa vwe Jewova lavi l e ki pa batize antanke sèvitè Jewova?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 24:1-4, 7 — Lè Abraram te fin granmoun, li te deside pou Izarak, pitit gason l lan te jwenn yon madanm pami moun ki t ap sèvi Jewova yo olye pou l te chwazi youn pami medam Kanaran yo ki t ap sèvi lòt dye.
Jen 28:1-4 — Izarak te ankouraje Jakòb, pitit gason l, pou l al chèche yon madanm pami moun ki t ap sèvi Jewova menm jan avè l yo, olye pou l te pran yon fi pami medam Kanaran yo.
Ki jan Jewova konsidere moun ki marye ak yon moun ki pap sèvi l?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
1Wa 11:1-6, 9-11 — Jewova te vin fache anpil kont wa Salomon paske li te rejte lwa Bondye yo, lè l t al marye ak fi etranje e li te kite yo fè l tonbe nan adore zidòl.
Ne 13:23-27 — Gouvènè Neyemi te disipline e korije yon seri mesye Izrayelit ki t al marye ak fi lòt nasyon ki pa t ap sèvi Jewova, konsa, li te montre li t ap aji ann amoni ak kòlè Bondye ki jis.
Poukisa li saj pou moun n ap chwazi pou n marye a se yon moun k ap sèvi Jewova fidèlman e ki gen bon repitasyon?
Gade tou Ef 5:28-31, 33
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
1Sa 25:2, 3, 14-17 — Nabal se yon mesye ki te rich, men li te yon moun ki te di e ki te konn aji mal, donk, li te yon move mari pou Abigayil.
Pw 21:9 — Lè n pa chwazi moun n ap marye avè l la avèk sajès, sa ka fè n soufri e sa ka fè n pa gen lapè.
Wm 7:2 — Apot Pòl te esplike lè yon fi marye, li vin anba otorite yon gason ki enpafè; se sa k fè, fi ki saj la ap fè anpil atansyon ak moun l ap aksepte pou vin mari l.
Preparasyon pou maryaj
Poukisa yon gason ta dwe asire l li ka pran swen yon fanmi anvan li anvizaje marye?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Pw 24:27 — Anvan yon gason marye, e petèt anvan l vin gen pitit, li ta dwe travay di pou l ka pare pou l pran swen yon fanmi.
Poukisa de moun k ap frekante ta dwe mande lòt moun konsèy epi plis konsantre sou aprann konnen youn lòt olye yo konsantre sou aparans fizik?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Rt 2:4-7, 10-12 — Bowaz te aprann konnen Rit lè li te obsève fason l te konn travay epi lè l te chèche gen bonjan enfòmasyon sou repitasyon l, fason li te konn aji ak fanmi l ansanm ak jan l te renmen Jewova.
Rt 2:8, 9, 20 — Rit te wè jan Bowaz te gen bonte, jan li te renmen bay ak jan li te renmen Jewova.
Poukisa Jewova vle pou de moun ki pral marye rete pwòp nan domèn moral pandan peryòd y ap frekante a ak peryòd yo fiyanse a?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Pw 5:18, 19 — Toutotan de moun poko marye, gen kèk fason yo pa dwe demontre afeksyon youn pou lòt.
Ch 1:2; 2:6 — Jènonm ki te gadò mouton an ak jèn fi Choulamit la te demontre afeksyon youn pou lòt, men yo pa t fè sa okenn fason ki imoral.
Ch 4:12; 8:8-10 — Jèn fi Choulamit la te montre li gen kontwòl tèt li, li te tankou yon jaden ki byen bare.
Poukisa moun k ap frekante yo dwe marye selon lalwa?
Wòl mari yo
Ki gwo responsabilite Bondye bay mari yo?
Egzanp kiyès mari kretyen yo dwe suiv lè y ap jwe wòl yo antanke chèf fanmi?
Poukisa mari yo dwe demontre lanmou pou madanm yo e yo dwe konprann bezwen ak santiman yo?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 21:8-12 — Jewova te ankouraje Abraram pou l koute Sara, madanm li, menm lè konsèy madanm li te bay la pa t fè l plezi.
Pw 31:10, 11, 16, 28 — Yon mari ki gen sajès e ki gen yon bon madanm, jan yo dekri sa nan vèsè yo, pa plede kontwole madanm nan, ni konsantre sou defo l, okontrè, li fè l konfyans e li fè lwanj pou li.
Ef 5:33 — Nan pawòl Bondye te enspire apot Pòl ekri yo, apot la te fè konnen fi yo espesyalman bezwen santi mari yo renmen yo.
Wòl madanm yo
Ki wòl enpòtan Jewova bay madan marye ki kretyen yo jwe?
Èske wòl madanm yo rabesan?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Pw 1:8; 1Ko 7:4 — Bondye bay madanm yo ak manman yo yon sèten otorite nan maryaj la ak nan lavi fanmi an.
1Ko 11:3 — Apot Pòl te esplike selon dispozisyon Jewova pran an, tout moun anba yon otorite, eksepte Bondye Toupisan an.
Eb 13:7, 17 — Nan kongregasyon an, ni gason, ni fi dwe soumèt e obeyi moun k ap dirije yo.
Ki jan yon madanm ki gen mari l ki pa kwayan ka fè kè Jewova kontan?
Poukisa yon madanm ki kretyen dwe toujou demontre respè pou mari l?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 18:12; 1P 3:5, 6 — Sara te tèlman gen respè pou mari l, li te konsidere l tankou “mèt” li, oubyen “chèf [li] nan domèn espirityèl”, menm nan panse l.
Pou ki kalite madanm Bib la fè lwanj?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 24:62-67 — Rebeka te ede Izarak, mari l, jwenn konsolasyon apre l te fin pèdi manman l.
1Sa 25:14-24, 32-38 — Abigayil te pwoteje mari l ki pa t gen bonsans e li te sove moun lakay li, lè l t al pale ak David avèk imilite.
Est 4:6-17; 5:1-8; 7:1-6; 8:3-6 — Rèn Estè te riske lavi l lè l t al kot mari l ki te wa pou l te chèche pwoteksyon pou pèp Bondye a.
Rezoud pwoblèm yo
Ki prensip nan Bib la ki ka ede moun ki marye yo pou yo rezoud pwoblèm nan maryaj yo?
Ki prensip nan Bib la ki ka ede moun ki marye yo pou yo gen yon bon pwennvi sou lajan?
Lk 12:15; Fp 4:5; 1Ti 6:9, 10; Eb 13:5
Gade tou “Lajan”