Timoun; Jèn
Fason Bondye wè timoun yo
Ki jan Jewova montre timoun yo ak jèn yo gen anpil valè pou li?
Dt 6:6, 7; 14:28, 29; Sm 110:3; 127:3-5; 128:3, 4; Jk 1:27
Gade tou Jb 29:12; Sm 27:10; Pw 17:6
Gade tou “Fanmi”
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 1:27, 28 — Jewova te vle pou lèzòm fè pitit e pou yo ranpli tè a.
Jen 9:1 — Apre delij la, Bondye te di Noye ak pitit gason l yo pou yo fè pitit e pou yo ranpli tè a.
Jen 33:5 — Patriyach Jakòb ki te fidèl ak Bondye te konsidere timoun li yo kòm yon kado Bondye ba li.
Mk 10:13-16 — Jezi renmen timoun yo menm jan ak Papa l.
Ki jan Jewova konsidere moun k ap pwofite timoun yo oswa k ap maltrete yo?
Ki prensip nan Bib la ki montre nou pa ka atann pou timoun yo aji menm jan ak granmoun yo?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 33:12-14 — Jakòb te rekonèt timoun li yo frajil e yo pa t ka mache menm jan ak granmoun yo.
Èske se Bondye ki responsab bagay mal y ap fè timoun yo nan monn sa a?
Ki pwomès Jewova fè ki ban nou asirans ni jèn ni granmoun pap soufri ankò?
Èske move egzanp paran yo bay oswa fason yo te maltrete yon timoun ap fè l vin yon moun ki gen mwens valè oswa ap fè l fè menm erè yo?
Gade tou Dt 30:15, 16
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
2Wa 18:1-7; 2Kw 28:1-4 — Byenke Ezekyas te gen yon move papa, ki te touye kèk nan pitit li yo, Ezekyas li menm te obeyi Jewova e li te vin yon wa ki bon anpil.
2Wa 21:19-26; 22:1, 2 — Byenke Amon, papa Jozyas, te fè sa ki mal, Jozyas te vin yon wa ki bon anpil.
1Ko 10:11, 12 — Apot Pòl esplike nou ka aprann nan erè lòt moun fè epi pran desizyon pou n pa fè menm erè yo.
Fp 2:12, 13 — Apot Pòl fè n sonje nou bezwen fè anpil efò pou n ka jwenn delivrans lan.
Responsablite timoun yo ak jèn yo genyen
Ki jan Jewova konsidere timoun ki lakay paran yo ki gen lakrentif pou li?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 19:12, 15 — Youn nan rezon ki fè pitit fi Lòt yo te jwenn pwoteksyon nan men zanj yo, se paske papa yo te jis.
Si paran yo gen bon relasyon ak Bondye, èske sa vle di timoun yo ap tou gen bon relasyon ak Bondye?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Le 10:1-3, 8, 9 — Petèt Jewova te touye pitit gason Arawon yo, ki te gran prèt la, akoz yo te sou.
1Sa 8:1-5 — Byenke Samyèl se te yon pwofèt ki te dwat, pitit li yo pa t onèt.
Pou yon timoun jwenn favè Bondye, ki sa l dwe fè?
Poukisa jèn yo dwe asiste reyinyon kongregasyon an?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Mt 15:32-38 — Te gen timoun pami moun ki t ap koute Jezi yo.
Ki jan nou fè konnen Jewova vle pou timoun adore l?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
1Sa 17:4, 8-10, 41, 42, 45-51 — Jewova te sèvi ak David pou l defann non l e pou l touye yon gwo mechan ki te wo anpil.
2Wa 5:1-15 — Jewova te sèvi ak yon tifi ki te Izrayelit pou l ede yon chèf lame ki pa t moun Izrayèl pou l aprann konnen l antanke vrè Dye a.
Mt 21:15, 16 — Jezi te apresye sa timoun yo te fè pou yo louwe Mesi a.
Ki jan Bondye konsidere timoun ki gen paran ki pa kwayan yo?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Nb 16:25, 26, 32, 33 — Lè kèk mesye te rebele kont Moyiz ak Arawon, Jewova te pini yo ak tout fanmi yo ki t ap soutni yo.
Nb 26:10, 11 — Byenke Bondye te touye Kore ki te yon rebèl, li pa t touye pitit gason l yo, sandout, paske yo te ret fidèl ak Bondye.
Poukisa jèn yo dwe byen chwazi moun k ap zanmi yo jodi a?
Gade tou 2Ti 3:1-5
Ki moun kretyen ki jèn yo dwe chwazi kòm zanmi?
Gade tou “Zanmi; Frekantasyon”