“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”
Se Nicholas, moun vil Cusa, ki te di pawòl sa yo nan yon sèmon li te bay nan ane 1430a. Se yon mesye ki te enterese nan anpil bagay. Pa egzanp, li te etidye Grèk, Ebre, filozofi, teyoloji, matematik ak astwonomi. Lè l te gen 22 an, li te vin gen yon doktora nan lwa ki gen nan legliz katolik women an. Nan ane 1448, yo te nome l kadinal.
Gen anviwon 550 an depi Nicholas Cusa te fonde yon mezon retrèt pou granmoun nan vil Kues. Vil sa a rele Bernkastel-Kues kounye a. Li twouve l nan yon distans anviwon 130 km nan sid vil Bonn, ann Almay. Aktyèlman, se bibliyotèk Cusa a ki nan kay sa a. Li gen 310 maniskri ladan l. Youn nan maniskri sa yo rele Kodèks Cusanus 220. Se ladan l nou jwenn sèmon Nicholas Cusa te fè nan ane 1430 lan. Nan sèmon sa a ki rele In principio erat verbum (Okòmansman Pawòl la te la), Nicholas Cusa sèvi ak Iehoua ki se fòm laten non Jewova ab. Nan paj 56 la, nou jwenn fraz nou pral site la a ki gen rapò ak non Bondye : “ Se Bondye ki bay tèt li non an. Se Tetragram nan, sètadi kat lèt ki reprezante non Bondye a [...]. Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an. ” Non Bondye parèt nan tèks orijinal Ekriti ebrayik yo. Deklarasyon Nicholas Cusa te fè a tonbe daplon ak sa. — Egz. 6:3.
Kodèks sa a, ki la depi nan kòmansman 15yèm syèk la, se youn nan dokiman ki pi ansyen ki egziste kote yo mete “ Iehoua ” pou yo tradui Tetragram nan. Se yon prèv anplis ki montre pandan plizyè syèk, pifò moun ki t ap tradui non Bondye te itilize diferan fòm non an ki sanble ak mo “ Jewova ” a.
[Nòt anba paj]
a Yo te konnen Nicholas Cusa tou sou plizyè lòt non tankou Nikolaus Cryfts (Krebs), Nicolaus Cusanus ak Nikolaus von Kues. Kues se non alman vil Cusa, yon vil ki ann Almay, e se la l te fèt.
b Objektif sèmon sa a se te pou apiye doktrin Trinite a.
[Foto nan paj 16]
Bibliyotèk Cusa a.