BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/9 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan fanmi w ka viv ak kè kontan?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Pwoteje maryaj ou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Maryaj se yon kado Bondye bay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Bati yon maryaj ki solid e ki bay kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/9 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Kòman nou ka gen kè kontan nan maryaj nou?

Konsèy Bib la bay sou fason pou moun gen kè kontan nan maryaj yo bay bon rezilta, paske se Jewova, Moun ki pran dispozisyon pou gen maryaj la, ki bay yo. Bib la anseye nou pou nou kiltive kalite k ap pèmèt nou jwenn kè kontan nan maryaj nou epi li atire atansyon nou sou kèk defo ki ka kraze yon maryaj. Anplis de sa, li aprann nou fason pou nou byen kominike, sa k ap fè nou gen plis kè kontan nan maryaj nou. — Li Kolosyen 3:8-10, 12-14.

Mari ak madanm dwe gen respè youn pou lòt. Lè yo chak jwe wòl Bondye ba yo nan maryaj la, sa ka fè yo gen kè kontan. — Li Kolosyen 3:18, 19.

Ki sa k ka fè yon maryaj dire?

De moun ki marye ap ret ansanm si youn renmen lòt. Bondye aprann nou fason pou nou demontre lanmou. Ni li menm, ni Jezi, pitit li a, se egzanp pafè nan fason yo demontre lanmou, e yo dispoze fè sakrifis pou sa. — Li 1 Jan 4:7, 8, 19.

Lè mari ak madanm respekte maryaj, antanke dispozisyon Bondye pran, sa ap fè yo ret ansanm. Bondye te kreye maryaj pou l yon inyon pèmanan ant yon gason ak yon fi dekwa pou l pwoteje fanmi. Li posib pou yon maryaj dire paske Bondye te fè gason ak fi pou youn konplete lòt ni nan domèn fizik ni domèn afektif. — Li Jenèz 1:27; 2:18, 24.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 14 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje