BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/10 p. 5
  • Bondye pran dispozisyon pou l delivre limanite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pran dispozisyon pou l delivre limanite
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Mesi a se mwayen Jewova itilize pou l bay lèzòm delivrans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Yo t ap tann Kris la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Jezi Kris se kle konesans Bondye a
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/10 p. 5

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: SOU KI SA BIB LA PALE?

Bondye pran dispozisyon pou l delivre limanite

Bondye te pwomèt Abraram, yon moun ki fidèl, “desandans” yo te predi a t ap yon desandan l. Grasa moun sa a, moun “tout nasyon” t apral jwenn benediksyon (Jenèz 22:18, NW). Jakòb, ki te pitit pitit Abraram, te deplase al ann Ejip. Se la fanmi l te vin anpil e yo te vin tounen nasyon Izrayèl tan lontan an.

Kèk tan apre, te vin gen yon Farawon diktatè. Li te fè Izrayelit yo vin esklav, jiskaske Bondye te voye Moyiz antanke pwofèt. Se li ki t apral fè pèp la soti nan peyi Ejip grasa yon mirak Bondye t apral fè pou l te pèmèt yo travèse lanmè Wouj. Apre sa, Bondye te bay nasyon Izrayèl la Lalwa. Nan lwa sa yo te gen dis kòmandman yo. Tout lwa yo te la pou gide yo e pou pwoteje yo. Lalwa te di ki sakrifis moun yo te dwe ofri pou yo ka jwenn padon pou peche yo fè. Bondye te enspire Moyiz pou l fè Izrayelit yo konnen Li t apral voye yon lòt pwofèt pou yo. Se pwofèt sa a ki t ap “desandans” Bondye te pwomèt la.

Plis pase 400 an apre, Bondye te fè wa David konnen “desandans” ki te gen pou vini an, desandans yo te predi ann Edenn nan, t ap gen pou l dirije yon wayòm k ap la pou toutan. Se moun sa a ki t ap Mesi a. Se li Bondye chwazi pou l sove limanite e pou l fè tè a tounen yon paradi ankò.

Bondye te sèvi ak David ak kèk lòt pwofèt pou l bay plis detay sou Mesi a tikras pa tikras. Yo te predi Mesi a ap gen imilite, l ap gen bonte. Anba dominasyon l lan pap gen grangou, pap gen enjistis e lagè ap fini. Tout moun pral viv anpè antre yo. Menm ak bèt yo y ap anpè. Maladi, soufrans ak lanmò pa t nan objektif Bondye. Tout bagay sa yo ap disparèt. Anpil moun ki mouri ap resisite pou yo viv sou tè a.

Bondye te sèvi ak pwofèt Mika pou l fè konnen Mesi a t ap fèt Betleyèm, e pwofèt Dànyèl te predi yo t ap touye Mesi a kèk tan apre. Men Bondye t ap resisite l e li t ap mete l Wa nan syèl la. Dànyèl te predi finalman Wayòm Mesi a ap ranplase tout lòt gouvènman yo pou toutan. Jan pwofesi yo te di sa, èske Mesi a te vini vre?

— Li baze sou Jenèz, chapit 22-50, Egzòd, Detewonòm, 2 Samyèl, Sòm, Izayi, Dànyèl, Mika, Zekarya 9:9.

NON SAKRE BONDYE GENYEN AN

Premye fwa non Jewova parèt nan Bib la se nan Jenèz 2:4. Non sa a, ki san parèy, parèt anviwon 7 000 fwa nan maniskri orijinal yo. Non sa a ki vle di “Li fè vin tounen”, ban nou asirans Bondye anmezi pou l akonpli tout objektif li genyen e l ap reyalize tout pwomès li fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje