BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/10 p. 6
  • “Nou jwenn Mesi a”!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Nou jwenn Mesi a”!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Yo t ap tann Kris la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Mesi a se mwayen Jewova itilize pou l bay lèzòm delivrans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/10 p. 6

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: SOU KI SA BIB LA PALE?

“Nou jwenn Mesi a”!

Prèske 400 an apre yo te fin ekri dènye liv ki nan pati Labib yo te ekri ann ebre yo, pwofesi Mika te bay sou Mesi a te akonpli: Jezi te fèt Betleyèm. Anviwon 30 an apre, nan ane 29 epòk nou an, premye pati nan pwofesi Dànyèl la ki te pale sou Mesi ki gen pou vini an te akonpli. Jan te batize Jezi e Bondye te vide lespri sen sou li. Se nan moman sa a Mesi yo t ap tann depi byen lontan an, desandans lan, te vini!

San pèdi tan, Jezi te kòmanse ministè l, li t ap ‘anonse moun yo bon nouvèl wayòm Bondye a’. (Lik 8:1.) Jan pwofesi yo te di sa, Jezi te montre l se yon moun ki gen bonte, li janti, e li sansib pou lòt moun. Sa l te konn anseye moun yo te itil yo, sa te montre lanmou l gen pou yo. Li te konn geri moun ki gen “tout kalite enfimite”, konsa li te montre Bondye avèk li (Matye 4:23). Moun tout laj te vini an foul bò kote Jezi e apre sa yo te di: “Nou jwenn Mesi a”! — Jan 1:41.

Jezi te predi, anvan Wayòm li an pran kontwòl tout bagay, t ap gen lagè nan monn nan, t ap gen tranblemanntè ak anpil lòt kalamite. Li te ankouraje tout moun pou yo “kontinye veye”. — Mak 13:37.

Jezi te yon moun pafè, li te toujou obeyi Bondye, men li te gen ènmi e finalman yo te touye l. Konsa grasa lanmò Jezi, li te bay sakrifis ki te nesesè pou peye pou nou pou n ka jwenn sa Adan ak Èv te pèdi a, sa vle di posiblite pou nou viv toutan nan yon paradi.

Bib la te predi Bondye te gen pou l resisite Jezi antanke kreyati espirityèl pisan twa jou apre l fin mouri, grasa lanmò Jezi pwofesi sa a te reyalize. Apre sa, Jezi te parèt devan plis pase 500 disip. Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip li yo misyon pou yo preche “moun tout nasyon” bon nouvèl sou li ak sou Wayòm li an (Mat. 28:19). Èske yo te akonpli misyon li te konfye yo a afon?

— Li baze sou Matye, Mak, Lik, Jan, 1 Korentyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje