BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/2 p. 16
  • Èske Bib la se Pawòl Bondye vre?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la se Pawòl Bondye vre?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Èske se Bondye ki bay bon nouvèl la vre?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Labib: yon liv Bondye ban nou
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki jan w konsidere Bib la?
    Ki jan w konsidere Bib la?
  • Labib: yon liv Bondye ban nou
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/2 p. 16
Yon ansyen woulo Bib la

REPONS BIB LA BAY

Èske Bib la se Pawòl Bondye vre?

Pou ou menm, Pawòl Bondye a ta dwe yon liv ki san parèy, e se sa Bib la ye. Yo enprime plizyè milya bib nan plizyè santèn lang. Sajès ki gen nan Bib la gen pouvwa pou l chanje moun e pou l fè yo vin pi bon. — Li 1 Tesalonisyen 2:13; 2 Timote 3:16.

Nou konnen Bib la se Pawòl Bondye paske Bib la predi lavni yon fason ki egzak. Pa gen okenn moun ki ka fè sa poukont li. Pa egzanp, ann konsidere liv Izayi a. Yo te jwenn yon kopi liv sa a nan yon gwòt toupre lanmè Sale. Yo te fè kopi sa a plis pase yon syèk anvan Jezi te fèt sou tè a. Nan kopi sa a, yo fè konnen pa t ap gen moun ki t ap abite nan vil Babilòn ankò. Sa te rive anpil ane apre ministè Jezi sou tè a. — Li Izayi 13:19, 20; 2 Pyè 1:20, 21.

Ki fason yo te ekri Bib la?

Yo te ekri Bib la sou yon peryòd ki dire plis pase 1 600 ane. Gen anviwon 40 moun ki te ekri Bib la. Tout moun sa yo te suiv yon sèl tèm e youn pa t kontredi lòt. Kòman sa te fè posib? Se paske se Bondye ki t ap gide yo lè yo t ap ekri Bib la. — Li 2 Samyèl 23:2.

Pafwa, Bondye te sèvi ak zanj, vizyon oswa rèv pou l pale ak moun ki t ap ekri Bib la. An jeneral, Bondye te met panse l nan lespri ekriven an, epi li te pèmèt ekriven an chwazi pwòp mo pa l pou l transmèt mesaj la. — Li Revelasyon 1:1; 21:3-5.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 2 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje