BYOGRAFI
Yon vi ki bay anpil benediksyon nan sèvis Bondye
Depi lè m te toupiti, gen kèk bagay ki te konn boulvèse m tankou prejije ras, echèk ak timidite m te genyen. Piske m te gen espwa m t ap jwenn rekonfò nan Bib la, m t al nan Legliz Katolik ki te nan zòn nan pou yo te ka ede m konprann li. Etandone pèsonn pa t resevwa m, m te kòmanse konsantre m sou afè spò.
Sa pa t pran anpil tan pou m te pratike jimnastik ak bòdibilding. Finalman, m te ouvri yon klèb spò nan San Leandro, nan Kalifòni, Ozetazini. M te konn travay ak moun ki fè bòdibilding, gen youn nan yo ki te chanpyon, li te ranpòte tit Mr. America. Sepandan, menm lè m te gen yon kò ki gen mis ki byen fòme sa pa t ranpli vid ki te anndan m nan.
RECHÈCH MWEN AN TE FÈ M JWENN BENEDIKSYON
Gen yon zanmi m nan klèb la ki te konnen jan m ta renmen konprann Bib la ki te ban m konsèy pou m rankontre ak yon moun li konnen. Nan demen maten, yon Temwen Jewova te vin lakay mwen. Pandan kat èdtan, li te sèvi ak Bib la pou l reponn kesyon m te genyen yo. M te mande l pou l tounen nan aswè, e nou te pale sou Bib la jiska minui. M te pran plezi nan sa m te aprann yo epi m te mande frè a si m te ka ale avè l nan predikasyon nan demen pou m ka wè kòman sa fèt. M te sezi wè jan l te alèz pou l ouvri Bib la pou l reponn kesyon moun yo te poze l yo. M te deside se sa m te vle fè tou!
Konsa, mwen te kite biznis mwen an e m te pase tout jounen m nan predikasyon ak frè sa a ki pyonye, se konsa yo rele minis aplentan Temwen Jewova yo. Nan mwa me 1948, mwen te batize nan yon kongrè ki te fèt nan Cow Palace Arena, nan Sann Fransisko. Apre sa, mwen te vin pyonye nan menm ane a.
Anmenmtan, m te mande Temwen yo pou yo vizite manman m. Li te byen reyaji e li pa t pran tan pou l te vin Temwen Jewova. Malgre opozisyon l te jwenn nan fanmi l, li te toujou ret fidèl anvè Bondye jiskaske l mouri plizyè ane apre. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi m ki te vin Temwen ankò.
MWEN RANKONTRE MOUN KI T AP VIN MADANM MWEN AN
An 1950, mwen t al abite nan Grand Junction, nan Kolorado, e se la m te rankontre Billie. Li te fèt an 1928 e li te grandi nan peryòd ki te gen gwo kriz ekonomik la. Minnie, ki se manman l, te konn li Labib pou li chak swa nan yon ti limyè lanp ak gaz ki gen flanm li k ap sekwe. Lè Billie te gen katran, li te konn li e li te konnen anpil istwa biblik pa kè. Nan fen ane 1940 yo, nan etid Temwen yo t ap fè ak manman l, manman l te aprann lanfè pa yon kote moun al toumante, men se tonm kote moun mouri ale (Eklezyas 9:5, 10). Ni Minnie ni mari l te vin Temwen.
An 1949, apre Billie te soti nan inivèsite Boston, li te kòmanse etidye Labib trèzoserye. Olye l te vin pwofesè lekòl, li te deside vwe lavi l bay Bondye. Li te batize an 1950 nan kongrè entènasyonal Temwen Jewova yo te òganize nan Yankee Stadium, nan Nouyòk. Yon ti tan apre, nou te vin rankontre, nou te marye, e nou te kòmanse sèvis aplentan ansanm.
Nou te kòmanse sèvis la nan vil Eugene, nan Oregon, e nou te fè anpil bon zanmi nan vil sa a. An 1953, nou t al abite nan vil Grants Pass, nan Oregon, pou n te ka ede ti kongregasyon ki te gen nan vil sa a. Nan fen ane a, nou te jwenn envitasyon pou n al asiste 23yèm klas Lekòl Gileyad, yon lekòl Temwen yo òganize pou fòme misyonè. Lekòl sa a te toupre South Lansing, nan Nouyòk, anviwon 400 kilomèt nan nòdwès vil Nouyòk.
TRAVAY MISYONÈ NAN BREZIL
Nan mwa desanm 1954, senk mwa apre nou fin gradye nan Gileyad, Billie avè m te pran yon avyon ki te gen de elis pou n al nan peyi Brezil. Inèdtan apre avyon an fin dekole, gen youn nan motè yo ki te gen pwoblèm, men nou te ateri an sekirite nan Bèmid. Yon lòt fwa ankò, apre nou te fin fè yon aterisaj fòse nan peyi Kiba e nou te pase 36 èdtan nan yon eskal ki fatigan, nou te resi rive nan filyal Temwen Jewova yo nan Rio de Janeiro, nan Brezil.
Premye Sal Wayòm nan Bauru, yon kote nou te lwe ki gen yon ansèy m te pentire, an 1955.
Apre yon ti tan, Billie avè m ak de lòt misyonè te pran wout pou n al Bauru, nan Sawo Polo, pou n al ouvri yon nouvo kay misyonè. Vil sa a te gen plis pase 50 000 moun ki t ap viv ladan l, e se nou ki te premye Temwen Jewova nan zòn nan.
Nou te kòmanse vizite moun yo lakay yo, men, menm kote a, prèt katolik ki nan zòn nan te kòmanse opoze ak aktivite nou an. Li te suiv nou e li te avèti moun yo pou yo pa koute n. Men, nan kèk semèn, gen yon fanmi ki gen anpil moun nou t ap etidye avèk yo ki te aksepte laverite, e apre sa, yo te batize. Kèk tan apre, gen lòt moun ki te kòmanse etidye tou.
Fanmi ki te batize a te gen yon fanmi yo ki te prezidan yon klèb ki gen gwo renome. M te fè aranjman pou n te itilize lokal klèb la pou n te òganize yon asanble. Lè prèt la te ensiste pou yo anile kontra a, prezidan an te rankontre ak lòt moun ki te manm klèb la e li te di yo: “Si nou anile kontra a, m ap demisyone!” Yo te dakò pou nou fè asanble a.
Nan ane ki te vin apre a, an 1956, yo te envite nou nan yon kongrè distri yo te fè nan Santos, nan Sawo Polo. Anviwon 40 Temwen nan kongregasyon nou an te vwayaje nan tren pou y al asiste kongrè a. Lè nou tounen Bauru, m te jwenn yon lèt e nan lèt sa a yo te fè m konnen mwen gen asiyasyon pou m sèvi antanke siveyan itineran pou m al vizite kongregasyon Temwen Jewova yo. Konsa, mwen te pase prèske 25 an o Brezil, m te travèse pifò pati nan peyi sa a ki gwo anpil.
Nan yon ane sèlman, nou te gen yon gwoup pwoklamatè ki zele nan Bauru.
JAN TRAVAY PREDIKASYON AN TE YE
Nan epòk sa a, li pa t fasil pou moun vwayaje. Finalman, nou te rive vwayaje prèske nan tout peyi a nan tren, nan wagon ak sou bisiklèt, e nou te konn vwayaje apye tou. Youn nan premye vil nou te vizite yo se te Jaú, nan Sawo Polo. Nan zòn sa a, gen yon prèt ki te ban nou pwoblèm.
Li te di nou: “Nou pa gendwa preche ‘mouton m yo!’”
Nou te di l: “Yo pa pou ou. Se pou Bondye yo ye.”
Nou te fè aranjman pou n pase yon fim ki gen tit: La Société du Monde Nouveau en action. Se yon fim ki pale sou travay predikasyon nou an nan lemonnantye. Men, prèt la te rasanble yon foul moun pou atake nou. San pèdi tan, nou te enfòme lapolis. Lè prèt la rive devan teyat la ansanm ak pil fidèl li yo, yo te jwenn yon pakèt polisye ki te kanpe devan an tankou yon gwo miray ak zam yo nan men yo ki brake sou yo. Pil moun ki te vin gade fim nan te renmen fim nan anpil.
Hèn relijyon yo te gen pou nou ak opozisyon te gaye prèske tout kote nou t al sèvi depi lè sa a. Pa egzanp, nan vil Brusque ki toupre vil Blumenau, nan Santa Catarina, nou te rankontre de pyonye ki t ap sèvi nan zòn sa a anba gwo pèsekisyon. Men, yo te jwenn anpil benediksyon pou andirans yo ak pèseverans yo. Kounye a, plis pase 50 an apre, gen plis pase 60 kongregasyon k ap fè pwogrè nan zòn sa a, e gen yon bèl Sal asanble tou, li toupre yon vil ki rele Itajaí!
Yon bagay enteresan nan travay nou antanke itineran se bon moman nou te pase ak lòt Temwen parèy nou pou nou prepare gwo kongrè yo. Nan ane 1970 yo, mwen te gen privilèj pou m sèvi antanke siveyan kongrè nan yon gwo kongrè yo te fè nan Morumbi Stadium. Yo te mande anviwon san kongregasyon ki toupre zòn nan pou yo chak voye dis pwoklamatè pou yo ka netwaye estad la nan nuit anvan kongrè a.
Pandan foutbolè yo t ap kite estad la nan nuit sa a, gen moun ki te tande y ap moke nou, yo te di: “Gade tout ti madanm sa yo ki gen yon bale ak yon mòp nan men yo.” Poutan, bò minui, tout estad la te fin netwaye! Men sa responsab estad la te di: “Fò tout ekip mwen an ta pran tout yon semèn pou yo ta fè sa Temwen yo te fè nan kèk èdtan sèlman!”
NOU RETOUNEN ETAZINI
Papa m te mouri an 1980. Yon ti tan apre, nou te retounen Etazini pou nou te ka pran swen manman m, ki t ap viv nan vil Fremont, nan Kalifòni. Nou te jwenn yon travay netwaye bilding nan nuit, konsa, nou te ka kontinye nan sèvis pyonye a e nou te ede moun ki pale pòtigè ki nan zòn nan. Kèk tan apre, nou t al rete toupre San Joaquin Valley, kote nou te chèche moun ki pale pòtigè nan zòn sa a ki gwo anpil, soti Sacramento rive nan Bakersfield. Kounye a, gen anviwon dis kongregasyon nan lang pòtigè nan Kalifòni.
Apre manman m fin mouri an 1995, nou t al rete Florid pou n te ka pran swen papa Billie jiskaske l mouri. Manman l te mouri an 1975. Nan ane 2000, nou t al rete nan yon zòn ki dezè e ki gen gwo mòn nan sidwès Kolorado, epi nou te sèvi nan zòn sa a aplentan, nou te preche moun ki Ameriken natif natal ki nan tèritwa Navajo ak Ute. Malerezman, Billie mouri nan mwa fevriye 2014.
Apre plis pase 65 an, se pa ti kontan m kontan dèske mwen te rankontre yon Temwen Jewova ki te sèvi ak Bib la pou l reponn pil kesyon mwen te genyen yo! Men, m kontan sitou paske m te pran tan pou m verifye sa l t ap di yo pou m te ka sèten se sa Labib anseye toutbonvre. Sa te fè m mennen yon vi ki bay anpil benediksyon nan sèvis Bondye.