BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/1 p. 13
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ann ede frè Kris yo fidèlman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/1 p. 13

ÈSKE W TE KONNEN?

Jan yo itilize mo “enik” la nan Bib la, ki sa l vle di?

Yon pati nan yon imaj ki grave sou yon mi ki montre yon enik, se yon Asiryen ki te fè l

Yon pati nan yon imaj ki grave sou yon mi ki montre yon enik, se yon Asiryen ki te fè l

Pafwa, mo sa a fè referans ak yon gason yo te chatre. Nan tan biblik yo, yo te konn chatre kèk gason swa pou yo pini yo, swa paske yo te kaptire yo oubyen paske yo se esklav. Nan kay wa yo, gen kèk gason yo te fè konfyans e yo te chatre ki te konn sipèvize kay medam yo oswa arèm yo. Pa egzanp, enik Hegai ak enik Shaashgaz te gen responsablite pou yo veye sou plizyè madanm ak plizyè fi sou kote wa peyi Pès ki rele Asyeris la te genyen. Yo panse se wa sa a ki te Zèksès 1ye a. — Estè 2:3, 14.

Sepandan, se pa tout moun Bib la rele enik ki se moun yo te chatre vre. Gen kèk biblis ki di yo te konn itilize mo sa a nan yon sans ki pi laj tou pou yo fè referans ak yon fonksyonè ki te gen yon seri travay byen presi yo te ba l fè nan lakou wa a. Sanble se sans sa a mo a te genyen lè yo te aplike l nan ka Ebèd-melèk, asosye Jeremi an, ansanm ak Etyopyen Filip te preche a, yon Etyopyen yo pa site non l nan Bib la. Pa gen dout, Ebèd-melèk se yon fonksyonè ki te gen yon gwo pozisyon paske l te konn al bò kote wa Sidkiya dirèkteman (Jeremi 38:7, 8). Yo dekri Etyopyen an kòm trezorye wa a ki “t al Jerizalèm pou l adore Bondye”. — Travay 8:27.

Nan tan biblik yo, poukisa bèje yo te konn separe mouton yo ak kabrit yo?

Yon bèje ki ak twoupo moton l

Men sa Jezi te dekri konsènan yon peryòd jijman ki gen pou rive: “Lè Pitit lòm nan ap vini nan glwa li [...], li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit.” ​(Matye 25:31, 32). Poukisa bèje yo te konn separe bèt sa yo?

Nòmalman, yo te konn mete mouton yo ak kabrit yo ansanm e yo te konn kite yo manje ansanm pandan jounen an. Nan aswè, yo te konn mete yo nan pak pou yo ka pwoteje yo kont bèt sovaj, vòlè ak fredi (Jenèz 30:32, 33; 31:38-40). Men, yo te konn separe de kalite bèt sa yo pou yo te ka pwoteje mouton yo ki yon jan dou, sitou femèl mouton yo ak timouton yo, kont danje kabrit yo ki pi mechan te ka reprezante pou yo. Dapre yon liv ki rele Tout bagay ki nan Bib la (anglè), bèje a te konn separe mouton yo ak kabrit yo tou lè “mouton yo fè pitit, lè y ap tire lèt mouton yo ak lè y ap tonn yo”. Konsa, egzanp Jezi te pran an te baze sou bagay moun ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an te konn wè oubyen sou aktivite yo te konn fè paske moun yo te abitye ak mouton ak kabrit.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje