BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 4 p. 8
  • Rezon ki fè Bib la chape anba tout danje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè Bib la chape anba tout danje
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pale avèk nou pa mwayen Bib la
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon istwa ki gen enpòtans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Plis èd pou fanmi
    Reveye n! — 2018
  • Ki jan w konsidere Bib la?
    Ki jan w konsidere Bib la?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 4 p. 8
Yon mesye k ap li Labib

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LABIB — YON LIV KI CHAPE ANBA ANPIL DANJE

Rezon ki fè Bib la chape anba tout danje

Bib la chape anba anpil danje. Se sa k fè ou ka gen yon Bib jodi a e w ka li l. E lè w chwazi yon bon tradiksyon Labib, ou ka sèten se yon kopi tèks orijinal la w ap li, yon kopi ou ka fè konfyansa. Men, kòman Bib la fè pa disparèt malgre deteryorasyon materyèl yo te itilize pou yo fè l yo, yon deteryorasyon ki natirèl, malgre gwo opozisyon moun ki te kont li yo e malgre efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan? Anplis, byen souvan, li chape yon fason estrawòdinè. Sa k fè liv sa a espesyal konsa?

“Kounye a, mwen kwè toutbon Bib mwen genyen an se yon kado Bondye ban mwen.”

Anpil moun k ap etidye Labib fè menm konklizyon ak apot Pòl, ki te ekri: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” (2 Timote 3:16). Yo kwè Bib la rive chape paske se li sèl ki Pawòl Bondye a e paske Bondye pwoteje l rive jodi a. Finalman, Faizal, nou te pale de li nan kòmansman seri atik sa yo, te deside verifye sa pèsonèlman lè l te etidye Labib. Sa l te dekouvri a te fè l sezi. Nan yon tikras tan, li te aprann gen yon pakèt ansèyman ki gaye nan relijyon ki di yo kretyen yo ki pa nan Bib la. Mete sou sa, jan Pawòl Bondye a montre sa, objektif Bondye genyen pou tè a te touche l.

Men sa li di: “Kounye a, mwen kwè toutbon Bib mwen genyen an se yon kado Bondye ban mwen. Dayè, si Bondye ka fè linivè, èske li pa gen pouvwa pou l ban nou yon liv e pou l pwoteje liv sa a pou nou? Si yon moun ta di lekontrè, li t ap limite pouvwa Bondye genyen, sa vle di li t ap limite pouvwa Toupisan an genyen! Kiyès mwen ye pou m ta fè yon bagay konsa?” — Ezayi 40:8.

a Gade atik ki gen tit “Comment choisir une bonne traduction de la Bible?” ki te parèt nan Toudegad 1ye me 2008 (fransè).

Ki jan nou ka fè sèten sa Bib la di yo se laverite?

Seri atik sa a pale sou sa yo te fè pou pwoteje Bib la. Men, ki jan w ka fè sèten Bib la se “pawòl Bondye” toutbon, se pa yon pakèt istwa moun imajine ak lejann ki ladan l (1 Tesalonisyen 2:13)? Gade ti videyo ki gen tit: Ki jan nou ka fè sèten sa Bib la di yo se laverite? ki sou www.jw.org/ht. (Gade anba ribrik PIBLIKASYON > VIDEYO.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje