Èske l posib pou gen yon monn san vyolans?
Èske ou menm oubyen yon moun nan fanmi w deja viktim anba vyolans? Èske gen rezon pou w pè paske w ka viktim yon jou? Yo rele vyolans “yon pwoblèm sante piblik k ap vin pi plis chak jou nan monn nan”. Ann egzamine kèk egzanp.
VYOLANS NAN FANMI AK ABI SEKSYÈL: Men sa Nasyonzini rapòte: “Sou chak twa fi, gen youn ki viktim akoz vyolans fizik oubyen akoz abi seksyèl yon moun li avè l fè sou li nan yon moman kèlkonk nan lavi l. Malerezman, nan lemonnantye, yo estime sou chak senk fi, ap gen youn yo vyole oubyen yo manke vyole.”
VYOLANS NAN LARI: Sanble gen plis pase 30 000 gang ki aktif nan fè move zak Ozetazini. Ann Amerik latin, yo fè konnen sou chak 3 moun, gen anviwon 1 moun ki viktim akoz zak vyolans.
MOUN YO TOUYE: Pa gen twò lontan, yo estime gen prèske 500 mil moun yo touye nan yon ane, yo touye pifò ladan yo nan lagè. Se nan sid Afrik ak nan Amerik santral yo touye plis nan moun sa yo, yo touye plis pase kat fwa kantite moun yo touye nan rès monn nan. Nan yon ane, yo touye plis pase 100 000 moun ann Amerik latin e yo touye anviwon 50 000 moun nan peyi Brezil sèlman. Èske yo ka jwenn yon solisyon k ap dire nètale pou pwoblèm vyolans lan?
ÈSKE YO KA FÈ VYOLANS SISPANN?
Poukisa vyolans gaye toupatou konsa? Yo jwenn anpil bagay ki lakòz sa, pami yo, gen bagay nou pral site la yo: chirepit akoz gwo diferans ki gen nan sosyete a nan domèn ekonomik ak sosyal, yon tandans jeneral kote anpil moun pa bay lavi lòt moun regle anyen pou yo, moun ki bwè san kontwòl e ki pran dwòg, timoun k ap gade zak vyolans granmoun ap fè, e lefètke moun ki fè zak kriminèl yo sanble pa jwenn pinisyon.
Se vre, gen anpil pwogrè ki fèt kèk kote nan monn nan pou diminye vyolans moun konn fè nan zòn sa yo. Selon sa yo rapòte, nan gwo popilasyon ki nan Sawo Polo a ki nan peyi Brezil, gen anviwon 80 pousan mwens zak kote moun touye lòt moun nan dis dènye ane ki sot pase yo. Sepandan, tout lòt kalite zak vyolans kontinye ogmante nan vil sa a, e kantite moun yo touye an mwayèn nan vil sa a toujou rete anviwon 10 moun sou chak 100 000 moun. Ki sa sa ap mande pou yo rive retire vyolans yon fwa pou tout?
Pou yo jwenn yon solisyon k ap dire nètale pou zafè vyolans lan, wè pa wè, fòk moun fè yon seri chanjman nan atitid yo ak nan fason yo aji. Pou moun ki vyolan yo rive kite yon seri defo tankou ògèy, ava, egoyis, li nesesè pou yo vin gen lanmou, respè ak sousi pou lòt moun.
Ki sa ki ka pouse yon moun fè kalite gwo chanjman sa yo? Fè yon ti reflechi sou sa Labib anseye:
“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo.” — 1 Jan 5:3.
“Yon moun gen lakrentif pou Jewova lè l rayi sa ki mal.”a — Pwovèb 8:13.
Lanmou yon moun gen pou Bondye ak lakrentif li genyen pou l pa fè anyen k ap fè Bondye fache se yon gwo fòs ki ka ede menm moun ki vyolan yo chanje fason y ap viv. Se pa yon chanjman sou po sa ap fè yo fè, men sa ap fè yo chanje tout pèsonalite yo nèt. Èske yon bagay konsa deja rive?
Ann pran egzanp Alexb, ki te pase 19 dènye ane yo nan yon prizon nan Brezil pou divès kalite move zak. Li te vin Temwen Jewova nan ane 2000, apre l te fin etidye Labib ak Temwen yo. Èske li te chanje fason vyolan li te konn aji yo vre? Wi, e se pa ti regrèt Alex regrèt tout move zak li te konn fè yo! Men sa l di: “Mwen te vin renmen Bondye paske li padone m toutbon. Se rekonesans ak lanmou mwen gen pou Jewova ki te ede m chanje fason m t ap viv.”
César ap viv nan peyi Brezil tou, li te konn kase kay moun e li te konn vòlè ak zam. Se konsa li te konn viv pandan anviwon 15 an. Ki sa ki te fè l chanje? Pandan li te nan prizon, li te pran kontak ak Temwen Jewova yo, e yo te kòmanse etidye Labib avèk li tou. Men sa César esplike: “Se premye fwa mwen te wè lavi a gen yon sans. Mwen te aprann renmen Bondye, e m te aprann gen lakrentif pou li, yon bon lakrentif ki te anpeche m retounen nan fè sa ki mal, sa ki t ap fè Jewova tris. Mwen pa t vle vin yon moun ki engra devan bonte li demontre. Lanmou sa a ak lakrentif sa a te pouse m chanje lavi m.”
Aprann fason ou ka viv nan yon monn san vyolans.
Ki sa eksperyans sa yo montre nou? Yo montre nou Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun anpil lè l chanje fason yo panse (Efezyen 4:23). Men sa Alex, nou te pale de li anvan an, di ankò: “Sa m te aprann nan Bib la te tankou dlo pwòp yo t ap vide sou mwen, tikras pa tikras, li te netwaye m lè l te lave tout move panse mwen te konn genyen yo. Mwen pa t janm panse mwen te ka rive elimine bagay sa yo yon jou.” Wi, lè nou ranpli lespri nou ak mesaj ki nan Bib la, yon mesaj ki pwòp, sa ka ede nou elimine sa ki mal oswa lave nou pou n retire sa ki mal. Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l netwaye nou (Efezyen 5:26). Konsa, moun ki mechan e ki egoyis yo ka chanje fason yo aji, yo ka vin bon moun e yo ka vin moun ki renmen lapè (Women 12:18). Yo vin gen lapè nan lavi yo paske yo aplike prensip ki nan Bib la. — Ezayi 48:18.
Gen plis pase uit milyon Temwen Jewova nan 240 peyi ki dekouvri sekrè pou yo elimine vyolans lan. Moun tout ras, tout kouch sosyal, kèlkeswa fason yo te konn viv anvan, aprann renmen Bondye e yo aprann gen lakrentif pou li. Mete sou sa, yo aprann gen lanmou youn pou lòt, yo aprann viv anpè antanke yon fanmi ki nan lemonnantye (1 Pyè 4:8). Yo pwouve li posib pou gen yon monn san vyolans.
TALÈ KONSA, PRAL GEN YON MONN SAN VYOLANS!
Bib la pwomèt talè konsa, Bondye pral elimine vyolans sou tè a. Monn vyolan ki la jodi a pral efase nan “jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo”. (2 Pyè 3:5-7.) Pap gen moun vyolan k ap fè moun soufri ankò. Ki jan nou ka sèten Bondye vle aji pou l elimine vyolans?
Labib fè konnen Bondye “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”. (Sòm 11:5.) Kreyatè a renmen lapè ak jistis (Sòm 33:5; 37:28). Se sa k fè li pap tolere moun k ap fè vyolans yo pou toutan.
Wi, yon monn ki gen lapè toupre rive (Sòm 37:11; 72:14). Poukisa w pa aprann plis bagay sou sa w ka fè pou w pami moun ki pral viv nan monn sa a ki pap gen vyolans lan?