BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 1 p. 3-5
  • Byen chèche laverite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen chèche laverite
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ÈSKE L POSIB POU W JWENN LAVERITE?
  • FASON W ABITYE CHÈCHE ENFÒMASYON KI EGZAK
  • YON LIV SAN PARÈY KOTE W AP JWENN LAVERITE
  • Annou imite Bondye verite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • ‘Kontinye mache nan laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • “M ap mache nan verite w yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Èske laverite toujou enpòtan?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 1 p. 3-5
Yon mesye k ap gade yon bibliyotèk ki chaje ak liv

Byen chèche laverite

Lè nou konnen laverite, sa ka sove lavi nou. Pa egzanp, ann konsidere jan lavi nou vin chanje apre nou te fin jwenn repons kesyon ki vin apre a: Ki jan maladi trapan yo rive gaye byen vit?

Pandan plizyè milye ane, pa t gen moun ki te ka reponn kesyon sa a. Nan epòk sa yo, plizyè milyon moun mouri akoz yon seri maladi ak epidemi ki t ap gaye byen rapid. Rive yon lè, syantifik yo vin dekouvri verite a. Yo te vin dekouvri souvan, gen yon seri mikwòb, bakteri oubyen viris, ki konn lakòz moun malad. Lefètke yo te dekouvri verite sa a, sa te ede yo evite e menm rive geri anpil maladi, anplis de sa, sa te pèmèt yo ede plizyè milyon moun viv pi lontan e pi an sante.

Ki sa n ka di pou lòt kesyon enpòtan yo? Ki efè w panse repons kesyon ki vin apre yo ka gen sou ou?

  • Kiyès Bondye ye?

  • Kiyès Jezi Kris ye?

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?

  • Ki sa demen sere pou nou?

Plizyè milyon moun te rive jwenn repons pou kesyon sa yo e konsa yo te rive amelyore lavi yo. Ou menm tou ou ka jwenn byenfè grasa repons kesyon sa yo.

ÈSKE L POSIB POU W JWENN LAVERITE?

Ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske l posib pou m rive jwenn verite sou nenpòt bagay la?’ Dayè, pou anpil bagay li vin pi difisil pou n jwenn enfòmasyon nou ka fè konfyans. Sa k fè sa?

Anpil moun pa fè ni gouvènman yo, ni antrepriz yo ni medya yo konfyans pou di yo laverite. Yo twouve l difisil pou yo konnen si moun yo ap ba yo verite oubyen si yo jis ap bay opinyon yo sou sijè a, si y ap kache kèk enfòmasyon oubyen si yo jis ap bay manti. Etandone moun pa fè moun konfyans ankò e anpil nan enfòmasyon n ap resevwa yo pa laverite, moun yo pa fin dakò sou sa ki laverite ak sou enpòtans sa genyen pou yo.

Malgre tout pwoblèm sa yo, li posib pou nou jwenn repons nou ka fè konfyans pou kesyon ki pi enpòtan moun poze sou lavi a. Ki jan n ka fè sa? Se lè n aplike yon seri metòd nou abitye itilize chak jou nan lavi nou.

FASON W ABITYE CHÈCHE ENFÒMASYON KI EGZAK

Nan yon sans, se chak jou nou chèche enfòmasyon ki egzak. Ann pran egzanp Jessica. Men sa l fè konnen: “Tipitit fi m nan fè alèji ak pistach, alèji l la tèlman grav, menm yon vyepti kras nan pwoteyin ki nan pistach la ka touye l.” Nan ka sa a, Jessica dwe asire l manje l ap achte yo pap yon danje pou pitit fi l la. Men sa l di: “Premye bagay m fè se byen egzamine etikèt ki sou tout sa m ap achte pou m wè ki engredyan ki ladan yo. Apre sa, m fè lòt rechèch sou pwodui yo, m konn menm kontakte antrepriz ki prepare yo pou m konnen si pa gen okenn posiblite pou pwoteyin ki nan pistach la ta rantre ladan yo pa aksidan pandan preparasyon an. Anplis de sa, m konn fè lòt rechèch kote m ka jwenn bonjan enfòmasyon sou konpayi yo pou m konnen si m ka fè konpayi ki fè pwodui sa a konfyans nan fason l prepare manje l yo.”

Menm mesye a fin gade nan yon liv li te pran nan bibliyotèk la e l ap konpare l ak sa l wè nan tablèt li a

Enfòmasyon w ap chèche chak jou yo ka pa gen menm enpòtans ak pa Jessica yo, men, menm jan avè l, ou ka itilize teknik ki annapre a pou w jwenn repons pou kesyon w yo:

  • Chèche enfòmasyon ki egzak.

  • Fè lòt rechèch.

  • Asire w ou ka fè kote w jwenn enfòmasyon an konfyans.

Menm teknik sa a ka ede w jwenn repons ou ka fè konfyans pou kesyon ki enpòtan moun konn poze nan lavi a. Kòman?

YON LIV SAN PARÈY KOTE W AP JWENN LAVERITE

Lè Jessica t ap chèche jwenn verite ki nan Bib la, li te itilize yon teknik ki sanble ak sa l itilize lè l ap fè rechèch sou alèji pitit fi l la. Li fè konnen: “Lefètke m te pran san m pou m li Bib la e m te fè bonjan rechèch, sa te ede m jwenn laverite.” Menm jan ak Jessica, plizyè milyon moun rive aprann sa Bib la di pou kesyon ki vin apre yo:

  • Poukisa n egziste?

  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?

  • Poukisa gen soufrans?

  • Ki sa Bondye pral fè pou l retire tout soufrans nou yo?

  • Ki jan n ka gen kè kontan nan fanmi nou?

Menm mesye a ap li Labib e laptòp li ouvri

Ou ka jwenn bonjan repons pou kesyon sa yo ak lòt ankò lè w li Bib la e lè w fè lòt rechèch sou sit entènèt www.jw.org la.

Toudegad sa a pral ede n jwenn repons pou kesyon tankou:

  • Kiyès Bondye ye?

  • Kiyès Jezi Kris ye?

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?

  • Ki sa demen sere pou nou?

Men, pou kòmanse, ann egzamine rezon ki fè nou ka kwè Labib se yon sous verite nou ka fè konfyans.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje