Laverite konsènan lavni
Ou pa janm mande tèt ou ki sa demen sere pou ou? Labib pale de yon seri evènman enpòtan ki pa lwen rive e k ap afekte tout moun sou tè a.
Jezi te esplike kòman n ap fè “konnen Wayòm Bondye a toupre”. (Lik 21:31.) Li te fè konnen t ap gen gwo lagè, gwo tranblemanntè, rate manje, anpil maladi ak lòt bagay ankò e se egzakteman sa yo nou wè devan je nou jodi a. — Lik 21:10-17.
Mete sou sa, Bib la montre youn nan bagay ki t ap genyen nan “dènye jou” dominasyon lèzòm yo sèke moun yo t ap gen move konpòtman. Ou ka li sa nan 2 Timote 3:1-5. Lè w ap gade atitid moun yo ak konpòtman yo jodi a, pa gen dout, ou dakò pwofesi sa a ki nan Bib la tonbe daplon ak sa k ap pase toutotou nou kounye a.
Ki sa n dwe konprann? Moman an toupre rive kote Wayòm Bondye a pral fè yon seri gwo chanjman k ap amelyore lavi nou sou tè a (Lik 21:36). Nan Labib, Bondye pwomèt anpil bon bagay ni pou tè a ni pou moun ki pral viv sou li yo. Men kèk egzanp.
YON BON GOUVÈNMAN
“Yo te ba l [Jezi] pouvwa, onè ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l. Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an”. — DÀNYÈL 7:14.
Sa sa vle di: Ou kapab viv anba dominasyon pi bon gouvènman ki pral dirije tout tè a, se Bondye ki tabli l e l mete Pitit Gason l lan Wa ladan l.
YON SANTE PAFÈ
“Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‛Mwen malad.’” — EZAYI 33:24.
Sa sa vle di: Ou pap janm malad oswa andikape; ou pral kapab viv san w pa janm mouri.
LAPÈ TOTAL
“Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — SÒM 46:9.
Sa sa vle di: Pap gen lagè ak menas lagè ankò e tout soufrans yo lakòz yo pap la ankò.
SE BON MOUN SÈLMAN KI PRAL VIV SOU TÈ A
“Mechan yo pap la ankò [...]. Moun ki gen imilite yo ap posede tè a.” — SÒM 37:10, 11.
Sa sa vle di: Pap gen mechan ankò, se sèlman moun ki vle obeyi Bondye k ap la.
TOUT TÈ A PRAL VIN YON PARADI
“Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay.” — EZAYI 65:21, 22.
Sa sa vle di: Tout tè a ap vin bèl. Bondye pral reponn priyè nou an, l ap fè volonte l fèt “sou tè a”. — Matye 6:10.