Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 desanm 2010, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou sijè yo te egzamine nan Lekòl la soti nan semèn 1ye novanm pou rive nan semèn 27 desanm 2010.
1. Ki sa pawòl louwanj ki nan 1 Kwonik 16:34 chantè Levit yo te itilize yo aprann nou? [w02-F 15/1 p. 11 § 6-7]
2. Èske tèks 1 Kwonik 22:8 la montre gè David te konn fè yo pa t bon, piske Jewova pa t vle l konstwi kay li a? Esplike. [it-2-F p. 869 § 10]
3. Ki santiman David te vle Salomon genyen pou Bondye? (1 Kwo. 28:9) [w08 15/10 p. 11 § 18]
4. Poukisa li te apwopriye pou yo mete lanmè an metal la chita sou estati bèf yo? (2 Kwo. 4:2-4) [w05-F 1/12 p. 19 § 2; w98-F 15/6 p. 16 § 17]
5. Èske se de wòch plat yo sèlman ki te nan lach alyans lan, oubyen èske te gen lòt bagay ankò? (2 Kwo. 5:10) [w06-F 15/1 p. 31]
6. Ki sa Salomon te vle di lè l te mande Jewova pou l koute kèlkeswa moun ki ta va priye “nan direksyon kay li a”? (2 Kwo. 6:21, 32, 33) [it-1-F p. 36 § 5]
7. Ki sa ekspresyon “alyans sèl” nou jwenn nan 2 Kwonik 13:5 lan vle di? [w05-F 1/12 p. 20 § 1; it-2-F p. 921 § 5]
8. Ki jan nou ta ka aplike 2 Kwonik 17:9, 10 nan kad ministè nou? [w09 15/6 p. 12 § 7]
9. Ki jan pèp Bondye a jodi a pral aji ann amoni ak 2 Kwonik 20:17? [w03 1/6 p. 28-29 § 14-17]
10. Ki leson nou aprann nan aksyon Ouziya te fè ki demontre li gen ògèy la? (2 Kwo. 26:15-21) [w99-F 1/12 p. 26 § 1-2]