BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 10
  • Kontinye priye Bondye pou n ka jwenn favè l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kontinye priye Bondye pou n ka jwenn favè l
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PRIYE L AK TOUT KÈ NOU E AVÈK IMILITE
  • SÈVI AK NON BONDYE LÈ N AP PALE AVÈ L
  • PRIYE L NAN LANG NOU
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 10
Yon mesye nan Mwayenn Oryan k ap priye.

Bondye, “ki tande lapriyè” a, pran plezi koute nou. — SÒM 65:2.

Kontinye priye Bondye pou n ka jwenn favè l

Bondye te bay lèzòm yon kado ki gen anpil valè, se kapasite pou yo pale avè l e pou yo di l sa yo santi pa mwayen lapriyè. David, ki te yon pwofèt, te priye l konsa: “O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w.” ​(Sòm 65:2). Ki jan nou kapab priye pou Bondye koute nou e pou n jwenn benediksyon l?

PRIYE L AK TOUT KÈ NOU E AVÈK IMILITE

Nan priyè pèsonèl n ap fè yo, nou kapab ‘ouvri kè nou bay Bondye’ pou n fè l konnen sa nou santi toutbon (Sòm 62:8). Bondye toupisan an renmen priyè sensè nou fè ki soti nan fon kè nou.

SÈVI AK NON BONDYE LÈ N AP PALE AVÈ L

Byenke Bondye gen anpil tit, se yon sèl non li genyen. Men sa l di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” ​(Ezayi 42:8). Non Jewova parèt anviwon 7 000 fwa nan Pawòl li a. Anpil pwofèt te konn sèvi ak non Bondye lè yo te konn pale avè l. Abraram te di: “Jewova, tanpri, [...]. Kite m pale avè w toujou.” ​(Jenèz 18:30). Nou menm tou, nou dwe sèvi ak non Bondye, Jewova, lè n ap priye l.

PRIYE L NAN LANG NOU

Bondye konprann panse nou ak santiman nou, kèlkeswa lang nou pale. Men asirans nou jwenn nan Pawòl li a: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

Sepandan, pou n jwenn benediksyon Bondye, se pa priye nou dwe priye l sèlman. Nan atik ki vin apre yo, nou pral egzamine sa n dwe fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje