BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 11
  • Moun ki obeyi Bondye ap jwenn benediksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Moun ki obeyi Bondye ap jwenn benediksyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1. LÈ NOU OBEYI BONDYE, N AP GEN SAJÈS
  • 2. LÈ NOU OBEYI BONDYE, N AP GEN KÈ KONTAN
  • Lanmou Bondye la pou toutan
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • “Men sa lanmou pou Bondye vle di”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Èske w “dispoze obeyi”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • “Èske mwen nan plas Bondye?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 11
Yon fanmi ki gen kè kontan k ap pase tan ansanm. Manman an ap prepare manje ak youn nan pitit fi l yo nan kizin nan. Papa a ap gade foto ak lòt pitit fi yo a nan salon an.

Lè nou obeyi kòmandman Bondye yo, nou kapab jwenn vrè kè kontan an.

Moun ki obeyi Bondye ap jwenn benediksyon

Moyiz, yon pwofèt, te di si nou obeyi kòmandman Bondye yo, n ap jwenn benediksyon Bondye (Detewonòm 10:13; 11:27). Nou pa obeyi Bondye paske n pè pou l pa pini nou. Men, se bèl kalite Bondye genyen yo ki pouse n obeyi l paske nou renmen l, e nou pa vle fè anyen ki ka fè l lapenn. “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo.” — 1 Jan 5:3.

Sepandan, lè nou obeyi Bondye, ki benediksyon n ap jwenn? Ann egzamine de ladan yo.

1. LÈ NOU OBEYI BONDYE, N AP GEN SAJÈS

“Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. — EZAYI 48:17.

Jewova Dye, Sila a ki kreye nou an, konnen nou e li ban nou bonjan konsèy. Si n vle sa l anseye nou yo ede n pran bon desizyon, nou dwe aprann nan Pawòl li a sa l vle nou fè epi aplike sa l anseye yo nan lavi nou.

2. LÈ NOU OBEYI BONDYE, N AP GEN KÈ KONTAN

“Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — LIK 11:28.

Jodi a, plizyè milyon moun ki obeyi Pawòl Bondye a jwenn vrè kè kontan an. Ann pran egzanp yon mesye nan peyi Espay, ki te konn fache pou tikrik tikrak e ki te konn trete lòt moun yon fason ki di anpil, menm madanm li li te konn trete konsa. Yon jou, li t ap li nan youn nan liv Moyiz te ekri yo konsènan tanperaman dou Jozèf, yon pitit gason Jakòb, te genyen. Frè Jozèf yo te vann Jozèf kòm esklav, annapre, yo te vin mete l nan prizon yon fason ki enjis, malgre sa, li te rete dou, li te renmen fè lapè, epi li te padone yo (Jenèz chapit 37-45). Mesye ann Espay la te di: “Lè m te reflechi sou egzanp Jozèf la, sa te pouse m vin gen dousè, jantiyès ak metriz. Se sa k fè, kounye a, mwen gen kè kontan nan lavi m.”

Pawòl Bondye a ban nou plis konsèy sou fason n dwe trete lòt moun. Atik ki vin apre a ap ban n plis detay sou sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje