BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 desanm p. 28-30
  • Èske w pare pou w viv pou toutan sou tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w pare pou w viv pou toutan sou tè a?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • ÈSKE W PARE POU W TRAVAY POU FÈ TÈ A VIN YON PARADI?
  • ÈSKE W PARE POU W EDE MOUN KI PRAL RESISITE YO?
  • ÈSKE W PARE POU W ANSEYE MOUN KI PRAL RESISITE YO?
  • Pral gen yon rezirèksyon!
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Kiyès k ap resisite? E ki kote yo pral viv?
    Koute gran Anseyan an
  • 10yèm pati
    Koute Bondye
  • Ki sa rezirèksyon an ye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 desanm p. 28-30
Moun k ap travay pou fè tè a vin yon paradi. Genyen k ap retire debri, gen lòt k ap konstwi kay, e gen lòt k ap pran swen jaden.

Èske w pare pou w viv pou toutan sou tè a?

JEZI te di: “Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a.” (Mat. 5:5). Nou tout ap tann pwomès sa a reyalize. Bondye pral bay moun li chwazi pou al nan syèl yo tè a lè yo pral dirije antanke wa ansanm ak Jezi nan syèl la (Rev. 5:10; 20:6). Pifò vrè kretyen yo jodi a pa ka tann pou yo viv pou toutan sou tè a. Y ap vin pafè, y ap viv nan lapè e y ap gen kè kontan. Pou sa rive fèt, yo pral gen ­anpil travay pou yo fè. Ann wè twa nan yo: yo pral travay pou fè tè a vin yon paradi, yo pral ede moun ki pral resisite yo jwenn sa yo bezwen, e yo pral anseye yo. ­Reflechi sou sa w kapab fè depi kounye a pou w montre ou vle patisipe nan travay sa yo ki pral fèt nan monn nouvo a.

ÈSKE W PARE POU W TRAVAY POU FÈ TÈ A VIN YON PARADI?

Lè Jewova te bay lèzòm lòd pou yo “plen tè a ak moun, [e pou yo] gen pouvwa sou tè a”, li te montre, rive yon lè, tout tè a t ap vin yon paradi (Jen. 1:28). Moun ki pral viv pou toutan sou tè a pral bezwen obeyi lòd sa a ­Jewova te bay okòmansman an. Yo pap nan yon paradi tousuit paske jaden Edenn nan pa egziste ankò. Kou Amagedon fin fèt, nou pral gen anpil travay pou n fè, pou n netwaye kote sou tè a ki gen dega ki fèt yo. Se sèten nou pral gen anpil travay pou n fè!

Sa fè n sonje travay Izrayelit yo te gen pou yo fè lè yo te retounen sot Babilòn. Pa t gen okenn moun ki te viv nan peyi yo a pandan 70 an. Men, Ezayi te gentan fè konnen grasa èd Jewova, yo t ap fè peyi a vin bèl ankò. Men sa pwofesi a te di: “L ap fè dezè l la vin tankou jaden Edenn, Wi, l ap fè dezè li gen nan plèn nan vin tankou jaden Jewova a.” (Eza. 51:3). Jewova te ede Izrayelit yo fè peyi yo a vin bèl. Menm jan an tou, grasa èd ­Jewova, moun ki pral viv pou toutan sou tè a ap rive fè l vin yon bèl paradi. E depi kounye a, gen bagay ou kapab fè pou w montre ou vle patisipe nan travay sa a.

Youn nan fason w ka montre sa, se lè w fè tout sa w kapab pou w kenbe kay ou ak zòn kote w ap viv la pwòp e nan lòd. Ou bezwen fè sa, menmsi moun nan zòn kote w ap viv la pa fè sa yo menm. Ou kapab bay èd ou tou lè w ofri tèt ou pou w patisipe nan netwayaj ak reparasyon k ap fèt nan Sal Wayòm nan ak nan Sal asanble a. Si sitiyasyon w pèmèt ou, ou kapab ranpli yon fòmilè pou w ka patisipe nan travay pote sekou k ap fèt nan zòn kote w ap viv la lè gen katastwòf. Konsa, w ap montre w pare pou w ede frè w ak sè w yo si sa nesesè. Mande tèt ou: ‘Èske gen kèk bagay m ka aprann ki ta ka itil si Jewova pèmèt mwen viv pou toutan sou tè a?’

Yon gwoup frè ak sè k ap netwaye e k ap pran swen yon Sal Wayòm.

ÈSKE W PARE POU W EDE MOUN KI PRAL RESISITE YO?

Tousuit apre Jezi te fin resisite pitit fi Jayiris la, li te di pou yo bay tipitit la yon bagay pou l manje (Mak 5:42, 43). Petèt li pa t difisil pou yo te bay tipitit la ki te gen 12 an yon bagay pou l manje. Men, reflechi ak tout travay nou pral bezwen fè lè pwomès Jezi te fè kote l te di “tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l e y ap soti” a pral reyalize (Jan 5:28, 29). Byenke Bib la pa bay anpil detay sou sa, nou kapab imajine moun ki resisite yo pral bezwen yo ede yo jwenn manje pou yo manje, kote pou yo rete ak rad pou yo met sou yo. Èske depi kounye a ou ka montre ou pare pou w ede yo? Men kèk kesyon ou kapab reflechi sou yo.

Ki sa w ka fè kounye a pou w montre w pare pou w viv pou toutan sou tè a?

Frè ak sè nan yon ayewopò ki kontan resevwa delege ki vin nan yon kongrè entènasyonal nan vil Pari.

Lè yo anonse siveyan sikonskripsyon an ap vin vizite kongregasyon w lan, èske w ofri pou w ba l manje? Lè yo voye kèk sèvitè aplentan espesyal ki te nan Betèl nan kongregasyon w lan oswa lè yon siveyan sikonskripsyon fini sèvis li nan travay sikonskripsyon an, èske w ka ede yo jwenn yon kote pou yo rete? Si gen yon kongrè rejyonal oswa espesyal k ap fèt nan zòn kote w ap viv la, èske w ka ofri tèt ou pou w fè yon seri travay anvan kongrè a oswa apre kongrè a oubyen pou w vin akeyi delege yo?

ÈSKE W PARE POU W ANSEYE MOUN KI PRAL RESISITE YO?

Selon sa nou li nan Travay 24:15, nou atann pral gen plizyè milya moun ki pral resisite. Anpil nan yo se pral moun ki pa t gen posiblite konnen Jewova. Yo pral gen posiblite sa a lè yo resisitea. Sèvitè Bondye ki fidèl e ki gen eksperyans yo pral patisipe nan pwogram ansèyman sa a (Eza. 11:9). Charlotte, yon sè ki te preche ann Ewòp, ann Amerik disid ak ann Afrik, ap tann moman sa a. Men sa l di ak kè kontan: “M pa ka tann pou m anseye moun ki pral resisite yo. Lè m li istwa yon moun ki te viv nan tan lontan, souvan m konn di tèt mwen: ‘Si moun sa a te gentan konn Jewova, lavi l te ka yon lòt jan.’ M pa ka tann pou m ede moun ki pral resisite yo konnen Jewova e pou m fè yo konnen jan lavi yo ap bèl si yo sèvi l.”

Menm sèvitè Jewova ki te fidèl ki te mouri anvan Jezi te vin sou tè a pral gen anpil bagay pou yo aprann. Imajine kè kontan ak privilèj nou pral genyen pou n esplike Dànyèl jan pwofesi li te ekri men li pa t konprann yo te reyalize (Dàn. 12:8). Oubyen imajine jan nou pral kontan pou n aprann Rit ak Nawomi Mesi a te sot nan fanmi yo. Se pa ti kontan nou pral kontan patisipe nan pwogram ansèyman sa a ki pral fèt sou tout tè a, kote tout pwoblèm ak tout bagay ki anpeche n ret konsantre nan sèvis Bondye jodi a nan monn mechan sa a pap la ankò!

Yon sè k ap bay yon dam ki yon kote yo fè lesiv yon feyè.

Ki sa w ka fè depi kounye a pou w montre w vle anseye moun ki pral resisite yo? Youn nan bagay ou ka fè k ap montre sa aklè, se lè w fè tout sa w kapab pou w anseye pi byen e pou w patisipe regilyèman nan pwogram ansèyman k ap fèt sou tout tè a jodi a (Mat. 24:14). Menmsi laj ak lòt sitiyasyon fè w pa kapab fè tout sa w ta renmen fè nan travay sa a kounye a, efò w fè kapab montre ou vle anseye moun ki pral resisite yo.

Vrèmanvre, li bon pou w reflechi sou kesyon enpòtan ki vin annapre yo: Èske w vrèman anvi viv pou toutan sou tè a? Èske w pa ka tann pou w travay pou fè tè a vin yon paradi, pou w ede moun ki pral resisite yo jwenn sa yo bezwen e pou w anseye yo? W ap montre w pare pou w viv pou toutan sou tè a lè w pwofite okazyon w jwenn depi kounye a pou w patisipe nan yon seri travay ki sanble ak travay nou pral gen pou n fè lè n pral viv pou toutan sou tè a!

a Gade atik ki gen tit “Ann ede anpil moun vin fè sa ki dwat” ki parèt nan Toudegad septanm 2022.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje