BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 8-13
  • Ou bezwen kwè Jewova renmen w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou bezwen kwè Jewova renmen w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ NOU BEZWEN AKSEPTE JEWOVA RENMEN NOU
  • KI SA KI KAPAB EDE N AKSEPTE JEWOVA RENMEN NOU?
  • FASON JEZI EDE N AKSEPTE JEWOVA RENMEN N
  • KONTINYE FÈ EFÒ POU W VIN GEN PLIS KONVIKSYON
  • Jewova gen afeksyon pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ki sa ranson an aprann nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Se pou lanmou pouse n kontinye preche!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 8-13

ATIK ETID 33

KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”

Ou bezwen kwè Jewova renmen w

“Se lanmou fidèl [...] ki fè m rale w vin jwenn mwen.” — JER. 31:3.

PWEN KLE

Rezon ki fè nou bezwen kwè Jewova renmen nou ak fason nou kapab vin gen plis konviksyon li renmen nou.

1. Poukisa w te vwe Jewova lavi w? (Gade foto a tou.)

ÈSKE W sonje lè w te vwe Jewova lavi w? Ou te pran desizyon sa a paske w te aprann konnen l e w te vin renmen l. Ou te pwomèt li ou t ap ba l premye plas nan lavi w e w t ap kontinye renmen l ak tout kè w, ak tout nanm ou ak tout lespri w e ak tout fòs ou (Mak 12:30). Depi lè sa a, lanmou w gen pou Jewova a vin pi fò chak jou. Donk, ki jan w t ap reponn yon moun ki mande w: “Èske w renmen Jewova toutbon?” San ezite, ou t ap di l: “Mwen renmen Jewova plis pase nenpòt moun oswa nenpòt bagay!”

Foto ki ansanm: Yon sè k ap reflechi sou ve li te fè Jewova a ak sou batèm li. 1. Li chita deyò e l ap priye. 2. L ap batize nan yon rivyè.

Èske w sonje jan w te santi w renmen Jewova lè w te vwe l lavi w e w te batize? (Gade paragraf 1.)


2-3. Ki asirans Jewova vle nou genyen, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a? (Jeremi 31:3).

2 Sepandan, ki jan w t ap reponn yon moun ki mande w: “Èske w sèten Jewova renmen w?” Èske w t ap ezite pou w reponn, petèt toutpandan w ap panse ou pa merite pou Jewova renmen w? Gen yon sè ki te jwenn anpil pwoblèm pandan l t ap grandi ki te di: “Mwen konnen mwen renmen Jewova, m pa gen okenn dout sou sa. Sepandan, byen souvan m konn ap mande tèt mwen, èske Jewova renmen m?” Men, ki jan w ka konnen si Jewova renmen w toutbon?

3 Jewova vle w gen konviksyon li renmen w. (Li Jeremi 31:3.) An reyalite, se Jewova ki rale w vin jwenn li. Lè w te vwe Jewova lavi w e w te batize, li te ba w yon bagay ki gen anpil valè, anpalan de lanmou fidèl li gen pou ou. Jewova renmen w anpil e li pap janm kite w. Lanmou Jewova gen pou sèvitè fidèl li yo, san wete ou menm, fè l konsidere yo kòm “byen [li genyen] ki gen anpil valè”. (Mal. 3:​17, nòt.) Jewova vle w gen konfyans li renmen w, menm jan apot Pòl te gen konfyans Jewova renmen l. Pòl te tèlman sèten Jewova renmen l li te ekri: “Mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye.” (Wom. 8:​38, 39). Nan atik sa a, nou pral wè rezon ki fè n bezwen gen plis konviksyon Jewova renmen nou, e nou pral wè sa k ka ede n vin gen konviksyon sa a.

REZON KI FÈ NOU BEZWEN AKSEPTE JEWOVA RENMEN NOU

4. Ki jan n ka kenbe fèm kont youn nan manèv Satan plis itilize yo?

4 Lè n aksepte Jewova renmen n, nou kapab kenbe fèm kont youn nan “manèv” Satan yo (Efe. 6:11). Satan ap fè tout sa l kapab pou l anpeche n sèvi Jewova. Youn nan manèv Satan plis itilize se chèche fè n kwè Jewova pa renmen nou, alòske se manti. Pa janm bliye Satan se yon pwofitè. Byen souvan, li atake nou nan moman nou santi n pi fèb la, petèt paske nou santi nou boulvèse akoz sa nou te viv, sa n ap fè fas kounye a oswa paske nou pa konnen ki sa demen ap pote (Pwo. 24:10). Satan tankou yon lyon ki dèyè atake yon bèt ki san defans. Donk, l ap chèche pwofite moman nou santi n faya pou l fè n sispann sèvi Jewova. Men, si n kontinye fè efò pou n vin gen plis konviksyon Jewova renmen nou, n ap gen plis fòs pou n “kenbe tèt ak” Satan e pou n kenbe fèm kont manèv li yo. — 1 Pyè 5:​8, 9; Jak 4:7.

5. Poukisa nou bezwen santi Jewova renmen n e li ban n anpil valè?

5 Lè n aksepte Jewova renmen n, nou kapab vin pi pwòch avè l. Sa k fè n ka di sa? Jewova kreye nou yon fason pou n montre lòt moun nou renmen yo e pou n santi yo renmen n. Lè yon moun montre li renmen n, sa pouse n renmen l tou. Donk, plis nou santi Jewova renmen nou e l pran ka nou, se plis n ap renmen l (1 Jan 4:19). E plis nou renmen l, se plis l ap renmen n. Men sa Bib la di nou aklè: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Donk, ki jan nou kapab vin gen plis konviksyon Jewova renmen nou?

KI SA KI KAPAB EDE N AKSEPTE JEWOVA RENMEN NOU?

6. Pou n aksepte Jewova renmen n, ki sa n kapab mande l lè n ap priye l?

6 Kontinye priye Jewova pou l ede w konprann rezon ki fè l renmen w (Lik 18:1; Wom. 12:12). Mande Jewova pou l ede w wè tèt ou jan li menm li wè w. E si sa nesesè, fè sa plizyè fwa chak jou. Se vre, si kè w ap kondane w, li ka pa fasil pou w aksepte Jewova renmen w. Men, sonje Jewova pi gran pase kè w (1 Jan 3:​19, 20). Li konnen w pi byen pase w konnen tèt ou, e l wè yon seri bèl kalite ou genyen ou gendwa pa menm rann ou kont ou genyen (1 Sam. 16:7; 2 Kwo. 6:30). Donk, pa ezite “ouvri” kè w ba li, epi mande l pou l ede w aksepte li renmen w (Sòm 62:8). Apre w fin priye l, li enpòtan pou w suiv konsèy ki vin annapre yo.

7-8. Ki jan liv Sòm nan ban n asirans Jewova renmen n?

7 Ou bezwen kwè sa Jewova di. Jewova te bay yon seri mesye lespri sen l pou yo ekri Bib la. Donk, nou kapab kwè sa yo di sou Jewova se laverite. Gade yon bèl fason David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te pale de Jewova. Li te di: “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki dekouraje yo.” (Sòm 34:​18, nòt). Lè w tris anpil, ou ka santi w poukò w. Men, Jewova pwomèt l ap ede w nan moman sa yo paske li wè jis nan ki pwen w bezwen èd li. Men sa David te ekri nan yon lòt sòm: “Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la.” (Sòm 56:8). Jewova wè lè w ap soufri. Li gen anpil sousi pou ou e li wè sa w ap andire. Nan yon sans, li ranmase tout dlo k ap koule nan je w e yo gen anpil valè pou li, menm jan dlo ki nan yon bidon an po gen anpil valè pou yon moun k ap vwayaje. Men sa nou li nan Sòm 139:3: “Ou byen konnen tout sa m ap fè.” Jewova wè tout sa w ap fè, men li konsantre sou bon bagay ou fè (Ebre 6:10). Sa k fè sa? Paske chak efò w fè pou w fè l plezi gen anpil valè pou li.a

8 Lefètke Jewova fè met pawòl ankourajan sa yo nan yon seri vèsè nan Bib la, se yon fason pou l di w: “Mwen vle w konnen mwen renmen w anpil e m gen anpil sousi pou ou.” Men, jan nou sot wè sa, Satan vle w kwè Jewova pa renmen w. Donk, si pafwa ou pa fin kwè Jewova renmen w, pran yon ti tan pou w mande tèt ou: ‘Kiyès m ap kwè: “papa manti” a oubyen “Bondye verite a”?’ — Jan 8:44; Sòm 31:5.

9. Ki asirans Jewova bay moun ki renmen l yo? (Egzòd 20:​5, 6).

9 Reflechi sou fason Jewova aji ak moun ki renmen l. Gade ki sa Jewova te di Moyiz ak Izrayelit yo. (Li Egzòd 20:​5, 6.) Jewova pwomèt l ap kontinye montre lanmou fidèl pou moun ki renmen l. Pawòl sa yo ban n asirans Bondye nou an ki fidèl pap manke pa renmen nou si nou renmen l (Ney. 1:5). Donk, si pafwa ou bezwen gen asirans Jewova renmen w, pran yon ti tan pou w mande tèt ou: ‘Èske mwen menm mwen renmen Jewova?’ Epi fè yon ti reflechi: Si w renmen l e w ap fè tout sa w kapab pou w fè l plezi, ou mèt gen asirans li renmen w anpil (Dàn. 9:4; 1 Kor. 8:3). Sa vle di, si ou menm ou sèten ou renmen Jewova, poukisa ou pa ka kwè li renmen w? Ou mèt kwè toutbon l ap toujou renmen w e li pap janm kite w.

10-11. Ki jan Jewova vle w konsidere ranson an? (Galat 2:20).

10 Medite sou ranson an. Pi gwo kado Jewova te bay lèzòm se Jezi Kris, Pitit Gason l lan, li te voye vin mouri pou nou (Jan 3:16). Men, èske Jewova te voye Pitit li a vin mouri pou ou pèsonèlman? Wi! Ann pran egzanp apot Pòl. Sonje li te fè yon seri peche grav anvan l te vin kretyen, e l te bezwen kontinye goumen ak enpèfeksyon l te genyen (Wom. 7:​24, 25; 1 Tim. 1:​12-14). Aktout sa, li te konsidere ranson an kòm yon kado Jewova ba li pèsonèlman. (Li Galat 2:20.) Sonje se Jewova ki te fè Pòl ekri pawòl sa yo. E tout sa ki nan Bib la se pou enstriksyon nou (Wom. 15:4). Pawòl Pòl yo montre Jewova vle w konsidere ranson an kòm yon kado Li ba ou. Lè se konsa w konsidere ranson an, ou vin gen plis konviksyon Jewova renmen w pèsonèlman.

11 Nou di Jewova mèsi dèske l te voye Jezi sou tè a vin mouri pou nou. Men, yon lòt rezon ki fè Jezi te vin sou tè a, se pou l te fè lòt moun konn laverite sou Bondye (Jan 18:37). Verite sa a gen ladan l fason Jewova renmen pitit li yo.

FASON JEZI EDE N AKSEPTE JEWOVA RENMEN N

12. Poukisa nou kapab kwè sa Jezi di konsènan Jewova?

12 Lè Jezi te sou tè a, li te kontan montre nou kiyès Jewova ye (Lik 10:22). Nou gen bonjan rezon pou n kwè sa Jezi te di konsènan Jewova. Dayè, anvan Jezi te vin sou tè a, li te viv ansanm ak Jewova nan syèl la pandan yon kantite ane moun pa ka konte (Kol. 1:15). Jezi te konnen jan Papa l renmen l, epitou li te wè jan Papa l montre li renmen zanj fidèl yo ak jan l montre li renmen pitit gason l ak pitit fi l sou tè a ki fidèl yo. Ki jan Jezi ede n aksepte Bondye renmen nou?

13. Ki jan Jezi vle nou wè Jewova?

13 Jezi vle nou wè Jewova jan li menm li wè l. Nan Evanjil yo, Jezi pale de Jewova antanke “Papa” plis pase 160 fwa. Lè Jezi t ap pale ak disip li yo, li te itilize ekspresyon tankou “Papa nou” oswa “Papa nou ki nan syèl la”. (Mat. 5:16; 6:26.) Anvan Jezi te vin sou tè a, sèvitè fidèl Jewova yo te konn rele Jewova: ‘Toupisan’, ‘Sila a ki nan pi gwo pozisyon an’, ‘Gran Kreyatè’, san wete lòt tit ankò. Men, byen souvan, Jezi te konn pale de Jewova antanke ‘Papa nou’. Ekspresyon sa a montre Jewova vle sèvitè l yo santi yo pwòch avè l, menm jan yon pitit santi l pwòch ak papa l ki renmen l. Pa gen dout, Jezi vle nou wè Jewova menm jan avè l, sa vle di antanke Papa nou ki gen lanmou ki renmen pitit li anpil. Ann wè de egzanp kote Jezi te itilize mo “Papa” a.

14. Ki jan Jezi te montre nou chak gen anpil valè pou Papa nou ki nan syèl la? (Matye 10:​29-31). (Gade foto a tou.)

14 Toudabò, ann egzamine pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 10:​29-31. (Li vèsè yo.) Tikit se yon ti zwazo ki pap janm ka renmen Jewova oswa adore l. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la konnen lè yon tikit tonbe atè paske l gen valè pou li. Alewè pou yon sèvitè fidèl li ki renmen l! Li dwe ba l plis valè toujou! Jezi te di tou Papa nou konnen kantite branch cheve nou chak gen nan tèt nou. Piske Jewova konn tout ti detay sou nou, nou kapab kwè toutbon li gen anpil sousi pou nou. Pa gen dout, Jezi vle n gen asirans nou chak gen anpil valè pou Papa nou ki nan syèl la.

Jezi k ap montre disip li yo yon tikit k ap poze atè. Disip li yo ap koute l avèk atansyon.

Jewova konnen lè yon tikit tonbe atè paske l gen valè pou li. Alewè pou yon sèvitè fidèl li ki renmen l! Li dwe ba l plis valè toujou! (Gade paragraf 14.)


15. Ki sa pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 6:44 yo aprann nou sou Papa nou ki nan syèl la?

15 Ann wè yon dezyèm egzanp kote Jezi te sèvi ak mo “Papa” a. (Li Jan 6:44.) Papa nou ki nan syèl la rale w pèsonèlman vin nan laverite. Poukisa l te fè sa? Se paske l te wè kè w nan bon dispozisyon (Tra. 13:48). Lè Jezi te di pawòl nou jwenn nan Jan 6:44 la, petèt li t ap panse ak pawòl Jewova te di nou jwenn nan Jeremi 31:3. Men sa Jewova te di pèp li a: “Mwen renmen w e lanmou sa a ap la pou toutan. Se lanmou fidèl sa a ki fè m rale w vin jwenn mwen [oswa: Se poutèt sa mwen kontinye montre lanmou fidèl pou ou].” (Jer. 31:3 nòt; konpare ak Oze 11:4.) Panse ak sa sa vle di. Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou kontinye wè bèl kalite w genyen, alòske ou menm ou ka pa wè yo.

16. a) Ki sa Jezi vle nou konprann, e poukisa nou bezwen kwè l? b) Ki sa k ka ede w gen plis konviksyon Jewova se Papa ou bezwen an? (Gade kare ki gen tit “Papa nou tout bezwen an”.)

16 Lefètke Jezi fè konnen Jewova se Papa nou, se kòmsi l di nou: “Jewova pa Papa m sèlman, li se Papa w tou. Mwen ba w asirans li renmen w e li gen anpil sousi pou ou.” Donk, si pafwa ou pa fin kwè Jewova renmen w, pran yon ti tan pou w mande tèt ou: ‘Èske m pa ta dwe kwè pawòl Pitit Gason ki pi byen konnen Papa nou ki nan syèl la e ki toujou di laverite?’ — 1 Pyè 2:22.

“Papa nou tout bezwen an”

Nou jwenn pawòl sa yo nan entwodiksyon liv Annou pwoche bò kote Jewova a. Men sa yo di nan entwodiksyon an pou esplike objektif liv la: “N ap vin wè [...] Jewova [...] se Papa nou tout bezwen an. Li pisan, li gen jistis, li saj e li renmen nou. Li pa janm abandone pitit fidèl li yo.”

Gen yon moun papa l te konn maltrete l ki te li liv sa a ki te fè konnen jan liv la te ede l. Men sa l te di: “Liv la te aprann mwen pou m pa pè itilize mo ‘papa’ a. Kounye a, mwen konprann ki sa yon bon papa ye. Mwen konnen Jewova renmen m e mwen aksepte l kòm Papa m”. Gen yon lòt moun ki te li liv sa a ki te di: “Pa gen dout, Jewova se pi bon Papa nou kapab genyen!”

Pou w vin gen plis konviksyon Jewova se Papa ou bezwen an, li ta bon pou w li liv sa a oswa pou w reli l.

KONTINYE FÈ EFÒ POU W VIN GEN PLIS KONVIKSYON

17. Poukisa nou dwe kontinye fè efò pou n vin gen plis konviksyon Jewova renmen nou?

17 Nou bezwen kontinye fè efò pou n gen plis konviksyon Jewova renmen nou. Jan nou sot wè sa pi wo a, Satan, ènmi nou an ki gen riz, ap fè tout sa l kapab pou l fè n sispann sèvi Jewova. Pou Satan ka fè n dekouraje, l ap kontinye fè tout sa l kapab pou l fè n kwè Jewova pa renmen n. Nou pa dwe bay Satan legen! — Jòb 27:5.

18. Ki jan w ka vin gen plis konfyans Jewova renmen w?

18 Pou w vin gen plis konfyans Jewova renmen w, ou bezwen kontinye priye l pou l ede w wè tèt ou jan li menm li wè w. Byen reflechi sou vèsè nan Bib la ki montre jan Jewova gen anpil sousi pou moun ki renmen l. Sonje Jewova ap toujou renmen yon moun ki renmen l. Medite sou rezon ki fè w kapab konsidere ranson an kòm yon kado Jewova ba w pèsonèlman. Epitou, jan Jezi te di sa, ou kapab gen konfyans Jewova se Papa w ki nan syèl la. Donk, si yon moun ta mande w: “Èske w sèten Jewova renmen w?” W ap reponn avèk asirans: “Wi, li renmen m! E m fè tout sa m kapab chak jou pou m montre mwen renmen l!”

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa nou bezwen aksepte Jewova renmen n?

  • Ki sa k ka ede n aksepte Jewova renmen n?

  • Ki jan Jezi ede n aksepte Jewova renmen n?

KANTIK 154 Lanmou fidèl

a Pou n jwenn lòt vèsè ankourajan ki ban n asirans Jewova renmen n, gade sijè ki gen tit “Dout” nan piblikasyon ki gen tit Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje