BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 14-19
  • Ou bezwen kwè Jewova padone w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou bezwen kwè Jewova padone w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA NOU BEZWEN AKSEPTE JEWOVA PADONE N?
  • KI SA K KA EDE N AKSEPTE JEWOVA PADONE N?
  • PA BLIYE SA JEWOVA SONJE
  • ANN KONTINYE KONVENK KÈ NOU
  • Ki byenfè w jwenn lefètke Jewova padone w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Bondye “dispoze padone” nou
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon padone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Lè Jewova padone nou, èske l bliye sa n te fè?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 14-19

ATIK ETID 34

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

Ou bezwen kwè Jewova padone w

“Ou te padone peche m yo.” — SÒM 32:5.

PWEN KLE

Rezon ki fè n bezwen aksepte Jewova padone n, ak fason Bib la ban nou asirans li padone moun ki peche e ki repanti.

1-2. Ki sa k ka soulaje yon moun ki fè peche e ki repanti? (Gade foto a tou.)

WA David te konnen sa sa vle di lè konsyans yon moun ap kale l pou peche l te fè (Sòm 40:12; 51:3; pawòl ki anlè tèt chapit la). David te fè yon seri peche grav. Men, li te montre l regrèt sa l te fè yo ak tout kè l, e Jewova te padone l (2 Sam. 12:13). Se sa k fè David te konprann tou sa sa vle di pou yon moun santi l soulaje lè Jewova padone l. — Sòm 32:1.

2 Menm jan ak David, nou kapab santi n soulaje lè Jewova fè n mizèrikòd. Se pa ti soulajman sa bay pou n konnen Jewova dispoze padone peche nou, menm peche nou fè ki pi grav yo, si nou repanti toutbon, si n konfese peche nou yo, e si n fè tout sa n kapab pou n pa refè menm erè yo (Pwo. 28:13; Tra. 26:20; 1 Jan 1:9)! Se pa ti kontan n kontan lefètke n konnen lè Jewova padone n li padone nou nèt, kòmsi nou pa t janm peche! — Eze. 33:16.

Wa David k ap jwe hap e k ap chante pandan l chita sou yon balkon.

Wa David te ekri plizyè sòm ki montre fason Jewova padone. (Gade paragraf 1-2.)


3-4. Ki jan yon sè te santi l apre l te fin batize, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Sepandan, pafwa gen moun ki ka twouve l difisil pou yo aksepte Jewova padone yo. Ann pran egzanp Jennifer ki te leve nan laverite. Lè Jennifer te nan adolesans li, li te konn fè yon seri bagay ki pa bon e l pa t kite paran l konn sa. Plizyè ane annapre, li te fè chanjman nan lavi l, e rive yon lè li te batize. Men sa l di: “Anvan sa, fè lajan se bagay ki te pi enpòtan pou mwen. Mwen te lage kòm nan imoralite seksyèl, mwen te konn bwè pou m sou e m te konn fè gwo kòlè. Nan tèt mwen, mwen te konnen apre m te fin sipliye Jewova pou l padone m e m te repanti, sakrifis Kris la te fè m vin pwòp. Men, li te difisil pou m aksepte Jewova te padone m toutbon.”

4 Èske pafwa w konn twouve l difisil pou w aksepte Jewova padone w toutbon pou erè w te fè? Si sa konn rive w, sonje jan David te santi l lè Jewova te fè l mizèrikòd. Li te gen konfyans Jewova te padone l paske L gen anpil mizèrikòd. Se konsa Jewova vle w santi w tou. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa nou bezwen aksepte Jewova padone n e ki sa k ka ede n aksepte sa.

POUKISA NOU BEZWEN AKSEPTE JEWOVA PADONE N?

5. Ki sa Satan vle nou kwè? Bay yon egzanp.

5 Lè n aksepte Jewova padone n, sa ka ede n pou n pa tonbe nan pyèj Satan yo. Nou bezwen sonje Satan ap fè tout sa l kapab pou l fè n sispann sèvi Jewova. Pa egzanp, Satan ka eseye fè n kwè Jewova pap padone peche nou yo. Ann pran egzanp mesye yo te retire nan kongregasyon Korent lan paske li te fè imoralite seksyèl (1 Kor. 5:​1, 5, 13). Annapre, lè mesye a te repanti, Satan te vle pou moun nan kongregasyon an pa padone l, pou yo te tèlman montre yo san pitye, yo pa t akeyi l. Anmenmtan, Satan te vle pou mesye a santi li pa merite pou Jewova padone l, alòske l te repanti. Li te vle “pou gwo tristès [tèlman] fini avè l”, pou l sispann sèvi Jewova. Se menm bagay la Satan ap chèche fè jodi a. Men, “nou konn entansyon l”. — 2 Kor. 2:​5-11.

6. Si n toujou santi konsyans nou ap kale n pou yon peche n te fè, ki sa k ka ede n?

6 Lè n aksepte Jewova padone n, nou ka sispann santi n koupab. Lè n peche, nòmalman nou santi n koupab (Sòm 51:17). E se yon bon bagay. Konsyans nou ka pouse n fè efò pou n chanje e pou n fè sa ki dwat (2 Kor. 7:​10, 11). Men, si n kite konsyans nou kontinye ap kale nou apre n fin repanti pou yon peche n te fè, nou ka vin tèlman dekouraje nou sispann sèvi Jewova. Lè n aksepte Jewova padone n, nou ka sispann santi n koupab. Lè sa a n ap kapab sèvi Jewova jan l vle nou sèvi l la, sa vle di ak yon konsyans ki klè e avèk anpil kè kontan (Kol. 1:​10, 11; 2 Tim. 1:3). Donk, ki jan n ka vin gen konviksyon Bondye padone nou?

KI SA K KA EDE N AKSEPTE JEWOVA PADONE N?

7-8. Ki jan Jewova te fè Moyiz konn ki kalite Moun li ye, e ki asirans sa ban nou? (Egzòd 34:​6, 7).

7 Reflechi sou fason Jewova dekri tèt li. Pa egzanp, gade sa l te di Moyiz sou Mòn Sinayia. (Li Egzòd 34:​6, 7.) Byenke Jewova gen anpil bèl kalite, li te chwazi prezante tèt li toudabò kòm “yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib”. Èske yon Bondye konsa t ap refize padone yon moun k ap adore l ki repanti toutbon pou peche l fè? Jamè! Sa t ap montre li pa gen mizèrikòd e li gen kè di. Jewova pap janm konsa.

8 Nou kapab gen konfyans lè Jewova di li gen mizèrikòd, sa l di a se laverite. Li pa janm bay manti (Sòm 31:5). Donk, nou kapab kwè sa l di. Si w twouve l difisil pou w sispann santi w koupab pou peche w te fè, mande tèt ou: ‘Èske m kwè Jewova se yon Bondye ki gen mizèrikòd ak kè sansib toutbon e l ap padone nenpòt moun ki repanti? Ebyen, si m kwè sa, èske m pa ta dwe aksepte li padone m?’

9. Ki sa Sòm 32:5 aprann nou sou fason Jewova padone peche n?

9 Medite sou sa Jewova fè ekri nan Bib la anrapò ak fason l padone. Pa egzanp, David, youn nan moun Jewova te itilize pou ekri Bib la, te di: “Ou te padone peche m yo.” (Li Sòm 32:5.) Mo ebre lè yo tradui l yo mete “padon” pou li a kapab vle di “leve”, “retire”, oswa “pote ale”. Lè Jewova te padone David, nan yon sans, li te leve peche David yo e l te pote yo ale. Lè sa a, David te santi l soulaje anba pwa lou li t ap pote a ki te fè l santi l koupab (Sòm 32:​2-4). Nou menm tou, nou kapab santi n soulaje. Lè n repanti ak tout kè n pou sa n te fè ki mal, nou pa bezwen kontinye santi n koupab pou peche Jewova deja leve pote ale lwen nou.

10-11. Ki sa ekspresyon “dispoze padone” a aprann nou sou Jewova? (Sòm 86:5).

10 Li Sòm 86:5. Nan vèsè sa a, David fè konnen Jewova “dispoze padone”. Gen yon kòmantè yon liv fè sou ekspresyon sa a nan Bib la ki di konsènan Jewova: “[Li] ‘renmen padone’ e ‘se konsa l ye menm’.” Poukisa se konsa Jewova ye menm? Lòt pati nan vèsè a di: “Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w.” Jan n te aprann sa nan atik anvan an, Jewova pwomèt l ap demontre lanmou fidèl pou moun ki renmen l e li pap janm abandone yo. Lanmou fidèl Jewova genyen an ap pouse l “padone [tout moun ki repanti yo] ak tout kè l”. (Eza. 55:​7, nòt.) Si w twouve l difisil pou w aksepte Bondye padone w, ou kapab mande tèt ou: ‘Èske m kwè Jewova renmen padone, sa vle di li dispoze padone tout moun ki repanti k ap priye l pou l fè yo mizèrikòd? Si m kwè sa vre, èske m pa ta dwe aksepte Jewova padone m lè m mande l fè m mizèrikòd?’

11 Yon bagay ki kapab soulaje n se lefètke nou konnen Jewova byen konprann nou se moun ki enpafè (Sòm 139:​1, 2). Sa parèt klè nan yon lòt sòm David te ekri ki ka ede n tou pou n aksepte Jewova padone n.

PA BLIYE SA JEWOVA SONJE

12-13. Selon Sòm 103:​14, ki sa Jewova sonje anrapò ak nou, e ki sa sa pouse l fè?

12 Li Sòm 103:14. David di Jewova “sonje se pousyè nou ye”. Lè David te di pawòl sa a, li te bay youn nan rezon ki fè Jewova pare pou l padone sèvitè l ki repanti yo: Li byen konnen nou enpafè. Pou n pi byen konprann sa sa vle di, ann egzamine sa David te di a.

13 David di Jewova “byen konnen ki jan nou fèt”. Jewova te fè Adan “ak pousyè ki sot nan tè a” e l byen konnen gen yon seri bagay menm moun pafè bezwen. Pa egzanp yo bezwen manje, yo bezwen dòmi, e yo bezwen respire (Jen. 2:7). Men, lè Adan ak Èv te peche, ekspresyon se pousyè nou ye a vin gen lòt sans tou. Piske nou se desandan yo, nou vin eritye peche ki fè n gen tandans fè sa k pa bon. Jewova pa jis konnen nou enpafè. David te di li “sonje” nou enpafè. Mo ebre yo itilize la a kapab vle di fè yon bon aksyon. Men ki jan nou ta ka rezime pawòl David te di yo: Jewova konnen gendelè n ap fè erè. Lè sa rive, li pare pou l fè nou mizèrikòd e pou l padone nou si nou repanti ak tout kè nou. — Sòm 78:​38, 39.

14. a) Ki jan David esplike jis nan ki pwen Jewova padone? (Sòm 103:12). b) Ki jan egzanp David montre lè Jewova padone li padone nèt? (Gade kare ki gen tit “Fason Jewova padone epi l bliye”.)

14 Jis nan ki pwen Jewova padone nou? (Li Sòm 103:12.) David di lè Jewova padone nou, Li met peche n yo byen lwen “menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a”. Lès (kote solèy la leve a) ak lwès (kote li kouche a) pap janm rankontre. Ki sa sa aprann nou anrapò ak peche Jewova padone yo? Men kòmantè yon liv fè sou vèsè sa a: “Si Jewova met peche nou yo lwen konsa, nou kapab sèten menm sant yo ak tras yo ap disparèt, e li pap menm sonje yo ankò.” Fè yon ti reflechi: yon sant kapab fè n sonje yon bagay ki te pase. Lè Jewova padone n, se kòmsi menm sant peche a pa rete. Donk, li pap sonje l e l pap sèvi avè l pou l blame nou. — Eze. 18:​21, 22; Tra. 3:19.

Foto ki ansanm: 1. Wa David ki sou yon do kay k ap gade Batcheba k ap benyen. 2. L ap priye ak tout kè l. 3. L ap reflechi pandan l ap ekri.

Fason Jewova padone epi l bliye

Lè Jewova padone nou, li bliye peche nou yo nan sans li pap pini nou pou yo ankò (Eza. 43:25). Ann reflechi sou egzanp wa David. Egzanp li montre nou kapab vin bon zanmi Jewova, menmsi nou te fè peche grav.

David te fè peche grav, sa gen ladan l adiltè ak zak asasinay. Men, lefètke l te repanti ak tout kè l, Jewova te padone l. David te aksepte disiplin li te jwenn nan, li te korije fason l aji, e l pa t janm refè menm peche yo ankò. — 2 Sam. 11:​1-27; 12:13.

Pi devan, Jewova te di Salomon: “Mache devan m ak tout kè w e [...] fè sa ki dwat menm jan ak David, papa w.” (1 Wa 9:​4, 5). Jewova pa t menm pale sou peche David te fè yo. Okontrè, lè Jewova t ap pale konsènan sèvitè l David, li te di David se yon moun ki fidèl e ki fè sa ki dwat. E Jewova te “rekonpanse [l] anpil” poutèt li te fidèl. — Sòm 13:6.

Ki leson nou aprann? Lè Jewova padone, li pa konsantre sou peche li te deja padone yo, men, li konsantre sou bon bagay nou fè pou l rekonpanse n (Ebre 11:6). Donk, nou pa bezwen kontinye ap panse ak peche nou te fè Jewova chwazi padone.

15. Ki sa n ka fè si n kontinye santi n koupab pou peche n te fè?

15 Ki jan pawòl David te di nou jwenn nan Sòm 103 a kapab ede n si n twouve l difisil pou n kwè Jewova padone n? Si n toujou santi n koupab pou peche n te fè, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m bliye sa Jewova sonje, sa vle di èske m bliye Jewova sonje mwen se pechè e l ap padone m si m repanti? Epitou, èske m sonje sa Jewova chwazi bliye, sa vle di èske m sonje peche m te fè Jewova deja padone e l pap janm pini m pou yo ankò?’ Jewova pa ret ap panse ak peche n te fè. Nou menm tou nou pa dwe fè sa (Sòm 130:3). Lè n aksepte Jewova padone nou, n ap rive padone tèt nou pou peche nou te fè e n ap ka kontinye sèvi l ak kè kontan.

16. Bay yon egzanp ki montre danje ki genyen lè n kontinye ap bay tèt nou pwoblèm pou peche n te fè. (Gade foto a tou.)

16 Ann pran yon egzanp. Lè n kontinye santi n koupab pou peche n te fè se tankou n ap eseye kondui yon machin toutpandan nou kontinye ap gade nan retwovizè a. Li bon pou n voye je nan retwovizè a tanzantan, konsa n ap ka reyaji si ta gen danje pa dèyè nou. Men, pou n kontinye kondui san danje, nou dwe ret konsantre sou wout ki devan nou an. Menm jan an tou, pafwa si n reflechi sou move bagay nou te fè, sa kapab ede n. Nou ka aprann yon leson nan erè n te fè yo e n ka pran plis detèminasyon pou n pa refè yo ankò. Men, si n kontinye ap panse ak erè nou te fè, sa ka fè n tèlman santi n koupab, nou vin pa ka sèvi Bondye ak kè kontan. Okontrè, ann ret konsantre sou wout ki devan nou an. Nou sou wout k ap mennen nan lavi a, nan monn nouvo Bondye pwomèt la, kote move souvni yo “pap vin nan lespri [nou]”. — Eza. 65:17; Pwo. 4:25.

Yon mesye k ap voye je l nan retwovizè pandan l ap kondui nan yon wout ki gen anpil koub.

Menm jan yon chofè bezwen plis konsantre sou wout ki devan l lan olye l ret ap gade nan retwovizè, nou bezwen plis konsantre sou benediksyon n pral jwenn olye n ret konsantre sou move bagay nou te fè. (Gade paragraf 16.)


ANN KONTINYE KONVENK KÈ NOU

17. Poukisa nou bezwen kontinye konvenk kè nou Jewova renmen nou e l dispoze padone nou?

17 Nou bezwen kontinye konvenk kè nou Jewova renmen nou e l dispoze padone nou (1 Jan 3:​19, nòt). Poukisa? Paske Satan pral eseye fè n kwè nou pa merite pou Jewova renmen nou oswa pou l padone nou. Objektif li pa chanje: li vle fè n sispann sèvi Jewova. Nou ka atann Satan pral fè plis efò toujou pou l chèche fè n sispann sèvi Jewova paske l konnen se yon tikras tan li rete (Rev. 12:12). Nou pa dwe kite l pot laviktwa sou nou!

18. Ki sa n ka fè pou n konvenk kè nou Jewova renmen nou e l dispoze padone nou?

18 Atik nou te egzamine anvan an montre sa w bezwen fè pou w vin gen plis konviksyon Jewova renmen w. Pou w aksepte Jewova padone w toutbon, reflechi sou fason Jewova dekri tèt li. Medite sou sa Bib la di anrapò ak fason Jewova padone. Pa bliye Jewova byen konnen nou se pechè e l ap aji avè n ak mizèrikòd. Epitou, sonje lè Jewova padone, li padone nèt. Donk, menm jan ak David ki te gen konfyans nan mizèrikòd Jewova, w ap kapab di: “Mèsi Jewova paske w ‘padone peche m yo’!” — Sòm 32:5.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa nou bezwen aksepte Jewova padone n?

  • Ki sa k ka ede n aksepte Jewova padone n?

  • Poukisa nou bezwen kontinye konvenk kè nou Jewova padone n?

KANTIK 1 Kalite Jewova yo

a Gade atik ki gen tit “Approchez-vous de Dieu: Quand Jéhovah s’est décrit aux humains” ki parèt nan Toudegad 1ye me 2009 (fransè).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje