BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sou menm sijè a
  • Wayòm Bondye a detwi tout ènmi l yo
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Amagedon se yon bon nouvèl!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Rete fidèl pandan “gwo tribilasyon” an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 31

Kesyon lektè yo poze

Ki lè travay predikasyon an ap kanpe?

Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Mat. 24:14). Mo grèk lè yo tradui l yo mete “lafen” pou li nan vèsè sa a, nan vèsè 6 ak nan vèsè 13 se telos. Li gen rapò ak lè monn Satan an pral detwi nan Amagedon (Rev. 16:​14, 16). Donk, n ap kontinye preche bon nouvèl la rive jis anvan Amagedon. Sa a se yon ajisteman ki fèt parapò ak sa n te konprann.

Anvan sa, nou te konprann nou t ap sispann preche bon nouvèl la lè gwo tribilasyon an kòmanse ak atak ki pral fèt sou Gran Babilòn nan (Rev. 17:​3, 5, 15, 16). Nou te kwè se nan moman sa a “ane Jewova ap fè moun favè a” t ap fini, sa vle di Jewova t ap sispann bay moun posiblite pou yo reyaji devan bon nouvèl la (Eza. 61:2). Epitou, nou te panse moun ki t ap pase gwo tribilasyon an vivan t ap montre aklè yo te fidèl ak Jewova anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Nou te konpare yo ak Juif ki te ret vivan lè Jerizalèm te detwi nan ane 607 anvan epòk nou an. Piske Juif sa yo t ap adore Jewova e yo te rayi mechanste, nan yon sans yo te met yon mak sou fwon moun sa yo anvan destriksyon an pou yo te ka sove (Eze. 5:11; 9:4). Sepandan, konparezon sa a pa ale nan menm sans ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 24:14 ki montre gen moun ki ka gen posiblite aksepte bon nouvèl la yon ti tan anvan monn Satan an detwi nan Amagedon.

Piske nou vin pi byen konprann Matye 24:​14, nou bezwen chanje fason nou te konprann mesaj ki tankou lagrèl Bib la anonse nan Revelasyon 16:21 an. Apre nou te fin pi byen egzamine de vèsè sa yo, nou te vin rann nou kont youn gen rapò ak lòt. Nan ki sans? Repons kesyon sa a gen rapò ak fason moun yo reyaji devan mesaj Wayòm nan. Selon sa apot Pòl te ekri, pou “moun k ap sove yo”, mesaj la se yon bon nouvèl, “se yon bon sant ki mennen nan lavi”. Men, pou ènmi Bondye yo, se yon move nouvèl, “se yon odè ki mennen nan lanmò”. (2 Kor. 2:​15, 16.) Yo rayi mesaj Wayòm nan paske l montre monn yo renmen an se yon monn ki mechan. Se Satan k ap dirije l e l pral detwi talè konsa. — Jan 7:7; 1 Jan 2:17; 5:19.

Epitou, n ap remake lagrèl senbolik sa a pral “rèd anpil”. Sa ka vle di, pandan gwo tribilasyon an, mesaj n ap preche a pral pi dirèk e ap gen plis moun toujou ki pral tande l. Se sa k fè plis moun pral vin konn non Jewova (Eze. 39:7). Lè sa a, apre Gran Babilòn nan fin detwi, èske gen moun ki pral kite mesaj la atire yo tankou “yon bon sant”? Li posib pou sa fèt. Petèt yo ka sonje oswa yo ka aprann Temwen Jewova yo gen anpil ane depi yo t ap anonse fo relijyon an te gen pou l detwi.

Gen yon bagay menm jan an ki te rive nan peyi Ejip tan lontan an lè Jewova te fin lage dis flewo yo sou li. Apre Jewova te fin “frape dye Ejip yo”, “te gen yon pakèt lòt moun” ki pa t Izrayelit ki te ale ansanm ak pèp li a (Egz. 12:​12, 37, 38). Li posib pou moun sa yo te chwazi ale ak pèp Jewova a lè yo te wè tout sa Moyiz te di ki te gen pou rive anrapò ak dis flewo yo te reyalize.

Kèlkeswa moun ki vin sèvi Jewova apre Gran Babilòn nan fin detwi, y ap gen privilèj pou yo ede frè Kris yo k ap sou tè a toujou (Mat. 25:​34-36, 40). Nòmalman, yon ti tan anvan Amagedon, lè rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa rekonpans yo nan syèl la, posiblite pou Kris jije moun antanke mouton an pap la ankò.

Fason nou vin pi byen konprann vèsè sa yo montre jis nan ki pwen Jewova gen lanmou ak mizèrikòd. Vrèmanvre, Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. — 2 Pyè 3:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje