BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 25
  • Kiyès ki pral sove tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès ki pral sove tè a?
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske efò lèzòm ap fè yo ap pote rezilta?
  • Yon rezon pou n gen espwa
  • Èske y ap detwi tè a?
    Repons Bib la bay
  • Èske lèzòm ap depafini tè a yon fason ki pa ka repare?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Bondye pwomèt gen espwa pou planèt nou an
    Reveye n! — 2023
  • Yon kado etènèl Kreyatè a ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 25
Yon tifi k ap wouze yon flè. Pi lwen, gen izin k ap kreye polisyon nan anviwònman an.

Kiyès ki pral sove tè a?

Anpil moun enkyete yo poutèt tout dega yo panse lèzòm ap fè sou tè a ak sou kreyati k ap viv sou li. Anpil espè nan domèn anviwònman fè konnen fason lèzòm ap mal aji kounye a met lavi plizyè espès bèt an danje, sa ki ka menm fè espès sa yo sispann egziste.

Èske lèzòm ap detwi tè a? Oubyen, èske lèzòm ap janm rive viv yon fason pou yo pa fè dega nan anviwònman an?

Èske efò lèzòm ap fè yo ap pote rezilta?

Anpil espè kwè lèzòm kapab pwoteje tè a e yo kapab viv yon fason pou yo pa fè dega nan anviwònman an. Gen moun k ap fè rechèch ki fè konnen pou efò lèzòm yo pote rezilta, yo dwe fè chanjman nan plizyè domèn anmenmtan. Chanjman sa yo ta dwe gen ladan yo:

  • Amelyore fason moun yo pran swen tè a, forè yo, marekaj yo ak lanmè yo.

  • Itilize lòt sous enèj ak lòt mwayen pou yo travay latè.

  • Chanje fason moun pwodui manje ak fason yo pèmèt moun jwenn manje yo. Chèche manje plis legim e manje mwens vyann ak pwason, konsa moun ap manje mwens e ap gen mwens gaspiyaj.

  • Konprann se pa lè yon moun gen anpil byen materyèl k ap fè l viv pi byen.

Ki sa w panse? Èske l vrèman posib pou gouvènman yo, konpayi yo ak lòt moun travay ansanm yon fason yo pa t janm fè anvan sa? Oubyen èske w panse lefètke lèzòm renmen tout pou yo, yo egoyis e yo pa reflechi sou lavni sa ap anpeche yo travay nan tèt ansanm? — 2 Timote 3:1-5.

Yon rezon pou n gen espwa

Bib la ban nou bonjan espwa pou tè a. Li esplike rezon ki fè efò lèzòm yo pa ase pou sove tè a e li di ki chanjman k ap bezwen fèt toutbon. Epitou, li esplike fason chanjman sa yo pral fèt.

Rezon ki fè efò lèzòm ap fè yo pa ka sove tè a. Jewovaa te kreye tè a e li te bay lèzòm responsablite pou yo pran swen l (Jenèz 1:28; 2:15). Sèl fason pou lèzòm te reyisi nan travay sa a se si yo te konte sou Kreyatè yo a e si yo te obeyi enstriksyon l te ba yo (Pwovèb 20:24). Olye yo te fè sa, yo te vire do bay Jewova e yo te deside dirije lavi yo poukont yo (Eklezyas 7:29). Lèzòm pa gen kapasite pou yo pran swen tè a poukont yo e tout efò yo fè yo pa pote gwo chanjman. — Pwovèb 21:30; Jeremi 10:23.

Chanjman ki dwe fèt yo. Bondye gen objektif pou l fè lèzòm sispann detwi tè a (Revelasyon 11:18). Li pap jis fè chanjman nan gouvènman yo ak moun k ap detwi planèt la, se ranplase l ap ranplase yo (Revelasyon 21:1). Se pou rezon sa a Jewova deklare: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” — Revelasyon 21:5.

Fason chanjman yo pral fèt. Jewova pral fè yon gouvènman ki nan syèl la, anpalan de Wayòm Bondye a, ranplase gouvènman lèzòm yo. Se Jezi Kris ki alatèt gouvènman sa a e gouvènman an pral dirije tè a. — Dànyèl 2:44; Matye 6:10.

Wayòm Bondye a pral aprann lèzòm viv selon prensip Bondye yo ki jis. Lè lèzòm aksepte pou Kreyatè yo a dirije yo, lè sa a y ap kapab viv ann amoni ak lanati (Ezayi 11:9). Bib la esplike fason gouvènman Bondye a pral ede sitwayen l yo viv alèz, yon fason k ap bon pou planèt la tou. Men sa li pral fè:

  • Bay tout moun manje. — Sòm 72:16.

  • Retabli resous natirèl yo. — Ezayi 35:1, 2, 6, 7.

  • Asire lèzòm byen pran swen bèt yo e bèt yo pa fè lèzòm mal. — Ezayi 11:6-8; Oze 2:18.

  • Elimine katastwòf natirèl. — Mak 4:37-41.

Nou ka gen konfyans, talè konsa, Wayòm Bondye a pral pote chanjman sa yo. Pou plis enfòmasyon, li atik ki gen tit: “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?”

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.

Ki sa n ka fè depi kounye a pou n montre nou gen respè pou planèt nou an?

Pandan n ap tann Wayòm Bondye a ranje tout pwoblèm nan anviwònman an, depi kounye a nou kapab fè efò pou n montre nou gen respè pou planèt nou an. Pa egzanp, nou ka evite gaspiyaj e nou ka obeyi otorite yo lè yo mande nou pou n resikle sa n ap jete yo. — Jan 6:12, 13; Women 13:1, 5.

  • Brett.

    Brett se yon konsiltan nan domèn anviwònman ki pran retrèt li. Konesans li genyen nan domèn anviwònman pèmèt li rekonèt gen yon Kreyatè ki pral aji pou l sove tè a. Li istwa l la.

  • De travayè k ap gade nouvo bilding yo fèk konstwi nan Syèj mondyal Temwen Jewova yo.

    Yon fason Temwen Jewova yo montre yo gen respè pou Kreyatè a se lè yo sèvi ak teknik konstriksyon ki respekte anviwònman an lè y ap fè gwo pwojè konstriksyon yo. Pou w wè sa yo reyisi fè, gade videyo Konstriksyon ki pwoteje anviwònman an onore Jewova.

Kèk vèsè nan Bib la ki pale de tè a

Jenèz 2:15: “Jewova Dye te pran gason an, li te mete l nan jaden Edenn nan pou l travay jaden an e pou l pran swen l.”

Sa vle di: Bondye te bay lèzòm responsablite pou yo pran swen tè a.

Jenèz 1:28: “Bondye te beni yo e li te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a. Se pou nou gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè a, sou bèt k ap vole nan syèl la e sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a.’”

Sa vle di: Li te bay lèzòm responsablite pran swen bèt yo.

Ezayi 45:18: “Paske, Jewova, vrè Dye a, Sila a ki te kreye syèl la, Sila a ki te bay tè a fòm nan, Sila a ki te fè tè a e ki fè l rete byen djanm nan, Sila a ki pa t annik kreye l pou granmesi a, men ki te fè l pou moun rete sou li a, di: ‘Mwen se Jewova, pa gen lòt ankò.’”

Sa vle di: Objektif Bondye genyen pou tè a pa chanje. Tè a pral ranpli ak moun k ap fè volonte Bondye jan l te vle sa depi okòmansman an.

Sòm 37:29: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.”

Sa vle di: Moun ki suiv prensip Bondye yo ki jis pral gen opòtinite pou yo viv pou toutan sou tè a.

Sòm 98:6-8: “Rele byen fò ak kè kontan devan Jewova, Wa nou an. Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan, se pou tè a ak tout moun ki abite ladan l rele byen fò. Se pou rivyè yo bat men yo, se pou mòn yo met ansanm pou yo rele byen fò ak kè kontan.”

Sa vle di: Lè Bondye ap dirije pap gen dega k ap fèt nan anviwònman an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje