BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 109
  • Ki lè lafendimonn ap fèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki lè lafendimonn ap fèt?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske lafendimonn dwe fè kè w kase?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Repons pou kat kesyon konsènan lafen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • “Lafen” — Ki sa sa vle di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki lè lafen an ap rive? Ki sa Jezi te di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 109
Sou yon miray, gen yon revèy e li prèske midi

Ki lè lafendimonn ap fèt?

Repons Bib la bay

Pou nou konnen ki lè lafendimonn ap rive, nou bezwen konprann ki jan Bib la sèvi ak ekspresyon “monn” nan. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “monn” pou li a se kòsmòs. Byen souvan, mo sa a gen rapò ak limanite, sitou moun ki pa ap viv ann amoni ak volonte Bondye yo (Jan 15:18, 19; 2 Pyè 2:5). Pafwa, mo kòsmòs la vle di sosyete lèzòm nan. — 1 Korentyen 7:31; 1 Jan 2:15, 16a.

Ki sa “lafendimonn” ye?

Mo “lafendimonn” nan parèt nan anpil tradiksyon Labib, men yon lòt fason nou kapab di l se “fen sistèm nan” oswa “lè tan sa a va fini nèt”. (Matye 24:3; Bib la.) Li fè referans avèk lafen sosyete lèzòm nan, men se pa destriksyon tè a oswa tout moun sou tè a. — 1 Jan 2:17.

Labib anseye “moun k ap fè mechanste yo ap disparèt” pou bon moun yo kapab viv ak kè kontan sou tè a (Sòm 37:9-11). Destriksyon sa a ap fèt pandan “gwo tribilasyon” an k ap rive nan dènye bout li avèk lagè Amagedon. — Matye 24:21, 22; Revelasyon 16:14, 16.

Ki lè lafendimonn ap fèt?

Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” (Matye 24:36, 42). Li te ajoute lafen an t ap parèt sanzatann, “nan yon lè nou pa panse”. — Matye 24:44.

Menmsi nou pa konnen egzakteman ki jou ak ki lè lafen an ap vini, Jezi te bay yon “siy” ki gen plizyè pati ladan l oubyen evènman ki t ap fè wè lè n rive nan tan ki mennen nan lafendimonn nan (Matye 24:3, 7-14). Bib la rele epòk sa a “tan lafen an”, “fen tan yo” ak “dènye jou yo”. — Dànyèl 12:4; God’s Word Bible; 2 Timote 3:1- 5.

Èske gen bagay k ap rete apre lafendimonn?

Wi. Tè a pral toujou la, paske Bib la di: “Tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan.” (Sòm 104:5). Epi tè a pral ranpli ak moun jan Bib la pwomèt sa: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29). Bondye pral fè bagay yo vin jan l te vle pou yo ye sou tè a depi okòmansman an:

  • Paradi. — Ezayi 35:1; Lik 23:43.

  • Sekirite ak richès. — Miche 4:4.

  • Travay enteresan ki bay tout moun satisfaksyon. — Ezayi 65:21-23.

  • Pa gen ni maladi ni vyeyès. — Jòb 33:25; Ezayi 33:24.

Moun ki nan paradi a k ap jwi yon jounen bò plaj

a Nan kèk Bib, pou yo tradui mo grèk ayòn nan yo mete “monn”. Lè yo tradui l konsa, li gen yon siyifikasyon ki sanble ak definisyon kòsmòs la, sa vle di sosyete lèzòm nan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje