Jòb
3 Apre sa, Jòb te kòmanse pale e li te bay jou l te fèt la madichon+. 2 Jòb di:
3 “Se pou jou m te fèt la disparèt+,
Ansanm ak nuit kote yon moun te vin di: ‘Gen yon tigason nan vant!’
4 Se pou jou sa a vin fè nwa.
Se pou Bondye ki nan syèl la pa voye je gade l,
Pinga okenn limyè klere l.
5 Se pou fènwa pwès kouvri l.
Se pou nyaj pwès vlope l.
Se pou fènwa ki bay laperèz kache limyè l.
6 Se pou nuit sa a fè nwa kou lank+,
Se pou tristès kouvri l pami tout jou nan ane a,
Pinga yo konte l nan mwa yo.
7 Vrèmanvre, se pou nuit sa a vin san vi.
Pinga yo tande okenn rèl kè kontan ladan l.
9 Se pou zetwal douvanjou l yo vin tou nwa,
Se pou l tann limyè solèy la pou granmesi,
Se pou l pa wè klète douvanjou.
10 Paske li pa t fèmen pòt vant manman m+,
Ni li pa t anpeche m wè malè.
11 Poukisa m pa t mouri nan pasaj?
Poukisa m pa t trepase lè m t ap sot nan vant+?
12 Poukisa mwen te jwenn jenou pou kenbe m,
Ak tete pou m tete?
13 Paske kounye a mwen t ap deja kouche san pèsonn pa deranje m+,
Mwen t ap deja dòmi, mwen t ap deja ap repoze+
14 Ak wa latè yo ansanm ak konseye yo genyen yo,
Ki te konstwi yon seri kote ki vin tounen dekonm kounye a,
15 Oswa ak prens ki te gen anpil lò,
E ki te gen kay ki plen ak ajan.
16 Oubyen poukisa manman m pa t fè foskouch lè l t ap fè m,
Pou m ta tankou timoun ki fèt tou mouri yo?
17 Menm moun ki mechan yo, lè yo nan tonm, yo sispann bat kò yo.
Lè moun ki faya yo nan tonm, y ap repoze+.
18 Lè moun ki nan prizon yo nan tonm, yo alèz ansanm,
E yo pap tande vwa moun k ap fòse yo travay.
19 Kote sa a, pa gen ni moun ki enpòtan ni moun ki pa enpòtan+,
Epi esklav la delivre anba mèt li.
21 Poukisa gen moun k ap tann lanmò, men li pa vini+,
Moun ki fouye pou yo jwenn li plis pase lè y ap chèche trezò,
22 Moun ki t ap rejwi anpil
E ki t ap kontan al nan tonm?
23 Poukisa Bondye kite yon moun ki pèdi wout li viv,
Alòske se Bondye ki bare wout li+?
25 Paske sa k te ban m plis kè kase a, se li ki rive m,
Sa m te pè a, se sa ki pase m.
26 Mwen pa gen ni lapè, ni kè poze, ni repo,
Men, malè kontinye ap frape m.”