BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 2:2, 3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  2 Nan dènye jou yo,

      Mòn kote kay Jewova a ye a

      Ap tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo+.

      L ap vin pi wo pase ti mòn yo,

      E tout nasyon yo ap vin an foul sou li+.

       3 Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:

      “Vini, annou monte sou mòn Jewova a,

      Ann al kay Bondye Jakòb la+.

      L ap fè nou konnen wout li yo,

      E n ap mache nan chemen l yo+.”

      Paske, lalwa* ap soti Siyon,

      E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+.

  • Ezayi 56:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Kanta pou etranje ki vin jwenn Jewova pou yo travay pou li,

      Pou yo renmen non Jewova+

      E pou yo vin sèvitè l,

      Tout moun ki obsève saba, ki gen respè pou saba

      E ki kenbe alyans mwen an byen fèm,

       7 M ap mennen yo nan mòn mwen an ki sakre+,

      E m ap fè kè yo kontan anndan kay mwen an, kote moun konn priye m nan.

      M ap aksepte sakrifis yo boule nèt yo ak tout kalite sakrifis yo fè sou lotèl mwen an.

      Paske, y ap rele kay mwen an yon kay pou tout pèp vin lapriyè+.”

  • Ezayi 60:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  3 Anpil nasyon pral vin nan limyè w la+,

      E anpil wa+ pral vin nan glwa w genyen an ki byen klere*+.

  • Miche 4:1, 2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 Nan dènye jou yo,

      Mòn kote kay Jewova a ye a+

      Ap tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo.

      L ap vin pi wo pase ti mòn yo,

      E pèp yo ap vin an foul sou li+.

       2 Moun nan anpil nasyon va ale e yo va di:

      “Vini, annou monte sou mòn Jewova a,

      Ann al nan kay Bondye Jakòb la+.

      L ap fè nou konnen wout li yo,

      E n ap mache nan chemen l yo.”

      Paske, lalwa* ap soti Siyon,

      E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm.

  • Zakari 2:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Epi, li di: “Jou sa a, anpil nasyon ap rasanble devan mwen menm, Jewova+, e y ap vin pèp mwen. E m ap abite nan mitan nou.” Lè sa a, n ap oblije konnen se Jewova, Chèf lame yo, ki voye m kote nou.

  • Zakari 8:22, 23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Epitou, anpil pèp ak anpil gwo nasyon ap vin chèche Jewova, Chèf lame yo, nan Jerizalèm+ e y ap fè siplikasyon pou yo jwenn favè* Jewova.’

      23 “Men sa mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Nan epòk sa a, dis moun ki soti nan tout lang nasyon yo pale+ ap kenbe wòb long* yon Juif*, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: “Nou vle ale avèk nou+, paske nou tande yo di Bondye avèk nou+.”’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje