BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Jenèz 1:1-50:26
  • Jenèz

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jenèz
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Jenèz

JENÈZ

1 Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a+.

2 Lè sa a, tè a te vid, li te san fòm, epi fènwa te kouvri dlo+ ki te sou tout kò tè a, e fòs Bondye ki t ap aji*+ t ap fè mouvman sou dlo yo+.

3 Epi, Bondye di: “Se pou limyè parèt.” Lè sa a, limyè parèt+. 4 Apre sa, Bondye te wè limyè a bon e li te deside lè pou gen limyè ak lè pou gen fènwa. 5 Bondye te rele limyè a Lajounen, men li te rele fènwa a Lannuit+. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te premye jou a.

6 Annapre, Bondye di: “Se pou gen yon espas+ ant dlo yo e se pou gen yon separasyon ant dlo ak dlo*+.” 7 Epi, Bondye te vin met espas la e li te separe dlo ki te anba espas la ak dlo ki te anlè l yo+. E se sa k te fèt. 8 Bondye te rele espas la Syèl. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te dezyèm jou a.

9 Apre sa, Bondye di: “Se pou dlo ki anba syèl la rasanble yon sèl kote e se pou tè sèk parèt+.” E se sa k te fèt. 10 Bondye te rele pati ki sèk la Tè+, men li te rele dlo ki te rasanble yo Lanmè+. Epi, Bondye te wè yo bon+. 11 Apre sa, Bondye di: “Se pou zèb pouse sou tè a ansanm ak plant ki fè grenn ak pyebwa ki bay fwi selon gwoup yo ye a pou yo bay fwi ki gen grenn ladan yo.” E se sa k te fèt. 12 Konsa, zèb te kòmanse pouse sou tè a, plant ki fè grenn ak pyebwa ki bay fwi ki gen grenn+ te pouse tou, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon. 13 Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te twazyèm jou a.

14 Annapre, Bondye di: “Se pou limyè+ parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannuit+, e y ap sèvi kòm siy ni pou sezon, ni pou jou, ni pou ane+. 15 Se yo ki pral limyè nan syèl la pou klere tè a.” E se sa k te fèt. 16 Epi, Bondye te vin fè de gwo limyè yo. Pi gwo limyè a pou klere lajounen+, pi piti a pou klere lannuit, e li te fè zetwal+ yo tou. 17 Bondye te mete yo nan syèl la pou klere tè a, 18 pou yo klere ni lajounen, ni lannuit, pou gen yon lè pou limyè ak yon lè pou fènwa+. E Bondye te wè yo bon. 19 Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te katriyèm jou a.

20 Ansuit, Bondye di: “Se pou dlo yo chaje ak bèt* vivan e se pou bèt ki sou tè a ki ka vole yo vole anlè nan syèl+ la.” 21 E Bondye te kreye gwo bèt ki nan lanmè yo ak tout bèt* vivan k ap fè mouvman e ki anpil nan dlo yo, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt ki gen zèl e ki ka vole, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon. 22 Konsa, Bondye te beni yo e li te di: “Fè pitit, fè anpil pitit pou n plen lanmè a+, e se pou bèt ki ka vole yo vin anpil sou tè a.” 23 Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te senkyèm jou a.

24 Apre sa, Bondye di: “Se pou tè a vin gen bèt* vivan sou li, selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun, bèt ki rale sou vant ak bèt nan bwa ki sou tè a, selon gwoup yo ye a+.” E se sa k te fèt. 25 E Bondye te kontinye fè bèt nan bwa ki sou tè a, selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt k ap rale sou vant sou tè a, selon gwoup yo ye a. E Bondye te wè yo bon.

26 Annapre, Bondye di: “Annou+ fè lòm pòtre ak nou+, pou l ka sanble ak nou+. Se pou l gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou bèt k ap vole nan syèl la, sou bèt ki viv bò kote moun sou tout tè a e sou tout zannimo k ap rale sou vant e k ap deplase sou tè a+.” 27 E Bondye te vin kreye lòm pòtre ak li, e se pòtre ak li li te kreye l. Li te kreye gason ak fi+. 28 Epitou, Bondye te beni yo e li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun+, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a+. Se pou nou gen pouvwa+ sou pwason ki nan lanmè a, sou bèt k ap vole nan syèl la e sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a.”

29 Epi, Bondye di: “Mwen ban nou tout plant ki bay grenn ki gen sou tout tè a ak tout pyebwa ki bay fwi ki gen grenn. Nou mèt manje yo+. 30 E kanta tout bèt nan bwa ki sou tè a, tout bèt k ap vole nan syèl la ak tout sa k ap fè mouvman sou tè a e ki gen lavi nan yo*, mwen ba yo tout plant vèt pou yo manje+.” E se sa k te fèt.

31 Apre sa, Bondye gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil+. Konsa, te vin gen yon aswè e te vin gen yon maten, se te sizyèm jou a.

2 Se konsa syèl la ak tè a ak tout sa k ladan yo te fin fèt+. 2 Sou setyèm jou a, Bondye te fin fè travay li t ap fè a. Epi, li te kòmanse pran repo setyèm jou a nan tout travay li t ap fè a+. 3 Apre sa, Bondye te vin beni setyèm jou a e li te deklare l sakre, paske se jou sa a Bondye te pran repo apre l te fin kreye tout bagay, tout sa l te vle fè.

4 Sa se istwa syèl la ak tè a lè Jewova* Dye te kreye yo, nan jou li te fè tè a ak syèl la+.

5 Potko gen yon pyebwa sou tè a e potko gen okenn plant ki te pouse sou li, paske Jewova Dye potko fè lapli tonbe sou tè a e potko gen okenn moun pou travay tè a. 6 Men, gen yon vapè dlo ki te monte sot nan tè a, li te wouze tout tè a.

7 Epi, Jewova Dye te vin fè lòm ak pousyè+ ki sot nan tè a e li te vin soufle souf lavi a+ nan twou nen l e lòm vin tounen yon moun* ki vivan+. 8 Annapre, Jewova Dye te plante yon jaden ann Edenn+, nan direksyon lès, e se la li te mete gason li te fè a+. 9 Konsa, Jewova Dye te fè tout kalite pyebwa ki bèl pou moun gade e ki bay bon fwi pouse sot nan tè a. Epitou, li te fè pyebwa lavi a+ pouse nan mitan jaden an ak pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la+.

10 Te gen yon rivyè ki t ap koule nan jaden Edenn nan pou wouze jaden an, e rivyè a te vin fè kat rivyè*. 11 Premye rivyè a te rele Pichon, li te fè wonn tout peyi Avila, yon peyi ki te gen lò. 12 Lò ki te gen nan peyi sa a se te lò bon kalite. Li te gen yon kalite pyebwa ki bay yon gonm santi bon e li te gen yon kalite pyè ki gen anpil valè ki rele Oniks. 13 Dezyèm rivyè a rele Giyon, se li ki fè wonn tout peyi Etyopi*. 14 Twazyèm rivyè a rele Idekèl*+, se li ki pase nan lès peyi Asiri+. Epi katriyèm rivyè a se Efrat+.

15 Jewova Dye te pran gason an, li te mete l nan jaden Edenn nan pou l travay jaden an e pou l pran swen l+. 16 Epitou, men lòd Jewova Dye te bay gason an: “Ou mèt manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an jan w vle+. 17 Men, ou pa dwe manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank+.”

18 Apre sa, Jewova Dye di: “Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l, pou sèvi l konpay+.” 19 Apre Jewova Dye te fin sèvi ak pousyè tè pou l fè tout bèt nan bwa ak tout bèt k ap vole nan syèl la, li te mennen yo bay gason an pou l wè ki jan l ap rele yo chak. Kèlkeswa non li te bay chak bèt*, se non sa a bèt la+ te vin genyen. 20 Konsa, gason an te bay tout bèt ki viv bò kote moun, tout bèt k ap vole nan syèl la ak tout bèt nan bwa non, men li pa t gen yon moun kòm konpay pou ede l. 21 Se sa k fè Jewova Dye te fè yon gwo dòmi pran gason an, e pandan li t ap dòmi, li pran youn nan kòt li yo epi li fèmen chè kote l te pran l lan. 22 Epi, Jewova Dye fè yon fi ak kòt li te pran nan gason an e li mennen l bay gason an+.

23 Lè sa a, gason an di:

“Sa se zo ki soti nan zo mwen

E se chè ki soti nan chè mwen.

Y ap rele l Fi,

Paske se nan gason li soti+.”

24 Se poutèt sa yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak* madanm li, e y ap vin yon sèl chè+. 25 Yo toule de te toutouni+, ni gason an ni madanm li, epoutan yo pa t wont.

3 Twouve, sèpan+ se te bèt ki te pi pridan* nan tout bèt nan bwa Jewova Dye te fè. Li di fi a: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an+?” 2 Lè sa a, fi a di sèpan an: “Nou gen dwa manje fwi nan pyebwa ki nan jaden an+. 3 Men, kanta pou fwi pyebwa ki nan mitan jaden an+, Bondye te di: ‘Nou pa dwe manje ladan l, non, nou pa dwe manyen l. Si nou fè sa, n ap mouri.’” 4 Epi, sèpan an di fi a: “Nou pap mouri pyès+. 5 Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal+.”

6 Lè sa a, fi a wè fwi pyebwa a bon pou moun manje e li wè l bèl pou moun gade, wi, pyebwa a te bèl nan je l. Konsa, li te vin pran fwi pyebwa a e li te manje l+. Apre sa, li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l, e mari l manje l+. 7 Lè sa a, je yo toule de ouvri e yo vin wè yo toutouni. Yo kole fèy fig frans ansanm pou yo pase nan tay yo pou kouvri kò yo+.

8 Annapre, gason an ak madanm li te tande vwa Jewova Dye ki t ap pwonmennen nan jaden an nan moman yon ti van t ap soufle nan aprèmidi, e yo t al kache pou Jewova Dye pami pyebwa ki nan jaden an. 9 Jewova Dye t ap plede rele gason an e li mande l: “Kote w ye la a?” 10 Alafen, gason an di: “Mwen te tande vwa w nan jaden an, men mwen te pè paske m te toutouni, se sa k fè m te kache.” 11 Lè sa a, Bondye di l: “Kiyès ki di w ou toutouni+? Èske w te manje fwi pyebwa mwen te ba w lòd pou w pa manje a+?” 12 Gason an reponn: “Fi w te ban m pou ret ansanm avè m nan, se li ki ban m fwi ki sot nan pyebwa a, epi m manje l.” 13 Apre sa, Jewova Dye mande fi a: “Ki sa w fè la a?” Epi, fi a reponn: “Se sèpan an ki twonpe m ki fè m manje l+.”

14 Apre sa, Jewova Dye di sèpan an+: “Piske se sa w fè, pami tout bèt k ap viv bò kote moun e pami tout bèt nan bwa, ou se yon bèt ki modi. Se sou vant ou pral rale, e se pousyè tè w ap manje chak jou nan lavi w. 15 E m ap mete rayisman+ ant ou menm+ ak fi a+, ant desandans*+ ou ak desandans*+ pa l. L* ap kraze* tèt ou+ e ou menm w ap blese l nan talon*+.”

16 Li di fi a: “M ap ogmante soufrans ou anpil lè w ansent, w ap soufri lè w ap fè pitit. W ap santi w bezwen mari w anpil e li menm l ap domine sou ou.”

17 Epi, li di Adan*: “Piske w te koute vwa madanm ou e w manje fwi pyebwa m te ba w lòd+ ‘ou pa dwe manje ladan l’ lan, tè a modi akoz ou menm+. Chak jou nan lavi w, se nan redi* w ap manje sa tè a bay+. 18 Se pikan ak chadwon k ap leve ladan l pou ou, e se sa tè a bay ou dwe manje. 19 Se ak swè fwon w w ap jwenn manje pou w manje jiskaske w retounen nan tè a, paske se ak pousyè tè ou te fèt+. Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè+.”

20 Annapre, Adan te rele madanm li an Èv*, paske li t ap vin manman tout moun*+. 21 Jewova Dye te fè rad long ak po bèt pou Adan ak madanm li pou l met sou yo+. 22 Apre sa, Jewova Dye di: “Men lòm vin menm jan ak nou, paske li vin konnen sa ki byen ak sa ki mal*+. Kounye a, mwen dwe fè yon bagay pou l pa lonje men l pran fwi nan pyebwa lavi a+ tou pou l manje l, pou l pa viv nètale.” 23 Lè sa a, Jewova Dye mete l deyò nan jaden Edenn nan+ pou l ka travay tè li te fè l avè l la+. 24 Konsa, li met lòm deyò, li mete kèk cheriben+ fè pòs nan lès jaden Edenn nan e li mete yon epe ki klere kou dife k ap vire san rete pou bare wout ki mennen kot pyebwa lavi a ye a.

4 Adan te antre nan relasyon ak Èv, madanm li, e Èv te vin ansent+. Lè Èv te fè Kayen+, li te di: “Mwen fè yon pitit gason avèk èd Jewova.” 2 Annapre, li fè yon lòt pitit, li fè Abèl+, frè Kayen.

Abèl te vin gadyen mouton, men Kayen li menm te vin kiltivatè. 3 Apre kèk tan, Kayen te pote kèk fwi ki soti nan jaden l kòm ofrann pou Jewova. 4 Men, Abèl te pote kèk nan premye pitit bèt li yo te fè+, san wete grès bèt sa yo. Jewova te aksepte Abèl ak ofrann li an+, 5 men, li pa t aksepte Kayen ak ofrann pa l la ditou. Sa te fè Kayen vin fache anpil e li te kagou*. 6 Lè sa a, Jewova di Kayen: “Poukisa w fache e figi w mare konsa? 7 Si w vin fè sa ki byen, èske w pap gen favè m?* Men, si w pa fè sa ki byen, peche kouche ap tann ou nan papòt la, e tout sa l vle se domine w. Men, èske w ap rive gen kontwòl li?”

8 Apre sa, Kayen di Abèl, frè l la: “Ann al nan jaden.” Twouve, pandan yo nan jaden an, Kayen atake Abèl, frè l la, e li touye l+. 9 Annapre, Jewova di Kayen: “Kote Abèl, frè w la?” Li reponn: “Mwen pa konnen. Èske m la pou m siveye frè m nan?” 10 Lè sa a, Bondye di: “Ki sa w fè la a? Koute! Men san frè w la atè a+ ap rele m pou l mande jistis. 11 Kounye a, malediksyon pou ou, epi mete w deyò sou tè ki te ouvri bouch li pou l bwè san frè w la ou touye a+. 12 Lè w ap travay tè, li pap ba w rannman*. W ap tounen yon moun k ap monte desann sou tè a e ki nan mawon.” 13 Lè sa a, Kayen di Jewova: “Pinisyon ou ban m pou peche m fè a twòp pou mwen. 14 Jodi a, ou mete m deyò nan zòn sa a*, mwen pap anba je w ankò, m ap tounen yon moun k ap monte desann e ki nan mawon sou tè a, e se sèten nenpòt moun ki jwenn avè m ap touye m.” 15 Lè sa a, Jewova di l: “Se poutèt sa nenpòt moun ki touye Kayen ap peye sa sèt fwa.”

Se sa k fè, Jewova te mete yon siy pou Kayen yon fason pou nenpòt moun ki jwenn avè l pa touye l. 16 Epi, Kayen sot devan Jewova, l al rete nan peyi Nòd* ki te nan lès jaden Edenn+.

17 Ansuit, Kayen antre nan relasyon ak madanm li+, madanm li vin ansent e li fè Enòk. Apre sa, li bati yon vil e li ba l pote non Enòk, pitit gason l lan. 18 Annapre, Enòk vin fè Irad. Irad se te papa Mewoujayèl, Mewoujayèl se te papa Metouchayèl e Metouchayèl se te papa Lamèk.

19 Lamèk te gen de madanm. Premye madanm nan te rele Ada e dezyèm nan te rele Zila. 20 Ada fè Jabal. Jabal se premye moun ki te viv anba tant e ki te kòmanse gade bèt. 21 Li te gen frè l ki rele Joubal. Joubal se te premye moun ki te konn jwe hap* ak flit. 22 Zila bò kote pa l te fè Toubalkayen, ki te konn fè tout kalite zouti ak kuiv oswa ak fè. Sè Toubalkayen an te rele Naama. 23 Men pwezi Lamèk te fè pou Ada ak Zila, madanm li yo:

“Koute vwa m, nou menm madanm Lamèk yo.

Tande sa m ap di:

Mwen te touye yon nonm poutèt li te blese m,

Wi, yon jèn gason poutèt li te frape m.

24 Si moun ki ta touye Kayen an ta dwe peye sa 7 fwa+,

Ebyen, moun ki ta touye Lamèk la ta dwe peye sa 77 fwa.”

25 Adan te antre nan relasyon ak madanm li ankò, e madanm nan te fè yon pitit gason. Madanm nan te rele l Sèt*+, paske li te di tèt li: “Bondye ba m yon lòt pitit gason* nan plas Abèl, paske Kayen te touye l+.” 26 Sèt li menm tou te vin gen yon pitit gason e li te rele l Enòch+. Nan epòk sa a, moun te kòmanse envoke non Jewova*.

5 Men istwa lavi Adan. Lè* Bondye te kreye Adan, Bondye te fè l sanble ak li+. 2 Bondye te kreye ni gason ni fi+. Jou li te kreye yo a+, li te beni yo e li te rele yo Moun*.

3 Adan te gen 130 an. Apre sa, li te vin gen yon pitit gason ki te menm jan ak li, ki te pòtre ak li, e li te rele l Sèt+. 4 Apre Adan fin gen Sèt, li te viv 800 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 5 Kantite tan Adan te viv te rive 930 an epi li mouri+.

6 Sèt te gen 105 an. Apre sa, li te vin fè Enòch+. 7 Apre Sèt fin gen Enòch, li te viv 807 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 8 Kantite tan Sèt te viv te rive 912 an epi li mouri.

9 Enòch te gen 90 an. Apre sa, li te vin fè Kenan. 10 Apre Enòch fin gen Kenan, li te viv 815 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 11 Kantite tan Enòch te viv te rive 905 an epi li mouri.

12 Kenan te gen 70 an. Apre sa, li te vin fè Mahalalèl+. 13 Apre Kenan fin gen Mahalalèl, li te viv 840 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 14 Kantite tan Kenan te viv te rive 910 an epi li mouri.

15 Mahalalèl te gen 65 an. Apre sa, li te vin fè Jarèd+. 16 Apre Mahalalèl fin gen Jarèd, li te viv 830 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 17 Kantite tan Mahalalèl te viv te rive 895 an epi li mouri.

18 Jarèd te gen 162 an. Apre sa, li te vin fè Enòk+. 19 Apre Jarèd fin gen Enòk, li te viv 800 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 20 Kantite tan Jarèd te viv te rive 962 an epi li mouri.

21 Enòk te gen 65 an. Apre sa, li te vin fè Metouchela+. 22 Apre Enòk fin gen Metouchela, li te kontinye mache avèk vrè Dye a* pandan 300 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 23 Kantite tan Enòk te viv te rive 365 an. 24 Enòk te kontinye mache avèk vrè Dye a+. Apre sa, yo pa t wè l ankò, paske Bondye te pran l+.

25 Metouchela te gen 187 an. Apre sa, li te vin fè Lamèk+. 26 Apre Metouchela fin gen Lamèk, li te viv 782 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 27 Kantite tan Metouchela te viv te rive 969 an epi li mouri.

28 Lamèk te gen 182 an. Apre sa, li te vin gen yon pitit gason. 29 Li te rele l Noye*+. Li te di: “Pitit sa a ap pote konsolasyon pou nou nan travay di n ap fè ak nan mizè n ap pase akoz Jewova te lage malediksyon sou tè a+.” 30 Apre Lamèk fin gen Noye, li te viv 595 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi. 31 Kantite tan Lamèk te viv te rive 777 an epi li mouri.

32 Lè Noye te vin gen 500 an, li te fè Sèm+, Kam+ ak Jafèt+.

6 Twouve, lè lèzòm te kòmanse vin anpil sou tè a e yo te gen pitit fi, 2 gen yon seri pitit vrè Dye a*+ ki te kòmanse wè pitit fi lèzòm yo bèl. Konsa, yo te kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo. 3 Epi, Jewova di: “Mwen* pap sipòte lòm nètale+, paske se chè li ye*. Se sa k fè kantite jou l yo ap rive 120 an+.”

4 Te gen Nefilim* sou tè a nan epòk sa a, e yo te la pandan yon tan. Nan epòk sa a, pitit vrè Dye a te genyen yo te kontinye antre nan relasyon ak pitit fi lèzòm yo e yo te fè pitit ak yo. Pitit sa yo ki t ap viv nan tan lontan se te yon seri jeyan e tout moun te konnen yo.

5 Konsa, Jewova te wè lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a, e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan+. 6 Jewova te regrèt* li te fè lèzòm met sou tè a, e li te tris*+. 7 Se poutèt sa Jewova te di: “M ap detwi moun mwen te kreye sou tè a. M ap detwi ni moun, ni bèt ki viv bò kote moun, ni bèt k ap rale sou vant, ni bèt k ap vole nan syèl la, paske mwen regrèt mwen te fè yo.” 8 Men, Noye te gen favè Jewova.

9 Men kèk bagay ki te pase nan lavi Noye.

Noye se te yon moun ki jis+. Li te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a*. Noye t ap mache avèk vrè Dye a+. 10 Rive yon lè, Noye te vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafèt+. 11 Vrè Dye a te wè moun sou tè a te fin kòwonpi e tè a te chaje ak vyolans. 12 Lè Bondye te gade tè a, li te wè moun yo fin kòwonpi+. Tout moun* sou tè a t ap aji yon fason ki pa bon menm+.

13 Apre sa, Bondye di Noye: “Mwen deside detwi tout moun, paske yo fè tè a chaje ak vyolans. Se poutèt sa m ap detwi yo e m ap ravaje tè a+. 14 Fè yon lach* ak bwa gra+. W ap fè plizyè chanm nan lach la epi w ap kouvri l ak goudwon+ anndan kou deyò. 15 Men ki jan w dwe fè lach la. Li dwe gen 300 koude* longè, 50 koude lajè ak 30 koude wotè*. 16 W ap fè yon fenèt pou limyè antre nan lach la, l ap mezire yon koude soti nan tèt lach la. Ou dwe fè yon pòt arebò lach la+. Lach la dwe gen yon premye etaj, yon dezyèm etaj ak yon twazyèm etaj.

17 “Mwen menm, m ap detwi tout sa ki gen souf lavi a nan yo anba syèl la nan yon delij+ m ap fè sou tè a. Tout sa k sou tè a ap peri+. 18 M ap fè yon alyans avè w. Ou dwe antre nan lach la ansanm ak pitit gason w yo, madanm ou ak madanm pitit gason w yo+. 19 Ou dwe fè de nan tout kalite bèt+ antre nan lach la, yon mal ak yon femèl+, yon fason pou yo ka rete vivan ansanm avè w, 20 ni bèt ki ka vole, selon gwoup yo ye a, ni bèt ki viv bò kot moun, selon gwoup yo ye a, ak tout kalite bèt ki rale sou vant, selon gwoup yo ye a. De nan chak bèt sa yo ap antre nan lach la pou yo ka rete vivan+. 21 Ou dwe ranmase tout kalite manje+, ni pou ou ni pou bèt yo.”

22 Noye te fè tout sa Bondye te ba l lòd fè. Se egzakteman sa l te fè+.

7 Apre sa, Jewova di Noye: “Antre nan lach la, ou menm ak tout moun lakay ou, paske se ou mwen wè ki jis nan mitan jenerasyon sa a+. 2 Ou dwe pran sèt nan tout kalite* bèt ki pwòp*+ yo, yon mal ak yon femèl, e nan tout kalite bèt ki pa pwòp yo, ou dwe pran sèlman de nan chak, yon mal ak yon femèl, 3 epi, ou dwe pran tou sèt nan bèt k ap vole nan syèl la*, mal ak femèl, pou yo ka kontinye viv e pou pitit yo ka fè pitit sou tout tè a+. 4 Paske nan sèt jou ankò, m ap fè lapli+ tonbe sou tè a pandan 40 jou ak 40 nuit+. M ap detwi tout sa mwen te fè+ k ap viv sou tè a.” 5 E Noye te fè tout sa Jewova te ba l lòd fè.

6 Noye te gen 600 an lè delij la te fèt sou tè a+. 7 Noye ansanm ak pitit gason l yo, madanm li ak madanm pitit gason l yo te antre nan lach la anvan delij la te kòmanse+. 8 Tout kalite bèt ki pwòp, tout kalite bèt ki pa pwòp, tout kalite bèt ki konn vole ak tout kalite bèt k ap deplase sou tè a+, 9 yo tout te antre nan lach la al jwenn Noye de pa de, mal ak femèl, jan Bondye te bay Noye lòd fè sa. 10 Sèt jou apre, delij la te fèt sou tè a.

11 Nan ane ki te fè Noye 600 an, nan dezyèm mwa a*, 17yèm jou nan mwa a, nan jou sa a, tout sous dlo nan syèl la te pete e tout vàn dlo nan syèl la te ouvri+. 12 Lapli te vide sou tè a pandan 40 jou ak 40 nuit. 13 Se jou sa a menm Noye te antre nan lach la ansanm ak pitit gason l yo, Sèm, Kam ak Jafèt+, madanm Noye ansanm ak madanm twa pitit gason l yo+. 14 Yo te antre ansanm ak tout kalite bèt nan bwa, selon gwoup yo ye a, tout kalite bèt ki viv bò kot moun, selon gwoup yo ye a, tout kalite bèt k ap rale sou vant ki sou tè a, selon gwoup yo ye a, tout kalite bèt k ap vole, selon gwoup yo ye a, tout kalite zwazo ak tout kalite bèt ki gen zèl. 15 Tout bèt sa yo ki gen souf lavi a nan yo te kontinye antre al jwenn Noye anndan lach la de pa de. 16 Se konsa yo te antre nan lach la, ni mal ni femèl nan tout kalite bèt, jan Bondye te bay Noye lòd fè sa. Apre sa, Jewova te fèmen pòt la.

17 Dlo te kontinye tonbe pandan 40 jou sou tè a. Dlo a te kontinye monte, li te kòmanse ale ak lach la, e lach la t ap flote byen wo sou dlo ki te sou tè a. 18 Dlo a te vin anpil e li te kontinye ap monte pi plis toujou sou tè a, men lach la t ap flote sou dlo a. 19 Tè a te tèlman kouvri ak dlo, tout gwo tèt mòn sou tout tè a te kouvri ak dlo+. 20 Dlo te monte rive prèske 15 koude* anlè tèt mòn yo.

21 Konsa, tout sa ki t ap viv* ki t ap fè mouvman sou tè a te peri+: bèt ki konn vole, bèt ki viv bò kot moun, bèt nan bwa, tout ti bèt ki viv an gwoup yo ak tout moun yo+. 22 Tout sa ki te sou tè sèk e ki te gen souf lavi a nan yo te mouri+. 23 Konsa, Bondye te detwi tout sa ki t ap viv sou tè a, sa vle di moun, zannimo, bèt ki rale sou vant ak bèt k ap vole nan syèl la. Yo tout te peri sou tè a+. Se sèl Noye ak sila yo ki te ansanm avè l anndan lach la ki te chape+. 24 Dlo te kontinye kouvri tè a pandan 150 jou+.

8 Men, Bondye vin sonje Noye ak tout bèt nan bwa ak tout bèt ki viv bò kote moun ki te ansanm ak Noye nan lach la+, e Bondye te fè yon van soufle sou tè a, epi dlo yo te kòmanse bese. 2 Sous dlo yo nan syèl la ak vàn yo nan syèl la te sispann bay dlo, konsa lapli te sispann tonbe+. 3 Lè sa a, dlo yo te kòmanse diminye tikras pa tikras sou tè a. Apre 150 jou, dlo yo te bese. 4 Nan setyèm mwa a, 17yèm jou nan mwa a, lach la t al poze sou Mòn Arara. 5 Dlo yo t ap bese san rete jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa a, premye jou nan mwa a, tèt mòn yo te parèt+.

6 Apre 40 jou, Noye ouvè fenèt+ li te fè nan lach la. 7 Epi, li voye yon kaw deyò. Kaw la te kontinye vole deyò a e li te kontinye fè ale vini nan lach la jiskaske dlo yo te fin seche sou tè a.

8 Annapre, li voye yon pijon deyò a pou l wè si dlo yo bese sou tè a. 9 Pijon an pa t jwenn okenn kote pou l poze, li te retounen vin jwenn Noye nan lach la paske dlo te toujou kouvri tout tè a+. Noye lonje men l, li pran l met anndan lach la. 10 Li tann sèt jou pase ankò, apre sa li voye pijon an deyò lach la ankò. 11 Lè pijon an retounen vin jwenn li nan aswè, li wè pijon an gen yon fèy oliv fre nan bèk li. Se sa k fè Noye te konnen dlo yo te bese sou tè a+. 12 Li tann sèt lòt jou ankò, apre sa, li voye pijon an deyò, men pijon an pa t retounen vin jwenn li fwa sa a.

13 Lè ki te fè Noye 601 an+, nan premye mwa a, premye jou nan mwa a, dlo yo te soti sou tè a. Noye te dekouvri yon pati nan tèt lach la, epi li gade, li wè tè a sèch. 14 Nan dezyèm mwa a, 27yèm jou nan mwa a, tè a te vin sèch nèt.

15 Lè sa a, Bondye di Noye: 16 “Ou mèt soti nan lach la ansanm ak madanm ou, pitit gason w yo ak madanm pitit gason w yo+. 17 Soti ansanm ak tout bèt yo+: bèt ki konn vole yo, lòt kalite bèt yo ak bèt ki rale sou vant sou tè a, pou yo ka peple tè a, pou yo ka fè pitit e pou yo ka vin anpil sou tè a+.”

18 Lè sa a, Noye soti, ansanm ak pitit gason l yo+, madanm li ak madanm pitit gason l yo. 19 Tout bèt ki vivan, tout bèt ki rale sou vant, tout bèt ki konn vole, tout bèt k ap fè mouvman sou tè a te soti nan lach la, selon kalite bèt yo ye+. 20 Apre sa, Noye fè yon lotèl+ pou Jewova, li pran kèk nan tout bèt ki pwòp* yo ak kèk nan tout bèt ki konn vole ki pwòp yo+ e li boule yo nèt kòm sakrifis sou lotèl la+. 21 Lè sa a, Jewova te kòmanse pran yon bon sant ki te fè l plezi*. Se sa k fè Jewova te di nan kè l: “Mwen pap janm lage malediksyon* sou tè a+ ankò akoz sa lòm fè, paske tandans lòm gen nan kè l se fè sa k mal depi l toupiti+. E mwen pap janm detwi tout sa ki vivan ankò jan m sot fè a+. 22 Apati kounye a, tè a pap janm sispann gen semans ak rekòt, fredi ak chalè, lete ak livè, lajounen ak lannuit+.”

9 Bondye te vin beni Noye ak pitit gason l yo e li te di yo: “Fè pitit, fè anpil pitit, pou n plen tè a ak moun+. 2 Tout bèt k ap viv sou tè a ak tout bèt k ap vole nan syèl la, tout bèt k ap fè mouvman sou tè a ak tout pwason nan lanmè ap kontinye krenn nou e y ap kontinye pè nou. Mwen lage yo nan men nou* kounye a+. 3 Nou ka manje+ nenpòt bèt k ap fè mouvman e ki vivan. Menm jan mwen te ban nou plant yo pou nou manje, mwen ban nou tout bèt pou nou manje+. 4 Sèlman, nou pa dwe manje+ bèt ki ak tout san l nan li+, paske san se lavi*. 5 Mete sou sa, si yon moun fè san nou*, ki se lavi nou, koule*, m ap mande l regleman. Si se yon bèt ki fè sa, fòk li mouri. E si se yon moun ki ta retire lavi yon moun, m ap mande l regleman, paske se frè l li ye+. 6 Nenpòt moun ki touye moun*, lòt moun ap touye l tou+, paske Bondye fè lòm pòtre ak li+. 7 Men nou menm, fè pitit, fè anpil pitit, peple tè a e se pou n vin anpil+.”

8 Apre sa, Bondye di Noye ak pitit gason l yo: 9 “Kounye a, m ap fè yon alyans avèk nou+ ansanm ak desandan n ap vin genyen yo, 10 e avèk tout bèt* vivan ki ansanm avèk nou, zwazo yo, bèt ki viv bò kote moun yo ak tout lòt bèt k ap viv sou tè a ansanm avèk nou, ansanm ak tout bèt sa yo ki soti nan lach la, sa vle di tout bèt ki gen sou tè a+. 11 Men alyans mwen fè avèk nou: Mwen pap janm detwi tout bèt ansanm ak tout moun nan yon delij ankò, e mwen pap janm fè yon delij pou ravaje tè a ankò+.”

12 Ansuit, Bondye di: “Men siy pou alyans mwen fè ak nou an e avèk tout bèt* vivan ki ansanm avèk nou, yon alyans k ap rete nan tout jenerasyon k ap vini yo: 13 Mwen mete lakansyèl mwen nan nyaj yo, e l ap sèvi kòm siy pou alyans mwen fè ak tè a. 14 Nenpòt lè mwen fè yon nyaj parèt nan syèl la, lakansyèl la ap parèt nan nyaj la. 15 Epi, san mank, m ap sonje alyans mwen fè ak nou an e avèk tout moun ak tout bèt*. Pap janm gen yon delij dlo ankò pou detwi tout moun ak tout bèt+. 16 Lè lakansyèl la parèt nan nyaj yo, m ap wè l san mank e m ap sonje alyans ki la pou toutan an mwen fè ak tout moun ansanm ak tout bèt* sou tè a.”

17 Bondye di Noye ankò: “Sa a se siy pou alyans mwen fè ak tout bèt ak tout moun ki sou tè a+.”

18 Men non pitit gason Noye yo ki te soti nan lach la: Sèm, Kam ak Jafèt+. Annapre, Kam te vin fè Kanaran+. 19 Yo twa a se te pitit Noye, e tout moun sou tout tè a se desandan yo+.

20 Noye te vin yon kiltivatè e li te plante yon jaden rezen. 21 Yon lè, li te bwè diven, li te vin sou e li te rete toutouni nan tant li an. 22 Epi, Kam, papa Kanaran, te wè papa l toutouni, li t al di de lòt frè l yo ki te deyò a sa. 23 Lè sa a, Sèm ak Jafèt pran yon rad, yo mete l sou zepòl yo e yo antre nan tant lan pa do. Se konsa, yo te kouvri papa yo, pandan yo te vire tèt yo pou yo pa t wè papa yo toutouni.

24 Lè Noye te vin pa sou ankò, li te aprann sa pitit gason l ki te pi piti a te fè l la. 25 Noye te di:

“Malediksyon pou Kanaran+.

Se pou l vin sèvitè esklav frè l yo+!”

26 Epi, li te di:

“Glwa pou Jewova, Bondye Sèm nan.

E se pou Kanaran vin esklav li+!

27 Mwen swete pou Bondye bay Jafèt anpil tè,

E pou l rete nan tant Sèm yo.

Se pou Kanaran vin esklav li tou!”

28 Noye te viv 350 an ankò apre delij la+. 29 Konsa, kantite tan Noye te viv te rive 950 an epi li mouri.

10 Men istwa lavi Sèm+, Kam ak Jafèt, pitit gason Noye yo.

Yo te vin gen pitit apre delij la+. 2 Pitit gason Jafèt yo se te Gomè+, Magòg+, Madayi, Javan, Toubal+, Mechèk+ ak Tiras+.

3 Pitit gason Gomè yo se te Achkenaz+, Rifat ak Togama+.

4 Pitit gason Javan yo se te Elicha+, Tasis+, Kitim+ ak Dodanim.

5 Yo se zansèt moun ki rete sou zile yo e moun sa yo vin gaye toupatou sou tè kote yo ye a, selon lang yo pale, fanmi kote yo soti ak nasyonalite yo.

6 Pitit gason Kam yo se te Kouch, Mizrayim+, Pout+ ak Kanaran+.

7 Pitit gason Kouch yo se te Seba+, Avila, Sabta, Rama+ ak Sabteka.

Pitit gason Rama yo se te Cheba ak Dedan.

8 Kouch se te papa Nimwod. Nimwod se premye moun ki te vin gen anpil pouvwa sou tè a. 9 Li te vin yon gwo chasè ki te opoze ak Jewova. Se sa k fè yo konn di: “Menm jan ak Nimwod, yon gwo chasè ki opoze ak Jewova.” 10 Se te Babèl+, Erèk+, Akad ak Kalne, ki te nan peyi Chineya+, ki te fè pati wayòm li an okòmansman*. 11 Li te kite peyi sa a, li t ale nan peyi Asiri+. Se la li te bati vil Niniv+, Reyobòtiri, Kala 12 ak vil Rezenn ki ant vil Niniv ak vil Kala: Se yo ki te gwo vil la*.

13 Mizrayim se te papa Loudim+, Anamim, Leyabim, Naftouyim+, 14 Patwousim+, Kaslouyim (zansèt moun Filisti yo+) ak Kaftorim+.

15 Kanaran se te papa Sidon+, premye pitit li, e se te papa Èt+ 16 ak moun Jebis yo+, Amorit yo, Gigachit yo+, 17 Ivit yo+, Akit yo, Sinit yo, 18 moun Avad yo+, Zemarit yo ak moun Amat yo+. Annapre, fanmi moun Kanaran yo te vin gaye. 19 Se konsa, fwontyè moun Kanaran yo te soti depi Sidon rive jis Gera+, toupre Gaza+, li kontinye rive jis Sodòm ak Gomò+, Adma ak Seboyim+ ki toupre Lacha. 20 Moun sa yo se te pitit Kam. Yo bay lis non yo selon fanmi kote yo soti, lang yo pale, peyi kote y ap viv ak nasyonalite yo.

21 Sèm, frè Jafèt la ki te pi gran an*, te gen pitit tou, e se li ki te zansèt pitit Ebè+ yo. 22 Pitit gason Sèm yo se te Elam+, Asou+, Apakchad+, Loudim ak Aram+.

23 Pitit gason Aram yo se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.

24 Apakchad se te papa Chela+, e Chela se te papa Ebè.

25 Ebè te gen de pitit gason. Youn te rele Pelèg*+, paske tè a te divize nan epòk li t ap viv la. Frè l la te rele Joktan+.

26 Joktan se te papa Almodad, Chelèf, Atsamavèt, Jera+, 27 Adoram, Ouzal, Dikla, 28 Obal, Abimayèl, Cheba, 29 Ofi+, Avila ak Jobab. Yo tout se te pitit gason Joktan.

30 Tèritwa yo te kòmanse depi Mecha rive jis Sefa, yon zòn nan Lès ki gen anpil mòn.

31 Mesye sa yo se te pitit Sèm, selon fanmi kote yo soti, lang yo pale, peyi kote y ap viv ak nasyonalite yo+.

32 Tout moun sa yo se te fanmi pitit Noye yo, selon fanmi kote yo soti ak nasyonalite yo. Se yo menm ki zansèt tout nasyon ki te vin gen toupatou sou tè a apre delij la+.

11 Lè sa a, tout tè a te pale yon sèl lang e yo te konn sèvi ak menm mo. 2 Pandan moun yo t ap vwayaje nan direksyon lès, yo te dekouvri yon vale nan peyi Chineya+ e yo te kòmanse vin abite ladan l. 3 Annapre, youn di lòt: “Vini! Ann fè brik e annou kuit yo nan dife.” Konsa, yo te itilize brik olye yo itilize wòch e yo te sèvi ak goudwon pou mòtye. 4 Epi yo di: “Vini! Annou fè yon vil pou nou rete e annou bati yon gwo gwo bilding pou tèt li rive nan syèl la, yon fason pou moun ka vin konnen nou, konsa nou pap gaye sou tout tè a+.”

5 Epi, Jewova te desann vin wè vil la ansanm ak gwo bilding lèzòm te bati a. 6 Apre sa, Jewova di: “Ou wè! Yo se yon sèl pèp e yo pale yon sèl lang+, epi gade ki sa yo kòmanse fè. Kounye a, pa gen anyen yo gen nan lespri yo k ap enposib pou yo fè. 7 Vini! Ann+ desann pou n fè youn pa pale menm lang ak lòt yon fason pou youn pa ka konprann lòt.” 8 Se konsa, Jewova te gaye yo sou tout kò tè a+, e tikras pa tikras, yo te sispann bati vil la. 9 Se poutèt sa yo te rele vil sa a Babèl*+, paske se la Jewova te bwouye lang tout moun te pale sou tè a e Jewova te gaye moun yo sou tout kò tè a.

10 Men istwa lavi Sèm+.

Sèm te gen 100 an lè l te fè Apakchad+, dezan apre delij la. 11 Apre Sèm fin gen Apakchad, li te viv 500 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi+.

12 Lè Apakchad te gen 35 an, li te vin fè Chela+. 13 Apre Apakchad fin gen Chela, li te viv 403 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

14 Lè Chela te gen 30 an, li te vin fè Ebè+. 15 Apre Chela fin gen Ebè, li te viv 403 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

16 Lè Ebè te gen 34 an, li te vin fè Pelèg+. 17 Apre Ebè fin gen Pelèg, li te viv 430 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

18 Lè Pelèg te gen 30 an, li te vin fè Rewou+. 19 Apre Pelèg fin gen Rewou, li te viv 209 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

20 Lè Rewou te gen 32 an, li te vin fè Sewoug. 21 Apre Rewou fin gen Sewoug, li te viv 207 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

22 Lè Sewoug te gen 30 an, li te vin fè Nawò. 23 Apre Sewoug fin gen Nawò, li te viv 200 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

24 Lè Nawò te gen 29 an, li te vin fè Tera+. 25 Apre Nawò fin gen Tera, li te viv 119 an. Epi, li te vin gen plizyè pitit gason ak plizyè pitit fi.

26 Lè Tera te gen 70 an, li te vin gen Abram+, Nawò+ ak Aran.

27 Men istwa lavi Tera.

Tera se te papa Abram, Nawò ak Aran. Aran se te papa Lòt+. 28 Lè Aran mouri nan vil Ou+, nan peyi moun Kalde yo+, peyi kote l te fèt la, Tera, papa l, te toujou vivan. 29 Abram ak Nawò te vin gen madanm. Madanm Abram nan te rele Sarayi+ e madanm Nawò a te rele Milka+. Milka se te pitit fi Aran. Aran se te papa Milka ak Iska. 30 Twouve, Sarayi pa t ka fè pitit+. Se sa k fè li pa t gen pitit.

31 Annapre, Tera pran Abram, pitit li, ak Lòt, pitit pitit li+ ki pitit Aran, ak Sarayi, bèlfi l, ki te madanm Abram, yo kite vil Ou, ki nan peyi moun Kalde yo, ansanm avè l pou y al nan peyi Kanaran+. Alafen, yo rive nan vil Aran+ e yo rete la. 32 Tera te viv 205 an epi li mouri Aran.

12 Epi, Jewova di Abram: “Kite peyi w, kite fanmi w ak lakay papa w pou w al nan peyi mwen pral montre w la+. 2 M ap fè w vin yon gwo nasyon, m ap beni w, m ap fè w vin gen yon gran non e m ap fè w vin yon benediksyon+ pou lòt moun. 3 M ap beni moun ki beni w, m ap modi moun ki mande malediksyon pou ou+. Tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank grasa ou+.”

4 Se konsa, Abram ale, jan Jewova te di l la, e Lòt te ale avè l. Abram te gen 75 an lè l te kite Aran+. 5 Abram pran Sarayi, madanm li+, ak Lòt, pitit gason frè l la+, ak tout sa yo te genyen+, ansanm ak sèvitè* yo te vin genyen lè yo te Aran, epi yo ale nan peyi Kanaran+. Lè yo rive Kanaran, 6 Abram vwayaje rive jis Sichèm+, toupre gwo pyebwa ki nan More yo+. Lè sa a, se Kananeyen yo ki t ap viv nan peyi a. 7 Jewova parèt devan Abram, li di l: “M ap bay desandan w yo*+ peyi sa a+.” Apre sa, Abram bati yon lotèl kote sa a pou Jewova, ki te parèt devan l lan. 8 Annapre, li te kite zòn nan, l al nan zòn ki gen mòn nan, nan lès Betèl+, e li te monte tant li la. Konsa, Betèl vin nan lwès li e Ayi+ vin nan lès li. Li bati yon lotèl nan zòn sa a pou Jewova+ e li louwe non Jewova+. 9 Epi, Abram ranmase tout afè l, li sot nan yon zòn al nan yon lòt nan direksyon Negèb+.

10 Twouve, te vin gen yon gwo grangou nan peyi Kanaran e Abram te desann al abite ann Ejip pou yon ti tan+, paske grangou a te rèd anpil nan peyi a+. 11 Lè l te prèske rive ann Ejip, li di Sarayi, madanm li: “Tanpri, tande! Mwen konnen ou se yon dam ki bèl anpil+. 12 Se sèten lè Ejipsyen yo wè w, y ap di: ‘Se madanm li.’ Konsa, y ap touye m, men ou menm y ap kite w viv. 13 Tanpri, di se sè m ou ye, pou anyen mal pa rive m akoz ou menm, e konsa, w ap sove lavi m*+.”

14 Kou Abram rive ann Ejip, Ejipsyen yo gentan wè dam nan bèl anpil. 15 Chèf nan wayòm Farawon an te wè dam nan tou, yo t al kote Farawon e yo kòmanse fè lwanj pou dam nan. Konsa, yo te pran dam nan, yo mennen l lakay Farawon. 16 Farawon te byen boule ak Abram poutèt dam nan. Li te ba l mouton, bèf, bourik, mal kou femèl, sèvitè, sèvant ak chamo+. 17 Annapre, Jewova lage yon gwo flewo sou Farawon ak moun lakay li akoz Sarayi, madanm Abram nan+. 18 Se konsa, Farawon rele Abram, li di l: “Ki sa w fè m la a? Poukisa w pa t di m se madanm ou? 19 Poukisa w te di se sè w li ye+, sa ki te fè m prèske pran l kòm madanm mwen? Men madanm ou. Pran l w ale!” 20 Se konsa, Farawon bay mesye l yo lòd pou yo voye Abram ak madanm li ale ansanm ak tout sa Abram te genyen+.

13 Apre sa, Abram kite Ejip, li monte l al Negèb+ ansanm ak madanm li ak tout sa l te genyen. Li t ale ak Lòt tou. 2 Abram te gen anpil bèt, anpil ajan ak anpil lò+. 3 Li te monte tant li yon kote apre yon lòt, soti Negèb pou rive Betèl jis li rive kote tant li te ye a, ant Betèl ak Ayi+, 4 kote l te bati yon lotèl. Se la Abram te louwe non Jewova.

5 Twouve, Lòt, ki t ap vwayaje ak Abram, te gen mouton, bèf ak tant tou. 6 Konsa, peyi a te vin twò piti pou yo rete yon sèl kote a. Byen yo te genyen yo te vin tèlman anpil, yo pa t ka rete ansanm ankò. 7 Se sa k fè, te vin gen yon gwo diskisyon ant gadò bèt Abram yo ak gadò bèt Lòt yo. (Nan epòk sa a, se moun Kanaran yo ak Perizit yo ki te nan peyi a+.) 8 Lè sa a, Abram di Lòt+: “Tanpri, pa ta dwe gen diskisyon ant mwen menm avè w, ant gadò bèt mwen yo ak gadò bèt ou yo, paske se frè nou ye. 9 Ou ka pran nenpòt kote w vle nan peyi a. Tanpri, annou chak fè yon bò. Si w al agoch, mwen menm mwen pral adwat. Men, si w al adwat, mwen menm mwen pral agoch.” 10 Lè sa a, Lòt voye je l, li wè tout zòn Jouden an*+, (anvan Jewova te detwi Sodòm ak Gomò) yon zòn ki te byen wouze menm jan ak jaden Jewova a+ e menm jan ak peyi Ejip, rive jis Sowa+. 11 Epi, Lòt te chwazi tout zòn Jouden an e li te bwote al nan lès peyi a. Se konsa, yo chak te fè bò pa yo. 12 Abram te abite nan peyi Kanaran, men Lòt te abite toupre vil ki te nan zòn+ Jouden an. Finalman, Lòt te monte tant li toupre Sodòm. 13 Moun Sodòm yo te mechan e yo te fè peche grav kont Jewova+.

14 Men sa Jewova te di Abram, apre Lòt te fin separe avè l: “Tanpri, rete kote w ye a, leve je w gade depi nan nò al nan sid, depi nan lès al nan lwès. 15 Paske, tout peyi w ap gade la a, m ap bay ou menm ak desandan w yo* li nètale+. 16 E m ap fè desandan w yo* vin menm jan ak grenn pousyè sou tè a. Konsa, si yon moun ta ka konte grenn pousyè ki gen sou tè a, konnen li t ap ka konte desandan w yo*+. 17 Kounye a, mache al toupatou nan peyi a, paske se ou menm m ap bay li.” 18 Konsa, Abram te kontinye viv anba tant. Annapre, li t al abite pami gwo pyebwa Mamre yo+, ki nan Ebwon+, e li te bati yon lotèl pou Jewova nan zòn sa a+.

14 Twouve, nan epòk sa a, Amrafèl, wa Chineya+, Aryòk, wa Elaza, Kedòlawomè+, wa Elam+, ak Tidal, wa Goyim, 2 t ap fè lagè ak Bera, wa Sodòm+, Bicha, wa Gomò+, Chinab, wa Adma, Chemebè, wa Seboyim+, ak wa Bela a, sa vle di wa Sowa a. 3 Tout wa sa yo* te rasanble lame yo nan Vale Sidim+, sètadi Lanmè Sale*+.

4 Yo* te pase 12 an ap sèvi Kedòlawomè, men yo te revòlte sou 13yèm ane a. 5 Konsa, nan 14yèm ane a, Kedòlawomè ak wa ki te ansanm avè l yo t al fè lagè ak Refayim nan Astewòt Kanayim, Zouzim nan Kam, Emim+ nan Chave Kiryatayim, 6 ak Orit yo+ nan Mòn Seyi+, kote yo te abite a, rive jis Èlparan, ki bò dezè a. 7 Apre sa, yo kase tèt tounen, y ale Ennmispa, sa vle di Kadès+, e yo pran tout tèritwa moun Amalèk yo+ ak tout tèritwa Amorit yo+ ki te abite Azazontama+.

8 Lè sa a, wa Sodòm nan te deplase ansanm ak wa Gomò a, wa Adma a, wa Seboyim nan ak wa Bela a, sa vle di wa Sowa a, e yo te pran pozisyon nan Vale Sidim pou yo batay 9 ak Kedòlawomè, wa Elam, Tidal, wa Goyim, Amrafèl, wa Chineya, ak Aryòk, wa Elaza+. Yo te kat kont senk. 10 Twouve, Vale Sidim te gen anpil twou ki te plen goudwon. Pandan wa Sodòm ak Gomò yo t ap eseye chape, yo te tonbe ladan yo, e lòt wa ki te rete yo te kouri al nan mòn. 11 Wa ki te pot laviktwa yo te pran tout byen Sodòm ak Gomò yo ak tout manje moun yo e yo t al fè wout yo+. 12 Epitou, yo te pran Lòt, pitit frè Abram nan, ki te abite Sodòm+, ansanm ak tout byen l yo, e yo te kontinye wout yo.

13 Apre sa, gen yon mesye ki te chape ki te vin rakonte Abram, Ebre a, sa k te pase a. Lè sa a Abram te abite pami gwo pyebwa ki te pou Mamre yo, Amorit la+, frè Echkòl ak Anè+, yo menm ki te fè alyans ak Abram. 14 Se konsa, Abram vin aprann yo te pran fanmi l lan tou+. Se sa k fè li te rasanble 318 esklav, yon seri mesye ki te fèt lakay li e ki te aprann batay, epi li pati dèyè moun yo rive jis Dann+. 15 Pandan nuit lan, li fè mesye yo fè plizyè gwoup, epi li menm avèk yo te atake moun yo e yo te genyen batay la. Li te kouri dèyè yo rive jis Oba, nan nò Damas. 16 Li te repran tout byen yo te pran yo, li te repran Lòt, fanmi l lan, byen Lòt yo, medam yo ak tout lòt moun yo.

17 Apre Abram ki te sot pot laviktwa sou Kedòlawomè ak lòt wa ki te avè l yo, wa Sodòm nan t al rankontre Abram nan Vale Chave, sa vle di Vale Wa a+. 18 Epi, Mèlkisedèk+, wa Salèm nan+, te pote manje ak diven. Se li ki te prèt Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an+.

19 Li te beni Abram, li te di:

“Mwen swete pou Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,

Sila a ki fè syèl la ak tè a, beni Abram.

20 Glwa pou Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an,

Ki lage ènmi w yo nan men w!”

Epi, Abram te ba l yon dizyèm nan tout sa l genyen+.

21 Apre sa, wa Sodòm nan di Abram: “Ban m moun* yo, men ou mèt pran byen yo.” 22 Men, Abram di wa Sodòm nan: “Mwen leve men m mwen fè sèman devan Jewova, Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, Sila a ki fè syèl la ak tè a, 23 mwen pap pran anyen nan bagay ou yo, li te mèt se yon branch fil oswa yon kòd sandal, pou w pa di: ‘Se mwen ki fè Abram rich.’ 24 Mwen pap pran anyen apa sa jèn mesye yo te deja manje yo. Kanta pou Anè, Echkòl ak Mamre+, mesye ki te ansanm avè m yo, yo mèt pran pòsyon pa yo.”

15 Apre sa, Jewova te pale ak Abram nan yon vizyon, li te di l: “Ou pa bezwen pè+, Abram. Mwen se yon boukliye pou ou+. Rekonpans ou ap anpil+.” 2 Abram di l: “Jewova, Seyè ki Souvren an, ki sa w ap ban m piske w wè jis kounye a mwen pa gen pitit e moun ki pral eritye tout sa m genyen se Elyezè+, yon moun Damas?” 3 Lèfini, Abram di l: “Gade! Ou pa menm ban m pitit*+. Kounye a, se yon moun* k ap sèvi lakay mwen k ap eritye m.” 4 Men sa Jewova te reponn li: “Misye pap eritye w, men se pitit pa w k ap eritye w+.”

5 Epi, Bondye fè l sot deyò, li di l: “Tanpri, leve je w gade syèl la, epi konte zetwal yo si w kapab.” Apre sa, li di l: “Se konsa desandan w yo* pral ye+.” 6 Abram te mete lafwa nan Jewova+, e sa te fè Li konsidere l* kòm yon moun ki jis+. 7 Apre sa, Bondye di l: “Mwen se Jewova ki te fè w soti nan vil Ou, nan peyi moun Kalde yo, pou m ba w peyi sa a kòm byen pa w+.” 8 Epi, Abram di: “Jewova, Seyè ki Souvren an, ki jan m ap fè konnen l ap vin byen pa m?” 9 Apre sa, Bondye reponn li: “Pran yon ti gazèl bèf ki gen twazan, yon femèl kabrit ki gen twazan, yon mal mouton ki gen twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.” 10 Vrèmanvre, Abram pran tout bèt yo, li fann yo de bò e li met chak moso youn anfas lòt, men li pa t fann zwazo yo. 11 Annapre, zwazo ki konn manje vyann yo te kòmanse vin poze sou kò bèt mouri yo, men Abram te ret ap pouse yo.

12 Lè solèy t apral kouche, yon gwo dòmi te pote Abram ale, epi pandan l nan dòmi an, li wè yon gwo fènwa ki fè moun pè vin sou li. 13 Epi, Bondye di Abram: “Konn sa byen: Desandan w yo* pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a ap fè yo vin esklav e y ap maltrete yo pandan 400 an+. 14 Men, m ap jije nasyon yo pral sèvi a+. Epi, lè y ap kite peyi sa a, yo prale ak anpil byen+. 15 Ou menm, w ap mouri anpè ak yon bèl laj sou tèt ou, e y ap antere w ak zansèt ou yo+. 16 Men, nan katriyèm jenerasyon an, desandan w yo ap retounen isit la+, paske lè pou Amorit yo jwenn pinisyon yo poko rive+.”

17 Lè solèy la te fin kouche e li te vin fè nwa anpil, yon boukan dife ki t ap fè lafimen te parèt, e yon bwa dife tou limen te pase nan mitan moso bèt yo. 18 Jou sa a, Jewova te fè yon alyans+ ak Abram, li te di l: “Men peyi+ m ap bay desandan w yo*, soti depi rivyè Ejip rive jis nan gwo rivyè a, sètadi Rivyè Efrat+: 19 Peyi Kenit yo, Kenizit yo+, Kadmonit yo, 20 desandan Èt yo+, Perizit yo+, Refayim yo+, 21 Amorit yo, moun Kanaran yo, Gigachit yo ak moun Jebis yo+.”

16 Twouve, Sarayi, madanm Abram, pa t fè pitit+. Li te gen yon sèvant ki moun Ejip ki te rele Aga+. 2 Se sa k fè Sarayi di Abram: “Tanpri, koute sa m ap di w: Ou wè Jewova anpeche m fè pitit. Tanpri, antre nan relasyon ak sèvant mwen an. Petèt, grasa li, m ap ka gen pitit+.” Konsa, Abram koute sa Sarayi di l la. 3 Lè Abram te gen dizan nan peyi Kanaran, Sarayi, madanm li, te ba l Aga, sèvant li an ki moun Ejip, kòm madanm. 4 Konsa, li te antre nan relasyon ak Aga, e Aga te vin ansent. Lè Aga wè l ansent, li kòmanse meprize mètrès li.

5 Lè sa a, Sarayi di Abram: “Se ou menm ki lakòz sa rive m. Se mwen menm ki te ba w sèvant mwen an. Men, kou l wè l ansent, li kòmanse meprize m. Se pou Jewova jije mwen menm avè w!” 6 Lè sa a, Abram di Sarayi: “Gade! Ou gen pouvwa sou sèvant ou a. Fè sa w panse k ap pi bon an avè l.” Se konsa, Sarayi te imilye sèvant lan, e sèvant lan te pati l ale.

7 Annapre, yon zanj Jewova te jwenn Aga bò yon pi dlo nan dezè a, bò pi ki sou wout ki mennen nan zòn ki rele Chou a+. 8 Zanj lan di l: “Aga, sèvant Sarayi, kote w soti, e ki kote w prale?” Lè sa a, Aga di: “Se kouri m ap kouri pou Sarayi, mètrès mwen an.” 9 Epi, zanj Jewova a di l: “Tounen al jwenn mètrès ou, e mete w toupiti devan l.” 10 Apre sa, zanj Jewova a di l: “M ap fè desandan w yo* vin anpil anpil, y ap tèlman anpil, moun pap ka konte yo+.” 11 Zanj Jewova a di l tou: “Kounye a, men w ansent e w pral fè yon pitit gason, ou dwe rele l Izmayèl*, paske Jewova tande tray ou. 12 L ap vin menm jan ak yon bourik mawon*. L ap fè kont ak tout moun, e tout moun ap fè kont avè l. Epi l ap abite anfas tout frè l yo*.”

13 Apre sa, Aga rele Jewova* ki t ap pale avè l, li di l: “Ou se yon Bondye ki wè tout sa k ap pase+.” Epi l di: “Èske kote m ye a mwen vrèman wè Sila a k ap gade m nan?” 14 Se pou rezon sa a, yo te rele pi a Beyèlarayiwòy*. (Li ant Kadès ak Berèd.) 15 Se konsa, Aga te fè yon pitit gason pou Abram, e Abram te rele pitit la Izmayèl+. 16 Abram te gen 86 an lè Aga te fè Izmayèl pou li.

17 Lè Abram te gen 99 an, Jewova te parèt devan Abram, li di l: “Mwen se Bondye Toupisan an. Mache dwat devan m, epi montre w san defo*. 2 M ap fè yon alyans avè w+, e m ap fè w vin gen anpil anpil desandan+.”

3 Lè sa a, Abram lage kò l fas atè e Bondye te kontinye pale avè l, li te di l: 4 “Gade! Mwen fè yon alyans avè w+, e vrèmanvre, w ap vin papa anpil nasyon+. 5 Yo pap rele w Abram* ankò, y ap rele w Abraram*, paske m ap fè w vin papa anpil nasyon. 6 M ap fè w vin gen anpil anpil pitit, m ap fè anpil nasyon sot nan ou, e anpil wa ap soti nan ou+.

7 “Epi m ap toujou kenbe alyans mwen fè avè w la+ e avèk desandans* w ap vin genyen an, jenerasyon apre jenerasyon. Se yon alyans ki la pou toutan, kote m ap Bondye w e m ap Bondye desandans ou an* tou. 8 M ap bay ni ou menm ni desandan w yo* peyi kote w abite kòm etranje a+, tout peyi Kanaran, kòm byen nou nètale, epitou m ap vin Bondye yo+.”

9 Annapre, Bondye di Abraram: “Men ou menm, ou dwe toujou kenbe alyans mwen an, ni ou menm ni desandan w yo*, jenerasyon apre jenerasyon. 10 Men alyans mwen fè avè w, pou ou menm ak desandan w yo* toujou kenbe: Tout gason ki pami nou dwe sikonsi+. 11 Nou dwe sikonsi, e sa ap sèvi kòm siy pou alyans mwen fè avèk nou an+. 12 Jenerasyon apre jenerasyon, tout tigason lakay ou ki gen uit jou depi l fèt dwe sikonsi+. Tout gason ki fèt lakay ou, tout gason ki pa youn nan desandan w yo* e w te achte nan men yon etranje dwe sikonsi. 13 Tout gason ki fèt lakay ou ak tout gason w achte pou lajan w dwe sikonsi+. Siy ki nan chè nou an dwe montre mwen fè yon alyans avèk nou, yon alyans ki la pou toutan. 14 Si yon gason ki pa sikonsi pa fè yo sikonsi l, yo dwe retire* gason sa a* nan mitan moun li yo. Li vyole alyans mwen an.”

15 Apre sa, Bondye di Abraram: “Kanta pou Sarayi*, madanm ou+, ou pa dwe rele l Sarayi, paske se Sara* k ap non l. 16 M ap beni li e m ap fè l fè yon pitit gason pou ou+. M ap beni li e m ap fè anpil pèp ak anpil wa sot nan li.” 17 Lè sa a, Abraram lage kò l fas atè. Epi li tonbe ri e li di nan kè l+: “Èske yon nonm ki gen 100 an ap vin gen pitit e èske Sara, yon fi ki gen 90 an, ap fè pitit+?”

18 Se sa k fè Abraram di vrè Dye a: “Tanpri! Beni Izmayèl+!” 19 Lè sa a, Bondye di: “Sara, madanm ou, pral fè yon pitit gason pou ou kanmenm e ou dwe rele l Izarak*+. M ap fè alyans mwen an avè l. Se yon alyans k ap la pou toutan pou desandans* l ap vin genyen an+. 20 Men, kanta pou Izmayèl, mwen tande sa w di. Gade! M ap beni l, m ap fè l gen anpil pitit e m ap fè l peple anpil anpil. Gen 12 chèf k ap soti nan li, e m ap fè l vin yon gwo nasyon+. 21 Men, se ak Izarak+, pitit Sara pral fè pou ou nan ane k ap vini an nan menm epòk sa a+, m ap fè alyans mwen an.”

22 Epi, lè Bondye fin pale ak Abraram, li kite Abraram li ale. 23 Apre sa, Abraram pran Izmayèl, pitit gason l lan, ak tout gason ki fèt lakay li yo ansanm ak tout gason li te achte pou lajan l yo, tout gason li gen lakay li nèt, e li sikonsi yo menm jou sa a, jan Bondye te di l la+. 24 Abraram te gen 99 an lè l te sikonsi+, 25 e Izmayèl, pitit gason l lan, te gen 13 an lè l te sikonsi+. 26 Nan menm jou sa a, ni Abraram, ni Izmayèl, pitit gason l lan, te sikonsi. 27 Epitou, tout gason ki te lakay li nèt, sètadi tout gason ki te fèt lakay li ak tout gason li te achte nan men yon etranje, te sikonsi ansanm avè l.

18 Annapre, Jewova*+ parèt devan Abraram pami gwo pyebwa Mamre yo+, pandan l te chita nan antre tant li an nan moman l te fè pi cho nan jounen an. 2 Abraram voye je l li wè twa mesye ki kanpe nan yon distans+. Lè l wè yo, li kouri al rankontre yo e li koube jis atè. 3 Epi li di: “Jewova*, si m fè w plezi, tanpri, pa pase bò kot sèvitè w la san w pa rete. 4 Tanpri, kite m fè yo pote yon ti dlo pou yo lave pye nou+, epi fè yon repoze anba pyebwa a. 5 Piske nou vin lakay sèvitè nou an, kite m pote yon ti manje pou nou pou n ka soutni kè nou. Apre sa, n a kontinye wout nou.” Lè sa a, yo di l: “Oke! Ou mèt fè sa w di a.”

6 Konsa, Abraram kouri al nan tant lan kot Sara, li di l: “Fè vit! Pran twa mezi* farin bon kalite, petri pat la epi fè kèk ti pen*.” 7 Apre sa, Abraram kouri al nan patiraj la e li chwazi yon bèl jenn towo bèf, vyann li byen fen. Li bay sèvitè l la li e li kouri al prepare vyann nan. 8 Epi, li pran bè ak lèt ak vyann li t al prepare a, li sèvi yo manje. Apre sa, li kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan y ap manje+.

9 Epi, yo mande l: “Kote Sara, madanm ou+?” Li reponn yo: “Li anndan tant lan.” 10 Lè sa a, youn nan mesye yo di l: “Ane k ap vini an, m ap retounen kote w san mank, nan menm epòk sa a, epi gade! Sara, madanm ou, ap gen yon pitit gason+.” Twouve, Sara te nan antre tant lan, dèyè mesye a, e li t ap koute sa l t ap di. 11 Abraram ak Sara te granmoun anpil, yo te gen bon ti laj+. Sara te pase laj pou l fè pitit+. 12 Se sa k fè Sara t ap ri poukont li, li t ap di: “Kounye a mwen fin granmoun, e mèt mwen an fin granmoun, ou kwè se mwen ki ta jwenn sa vre+?” 13 Men, Jewova di Abraram: “Poukisa Sara ri epi l di: ‘Èske se toutbon m ap fè pitit pandan m fin granmoun nan?’ 14 Èske gen yon bagay ki enposib pou Jewova+? M ap retounen kote w ane k ap vini an nan menm epòk sa a, e Sara ap gen yon pitit gason.” 15 Men, Sara te nye sa, li te di: “Mwen pa ri non!” Li te di sa paske li te pè. Lè sa a, Bondye di: “Se vre! Ou ri.”

16 Lè mesye yo leve pou y ale e yo met tèt yo nan direksyon Sodòm+, Abraram t ap mache avèk yo pou l al kondui yo. 17 Epi, Jewova di: “Èske m ap kache Abraram sa m pral fè a+? 18 Paske, san mank, Abraram ap vin yon gwo nasyon ki pisan, e tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon grasa li+. 19 Paske mwen konnen l byen e mwen gen konfyans l ap bay pitit gason l yo ak tout desandan l yo lòd pou yo kontinye mache nan chemen Jewova, sètadi pou yo fè sa ki byen ak sa ki jis+, pou mwen menm, Jewova, ka reyalize pwomès mwen te fè l la.”

20 Apre sa, Jewova di: “Rèl k ap fèt kont Sodòm ak Gomò a fò anpil+, e peche yo fè a grav anpil+. 21 M ap desann pou m al wè si yo fè sa m tande a vre. E si se pa sa, m a konnen+.”

22 Annapre, mesye yo kite zòn nan y al Sodòm. Men, Jewova+ te rete ansanm ak Abraram. 23 Epi, Abraram pwoche, li di l: “Èske toutbonvre w ap detwi moun ki jis ansanm ak moun ki mechan+? 24 Ann sipoze gen 50 moun ki jis nan vil la. Èske w ap detwi yo kanmenm e w pap epaye vil la pou 50 moun ki jis ki ladan l yo? 25 Li enposib pou w ta aji konsa, pou w ta touye moun ki jis ansanm ak moun ki mechan, pou moun ki jis ta gen menm sò ak moun ki mechan+! Li enposib pou w fè yon bagay konsa+! Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis+?” 26 Apre sa, Jewova di: “Si m jwenn 50 moun ki jis nan vil Sodòm, m ap epaye tout vil la poutèt yo.” 27 Men, Abraram reponn ankò, li di l: “O Jewova, gade ki jan m ap pale avè w, alòske se pousyè ak sann mwen ye. 28 Ann sipoze nan 50 lan manke senk, èske w ap detwi tout vil la pou senk moun ki manke yo?” Lè sa a, li di: “Mwen pap detwi l si m jwenn 45 moun ki jis ladan l+.”

29 Abraram pale avè l yon lòt fwa ankò, li di l: “Ann sipoze ou jwenn 40 moun.” Li reponn: “Mwen pap detwi l pou 40 moun yo.” 30 Men, Abraram kontinye pale, li di: “Jewova, tanpri, pa fache+. Kite m pale avè w toujou. Ann sipoze w jwenn 30 moun sèlman.” Li reponn: “Mwen pap detwi l si m jwenn 30 moun.” 31 Li kontinye pale toujou, li di: “O Jewova, gade ki jan m ap pale avè w! Ann sipoze w jwenn 20 moun sèlman nan vil la.” Li reponn: “Mwen pap detwi l pou 20 moun yo.” 32 Finalman, Abraram di: “Jewova, tanpri, pa fache. Kite m pale avè w yon dènye fwa. Ann sipoze w jwenn dis moun sèlman nan vil la.” Li reponn: “Mwen pap detwi l poutèt dis moun yo.” 33 Lè Jewova fin pale ak Abraram, l ale+ e Abraram tounen kote l rete a.

19 Nan aswè, de zanj yo rive Sodòm e Lòt te chita nan pòtay vil la. Lè Lòt wè yo, li leve l al rankontre yo e li koube jis atè+. 2 Li di: “Tanpri, mèt mwen yo, vin lakay sèvitè nou an pou n pase nuit lan e kite m lave pye nou. Apre sa, n a leve bonè pou n kontinye wout nou.” Yo di l: “Non, n ap pase nuit lan sou plas la.” 3 Men, li te tèlman pèsiste, yo t al lakay li avè l. Apre sa, li prepare bon manje pou yo e li fè pen san ledven. Epi, yo manje.

4 Yo potko menm al kouche pou yo dòmi, gason nan vil Sodòm yo, timoun kou granmoun, yo tout vin an foul, yo t ap fè bri e yo te ansèkle kay la. 5 Yo t ap rele Lòt byen fò e yo t ap di l: “Kot mesye yo ki te antre lakay ou aswè a? Mennen yo deyò a ban nou pou nou ka antre nan relasyon avè yo+.”

6 Alafen, Lòt sot deyò a al jwenn yo e li fèmen pòt kay la. 7 Epi, li di yo: “Tanpri, frè m yo, pa fè mechanste. 8 Men m gen de pitit fi ki poko antre nan relasyon ak gason. Tanpri, kite m mennen yo deyò a ban nou pou nou fè sa n vle avè yo. Men sèlman, pinga nou fè mesye sa yo anyen, paske se pwoteksyon* yo vin chèche lakay mwen+.” 9 Lè sa a, yo di l: “Retire kò w la!” Apre sa, yo di: “Nonm sa a pa gen pèsonn bò isit la, li vin ret la a epi l konprann pou l vin jije nou. Enben, nou pral fè w pi mal pase yo.” Epi, yo anvayi Lòt* e yo avanse pou yo kraze pòt la. 10 Se konsa, mesye yo* lonje men yo, yo rale Lòt vin jwenn yo anndan kay la e yo fèmen pòt la. 11 Men, yo fè moun ki te devan pòt kay la vin avèg, jèn kou granmoun. Konsa, moun yo te bouke chèche kote pòt kay la ye.

12 Apre sa, mesye yo di Lòt: “Èske w gen lòt moun nan vil la? Si w gen bofis, pitit gason, pitit fi ak tout lòt moun pa w nan vil la, fè yo kite zòn nan! 13 Paske nou pral detwi zòn sa a, piske gwo rèl k ap fèt kont moun sa yo fò anpil e li rive devan Jewova+. Se sa k fè Jewova voye nou vin detwi vil la.” 14 Epi, Lòt soti l al pale ak mesye* ki t apral marye ak pitit fi l yo, li di yo: “Fè vit kite zòn nan! Paske Jewova pral detwi vil la!” Men, pou mesye yo, sanble se blag li t ap bay+.

15 Twouve, kou solèy pral leve, zanj yo t ap chofe Lòt, yo t ap di l: “Fè vit! Pran madanm ou ak de pitit fi w yo ki nan kay la avè w yon fason pou w pa detwi ansanm ak vil la akoz peche l+.” 16 Jewova tèlman gen pitye pou Lòt+, lè mesye yo wè l ap pèdi tan, yo pran men l ak men madanm li ansanm ak men de pitit fi l yo, yo soti avè l epi y al mete l deyò vil la+. 17 Kou yo fin mennen l deyò vil la, youn nan zanj yo di l: “Chape poul ou pou w sove lavi w*! Pa gad dèyè+ e pa ret kanpe okenn kote nan zòn nan*+! Kouri al nan mòn pou w pa mouri!”

18 Lè sa a Lòt di yo: “Tanpri, Jewova, pa voye m la a. 19 Kounye a, ou fin fè sèvitè w la favè e w demontre anpil lanmou* pou mwen, piske w pwoteje lavi m*+. Men, mwen pa ka kouri al nan mòn paske mwen pè pou malè pa rive m, pou m pa mouri+. 20 Tanpri, men vil sa a toupre, mwen ka kouri al ladan l. Se yon ti zòn li ye. Tanpri, èske m ka kouri al ladan l? Se yon ti zòn li ye. Konsa, mwen pap mouri*.” 21 Lè sa a, Bondye di l: “Dakò! Poutèt ou menm+, mwen pap detwi vil ou di m nan+. 22 Kouri byen vit al lòtbò a, paske m pa ka fè anyen toutotan w pa rive lòtbò a+!” Se sa k fè li te rele vil la Sowa*+.

23 Solèy te gentan leve lè Lòt rive Sowa. 24 Apre sa, Jewova fè souf ak dife tonbe sou Sodòm ak Gomò tankou lapli. Se nan syèl la Jewova te fè l soti+. 25 Konsa, li te detwi vil sa yo, sa vle di tout zòn nan, tout moun nan vil yo ak plant nan zòn nan+. 26 Men, madanm Lòt, ki te dèyè Lòt, te kòmanse gad dèyè e li te tounen yon poto sèl+.

27 Abraram te leve granmmaten, l al kote li te kanpe devan Jewova a+. 28 Epi li voye je gade Sodòm ak Gomò ak tout zòn nan nèt e li wè sa k te pase a. Li wè yon gwo lafimen k ap monte nan peyi a tankou yon gwo lafimen k ap soti nan yon founèz+. 29 Konsa, lè Bondye te detwi vil nan zòn nan, se Abraram li te sonje lè l te fè Lòt kite vil li t ap detwi yo, kote Lòt te abite a+.

30 Annapre, Lòt kite Sowa ansanm ak de pitit fi l yo, l al abite nan mòn+, paske li te pè rete Sowa+. Li t al ret nan yon gwòt ak de pitit fi l yo. 31 Epi, pi gran pitit fi a te di sa k pi jèn nan: “Papa nou fin granmoun e pa gen gason nan peyi a pou ta antre nan relasyon avèk nou, jan sa konn fèt toupatou sou tè a. 32 Vini! Ann bay papa nou bwè diven, epi ann antre nan relasyon avè l pou fanmi papa nou ka toujou egziste.”

33 Konsa, jou swa sa a, yo te bay papa yo bwè anpil diven. Annapre, pi gran pitit fi a antre al kouche ak papa l, men papa a pa t konnen ni lè l te vin kouche avè l la ni lè l te leve. 34 Nan demen, pi gran pitit fi a di sa k pi jèn nan: “Yè swa, mwen te antre nan relasyon ak papa m. Ann ba l bwè diven ankò aswè a. Epi, ou menm, antre al kouche avè l pou papa nou ka gen yon desandans.” 35 Se sa k fè, jou swa sa a tou, yo te bay papa yo bwè anpil diven. Apre sa, pi jèn nan al antre nan relasyon ak papa l, men papa a pa t konnen ni lè l te vin kouche avè l la ni lè l te leve. 36 Se konsa toule de pitit fi Lòt yo te vin ansent pou papa yo. 37 Lè lè a rive, premye pitit fi a te fè yon tigason, li te rele l Mowab+. Se pitit sa a ki zansèt moun peyi Mowab yo ki la jounen jodi a+. 38 Sa ki pi jèn nan te fè yon tigason tou, li te rele l Bennami. Se pitit sa a ki zansèt desandan Amon yo+ jounen jodi a.

20 Twouve, Abraram te kite zòn nan+ l al Negèb e li t al abite ant Kadès+ ak Chou+. Pandan Abraram te abite Gera+, 2 li te konn ap di konsènan Sara, madanm li: “Li se sè m+.” Se sa k fè Abimelèk, wa Gera a, te voye pran Sara mennen ba li+. 3 Annapre, Bondye te vin pale ak Abimelèk nan yon rèv nan nuit, li te di l: “Ou se yon moun ki deja mouri akoz dam ou pran an+, piske li marye e li pou yon lòt gason+.” 4 Men, Abimelèk pa t manyen Sara. Se sa k fè li di: “Jewova, èske w ap touye yon nasyon ki vrèman inosan? 5 Èske se pa Abraram ki te di m se sè l li ye? Epitou, èske Sara pa t di se frè l li ye? Mwen pa t fè sa nan move entansyon e m pa konnen mwen te fè anyen ki mal.” 6 Epi, vrè Dye a di l nan rèv la: “Mwen konnen se pa nan move entansyon ou te fè sa, se sa k fè mwen te anpeche w peche kont mwen. Se rezon sa a ki fè mwen pa t kite w manyen l. 7 Kounye a, voye madanm mesye a tounen al jwenn li. Piske se yon pwofèt li ye+, l ap priye pou ou+ pou w pa mouri. Si w pa voye l tounen, ou mèt konnen wè pa wè w ap mouri, ou menm ak tout moun lakay ou.”

8 Abimelèk te leve granmmaten, li rele tout sèvitè l yo, li rakonte yo tout bagay sa yo e yo te vin pè anpil. 9 Apre sa, Abimelèk rele Abraram, li di l: “Sa w fè nou la a? Ki mal mwen fè w ki fè w rale gwosè peche sa a vin sou mwen ak sou wayòm mwen an? Sa w fè m nan pa bon.” 10 Epi, Abimelèk di Abraram: “Ki entansyon w te genyen lè w te fè sa a+?” 11 Abraram reponn li: “Se paske m te di nan kè m: ‘Siman moun yo nan zòn nan pa gen lakrentif pou Bondye e yo pral touye m akoz madanm mwen+.’ 12 Epitou, se sè m li ye vre, li se pitit papa m, men li pa pitit manman m, e li vin madanm mwen+. 13 Se sa k fè lè Bondye te fè m kite lakay papa m+, mwen te di l: ‘Men ki jan w ap montre ou renmen m*: tout kote nou ale, ou mèt di: “Se frè m li ye+.”’”

14 Apre sa, Abimelèk bay Abraram mouton ak bèf, sèvitè ak sèvant e li remèt li Sara, madanm li. 15 Epi, Abimelèk di Abraram: “Peyi m nan nan men w. Abite kote w vle.” 16 Ansuit, li di Sara: “Gade! Mwen bay frè w la+ 1 000 pyès monnen ann ajan. Se yon prèv ki montre ou inosan nan je tout moun ki avè w yo, e devan tout moun, ou san repwòch.” 17 Abraram te pran sipliye vrè Dye a, e Bondye te geri Abimelèk ak madanm li, ak tout sèvant li yo, epi yo te vin fè pitit. 18 Paske, Jewova te fè tout fi lakay Abimelèk pa ka fè pitit akoz Sara, madanm Abraram+.

21 Jewova te sonje Sara, jan l te di a, e Jewova te fè sa l te pwomèt li t ap fè pou Sara a+. 2 Konsa, Sara te vin ansent+ e li te fè yon pitit gason pou Abraram nan vyeyès Abraram, egzakteman nan lè Bondye te pwomèt Abraram nan+. 3 Abraram te rele pitit gason l lan ki te fèk fèt la, pitit Sara te fè pou li a, Izarak+. 4 Abraram te sikonsi pitit gason l lan, Izarak, lè l te gen uit jou, jan Bondye te ba l lòd fè a+. 5 Abraram te gen 100 an lè Izarak, pitit li a, te fèt. 6 Apre sa, Sara di: “Bondye fè m ri. E tout moun ki tande sa ap ri ansanm avè m*.” 7 Epi, li di: “Ki moun ki ta di Abraram: ‘Sara pral bay pitit tete’? Epoutan, men m fè yon pitit gason pou li nan vyeyès li.”

8 Epi, tipitit la te grandi e manman l te sevre l. Abraram te fè yon gwo fèt jou Izarak te sevre a. 9 Men, Sara te remake pitit gason Aga a+, sèvant li ki moun Ejip te fè ak Abraram nan, t ap pase Izarak nan rizib+. 10 Se poutèt sa li di Abraram: “Voye esklav sa a ak pitit gason l lan ale, paske pitit esklav sa a pap vin eritye ansanm ak Izarak, pitit pa m nan+.” 11 Men, sa l te di Abraram sou tigason l lan pa t fè Abraram plezi ditou+. 12 Epi Bondye di Abraram: “Pa fache poutèt sa Sara di w konsènan tigason an ak esklav ou a. Koute l, paske se nan Izarak desandans* mwen pwomèt ou a ap soti+. 13 Men, m ap fè yon nasyon soti nan pitit gason esklav ou a tou+, paske se pitit* ou li ye+.”

14 Konsa, Abraram leve granmmaten, li pran pen ak yon bidon ki fèt ak po bèt ki gen dlo, li bay Aga. Li mete yo sou zepòl Aga, e li voye l ale ansanm ak tigason an+. Aga ale, e li t ap monte desann nan dezè Beyècheba a+. 15 Lè dlo ki te nan bidon an te fini, li te met tigason an anba youn nan ti pyebwa ki te la yo. 16 Apre sa, l al chita poukont li nan distans yon moun ka tire yon flèch, paske li te di: “Mwen pa ta renmen wè tigason an k ap mouri.” Se sa k fè li t al chita nan yon distans, li te pran rele byen fò e li te tonbe kriye.

17 Lè sa a, Bondye te tande vwa tigason an+ k ap kriye, e yon zanj Bondye te rele Aga detan nan syèl la, li di l+: “Sa w genyen, Aga? Ou pa bezwen pè, paske Bondye tande vwa tigason an kote l ye a. 18 Leve, pran tigason an, epi soutni l ak men w, paske m ap fè l vin yon gwo nasyon+.” 19 Apre sa, Bondye fè l wè yon pi. L al ladan l, li plen bidon ki fèt ak po bèt la dlo e li bay tigason an bwè. 20 Bondye te avèk tigason an+ pandan l t ap grandi. Li te rete nan dezè a e li te vin konn tire flèch. 21 Li te abite nan Dezè Paran+ e manman l te chèche yon madanm nan peyi Ejip pou li.

22 Nan moman sa a, Abimelèk ki te ansanm ak Pikòl, chèf lame l la, di Abraram: “Nou wè Bondye avè w nan tout sa w ap fè+. 23 Se poutèt sa, mwen mande w pou w fè sèman devan Bondye ou pap twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen, ni pitit pitit mwen, e w ap aji avè m ak moun peyi kote w rete a menm jan m te montre lanmou fidèl pou ou+.” 24 Lè sa a, Abraram di: “Wi, mwen fè sèman.”

25 Men, Abraram te pote Abimelèk plent pou yon pi li genyen sèvitè Abimelèk yo te sezi ak gwo ponyèt+. 26 Abimelèk reponn: “Mwen pa konn kiyès ki fè sa. Ou pa t di m anyen e m pa t tande anyen sou sa pou jis jodi a.” 27 Lè sa a, Abraram pran mouton ak bèf li bay Abimelèk, epi yo toule de fè yon alyans. 28 Lè Abraram te mete sèt femèl mouton apa nan twoupo a, 29 Abimelèk mande Abraram: “Poukisa w mete sèt femèl mouton sa yo apa?” 30 Li reponn: “W ap aksepte sèt femèl mouton sa yo nan men m kòm yon prèv ki montre se mwen ki te fouye pi sa a.” 31 Se poutèt sa li te rele zòn sa a Beyècheba*+, paske se la yo toule de te fè sèman. 32 Konsa, yo te fè yon alyans+ Beyècheba. Apre sa, Abimelèk ansanm ak Pikòl, chèf lame l la, leve e yo retounen nan peyi moun Filisti yo+. 33 Annapre, Abraram plante yon pye tamaris* Beyècheba e li louwe non Jewova+, Bondye ki la pou toutan an+, nan zòn sa a. 34 Epi, Abraram te rete pandan anpil tan* nan peyi moun Filisti yo+.

22 Apre sa, vrè Dye a te teste Abraram+ lè l te di l: “Abraram!” Li reponn: “Men mwen!” 2 Epi Bondye di l: “Tanpri, pran Izarak+, pitit gason w lan, sèl pitit ou renmen anpil la+, al nan peyi Moriya+, epi ofri l kòm sakrifis sou youn nan mòn m ap montre w yo.”

3 Konsa, Abraram leve granmmaten, li sele bourik li e li pran de nan sèvitè l yo avè l, ansanm ak Izarak, pitit gason l lan. Li koupe bwa pou sakrifis la, epi li deplase pou l ale kote vrè Dye a te di l la. 4 Sou twazyèm jou a, Abraram leve je l, li wè kote a nan yon bèl distans. 5 Lè sa a, Abraram di sèvitè l yo: “Nou menm, nou mèt ret la ak bourik la, mwen menm ak tigason an nou pral lòtbò a pou n al adore Bondye epi n ap retounen vin jwenn nou.”

6 Konsa, Abraram pran bwa pou sakrifis la, li mete l sou zepòl Izarak, pitit gason l lan. Epi li pran dife ak yon kouto*, e yo toule de t ap mache ansanm. 7 Lè sa a, Izarak di Abraram, papa li: “Papa!” Li reponn: “Wi, pitit mwen!” Epi Izarak di: “Mwen wè dife ak bwa, men kote mouton pou sakrifis la?” 8 Abraram reponn li: “Se Bondye k ap bay mouton pou sakrifis la+, pitit mwen.” E yo toule de te kontinye mache ansanm.

9 Finalman, yo rive kote vrè Dye a te montre Abraram nan, epi Abraram fè yon lotèl nan zòn nan, li ranje bwa a sou li. Li mare ni men ni pye Izarak, pitit gason l lan, li mete l sou bwa ki sou lotèl la+. 10 Epi, Abraram lonje men l, li pran kouto a* pou l touye pitit gason l lan+. 11 Men, yon zanj Jewova rele l detan nan syèl la, li di l: “Abraram! Abraram!” Li reponn: “Men mwen!” 12 Ansuit, zanj lan di: “Pa fè tigason an mal e pa fè l anyen menm, paske kounye a mwen konnen ou gen lakrentif pou Bondye, piske ou pa refize m pitit gason w lan, sèl pitit ou a+.” 13 Lè sa a, Abraram leve je l, pi devan l lan te gen yon mal mouton kòn li te pran nan yon ti touf bwa. Abraram ale li pran mouton an e li ofri l kòm sakrifis nan plas pitit gason l lan. 14 Epi, Abraram rele zòn sa a Jewova-jire*. Se poutèt sa jis jodi a yo di: “Nan mòn Jewova a, L ap bay sa ki nesesè a+.”

15 Epi, zanj Jewova a rele Abraram yon dezyèm fwa detan nan syèl la, 16 li di l: “Men sa Jewova di+: ‘Mwen fè sèman sou tèt mwen, piske ou te fè sa m mande w la e w pa t refize m pitit gason w lan, sèl pitit ou a+, 17 san mank m ap beni w e san mank m ap fè desandan w yo* vin anpil tankou zetwal nan syèl la e tankou grenn sab bò lanmè+. Desandan w yo* pral pran vil* ènmi yo genyen yo+. 18 Grasa desandans* ou+, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon, paske w koute vwa m+.’”

19 Apre sa, Abraram retounen kot sèvitè l yo, epi yo pran wout pou yo tounen Beyècheba+. Abraram te kontinye abite Beyècheba.

20 Annapre, yo te vin di Abraram: “Milka tou fè plizyè pitit gason pou Nawò+, frè w la. 21 Ouz se premye a, Bouz se dezyèm nan, e li gen Kemouwèl ki vin papa Aram, 22 epi li gen Kesèd, Azo, Pildach, Jidlaf ak Betwèl+.” 23 Betwèl se te papa Rebeka+. Milka te fè toule uit pitit sa yo pou Nawò, frè Abraram nan. 24 Nawò te gen yon madanm sou kote ki te rele Rewouma ki te fè plizyè pitit gason tou, non yo se te Teba, Garam, Tayach ak Maaka.

23 Sara te viv 127 an+. 2 Epi, Sara mouri Kiriyataba+, sa vle di Ebwon+, nan peyi Kanaran+. Abraram te nan lapenn pou Sara e li te kriye pou li. 3 Annapre, Abraram deplase kite mò a, l al pale ak pitit Èt yo+, li di yo: 4 “Mwen se yon etranje ki vin abite nan mitan nou+. Fè m jwenn yon moso tè bò kote nou an pou m gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri, yon fason pou m ka pran mò m nan pou m al antere l.” 5 Lè sa a, pitit Èt yo reponn Abraram: 6 “Koute sa n ap di w la mèt, se yon chèf Bondye chwazi* ou ye nan mitan nou+. Ou gendwa chwazi kote w pi renmen nan zòn kote nou konn antere mò nou yo pou w antere mò w la. Pa gen youn nan nou k ap refize ba w zòn sa a pou anpeche w antere mò w la.”

7 Apre sa, Abraram koube byen ba devan moun ki nan zòn nan, pitit Èt yo+, 8 li di yo: “Si nou* dakò ban m yon kote pou m al antere mò m nan, ebyen koute sa m ap di nou an epi ankouraje Efwon, pitit gason Zora a, 9 pou l vann mwen gwòt Makpela a ki pou li a. Se nan lizyè jaden l lan li ye. Mwen ta renmen l vann mwen li devan nou pou lajan li vo a+ pou m ka gen yon kote pou m antere moun mwen genyen ki mouri+.”

10 Twouve, Efwon te chita ansanm ak pitit Èt yo. Lè sa a, Efwon, yon moun nan fanmi Èt, reponn Abraram devan pitit Èt yo ki t ap koute e devan tout moun ki te nan pòtay vil la+, li di: 11 “Non, mèt mwen. Koute m. Mwen ba w ni tè a ni gwòt ki ladan l lan. Mwen ba ou yo devan moun mwen yo. Ou mèt al antere mò w la.” 12 Lè sa a, Abraram koube byen ba devan moun ki nan zòn nan 13 e li di Efwon devan moun ki t ap tande yo: “Tanpri, koute m. M ap ba w lajan tè a vo a. Pran l nan men m pou m ka antere mò m nan nan zòn sa a.”

14 Epi, Efwon di Abraram: 15 “Mèt mwen, koute sa m ap di w la. Tè sa a vo 400 chekèl* ann ajan, ki sa sa reprezante ant mwen menm avè w? Ou mèt al antere mò w la.” 16 Abraram dakò ak Efwon, li bay Efwon kantite lajan li te di a devan pitit Èt yo, 400 chekèl ann ajan, selon jan moun k ap vann yo abitye peze lajan+. 17 Se konsa, jaden Efwon te gen Makpela ki toupre Mamre a, tè ki gen gwòt ladan l lan ak tout pyebwa ki nan lizyè tè a, te vin 18 pwopriyete Abraram, yon pwopriyete li te achte devan pitit Èt yo e devan tout moun ki te nan pòtay vil la. 19 Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan gwòt ki nan tè Makpela a, toupre Mamre, sa vle di Ebwon, nan peyi Kanaran. 20 Konsa, pitit Èt yo te pase tè a ak gwòt ki ladan l lan bay Abraram pou l antere moun li genyen ki mouri+.

24 Abraram te vin granmoun, li te gen yon bon ti laj, e Jewova te beni l nan tout bagay+. 2 Abraram te di sèvitè l la, sa ki te pi granmoun ki lakay li a e ki te responsab tout byen l yo+: “Tanpri, mete men w anba kuis* mwen, 3 m ap fè w fè sèman devan Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la e ki gen pouvwa sou tè a, pou w pa chwazi yon madanm pou pitit mwen an pami medam Kanaran yo, moun peyi kote m abite a+. 4 Okontrè, ou dwe al nan peyi m, kot fanmi m+, pou w chwazi yon madanm pou Izarak, pitit mwen an.”

5 Men, sèvitè a di l: “Bon, e si fi a pa vle vin avè m isit la? Èske m dwe fè pitit ou a retounen nan peyi kote w soti a+?” 6 Epi, Abraram di l: “Veye pou w pa pran pitit mwen mennen lòtbò a+. 7 Jewova, Bondye k ap dirije nan syèl la, ki te pran m lakay papa m, nan peyi fanmi m+, ki te pale avè m e ki te fè sèman ban mwen, lè l te di m+: ‘M ap bay desandan w yo*+ peyi sa a+’, li menm l ap voye zanj li devan w+ e san mank w ap chwazi yon madanm nan zòn sa a pou pitit mwen an+. 8 Men, si fi a pa vle vin avè w, sèman sa a pap sou do w ankò. Men, pinga w mennen pitit mwen an lòtbò a!” 9 Lè sa a, sèvitè a mete men l anba kuis Abraram, mèt li, e li fè sèman ba li l ap fè sa l di l la+.

10 Apre sa, sèvitè a pran dis chamo nan chamo mèt li genyen yo, e li derape. Li ale ak tout kalite bon bagay mèt li ba li. Epi l al Mezopotami, nan vil kote Nawò abite a. 11 Li fè chamo yo met ajenou bò yon pi ki pa deyò vil la. Lè sa a, li t apral aswè, se te nan moman medam yo te konn soti al pran dlo. 12 Epi, li di: “Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, tanpri, fè sa mache pou mwen jodi a, epi montre lanmou ki fidèl ou gen pou Abraram, mèt mwen an. 13 Men m kanpe toupre yon sous dlo e pitit fi mesye yo nan vil la ap vin pran dlo. 14 Jèn fi mwen di: ‘Tanpri, desann krich ou a pou m bwè yon ti dlo’, epi ki reponn mwen: ‘Ou mèt bwè, e m pral bay chamo w yo dlo tou’, konnen se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè w la, e konsa w ap montre m ou gen lanmou ki fidèl pou mèt mwen an.”

15 Li potko menm fin pale lè Rebeka ki pitit fi Betwèl+ te sot nan vil la ak yon krich sou zepòl li. Betwèl se te yon pitit gason Milka+ ki te madanm Nawò+, frè Abraram. 16 Twouve, jèn fi a te bèl anpil, li te vyèj, e pa t gen okenn gason ki te antre nan relasyon avè l. Li desann nan sous la, li plen krich la, lèfini li monte. 17 Lè sa a, sèvitè Abraram nan kouri al kote l, li di l: “Tanpri, ban m yon ti dlo nan krich ou a pou m bwè.” 18 Li reponn: “Bwè non, mèt mwen.” Menm kote a, li kouri desann krich li a sou men l, e li ba l bwè. 19 Lè l fin ba l bwè, li di: “Mwen pral pran dlo pou chamo w yo tou jiskaske yo fin bwè.” 20 Epi, li vide krich dlo a byen vit nan yon ti basen e li kouri al pran dlo nan sous la plizyè fwa e li kontinye al pran dlo pou l bay tout chamo yo. 21 Pandan tout tan sa a, misye ret ap gade l san l pa di anyen, tèlman l sezi. L ap mande tèt li si se konsa Jewova beni vwayaj li a.

22 Lè chamo yo fin bwè, mesye a rale yon zanno lò pou moun met nan nen ki peze prèske mwatye yon chekèl* ak de braslè lò ki peze dis chekèl bay jèn fi a, 23 epi li di: “Tanpri, di m non, pitit kiyès ou ye? Èske gen plas lakay papa w pou n pase nuit lan?” 24 Li reponn li: “Mwen se pitit fi Betwèl+, yon pitit gason Milka fè ak Nawò+.” 25 Ansuit, li di: “Nou gen pay ak anpil manje bèt, epitou nou gen kote pou w pase nuit lan.” 26 Lè sa a, misye bese atè e li koube byen ba devan Jewova. 27 Epi, li di: “Louwanj pou Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, paske li pa janm sispann montre lanmou* pou mèt mwen an e li toujou fidèl ak li. Jewova gide m pou m vin lakay frè mèt mwen an.”

28 Apre sa, jèn fi a kouri al rakonte moun lakay manman l sa k rive a. 29 Twouve, Rebeka te gen yon frè l ki rele Laban+. Laban te kouri al kot mesye a ki te ret deyò a bò sous la. 30 Lè l wè zanno moun konn met nan nen yo a ak braslè yo nan men Rebeka, sè l la, e li tande pawòl sè l la rakonte l yo, lè l te di l: “Men sa mesye a te di m”, l al rankontre mesye a ki te ret kanpe bò kote chamo yo toupre sous la. 31 Lè sa a, li di: “Vini! Ou menm Jewova beni. Poukisa w ret kanpe la a? Mwen prepare kay la pou ou e mwen prepare yon kote pou chamo w yo.” 32 Konsa, misye antre nan kay la, epi Laban debarase chamo yo, li bay chamo yo pay ak manje e li bay mesye a dlo pou li menm ak moun ki avè l yo lave pye yo. 33 Men, lè yo pote manje ba li pou l manje, li di: “Mwen pap manje toutotan m pa di sa m gen pou m di a.” Epi, Laban di: “Ou mèt pale.”

34 Lè sa a, li di: “Mwen se sèvitè Abraram+. 35 Jewova beni mèt mwen an anpil. Li fè l rich anpil. Li ba l mouton ak bèf, ajan ak lò, sèvitè ak sèvant e li ba l chamo ak bourik+. 36 Mete sou sa, Sara, madanm mèt mwen an, fè yon pitit gason pou mèt mwen an nan vyeyès li+, e mèt mwen an pral bay pitit la tout sa l posede+. 37 Epi, mèt mwen an fè m fè sèman, li di m: ‘Ou pa dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an pami medam Kanaran yo, moun peyi kote m abite a+. 38 Non, men ou dwe ale lakay papa m, kot fanmi m+, e se la ou dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an+.’ 39 Men, mwen te di mèt mwen an: ‘E si fi a pa vle vin avè m+?’ 40 Li di m: ‘Jewova, Bondye m ap mache avè l la+, ap voye zanj li+ avè w e l ap beni vwayaj ou a san mank. Ou dwe chwazi yon madanm pou pitit mwen an nan fanmi m, lakay papa m+. 41 E sèman ou te fè ban mwen an pap sou do w ankò si w ale lakay fanmi m epi yo pa ba w fi a. Konsa, ou pap gen okenn chay sou do w pou sèman w te fè a+.’

42 “Lè m te rive bò sous la jodi a, men sa m te di: ‘Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye mèt mwen an, si w ap beni vwayaj mwen an, 43 men m kanpe la a bò yon sous, men sa k dwe rive lè yon jèn fi+ sot lakay li vin pran dlo. M ap di l: “Tanpri, ban m yon ti dlo nan krich ou a pou m bwè”, 44 li menm l ap di m: “Ou mèt bwè, e m pral pran dlo pou chamo w yo tou.” Ebyen, se fi sa a Jewova chwazi pou pitit mèt mwen an+.’

45 “Mwen potko menm fin di sa nan kè m, men Rebeka ki sot lakay li ak krich li sou zepòl li. Li desann pou l al pran dlo nan sous la. Lè sa a, mwen di l: ‘Tanpri, ban m yon ti dlo pou m bwè+.’ 46 Li kouri desann krich li a sou zepòl li, epi li di: ‘Ou mèt bwè+, e mwen pral bay chamo w yo dlo tou.’ Lè sa a, mwen bwè, apre sa li bay chamo yo dlo tou. 47 Annapre, mwen mande l: ‘Pitit fi kiyès ou ye?’ Li reponn: ‘Pitit fi Betwèl, yon pitit gason Nawò fè ak Milka.’ Lè sa a, mwen met zanno pou moun met nan nen yo a nan nen l, epi mwen met braslè yo nan bra l+. 48 Annapre, mwen bese atè e mwen koube byen ba devan Jewova, mwen fè louwanj pou Jewova, Bondye Abraram nan+, Bondye mèt mwen an, ki te mennen m nan bon chemen an pou m jwenn pitit fi frè mèt mwen an pou vin madanm pitit gason l lan. 49 Kounye a, di m si nou vle montre nou gen lanmou* pou mèt mwen e si nou vle montre n fidèl ak li. Men, si nou pa vle, fè m konnen, pou m konn sa pou m fè*+.”

50 Lè sa a, Laban ak Betwèl reponn: “Piske se Jewova ki fè bagay yo rive konsa, nou pa ka di w ni wi ni non. 51 Men Rebeka devan w lan, pran l al avè l pou l ka vin madanm pitit mèt ou a, jan Jewova di l la.” 52 Lè sèvitè Abraram nan tande sa yo di a, menm kote a li bese jis atè devan Jewova. 53 Epi, li rale bijou ann ajan ak bijou annò ansanm ak rad li te pote, li bay Rebeka yo. Li bay frè Rebeka a ak manman Rebeka yon pakèt bagay ki gen anpil valè. 54 Apre sa, li menm ak mesye ki te avè l yo manje epi yo bwè, yo pase nuit lan la.

Lè l leve demen maten, li di: “Voye m al jwenn mèt mwen.” 55 Lè sa a, frè Rebeka a ak manman Rebeka di: “Kite matmwazèl la rete pou omwen dis jou avèk nou. Apre sa, li mèt ale.” 56 Men, li di yo: “Pa bloke m, piske nou wè Jewova beni vwayaj mwen an. Voye m ale pou m al jwenn mèt mwen.” 57 Konsa, yo di: “Ann rele matmwazèl la pou n mande l sa l panse.” 58 Lè sa a, yo rele Rebeka, epi yo mande l: “Èske w vle ale ak mesye a?” Li reponn: “Wi, mwen vle ale.”

59 Konsa, yo voye Rebeka, sè yo a+, ansanm ak sèvant+ ki te konn okipe l lè l te tibebe a ale ak sèvitè Abraram nan ak mesye ki te avè l yo. 60 Epi, yo beni Rebeka e yo di l: “Sè nou, nou swete pou w vin gen plizyè milyon pitit*, e se pou desandan w yo* pran vil* moun ki rayi yo kòm byen pa yo+.” 61 Apre sa, Rebeka ak sèvant li yo leve, yo monte chamo yo, mesye a devan epi yo dèyè l. Konsa, sèvitè Abraram nan pran Rebeka l al avè l.

62 Twouve, Izarak te sot nan direksyon Beyèlarayiwòy+, paske se Negèb li te rete+. 63 Lè l pral aswè, Izarak t al fè yon ti mache nan savann nan pou l medite+. Lè l leve je l gade, li wè yon seri chamo k ap vini. 64 Kou Rebeka leve je l, li wè Izarak, li kouri desann chamo l te sou li a. 65 Epi, li mande sèvitè Abraram nan: “Ki mesye sa a ki lòtbò a k ap mache nan savann nan pou vin rankontre nou an?” Sèvitè a di l: “Se mèt mwen an.” Lè sa a, Rebeka pran yon vwal li kouvri figi l. 66 Annapre, sèvitè a rakonte Izarak tout sa l te fè. 67 Apre sa, Izarak mennen Rebeka nan tant Sara a, tant manman l lan+. Konsa, Rebeka te vin madanm li. Izarak te tonbe damou l+ e Izarak te jwenn konsolasyon apre l te fin pèdi manman l+.

25 Twouve, Abraram te vin gen yon lòt madanm ki te rele Ketoura. 2 Rive yon lè, Ketoura te vin fè Zimran, Jokchan, Medan, Madyan+, Ichbak ak Chouwa+.

3 Jokchan se te papa Cheba ak Dedan.

Pitit gason Dedan yo se te Achourim, Letouchim ak Lewoumim.

4 Pitit gason Madyan yo se te Efa, Efè, Anòk, Abida ak Èldaya.

Tout mesye sa yo se te pitit Ketoura.

5 Annapre, Abraram te bay Izarak tout sa l genyen+. 6 Men, Abraram te bay pitit li te gen ak madanm sou kote l yo anpil kado. Anvan l mouri, li te voye yo lwen Izarak+, nan direksyon solèy leve, nan peyi ki nan Lès la. 7 Abraram te viv 175 an. 8 Abraram te rann dènye souf li lè l te gen yon bon ti laj, li te viv kont li, li te gen yon bèl vi e li t al menm kote ak moun li yo*. 9 Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, te antere l nan gwòt Makpela, nan tè Efwon, pitit Zora a, yon desandan Èt, tè ki te anfas Mamre a+, 10 tè Abraram te achte nan men pitit Èt yo. Se la yo te antere Abraram bò kote madanm li, Sara+. 11 Apre lanmò Abraram, Bondye te kontinye beni Izarak, pitit li a+, e Izarak te abite toupre Beyèlarayiwòy+.

12 Men istwa lavi Izmayèl+, yon pitit Aga te fè pou Abraram. Aga+ se te moun peyi Ejip e li te sèvant Sara.

13 Men non pitit gason Izmayèl yo. Lis sa a gen non yo ak fanmi yo: premye pitit Izmayèl la se te Nebayòt+, apre sa li te gen Keda+, Adbeyèl, Mibsam+, 14 Michma, Douma, Masa, 15 Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. 16 Mesye sa yo se te pitit gason Izmayèl, e yo te 12 chèf gwoup. Kote yo rete yo ak kote ki toupre kote yo te fè miray yo te pote non yo+. 17 Izmayèl te viv 137 an, apre sa li te rann dènye souf li e li t al menm kote ak moun li yo*. 18 E pitit Izmayèl yo te kòmanse rete depi Avila+, toupre Chou+ ki kole ak peyi Ejip, rive jis Asiri. Tout frè yo te rete youn toupre lòt+.

19 Men istwa lavi Izarak, pitit Abraram nan+.

Abraram se te papa Izarak. 20 Izarak te gen 40 an lè l te marye ak Rebeka, pitit fi Betwèl+, yon moun peyi Aram ki soti Padanaram. Rebeka se te sè Laban, moun Aram nan. 21 Izarak pa t sispann sipliye Jewova pou madanm li paske madanm li pa t ka fè pitit. Jewova te reponn priyè l, epi Rebeka te vin ansent. 22 Pitit li te gen nan vant li yo t ap goumen youn ak lòt+. Se sa k fè l te di: “Si se konsa sa ye, poukisa m kontinye viv?” Epi li priye Jewova sou sa. 23 Jewova di l: “Ou gen de nasyon nan vant ou+, e de pèp ki nan vant ou yo ap divize+. Yon nasyon ap pi fò pase lòt la+ e pi gran an pral sèvi pi piti a+.”

24 Lè Rebeka t ap akouche, vrèmanvre, li te gen de pitit nan vant li. 25 Premye a soti ak kò l tou wouj. Li te tèlman gen plim sou kò l+, plim yo te tankou yon rad sou li. Se sa k fè yo te rele l Ezaou*+. 26 Apre sa, frè Ezaou a soti, e men l te kenbe talon pye Ezaou+. Se poutèt sa Izarak te rele l Jakòb*+. Izarak te gen 60 an lè Rebeka te fè pitit sa yo.

27 Lè timesye yo te vin gran, Ezaou te vin yon chasè ki fò anpil+, yon moun ki te toujou nan bwa. Jakòb li menm se te yon moun ki te san repwòch, e se nan tant li te rete+. 28 Izarak te renmen Ezaou paske l te toujou pote jibye pou li pou l manje, alòske Rebeka te renmen Jakòb+. 29 Yon lè, pandan Jakòb t ap fè yon bouyon, Ezaou te sot nan bwa a tou faya. 30 Epi, Ezaou di Jakòb: “Tanpri, fè vit ban m enpe nan bouyon wouj ou gen la a, paske m santi m faya*.” Se poutèt sa yo te rele l Edòm*+. 31 Lè sa a, Jakòb di: “Vann mwen dwa w genyen kòm premye pitit la anvan+!” 32 Epi, Ezaou di: “Se mouri m ap mouri la a! Ki sa dwa m genyen kòm premye pitit la itil mwen?” 33 Jakòb di l: “Sèmante ban mwen anvan!” Epi, li sèmante ba li e li vann li dwa l genyen kòm premye pitit la+. 34 Apre sa, Jakòb bay Ezaou pen ak bouyon pwa*, li manje, li bwè epi li leve l ale. Konsa, Ezaou te meprize dwa li te genyen kòm premye pitit la.

26 Twouve, te vin gen yon gwo grangou nan peyi a, apre premye gwo grangou ki te genyen nan epòk Abraram nan+. Se sa k fè Izarak t al Gera, kot Abimelèk, wa peyi Filisti a. 2 Lè sa a, Jewova te parèt devan Izarak epi li di l: “Pa desann ann Ejip. Rete nan peyi kote m montre w la. 3 Ou dwe rete nan peyi sa a kòm etranje+. M ap toujou avèk ou e m ap beni w, piske m ap bay ni ou menm ni desandan w yo* tout peyi sa yo+ e m ap respekte sèman mwen te fè bay Abraram, papa w la+: 4 ‘Wi, m ap fè w gen anpil anpil desandan* tankou zetwal nan syèl la+ e m ap ba yo tout peyi sa yo+. Grasa desandan w yo*, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon+’, 5 paske Abraram te koute vwa m e li te kontinye obeyi lòd mwen yo, kòmandman m yo, desizyon m yo ak lwa m yo+.” 6 Konsa, Izarak te kontinye abite Gera+.

7 Lè mesye nan zòn nan t ap plede poze l kesyon sou madanm li, li te di: “Li se sè m+.” Li te pè di: “Li se madanm mwen.” Paske, men sa l te di tèt li: “Mesye yo nan zòn nan ka touye m poutèt Rebeka”, piske se yon fi ki te bèl anpil+. 8 Apre yon tan, Abimelèk, wa peyi Filisti a, t ap gade nan fenèt lakay li e li te wè Izarak ki t ap bay Rebeka, madanm li, afeksyon+. 9 Menm kote a, Abimelèk rele Izarak, li di l: “Apa se madanm ou li ye! Poukisa w te di: ‘Li se sè m’?” Lè sa a, Izarak di l: “Mwen te di sa paske m te pè pou yo pa touye m pou li+.” 10 Epitou, Abimelèk di l: “Sa w fè nou la a+? Youn nan mesye yo te ka byen pran madanm ou li kouche avè l, e w t ap lakòz nou peche+.” 11 Annapre, Abimelèk bay tout pèp la lòd, li di: “Nenpòt moun ki manyen mesye sa a oswa madanm li, m ap fè touye l san mank!”

12 Epi, Izarak te kòmanse fè jaden nan peyi a, e nan menm ane a, li te rekòlte 100 fwa lavalè sa l te plante, paske Jewova te beni l+. 13 Misye te vin gen anpil byen e afè l te kontinye ap byen mache jiskaske l te vin rich anpil. 14 Li te vin gen plizyè twoupo mouton, yon bann ak yon pakèt bèf ak anpil sèvitè+, e moun peyi Filisti yo vin rayi l pou sa l genyen.

15 Se poutèt sa moun peyi Filisti yo te pran tè e yo te bouche tout pi sèvitè Abraram, papa l, te fouye lè Abraram te la+. 16 Epi, Abimelèk di Izarak: “Sot nan zòn nou an, paske ou vin gen plis fòs lontan pase nou.” 17 Konsa, Izarak te kite zòn nan, li t al monte tant li nan Vale Gera+, epi li rete la. 18 Annapre, Izarak te refouye pi yo te fouye nan epòk Abraram, papa l, te la, pi moun peyi Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram+. Li te bay pi sa yo menm non papa l te ba yo a+.

19 Lè sèvitè Izarak yo t ap fouye pi nan vale a, yo te jwenn youn ki te gen dlo dous ladan l. 20 Gadò mouton nan Gera yo te pete gwo diskisyon ak gadò mouton Izarak yo, yo t ap di: “Se pou nou dlo a ye!” Se sa k fè, Izarak te rele pi a Esèk*, paske yo te pete yon gwo diskisyon avè l. 21 Sèvitè Izarak yo t al fouye yon lòt pi, e moun yo te pete yon gwo diskisyon ak Izarak pou pi sa a tou. Se sa k fè li te rele pi a Sitna*. 22 Annapre, Izarak kite zòn sa a e li fouye yon lòt pi. Men, yo pa t fè kont avè l pou pi sa a. Se sa k fè li te rele pi a Reyobòt*, epi li di: “Se paske Jewova ban nou anpil espas kounye a e li fè nou vin anpil nan peyi a+.”

23 Apre sa, li kite zòn nan li monte l al Beyècheba+. 24 Nan menm jou sa a, Jewova te parèt devan l nan nuit e li di l: “Mwen se Bondye Abraram nan+, Bondye papa w la. Ou pa bezwen pè+, paske m avè w, m ap beni w e m ap fè desandan w yo* vin anpil poutèt Abraram, sèvitè m nan+.” 25 Konsa, Izarak te bati yon lotèl nan zòn nan, li te louwe non Jewova+. Epi li monte tant li la+, e sèvitè l yo fouye yon pi nan zòn nan.

26 Annapre, Abimelèk te vin sot Gera ak Awouzat, konseye pèsonèl li, ansanm ak Pikòl, chèf lame l la+. 27 Lè sa a, Izarak di yo: “Poukisa nou vin kote m, piske nou te rayi m e nou te mete m deyò nan zòn nou an?” 28 Yo reponn li: “Nou wè byen klè Jewova avè w+. Se sa k fè nou te di: ‘Se pou nou menm avè w fè yon sèman e se pou nou fè yon alyans avè w+, 29 pou w pa fè nou anyen ki mal menm jan nou pa t fè w anyen ki mal, piske se byen sèlman nou te fè pou ou lè nou te voye w ale anpè. Kounye a, ou se yon moun Jewova beni.’” 30 Epi, Izarak fè yon fèt pou yo, epi yo manje, yo bwè. 31 Yo leve granmmaten, Izarak avèk yo te fè sèman youn bay lòt+. Apre sa, Izarak voye yo ale, epi y al fè wout yo anpè.

32 Jou sa a, sèvitè Izarak yo te vin ba l rapò sou pi yo te fouye a+, yo te di l: “Nou jwenn dlo!” 33 Se sa k fè li te rele pi a Chiba. Se poutèt sa yo rele vil la Beyècheba+ jis jounen jodi a.

34 Lè Ezaou te gen 40 an, li te pran Jidit, pitit fi Beyeri, yon desandan Èt, ak Basmat, pitit fi Elon, yon lòt desandan Èt, kòm madanm li+. 35 Izarak ak Rebeka te tris anpil akoz medam sa yo+.

27 Twouve, lè Izarak te fin granmoun nèt e li pa t ka wè ankò, li rele Ezaou+, pi gran pitit gason l lan: “Pitit gason m!” Ezaou reponn: “Men mwen!” 2 Epi, li di l: “Kounye a, mwen fin granmoun. Mwen pa konn ki jou m ap mouri. 3 Ebyen, kounye a, pran banza* ou konn al lachas la ak sak flèch ou, epi al nan savann nan pou w al chase jibye pou mwen+. 4 Apre sa, fè yon ti manje byen gou, jan m renmen l lan, lèfini pote l ban mwen. Konsa, m ap manje l epi m* ap beni w anvan m mouri.”

5 Twouve, Rebeka t ap koute pandan Izarak t ap pale ak Ezaou, pitit li. Ezaou t al chase jibye nan savann nan pot vini+. 6 Rebeka di Jakòb, pitit gason l lan+: “Mwen fèk sot tande papa w ap pale ak Ezaou, frè w la, li di l: 7 ‘Pote jibye pou mwen epi fè yon ti manje byen gou pou mwen. Apre sa, kite m manje pou m ka beni w devan Jewova anvan m mouri+.’ 8 Kounye a, pitit mwen, koute m byen e fè sa m pral di w la+. 9 Tanpri, al nan patiraj la, pran de nan jenn ti kabrit ki pi gra yo pot ban mwen pou m ka fè yon ti manje byen gou pou papa w, jan l renmen l lan. 10 Apre sa, pote l bay papa w pou l manje, pou l ka beni w anvan l mouri.”

11 Jakòb di Rebeka, manman l: “Men w konnen Ezaou, frè m nan, se yon moun ki plen plim sou kò l+, alòske po m lis. 12 Ki sa m ap fè si papa m manyen m+? Lè sa a, se sèten m ap sanble yon moun k ap pase l nan rizib e se malediksyon m ap rale sou mwen olye m jwenn benediksyon.” 13 Epi, manman l di l: “Se sou mwen pou malediksyon an tonbe, pitit mwen. Annik fè sa m di a, al chèche ti kabrit yo pot ban mwen+.” 14 Konsa, l ale, li pran yo pot bay manman l, epi manman l fè yon manje ki byen gou, jan papa l renmen l lan. 15 Apre sa, Rebeka pran pi bon rad Ezaou, pi gran pitit gason l lan, te gen nan kay la met sou Jakòb, pi piti pitit gason l lan+. 16 Epitou, li mete po ti kabrit yo sou men Jakòb ak kote ki pa t gen plim bò kou l yo+. 17 Apre sa, li bay Jakòb, pitit gason l lan, manje a ki te byen gou ansanm ak pen li te fè+.

18 Epi, Jakòb antre kot papa l, li di: “Papa!” Lè sa a, li reponn: “Men mwen! Kiyès ou ye, pitit gason m?” 19 Jakòb di papa l: “Se Ezaou, premye pitit ou a+. Mwen fè jan w te di m nan. Tanpri, leve chita pou w manje nan jibye m nan, pou w* ka beni m+.” 20 Lè sa a, Izarak di pitit gason l lan: “Kòman w fè jwenn li vit konsa, pitit mwen?” Li reponn: “Paske se Jewova, Bondye w la, ki fè m jwenn li.” 21 Epi, Izarak di Jakòb: “Tanpri, pwoche pou m ka manyen w, pitit gason m, pou m ka konnen si w se Ezaou, pitit gason m nan, vre+.” 22 Lè sa a, Jakòb pwoche kot Izarak, papa l. Epi, Izarak manyen l, apre sa, li di: “Vwa a se vwa Jakòb, men, men yo se men Ezaou+.” 23 Li pa t rekonèt si se Jakòb, paske men l te plen plim menm jan ak men Ezaou, frè l la. Se sa k fè li te beni Jakòb+.

24 Apre sa, li mande l: “Èske w se Ezaou, pitit gason m nan, vre?” Li reponn: “Se mwen menm.” 25 Epi, li di: “Pote enpe nan jibye a ban mwen pou m manje, pitit gason m, apre sa m* ap beni w.” Lè sa a, li pote l ba li, li manje, epi li pote diven ba li e li bwè. 26 Annapre, men sa Izarak, papa l, te di l: “Tanpri, pwoche kote m, epi bo m, pitit gason m+.” 27 Li pwoche kot papa l, li bo l, epi papa l pran sant rad li+. Apre sa, li beni l, li di:

“Gade! Sant pitit gason m nan menm jan ak sant savann Jewova beni an. 28 Mwen swete pou vrè Dye a fè lawouze sot nan syèl la+ pou ou e pou l fè tè a+ bay rannman ak anpil manje angren ak bon diven+. 29 Se pou pèp yo sèvi w e se pou nasyon yo bese byen ba devan w. Se pou w vin chèf frè w yo, e se pou pitit gason manman w yo bese byen ba devan w+. Malediksyon pou nenpòt moun ki mande malediksyon pou ou, e benediksyon pou nenpòt moun ki mande benediksyon pou ou+.”

30 Twouve, kou Izarak fin beni Jakòb e apèn Jakòb sot devan Izarak, papa l, Ezaou, frè l la, vin sot lachas+. 31 Li menm tou, li prepare yon manje byen gou e li pote l bay papa l. Epi, li di papa l: “Leve, papa, pou w manje nan jibye pitit gason w lan, pou w* ka beni m.” 32 Lè sa a, Izarak, papa l, di l: “Kiyès ou ye?” Li reponn: “Mwen se Ezaou, pitit gason w lan, premye pitit ou a+.” 33 Izarak kòmanse tranble anpil anpil, epi li di: “Kiyès sa a menm ki te chase jibye e ki te pote l ban mwen an? Mwen gentan manje l depi anvan w vin la a, mwen gentan beni moun nan, e l ap jwenn benediksyon an vre!”

34 Kou Ezaou tande sa papa l di a, li pran rele byen fò e li vin tris anpil, epi li di papa l: “Beni m tou non, papa+!” 35 Men, papa l di l: “Frè w la vin la a, li twonpe m, konsa li pran benediksyon ou te dwe jwenn nan.” 36 Lè Ezaou tande sa, li di: “Èske se pa poutèt sa yo rele l Jakòb*, pou l te ka pran plas mwen toule de fwa sa yo+? Li deja pran dwa m genyen kòm premye pitit la+, e kounye a, li pran benediksyon m nan+!” Apre sa, li di: “Ou pa t kite yon benediksyon pou mwen?” 37 Men, Izarak reponn Ezaou: “Mwen deja mete l chèf ou+ e mwen ba l tout frè l yo kòm sèvitè. Mwen ba li manje angren ak bon diven pou l gen sa l bezwen pou l viv+. Ki sa m ka fè pou ou la a, pitit gason m?”

38 Ezaou mande papa l: “Papa, èske se yon sèl benediksyon w genyen? Beni m tou non, papa!” Apre sa, Ezaou tonbe kriye byen fò+. 39 Men sa Izarak, papa l, reponn li:

“Gade! W ap abite lwen tè ki bay rannman yo e lawouze ki soti nan syèl la pap rive kote w ye+. 40 E se epe w k ap fè w viv+, e w ap vin sèvitè frè w la+. Men, lè w vin about, w ap kraze jouk li met sou kou w la+.”

41 Epi, Ezaou te vin rayi Jakòb akoz benediksyon papa l te bay Jakòb la+ e l te toujou ap di nan kè l: “Papa m pa lwen mouri+. Apre lanmò papa m, m ap touye Jakòb, frè m nan.” 42 Lè yo di Rebeka pawòl Ezaou, pi gran pitit gason l lan, di yo, menm kote a, li voye rele Jakòb, pi piti pitit gason l lan, epi li di l: “Gade! Ezaou, frè w la, ap chèche touye w pou l tire revanj. 43 Kounye a, pitit gason m, fè sa m ap di w la: Leve, pati al kay Laban, frè m nan, nan peyi Aran+. 44 Abite avè l pandan yon tan, jiskaske ray frè w la pase, 45 jiskaske frè w la pa an kòlè kont ou ankò e l bliye sa w te fè l la. Apre sa, m ap voye chèche w kote w ye a. Poukisa m oblije pèdi nou toule de yon sèl jou?”

46 Apre sa, Rebeka pa t sispann di Izarak: “Mwen gen degoutans ak lavi m akoz pitit fi Èt yo+. Si Jakòb ta pran yon madanm pami pitit fi Èt yo, menm jan ak medam sa yo ki nan peyi a, ebyen m mèt tou mouri+!”

28 Se konsa, Izarak rele Jakòb, li beni l e li ba l lòd, li di l: “Ou pa dwe pran yon fi nan peyi Kanaran pou vin madanm ou+. 2 Al Padanaram, lakay Betwèl, papa manman w, e se la pou w pran yon fi pami pitit fi Laban yo+, frè manman w lan, pou vin madanm ou. 3 Bondye Toupisan an ap beni w, l ap fè w gen anpil pitit, w ap peple anpil, e san mank, yon pakèt pèp ap soti nan ou+. 4 Epi l ap ba w benediksyon li te pwomèt Abraram nan+. L ap bay ni ou menm ni desandan w yo* li, pou w ka pran peyi w ap viv ladan l kòm etranje a, peyi Bondye te bay Abraram nan+.”

5 Se konsa, Izarak voye Jakòb ale. Jakòb ale Padanaram, lakay Laban, pitit gason Betwèl, moun Aram+, frè Rebeka+ ki manman Jakòb ak Ezaou.

6 Ezaou te wè lè Izarak te beni Jakòb, lè l te voye l Padanaram al chwazi yon fi pou vin madanm li lòtbò a, lè l te beni l e te ba l lòd, li te di l: “Pa pran yon fi nan peyi Kanaran pou vin madanm ou+”, 7 epi Jakòb te obeyi papa l ak manman l e li te pran wout pou l al Padanaram+. 8 Se lè sa a Ezaou vin wè medam Kanaran yo pa t fè Izarak, papa l, plezi+. 9 Se sa k fè Ezaou t al lakay Izmayèl, li pran Maalat, pitit fi Izmayèl, pitit gason Abraram nan, sè Nebayòt, pou vin madanm li, mete sou lòt madanm li te deja genyen yo+.

10 Jakòb kite Beyècheba, li pati l al Aran+. 11 Pandan l nan wout, li rive yon kote, li ret pase nuit lan la, paske solèy te deja kouche. Konsa, li pran youn nan wòch ki te gen nan zòn sa a, li mete l anba tèt li e li kouche la+. 12 Apre sa, li fè yon rèv, li wè yon eskalye* sou tè a e tèt eskalye a rive nan syèl la. Epitou, li wè yon seri zanj Bondye ki t ap monte desann nan eskalye a+. 13 Epi, Jewova te anlè eskalye a, li di:

“Mwen se Jewova, Bondye Abraram, zansèt ou a, e mwen se Bondye Izarak+. M ap ba w tè ou kouche sou li a e m ap bay desandan w yo* li tou+. 14 Se sèten, desandan w yo* pral tankou grenn pousyè ki sou tè a+ e w ap gaye kò w ni nan lwès, ni nan lès, ni nan nò, ni nan sid. Grasa ou e grasa desandan w yo*, tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon san mank+. 15 Mwen avè w e m ap pwoteje w kèlkeswa kote w ale e m ap fè w tounen vin abite sou tè sa a+. Mwen pap abandone w jiskaske mwen fè sa m pwomèt ou a+.”

16 Lè sa a, Jakòb leve nan dòmi an, li di: “Vrèmanvre, Jewova isit la, e mwen pa t konn sa.” 17 Li te vin pè e li te di: “Isit la se vrèman yon kote pou moun respekte! Isit la pa ka lòt bagay, se kay Bondye+ e se pòt syèl la+.” 18 Konsa, Jakòb te leve granmmaten, li pran wòch ki te anba tèt li a, li mete l kanpe tankou yon poto e li vide luil sou tèt wòch la+. 19 Se sa k fè li te rele kote sa a Betèl*. Men anvan sa, yo te rele vil la Louz+.

20 Apre sa, Jakòb fè yon pwomès, li di: “Si Bondye toujou avè m, si l pwoteje m pandan vwayaj mwen an, si l ban m manje pou m manje ak rad pou m mete, 21 e mwen tounen lakay papa m anpè, lè sa a, Jewova ap montre toutbonvre li se Bondye m. 22 Epi, wòch sa a mwen mete kanpe tankou yon poto a ap vin tounen yon kay pou Bondye+, e san mank, m ap bay Bondye yon dizyèm nan tout sa l ban mwen.”

29 Apre sa, Jakòb kontinye vwayaj la pou l al nan peyi moun ki abite nan Lès yo. 2 Epi, li wè yon pi nan savann nan ak twa twoupo mouton ki kouche toupre pi a, paske se nan pi sa a yo te konn pran dlo bay bèt yo. Te gen yon gwo wòch sou bouch pi a. 3 Lè tout mouton yo fin rasanble, gadò mouton yo woule wòch la sot sou bouch pi a e yo bay mouton yo dlo. Apre sa, yo mete wòch la nan plas li sou bouch pi a.

4 Lè sa a, Jakòb di yo: “Frè m yo, moun ki kote nou ye?” Yo reponn li: “Nou se moun Aran+.” 5 Li di yo: “Èske nou konn Laban+, pitit pitit Nawò a+?” Yo reponn li: “Wi, nou konnen l.” 6 Epi, li di yo: “Èske l byen?” Yo reponn li: “Li byen. Men Rachèl+, pitit fi l, ap vin ak mouton yo.” 7 Apre sa, li di: “Se nan mitan jounen an nou ye la a, se poko lè pou yo rasanble bèt yo. Nou mèt bay mouton yo dlo, apre sa mennen yo al manje.” 8 Lè sa a, yo di: “Nou pa gen dwa fè sa toutotan nou pa fin rasanble tout bèt yo e yo pa woule wòch la sot sou bouch pi a. Se apre sa nou bay mouton yo dlo.”

9 Pandan Jakòb t ap pale avèk yo, Rachèl vini ak mouton papa l yo, paske li te konn gade mouton. 10 Lè Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l, ak mouton Laban yo, Jakòb pwoche tousuit, epi li woule wòch la sot sou bouch pi a e li bay mouton yo dlo. 11 Apre sa, Jakòb bo Rachèl e li tonbe kriye byen fò. 12 Ansuit, Jakòb kòmanse rakonte Rachèl li se fanmi papa l e li se pitit Rebeka. Epi, Rachèl kouri al di papa l sa.

13 Kou Laban+ tande pale de Jakòb, pitit gason sè l la, li kouri al rankontre l. Li ba l akolad, li bo l, apre sa li mennen l lakay li. Epi, Jakòb kòmanse rakonte l tout sa k te pase. 14 Laban di l: “Se san m* ou ye vre.” Epi, Jakòb rete avè l pandan tout yon mwa.

15 Annapre, Laban di Jakòb: “Èske paske w se fanmi m*+, ou oblije travay avè m pou granmesi? Di m ki jan pou m peye w+?” 16 Twouve, Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya e pi piti a te rele Rachèl+. 17 Men, Leya pa t gen bèl je, tandiske Rachèl te bèl anpil e moun te renmen wè l. 18 Jakòb te tonbe damou pou Rachèl, se sa k fè l te di: “Mwen dispoze travay avè w pandan setan pou Rachèl, pi jèn pitit fi w la+.” 19 Lè sa a, Laban di: “Mwen pito ba ou l pase m bay yon lòt gason l. Kontinye rete ansanm avè m.” 20 Jakòb te travay pandan setan pou Rachèl+. Men, pou li, se te tankou kèk jou sèlman paske li te renmen Rachèl.

21 Annapre, Jakòb di Laban: “Ban mwen l pou m marye avè l e pou m antre nan relasyon avè l, paske tan m te gen pou m travay pou ou a fini.” 22 Lè sa a, Laban reyini tout moun nan zòn nan, epi li fè yon nòs. 23 Men, pandan nuit lan, Laban te pito pran Leya, pitit fi l, mennen bay Jakòb pou l antre nan relasyon avè l. 24 Li te bay Leya Zilpa kòm sèvant+. 25 Nan demen maten, lè Jakòb gade, li wè se Leya. Se sa k fè li te di Laban: “Sa w fè m la a? Èske se pa pou Rachèl mwen te travay pou ou? Poukisa w twonpe m+?” 26 Laban reponn li: “Se pa abitid nou bò isit la pou nou bay fi ki pi piti a anvan pi gran an. 27 Fin pase semèn nan ak dam sa a, apre sa, m ap ba w lòt dam nan tou. Men, fò w fè setan ap travay pou mwen ankò+.” 28 Jakòb fè sa l mande l la, li pase semèn nan ak dam nan. Apre sa, Laban ba l Rachèl, pitit fi l, pou vin madanm li. 29 Mete sou sa, Laban pran Bila+, sèvant li, li fè l vin sèvant Rachèl, pitit fi l la+.

30 Jakòb te antre nan relasyon ak Rachèl tou. Li te pi renmen Rachèl pase Leya e li te travay pou Laban pandan setan ankò+. 31 Lè Jewova wè Jakòb pa t renmen* Leya, li te pèmèt Leya vin ansent*+, men Rachèl pa t ka fè pitit+. 32 Konsa, Leya te vin ansent, li te fè yon pitit gason e li te rele l Ribenn*+. Se sa k fè l te di: “Se paske Jewova wè mizè m+. Kounye a, mari m pral kòmanse renmen m.” 33 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon pitit gason. Epi, li di: “Se paske Jewova t ap koute, li wè yo pa renmen m, ki fè l ban m pitit sa a tou.” Epi, li te rele pitit la Simeyon*+. 34 Li vin ansent yon lòt fwa ankò e li fè yon pitit gason. Li di: “Kounye a, mari m ap atache avè m fwa sa a, paske mwen fè twa pitit gason pou li.” Se sa k fè li te rele pitit la Levi*+. 35 Li vin ansent yon lòt fwa ankò e li fè yon pitit gason. Li di: “Fwa sa a, m ap bay Jewova louwanj.” Se sa k fè li te rele pitit la Jida*+. Apre sa, li sispann fè pitit.

30 Lè Rachèl wè li pa fè pitit pou Jakòb, li vin jalou sò sè l la e li kòmanse ap di Jakòb: “Se pou w ban m pitit. Si w pa ban m pitit, m ap mouri.” 2 Lè sa a, Jakòb vin fache anpil sou Rachèl, li di l: “Èske m se Bondye? Èske se mwen ki anpeche w fè pitit?” 3 Epi, Rachèl di l: “Men Bila, sèvant mwen an+. Antre nan relasyon avè l, konsa pitit l ap fè yo ap pou mwen e grasa li m ap gen pitit tou.” 4 Se konsa, li bay Jakòb Bila, sèvant li an, kòm madanm, e Jakòb te kouche avè l+. 5 Bila te vin ansent e li te vin fè yon pitit gason pou Jakòb. 6 Lè sa a, Rachèl di: “Bondye montre li se jij mwen e li koute vwa m tou, paske li ban m yon pitit gason.” Se sa k fè li te rele pitit la Dann*+. 7 Bila, sèvant Rachèl la, te vin ansent ankò e li te vin fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. 8 Lè sa a, Rachèl di: “Mwen fè yon gwo lit ak sè m nan e se mwen ki genyen!” Se sa k fè li te rele pitit la Neftali*+.

9 Lè Leya wè li pa fè pitit ankò, li pran Zilpa, sèvant li an, li bay Jakòb li kòm madanm+. 10 Epi, Zilpa, sèvant Leya a, te fè yon pitit gason pou Jakòb. 11 Lè sa a, Leya di: “Bagay yo byen mache pou mwen!” Se sa k fè li te rele pitit la Gad*+. 12 Apre sa, Zilpa, sèvant Leya a, te vin fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. 13 Lè sa a, Leya di: “Se pa ti kontan m kontan! Paske medam yo pap manke pa di jan m kontan+.” Se sa k fè li te rele pitit la Achè*+.

14 Twouve, nan epòk yo t ap fè rekòt ble, pandan Ribenn+ t ap mache, li te jwenn kèk mandragò* nan savann nan. Epi, li pote yo bay Leya, manman l. Lè sa a, Rachèl di Leya: “Tanpri, fè m kado kèk nan mandragò pitit gason w lan.” 15 Leya reponn li: “Sa pa ase pou ou pou w pran mari m+? Èske kounye a ou vle pran mandragò pitit gason m nan pote yo tou?” Rachèl di: “Pa gen pwoblèm. L ap kouche avè w aswè a pou mandragò pitit gason w lan.”

16 Nan aprèmidi, kou Jakòb sot nan patiraj, Leya soti al rankontre l e li di l: “Se avè m w ap antre nan relasyon aswè a, paske se ak mandragò pitit gason m nan mwen achte w.” Se sa k fè li te kouche avè l nuit sa a. 17 Bondye te tande priyè Leya e li te reponn li. Leya te vin ansent e li te vin fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. 18 Lè sa a, Leya di: “Bondye ban m yon rekonpans*, paske mwen te bay mari m sèvant mwen an.” Se sa k fè li te rele pitit la Isaka*+. 19 Leya te vin ansent yon lòt fwa ankò e li te vin fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb+. 20 Apre sa, Leya di: “Bondye fè m yon bèl kado, wi, mwen menm. Anfen, mari m ap aksepte m plis*+ paske mwen fè sis pitit gason pou li+.” Se sa k fè li te rele pitit la Zabilon*+. 21 Annapre, li te fè yon pitit fi, li te rele l Dina+.

22 Finalman, Bondye te sonje Rachèl, epi li te tande priyè l, li te reponn li e li te pèmèt li vin ansent*+. 23 Epi, li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè sa a, li di: “Bondye retire imilyasyon m+!” 24 Se sa k fè li te rele pitit la Jozèf*+, e li te di: “Jewova ban m yon lòt pitit gason.”

25 Apre Rachèl fin fè Jozèf, san pèdi tan, Jakòb di Laban: “Voye m ale pou m al lakay mwen, nan peyi m+. 26 Ban m madanm mwen yo mwen te travay pou yo a, ansanm ak pitit mwen yo, pou m ale. Paske ou konnen byen jan m te travay pou ou+.” 27 Lè sa a, Laban di l: “M ap mande w, tanpri, pou w ret avè m. Mwen wè siy ki montre jan Jewova beni m poutèt ou menm.” 28 Epi, li di: “Di m ki jan pou m peye w e m ap peye w+.” 29 Jakòb di l: “Ou konnen jan m te travay pou ou, jan bèt ou yo te vin anfòm nan men m+. 30 Ou pa t gen anpil bèt anvan m te vin isit la, men kounye a, yo vin anpil, yo fè anpil pitit, e Jewova beni w depi lè m vin lakay ou a. Bon, ki lè m ap fè yon bagay pou fanmi pa m+?”

31 Apre sa, Laban di l: “Ki sa pou m ba ou?” Jakòb reponn li: “Ou pa bezwen ban m anyen. Gen yon sèl bagay, depi w fè l pou mwen m ap kontinye pran swen bèt ou yo e m ap veye sou yo+. 32 M ap pase nan mitan tout twoupo bèt ou yo jodi a. Tout mouton ki takte, tout sa ki pentle, tout sa ki mawon fonse pami ti mal mouton yo ak tout femèl kabrit ki pentle oswa ki takte, w ap mete yo apa. Apati jodi a, se yo w ap ban m pou travay mwen fè pou ou+. 33 Si yon lè ou ta vin gade bèt ou ban m pou travay mwen fè pou ou yo, w ap wè mwen se yon moun ki dwat*. Tout femèl kabrit ki pa takte e ki pa pentle ak tout ti mal mouton ki pa mawon fonse ou ta jwenn pami bèt mwen yo, konnen se vòlè m vòlè yo.”

34 Lè sa a, Laban di: “Ou byen pale! Ann fè sa w di a+.” 35 Depi jou sa a, Laban pran tout bouk kabrit ki gen tras sou yo ak sa ki pentle ak tout femèl kabrit ki takte ak sa ki pentle, tout ti mal mouton ki gen plim blan sou yo ak tout sa ki mawon fonse yo, li bay pitit gason l yo gade yo. 36 Apre sa, Laban kite Jakòb, li fè twa jou ap mache pou l al yon kote ak bèt li yo, e Jakòb t ap pran swen rès bèt Laban yo.

37 Annapre, Jakòb koupe branch pye stiraks*, branch zanmann ak branch platàn*, li dekale kèk ti pati ladan yo pou l fè yon seri ti mak blan parèt ladan yo. 38 Epi, li mete ti moso bwa li te dekale yo devan twoupo bèt yo nan rigòl kote bèt yo te konn vin bwè dlo yo, yon fason pou yo te ka vin an chalè devan ti moso bwa sa yo lè yo vin bwè dlo.

39 Se konsa, bèt yo te vin an chalè devan ti moso bwa yo e twoupo bèt yo te fè pitit ki gen tras sou yo, ki takte e ki pentle. 40 Apre sa, Jakòb te mete ti mal mouton yo apa e li te fè twoupo bèt yo bay fas yo sou bèt ki gen tras sou yo ak tout bèt ki mawon fonse ki nan twoupo Laban yo. Epi, li te mete twoupo pa l yo apa, li pa t mele yo ak pa Laban yo. 41 Chak fwa bèt ki pi anfòm yo t apral an chalè, Jakòb te mete ti moso bwa yo nan rigòl yo devan je bèt yo, pou yo ka vin an chalè toupre ti moso bwa yo. 42 Men, lè bèt yo pa t anfòm, li pa t mete ti moso bwa yo devan yo. Se sa k fè, bèt ki pa t anfòm yo te toujou pou Laban, men sa ki te anfòm yo te vin pou Jakòb+.

43 Jakòb te vin rich anpil. Li te vin gen anpil gwo twoupo bèt, li te vin gen sèvitè ak sèvant e li te vin gen anpil chamo ak anpil bourik+.

31 Yon lè, Jakòb te vin aprann sa pitit gason Laban yo t ap di. Yo te di: “Jakòb pran tout sa papa nou te genyen, e se nan byen papa nou yo li ranmase tout richès sa a+.” 2 Lè Jakòb te gade figi Laban, li te wè fason li te konn ye avè l chanje+. 3 Rive yon lè, Jewova di Jakòb: “Tounen nan peyi zansèt ou yo, al jwenn fanmi w+, e m ap toujou avè w.” 4 Lè sa a, Jakòb voye di Rachèl ak Leya pou yo vin kote l nan patiraj kote bèt li yo ye a, 5 epi li di yo:

“Mwen wè jan papa nou te ye avè m nan li pa konsa ankò+. Men, Bondye papa m ap sèvi a avè m+. 6 Nou konnen byen mwen te travay pou papa nou ak tout fòs mwen+. 7 Papa nou twonpe m, li chanje sa pou l te peye m nan dis fwa. Men, Bondye pa t kite l fè m mechanste. 8 Lè Laban te di: ‘Tout bèt takte yo ap pou ou pou travay ou fè’, ebyen, tout twoupo a tonbe fè bèt takte. Men, lè l te di: ‘Tout bèt ki gen tras yo ap pou ou pou travay ou fè’, ebyen tout twoupo a tonbe fè bèt ki gen tras sou yo+. 9 Bondye te kontinye pran twoupo papa nou an ban mwen. 10 Pa gen twò lontan, lè bèt yo te vin an chalè, mwen te fè yon rèv e mwen te wè bouk kabrit ki t ap kwaze ak femèl yo te gen tras sou yo, genyen ki te takte e genyen ki te pentle+. 11 Lè sa a, pandan m nan rèv la, gen yon zanj vrè Dye a ki rele m, li di: ‘Jakòb!’ Mwen reponn li: ‘Men mwen.’ 12 Epi, li di m: ‘Tanpri, voye je w gade e w ap wè tout bouk kabrit k ap kwaze ak femèl yo gen tras sou yo, genyen ki takte e genyen ki pentle, paske m wè tout sa Laban ap fè w pase+. 13 Mwen se vrè Dye a ki te parèt devan w lè w te Betèl la+, kote w te vide luil sou yon poto e kote w te fè m pwomès la+. Kounye a, leve, kite peyi sa a, epi tounen nan peyi w te fèt la+.’”

14 Lè sa a, Rachèl ak Leya reponn li: “Èske nou pa gen okenn eritaj lakay papa nou? 15 Èske li pa t konsidere nou kòm etranje piske l te vann nou e li sèvi ak lajan yo te ba l pou nou an+? 16 Tout richès Bondye pran nan men papa nou an, se pou nou ak pitit nou yo ye+. Se sa k fè, ou ta dwe fè tout sa Bondye di w+.”

17 Annapre, Jakòb leve, li fè pitit li yo ak madanm li yo monte chamo yo+. 18 Li pran tout twoupo l yo, tout sa l te vin genyen+ ak tout bèt li te vin genyen nan Padanaram, pou l al jwenn Izarak, papa l, nan peyi Kanaran+.

19 Pandan tan sa a, Laban t al tonn mouton l yo e Rachèl te vòlè terafim*+ papa l yo+. 20 Mete sou sa, Jakòb te fè Laban, moun Siri a, yon kou. Li t ale san l pa t di l sa. 21 Jakòb kouri kite zòn nan, li janbe Rivyè a*+, li menm ak tout sa l te genyen. Apre sa, li met tèt nan direksyon zòn ki gen mòn nan Galaad la+. 22 Annapre, sou twa jou, yo fè Laban konnen Jakòb kite zòn nan. 23 Kou l aprann sa, li pran mesye l yo, li pati dèyè Jakòb e sou sèt jou li jwenn li nan zòn ki gen mòn nan Galaad la. 24 Lè sa a, Bondye parèt lannuit devan Laban, moun Siri a+, nan yon rèv+, li di l: “Veye pou w pa pale di ak Jakòb*+.”

25 Se konsa, Laban pwoche kot Jakòb, pandan Jakòb t ap monte tant li nan mòn nan. Laban te fè mesye l yo rete nan zòn ki gen mòn nan Galaad la. 26 Epi, Laban di Jakòb: “Ki sa w fè la a? Poukisa w deside fè m kou sa a? Poukisa w pran pitit fi m yo tankou moun yo pran kòm prizonye nan lagè? 27 Poukisa w fè m kou sa a, w ale an kachèt san w pa di m anyen? Si w te di m sa, mwen t ap voye w ale ak kè kontan, nou t ap chante, nou t ap bat tanbouren e nou t ap jwe hap* pou ou. 28 Men, ou pa t ban m chans pou m bo pitit pitit* mwen yo ak pitit fi m yo. Se bagay moun sòt ou fè la a! 29 Mwen te ka fè w mechanste, men Bondye papa w ap sèvi a te pale avè m yè swa nan yon rèv, li di m: ‘Veye pou w pa di Jakòb anyen ki mal+.’ 30 Se vre ou gen dwa anvi ale lakay papa w, men, poukisa w vòlè dye m yo+?”

31 Jakòb reponn Laban: “Mwen t al an kachèt paske m te pè. Mwen te di tèt mwen: ‘Ou kapab pran pitit fi w yo nan men m ak gwo ponyèt.’ 32 Ebyen, nan men nenpòt nan nou ou jwenn dye w yo, moun sa a dwe mouri. Ou mèt fouye tout sa m genyen devan tout mesye yo, epi pran sa ki pou ou yo.” Men, Jakòb pa t konnen si Rachèl te vòlè zidòl yo. 33 Laban antre nan tant Jakòb la, nan tant Leya a ak nan tant de sèvant yo+, men li pa t jwenn zidòl li yo. Finalman, lè l soti nan tant Leya a, li antre nan tant Rachèl la. 34 Pandan tan sa a, Rachèl te pran terafim yo, li mete yo nan sakpay chamo a kote fi te konn met afè yo, epi li chita sou yo. Konsa, Laban te chèche nan tout tant lan, men li pa t jwenn yo. 35 Lè sa a, Rachèl di papa l: “Ou pa bezwen fache, mèt mwen, si m pa ka leve kanpe devan w, paske mwen gen sa fi abitye genyen an+.” Aktout Laban te chèche byen chèche, li pa t jwenn terafim yo+.

36 Jakòb te vin fache e li te kòmanse pale di ak Laban. Jakòb di Laban: “Ki mal mwen fè, e ki peche m fè ki fè w lage dèyè m ak tout fòs konsa? 37 Kounye a ou fin fouye tout sa m posede, ki bagay ki soti lakay ou ou jwenn ladan yo? Mete yo la devan mesye pa m yo ak mesye pa w yo, epi kite yo jije nou toule de. 38 Pandan 20 an sa yo mwen pase avè w la, mouton w yo ak kabrit ou yo pa t janm fè foskouch+ e mwen pa t janm manje yon mal mouton nan twoupo w la. 39 Mwen pa t janm pote yon bèt lòt bèt devore ba ou+. Se mwen k te peye sa. Si yo te vòlè yon bèt, kit se lannuit, kit se lajounen, ou te fè m remèt ou li. 40 Chalè te fin kuit mwen lajounen, fredi te fini avè m lannuit e mwen pa t gen dòmi nan je+. 41 Sa fè 20 an depi m lakay ou. Mwen travay pou ou pandan 14 an pou m gen de pitit fi w yo e mwen fè 6 an ap travay pou w ban m yon pati nan twoupo w la, men ou chanje sa pou w te peye m nan dis fwa+. 42 Si Bondye papa m ap sèvi a+, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak gen lakrentif pou li a+, pa t avè m, ou t ap voye m ale de men vid. Bondye wè mizè m, li wè jan m travay di ak men m, se sa k fè li te ba w pinga sa a yè swa+.”

43 Apre sa, Laban reponn Jakòb: “Medam yo se pitit fi m, timoun yo se pitit pitit mwen, twoupo yo se twoupo m, e tout sa w ap gade la yo se pou mwen ak pitit fi m yo. Ki sa m ka fè yo jodi a e ki sa m ka fè pitit yo? 44 Kounye a, vini, ann fè yon alyans e l ap sèvi kòm temwen ant ou menm avè m.” 45 Se konsa, Jakòb pran yon wòch, li mete l kanpe tankou yon poto+. 46 Apre sa, Jakòb di mesye ki te avè l yo: “Al pran wòch!” Y al pran wòch e yo fè yon pil avè yo. Annapre, yo manje sou pil wòch la. 47 Epi, Laban te rele pil wòch la Jegasayadouta*, men Jakòb te rele l Galeyèd*.

48 Apre sa, Laban di: “Pil wòch sa a temwen ant mwen menm avè w jodi a.” Se sa k fè Jakòb te rele l Galeyèd+, 49 e li te rele l Mispa*, paske Laban te di: “Se pou Jewova kontinye voye je sou mwen menm avè w lè youn pa anba je lòt. 50 Si w maltrete pitit fi m yo e si w al gen lòt madanm anplis pitit fi m yo, menm lè moun pa wè sa, Bondye ap wè sa, li menm ki temwen ant mwen menm avè w.” 51 Laban di Jakòb: “Men pil wòch sa a e men poto mwen mete kanpe ant mwen menm avè w la. 52 Pil wòch sa a temwen e poto sa a temwen tou+, mwen pap janbe pil wòch sa a pou m al fè w mechanste, e ou menm, ou pap janbe pil wòch sa a ak poto sa a pou w vin fè m mechanste. 53 Se pou Bondye Abraram nan+, Bondye Nawò a, Bondye zansèt mesye sa yo, sèvi kòm Jij ant mwen menm avè w.” Men, Jakòb te fè sèman sou Bondye Izarak, papa l, te gen lakrentif pou li a+.

54 Apre sa, Jakòb fè yon sakrifis nan mòn nan e li envite mesye l yo manje. Se konsa, yo manje e yo pase nuit lan nan mòn nan. 55 Epi, Laban leve granmmaten, li bo pitit pitit* li yo+ ak pitit fi l yo e li beni yo+. Apre sa, Laban retounen lakay li+.

32 Konsa, Jakòb kontinye wout li, e gen zanj Bondye ki te rankontre avè l. 2 Kou Jakòb wè yo, li di: “Sa a se lame Bondye!” Se sa k fè li te rele zòn sa a Maanayim*.

3 Lè sa a, Jakòb voye kèk moun devan pou y al kot Ezaou, frè l la, nan peyi Seyi+, nan tèritwa Edòm+. 4 Men lòd li te ba yo: “Di Ezaou, mèt mwen an: ‘Men sa Jakòb, sèvitè w la, voye di w: “Mwen te abite kay Laban pandan anpil tan+. 5 Mwen vin gen anpil towo bèf, bourik, mouton, sèvitè ak sèvant+, e mwen voye di w sa, mèt mwen, yon fason pou m ka jwenn favè w.”’”

6 Annapre, moun Jakòb te voye yo te retounen vin jwenn li e yo di l: “Nou jwenn ak Ezaou, frè w la. Li nan wout kounye a pou l vin rankontre w e li gen 400 gason avè l+.” 7 Epi, Jakòb te vin pè anpil, li te vin boulvèse+. Se sa k fè li te fè moun ki te ansanm avè l yo, mouton yo, bèf yo ak chamo yo fè de gwoup. 8 Epi, li di: “Si Ezaou atake yon gwoup, lòt gwoup la ap ka chape.”

9 Apre sa, Jakòb di: “O Bondye! Ou menm ki Bondye Abraram, granpapa m, Bondye Izarak, papa m, o Jewova, se ou menm ki te di m: ‘Tounen nan peyi w, al jwenn fanmi w, e m ap beni w+.’ 10 Mwen pa merite tout lanmou* ak tout fidelite ou montre anvè mwen menm, sèvitè w la+, paske se sèlman ak yon baton mwen te janbe Rivyè Jouden an, e kounye a, mwen vin ak de gwoup+. 11 Mwen mande w+ pou w sove m anba men Ezaou, frè m nan, paske mwen pè pou l pa vin atake m+ e pou l pa atake manman timoun yo ak tout pitit yo. 12 Se ou menm ki te di m: ‘M ap beni w san mank e m ap fè desandan w yo* vin tankou grenn sab bò lanmè moun pa ka konte tèlman y ap anpil+.’”

13 Epi, li pase nuit lan la. Apre sa, li pran kèk nan bèt li yo pou l bay Ezaou, frè l la, kòm kado+. 14 Li te ba li 200 femèl kabrit ak 20 bouk, 200 femèl mouton ak 20 mal mouton, 15 30 femèl chamo ak tout pitit yo, 40 gazèl bèf ak 10 towo bèf, 20 femèl bourik ak 10 mal bourik+.

16 Apre sa, li remèt sèvitè l yo bèt yo, yon twoupo apre lòt, e li di yo: “Pran devan, janbe rivyè a e nou dwe kite yon distans apre chak twoupo.” 17 Epi li bay premye sèvitè l la lòd, li di l: “Si Ezaou, frè m nan, ta jwenn avè w, epi l mande w: ‘Kiyès ki mèt ou, ki kote w prale e pou kiyès bèt ki devan w yo ye?’, 18 ou dwe di l: ‘Se pou Jakòb, sèvitè w la. Se yon kado li voye bay Ezaou+, mèt mwen, e men l dèyè nou an.’” 19 Apre sa, li bay ni dezyèm sèvitè a ni twazyèm nan menm lòd la ansanm ak tout lòt moun ki t ap mache dèyè twoupo yo. Li di yo: “Se sa m di la a pou n di Ezaou lè nou jwenn avè l. 20 Epitou, nou dwe di l: ‘Men Jakòb, sèvitè w la, dèyè nou an.’” Paske Jakòb te di tèt li: “Si m kalme Ezaou ak kado m voye devan pou li yo+, lè m vin wè avè l, li ka byen resevwa m.” 21 Se konsa, li te fè sèvitè l yo ki te pote kado yo janbe dlo a anvan l, men li menm, li te pase nuit lan kote l te ye a.

22 Epi, pandan nuit lan, li leve, li pran de madanm li yo+ ak de sèvant li yo+ ansanm ak 11 ti pitit gason l yo, li janbe rivyè a kote ki pa fon an nan zòn Jabòk+. 23 Konsa, li te fè yo janbe rivyè a, epitou li te janbe dlo a ak tout sa l genyen.

24 Alafen, Jakòb te vin poukont li. Epi, gen yon mesye ki vin mare goumen avè l rive jis avanjou+. 25 Lè mesye a wè li pap rive genyen konba a, li met men l nan jwenti ranch Jakòb, epi ranch Jakòb dejwente pandan l t ap lite ak mesye a+. 26 Apre sa, mesye a di: “Kite m ale, paske l fin jou.” Lè sa a, Jakòb di: “Mwen pap kite w ale toutotan w pa beni m+.” 27 Epi, mesye a mande l: “Ki jan w rele?” Li reponn: “Jakòb.” 28 Apre sa, mesye a di l: “Ou pap rele Jakòb ankò, w ap rele Izrayèl*+, paske w te lite ni ak Bondye+ ni ak moun, e alafen ou genyen.” 29 Epi Jakòb mande l: “Tanpri, di m ki jan w rele.” Men, mesye a di l: “Poukisa w ap mande m non m+?” Menm kote a, li beni Jakòb. 30 Se sa k fè Jakòb te rele zòn sa a Pényèl*+, paske li te di: “Mwen wè Bondye fasafas, epoutan mwen* pa mouri+.”

31 Kou Jakòb fin kite Pénwèl*, solèy leve. Men, li t ap bwete akoz ranch li ki te dejwente+. 32 Se poutèt sa, jis jounen jodi a, pitit Izrayèl yo pa manje venn ki nan kuis bèt yo, tandon* ki nan jwenti ranch lan, paske mesye a te met men l nan jwenti ranch Jakòb, nan zòn kuis li.

33 Rive yon lè, Jakòb leve je l li wè Ezaou k ap vini ansanm ak 400 gason+. Lè l wè sa, li separe timoun yo bay Leya, Rachèl ak de sèvant yo+. 2 Li mete sèvant yo ak pitit pa yo devan+, Leya ak pitit pa l yo apre+, e li mete Rachèl+ ak Jozèf dèyè. 3 Apre sa, li pran devan yo, li koube atè byen ba, pandan sèt fwa, tank li t ap pwoche pi pre frè l la.

4 Men, Ezaou kouri al rankontre Jakòb, li ba l akolad e li bo l, epi yo tonbe kriye. 5 Epi, Ezaou voye je l li wè medam yo ak timoun yo, li di: “Ki moun sa yo ki avè w la a?” Lè sa a, Jakòb reponn: “Se pitit Bondye bay sèvitè w la+.” 6 Lè sa a, sèvant yo avanse ak pitit pa yo e yo koube atè byen ba. 7 Leya, li menm tou, avanse ak pitit pa l yo e yo koube atè byen ba. Apre sa, Jozèf avanse ansanm ak Rachèl e yo koube atè byen ba+.

8 Epi, Ezaou di: “Poukisa w voye tout moun sa yo ak tout bèt sa yo mwen wè yo+?” Lè sa a, Jakòb di l: “Se pou m ka jwenn favè w, mèt mwen+.” 9 Epi, Ezaou di: “Frè m+, mwen gen anpil anpil byen. Ou mèt kenbe pa w yo.” 10 Men, Jakòb di l: “Non, tanpri frè m. Si w kontan wè m vre, ou dwe pran kado m pote pou ou yo, paske m te pote yo pou m ka wè w. Wè m wè w la, se kòmsi se Bondye mwen wè, paske w resevwa m ak kè kontan+. 11 Tanpri, pran kado mwen pote yo kòm yon benediksyon mwen pote pou ou+, paske Bondye beni m e mwen gen tout sa m bezwen+.” Epi, Jakòb te kontinye pale avè l jiskaske li te pran kado yo.

12 Apre sa, Ezaou di: “Ann kite zòn nan pou n ale, kite m pran devan w.” 13 Men, Jakòb di l: “Mèt mwen, ou konnen timoun yo frajil+, epitou mwen dwe pran swen mouton ak bèf ki gen pitit yo. Si m al twò vit ak yo yon sèl jou, tout twoupo a ap mouri. 14 Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan sèvitè w la. Mwen menm, m ap kontinye vwayaj la pi dousman, jan twoupo m yo ak timoun yo ka mache, jiskaske m rive Seyi, lakay mèt mwen an+.” 15 Lè sa a, Ezaou di: “Ban m kite kèk nan mesye m yo avè w.” Epi, Jakòb di: “Ou pa bezwen fè sa, mèt mwen. Mwen satisfè poutèt ou kontan wè m.” 16 Konsa, menm jou a, Ezaou retounen Seyi.

17 Epi, Jakòb al Soukòt+. Li bati yon kay pou l rete e li fè yon kote pou twoupo bèt li yo rete tou. Se sa k fè li te rele zòn nan Soukòt*.

18 Apre Jakòb fin kite Padanaram+, li rive sennesòf nan vil Sichèm+, nan peyi Kanaran+, e li rete toupre vil la. 19 Annapre, li achte moso tè kote li te monte tant li an pou 100 pyès monnen nan men pitit gason Amò yo, papa Sichèm+. 20 Apre sa, li fè yon lotèl nan zòn nan e li te rele l Bondye se Bondye Izrayèl la+.

34 Twouve, Dina, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la+, te abitye al pase tan l ak jèn medam nan peyi a+. 2 Lè Sichèm, pitit gason Amò ki te yon Ivit+, yon chèf nan peyi a, wè Dina, li met men sou li e li vyole l. 3 Li* te vin renmen Dina, pitit fi Jakòb la, anpil. Li te tonbe damou pou ti dam nan e li te pale avè l yon fason pou l fè l renmen l. 4 Finalman, Sichèm di Amò+, papa l: “Fè m jwenn ti dam sa a pou l vin madanm mwen.”

5 Lè Jakòb te aprann Sichèm te lage dezonè sou Dina, pitit fi l la, pitit gason l yo te avèk twoupo bèt li yo nan savann nan. Se sa k fè Jakòb pa t di anyen jiskaske yo retounen. 6 Annapre, Amò, papa Sichèm, al pale ak Jakòb. 7 Men, pitit gason Jakòb yo te vin aprann sa k te pase a. Yo retounen tousuit sot nan savann nan. Yo te vekse e yo te fache anpil poutèt Sichèm te imilye Izrayèl, piske l te antre nan relasyon ak pitit fi Jakòb la+, yon bagay ki pa t dwe fèt+.

8 Amò te pale avèk yo, li di yo: “Sichèm, pitit gason m nan, renmen pitit fi nou an anpil*. Tanpri, ba li l pou l vin madanm li, 9 epi annou marye youn ak lòt. Ban nou pitit fi pa nou yo pou nou marye avèk yo, e nou menm nou mèt pran pitit fi pa nou yo pou n marye ak yo+. 10 Nou mèt viv bò kote nou, peyi a ap nan men nou. Nou mèt abite nan peyi a, fè komès ladan l, epi rete ladan l.” 11 Lè sa a, Sichèm di papa Dina ak frè Dina yo: “Tanpri, fè sa pou mwen, e nenpòt sa nou mande m, m ap ban nou l. 12 Nou mèt mande m anpil lajan ak anpil kado pou m ka marye avè l+. Mwen deside bay nenpòt sa n mande m. Sèlman, annik ban m ti dam nan pou l vin madanm mwen.”

13 Epi, pitit gason Jakòb yo te bay Sichèm ak Amò, papa l, yon repons pou yo te ka pran yo nan pyèj poutèt yo te lage dezonè sou Dina, sè yo a. 14 Yo te di yo: “Nou pa ka fè yon bagay konsa, pou n ta bay yon gason ki pa sikonsi sè nou an+, paske se t ap yon imilyasyon pou nou. 15 N ap aksepte ban nou sè nou an ak yon sèl kondisyon: Se pou nou vin menm jan ak nou e se pou tout gason nou yo sikonsi+. 16 Lè sa a, n ap ban nou pitit fi nou yo, n ap pran pitit fi pa nou yo pou vin madanm nou, n ap abite ansanm ak nou e n ap vin yon sèl pèp. 17 Men, si nou pa koute nou e nou pa sikonsi, n ap pran sè nou an n ale.”

18 Pawòl yo te di yo te fè Amò+ ak Sichèm, pitit gason l lan+, plezi. 19 Jèn gason an pa t pran tan pou l fè sa yo te mande l la+ paske li te renmen pitit fi Jakòb la. Se li yo te pi respekte pami tout moun lakay papa l.

20 Lè sa a, Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, al nan pòtay vil la pou y al pale ak mesye yo nan vil la+, yo di: 21 “Mesye sa yo ta renmen viv anpè avèk nou. Kite yo abite nan peyi a e kite yo fè komès ladan l paske gen ase plas nan peyi a pou yo rete. Nou ka pran pitit fi yo pou vin madanm nou e nou ka ba yo pitit fi pa nou yo+. 22 Sèl kondisyon k ap fè mesye sa yo dakò viv bò kote nou e pou yo vin fè yon sèl pèp ak nou se si tout gason pami nou ta sikonsi menm jan yo menm yo sikonsi+. 23 Lè sa a, èske tout byen yo, tout richès yo ak tout bèt yo genyen pap vin pou nou? Ebyen, ann antann nou avèk yo pou yo ka viv bò kote nou.” 24 Konsa, tout gason ki te rasanble nan pòtay vil la te koute sa Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, te di yo e yo tout te sikonsi. Se konsa, tout gason ki te rasanble nan pòtay vil la te sikonsi.

25 Men, sou twazyèm jou a, pandan yo tout t ap soufri, de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè Dina+, pran epe yo, epi yo antre nan vil la, san pèsonn pa t sispèk anyen, yo touye tout gason nan vil la+. 26 Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, ak kout epe e yo pran Dina lakay Sichèm y al avè l. 27 Lòt pitit gason Jakòb yo t al sou kadav mesye yo e yo piye vil la poutèt yo te lage dezonè sou sè yo a+. 28 Yo te pran mouton yo, bèf yo, bourik yo ak tout sa k te nan vil la ak nan savann nan. 29 Yo te pran tout sa moun yo te genyen, yo te pran tout tipitit mesye yo ak madanm mesye yo e yo te piye kay yo.

30 Lè sa a, Jakòb di Simeyon ak Levi+: “Nou lage m nan gwo pwoblèm, nou fè tout moun nan peyi a ansanm ak moun peyi Kanaran yo ak Perizit yo rayi m. Mwen deja pa gen anpil moun avè m, se sèten yo pral met tèt yo ansanm pou yo atake m e y ap touye m ak tout moun lakay mwen.” 31 Yo reponn li: “Èske nou ta dwe kite yon moun trete sè nou an tankou yon pwostitye?”

35 Annapre, Bondye di Jakòb: “Leve, monte Betèl+ e rete la. Epi, fè yon lotèl pou vrè Dye a ki te parèt devan w lè w t ap kouri pou Ezaou, frè w la+.”

2 Lè sa a, Jakòb di moun lakay li ak tout lòt moun ki te avè l yo: “Retire fo dye nou gen pami nou yo+, pwòpte tèt nou, chanje rad sou nou, 3 epi annou leve pou nou monte Betèl. Lè nou rive la, m ap fè yon lotèl pou vrè Dye a ki te reponn priyè m lè m te nan pwoblèm e ki te ansanm avè m tout kote m t ale+.” 4 Konsa, yo te bay Jakòb tout fo dye yo te genyen yo ak zanno ki te nan zòrèy yo e Jakòb te antere* yo anba gwo pyebwa ki te toupre Sichèm nan.

5 Lè y ale, Bondye te fè moun ki nan vil ki ozalantou yo gen yon gwo laperèz. Se sa k fè yo pa t al dèyè pitit gason Jakòb yo. 6 Alafen, Jakòb ak tout moun ki te avè l yo rive Louz+, sa vle di Betèl, nan peyi Kanaran. 7 Li te bati yon lotèl nan zòn nan e li rele kote sa a Èlbetèl*, paske se la vrè Dye a te parèt devan l lè l t ap kouri pou frè l la+. 8 Apre sa, Debora+, sèvant ki te konn okipe Rebeka lè l te tibebe a, mouri e yo te antere l toupre Betèl, anba yon pye bwadchèn. Se sa k fè Jakòb te rele pyebwa a Alonbakout*.

9 Bondye te parèt devan Jakòb yon lòt fwa ankò pandan li t ap sot Padanaram e li te beni l. 10 Epi, Bondye te di l: “Ou rele Jakòb+. Men, yo pap rele w Jakòb ankò, y ap rele w Izrayèl”, e li te kòmanse rele l Izrayèl+. 11 Apre sa, Bondye di l: “Mwen se Bondye Toupisan an+. Fè pitit, fè anpil pitit. W ap vin papa yon pakèt nasyon+ e anpil wa ap soti nan ou+. 12 Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m ap ba ou l e m ap bay desandan w yo* li+.” 13 Epi, Bondye ale, li kite l kote li t ap pale avè l la.

14 Se konsa, Jakòb te mete yon wòch kanpe tankou yon poto kote Bondye t ap pale avè l la, li te vide yon bwason sou li kòm ofrann e li te vide luil sou li+. 15 Epi, Jakòb te toujou rele kote Bondye t ap pale avè l la Betèl+.

16 Annapre, yo kite Betèl. Pandan yo te nan yon bon distans parapò ak Efrata, Rachèl te gen tranche e li te difisil pou l akouche. 17 Men, pandan li t ap redi pou l fè pitit la, fanmsaj la di l: “Ou pa bezwen pè, paske w ap gen pitit gason sa a tou+.” 18 Twouve, pandan lavi l t aprale* (paske l t apral mouri), li rele pitit la Bennoni*. Men, papa a rele l Benjamen*+. 19 Se konsa, Rachèl mouri e yo te antere l sou wout Efrata, sa vle di Betleyèm+. 20 Epi, Jakòb mete yon gwo wòch kanpe sou tonm Rachèl tankou yon poto. Wòch sa a sou tonm Rachèl jis jounen jodi a.

21 Apre sa, Izrayèl kontinye wout li e li te monte tant li pa lòtbò fòtrès Edè a. 22 Yon lè, pandan Izrayèl te abite nan peyi a, Ribenn t al kouche ak Bila, youn nan madanm sou kote papa l te genyen yo, e Izrayèl te aprann sa+.

Jakòb te gen 12 pitit gason. 23 Men pitit gason li te gen ak Leya yo: premye a se te Ribenn+, apre l te gen Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24 Pitit gason li te gen ak Rachèl yo se te Jozèf ak Benjamen. 25 Pitit gason li te gen ak Bila, sèvant Rachèl la, se te Dann ak Neftali. 26 Pitit gason li te gen ak Zilpa, sèvant Leya a, se te Gad ak Achè. Mesye sa yo se te pitit gason Jakòb te vin genyen nan Padanaram.

27 Finalman, Jakòb rive kote Izarak, papa l, te ye nan Mamre a+, nan zòn Kiriyataba, sa vle di Ebwon, kote Abraram ak Izarak te abite kòm etranje+. 28 Izarak te viv 180 an+. 29 Epi, li rann dènye souf li e l al menm kote ak moun li yo*. Li te granmoun anpil, li te satisfè ak kantite tan li te viv la, e se Ezaou ak Jakòb, pitit gason l yo, ki te antere l+.

36 Men istwa lavi Ezaou ki te rele Edòm tou+.

2 Ezaou te chwazi madanm li te genyen yo pami medam Kanaran yo. Li te chwazi Ada+, pitit fi Elon+, yon desandan Èt, ak Owolibama+, pitit fi Ana, pitit pitit fi Zibeyon, yon Ivit, 3 e li te chwazi Basmat+, sè Nebayòt, pitit fi Izmayèl+.

4 Ada te fè Elifaz pou Ezaou e Basmat te fè Rewouyèl.

5 Owolibama te fè Jewouch, Jalam ak Kore+.

Se pitit gason sa yo Ezaou te genyen nan peyi Kanaran. 6 Apre sa, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l yo, pitit fi l yo, tout moun* ki te lakay li, twoupo mouton l yo, tout lòt bèt li te genyen ak tout richès li te vin genyen+ nan peyi Kanaran, li t ale nan yon lòt peyi ki yon ti jan lwen Jakòb, frè l la+, 7 paske byen yo te genyen yo te vin twòp pou yo toule de ret ansanm e peyi kote yo te rete a te twò piti pou yo akoz bèt yo te genyen yo. 8 Se sa k fè Ezaou t al abite nan zòn ki gen mòn nan Seyi+. Yo te rele Ezaou Edòm tou+.

9 Men istwa lavi Ezaou, zansèt moun peyi Edòm yo ki abite nan zòn ki gen mòn nan Seyi+.

10 Men non pitit gason Ezaou yo: Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Rewouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou+.

11 Pitit gason Elifaz yo se te Teman+, Oma, Sefo, Gatam ak Kenaz+. 12 Timna se te yon madanm sou kote Elifaz, pitit gason Ezaou, te genyen. Li te vin fè yon pitit gason ki rele Amalèk pou Elifaz+. Tout mesye sa yo se te pitit pitit Ada, madanm Ezaou.

13 Pitit gason Rewouyèl yo se te Nahat, Zera, Chama ak Miza. Mesye sa yo se te pitit pitit Basmat+, madanm Ezaou.

14 Men non pitit gason Owolibama, madanm Ezaou, te fè pou Ezaou yo, li menm ki te pitit fi Ana e ki te pitit pitit fi Zibeyon: Jewouch, Jalam ak Kore.

15 Men non chèf tribi ki te pitit pitit gason Ezaou yo+, yo menm ki te pitit Elifaz, premye pitit Ezaou: Teman, chèf tribi, Oma, chèf tribi, Sefo, chèf tribi, Kenaz, chèf tribi+, 16 Kore, chèf tribi, Gatam, chèf tribi, ak Amalèk, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Elifaz+ te gen nan peyi Edòm. Yo se pitit pitit Ada.

17 Men non pitit gason Rewouyèl, pitit Ezaou, te genyen yo: Nahat, chèf tribi, Zera, chèf tribi, Chama, chèf tribi, ak Miza, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Rewouyèl te gen nan peyi Edòm+. Yo se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou.

18 Anfen, men non pitit gason Owolibama yo, li menm ki te madanm Ezaou: Jewouch, chèf tribi, Jalam, chèf tribi, ak Kore, chèf tribi. Moun sa yo ki te chèf tribi se pitit Owolibama, madanm Ezaou, ki te pitit fi Ana.

19 Yo tout te chèf tribi e yo te pitit gason Ezaou ki te rele Edòm tou+.

20 Men non pitit gason Seyi ki te yon Orit, e yo te abite nan peyi a+: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana+, 21 Dichon, Ezè ak Dichan+. Mesye sa yo ki te pitit Seyi, Orit la, te chèf tribi nan peyi Edòm.

22 Pitit gason Lotan yo se te Ori ak Emam, e Timna se te sè Lotan+.

23 Men non pitit gason Chobal yo: Alvan, Manarat, Ebal, Chefo ak Onam.

24 Men non pitit gason Zibeyon yo+: Ayiya ak Ana. Se Ana ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a pandan l t ap pran swen bourik Zibeyon, papa l, te genyen yo.

25 Men non pitit Ana yo: Dichon ak Owolibama, pitit fi Ana a.

26 Men non pitit gason Dichon yo: Emdan, Echban, Itran ak Keran+.

27 Men non pitit gason Ezè yo: Bilan, Zavan ak Akan.

28 Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran+.

29 Men non chèf tribi ki pitit Orit la: Lotan, chèf tribi, Chobal, chèf tribi, Zibeyon, chèf tribi, Ana, chèf tribi, 30 Dichon, chèf tribi, Ezè, chèf tribi, ak Dichan+, chèf tribi. Moun sa yo se te chèf tribi nan peyi Seyi e se Orit yo te ye.

31 Kounye a, men wa ki te gen nan peyi Edòm+ anvan te vin gen wa k ap dirije Izrayelit yo+. 32 Bela, pitit gason Beyò, te wa nan peyi Edòm, e li t ap dirije detan l nan vil Dinaba. 33 Lè Bela mouri, Jobab, pitit gason Zera, moun Bozra, te vin wa nan plas li. 34 Lè Jobab mouri, Oucham, moun peyi Teman, te vin wa nan plas li. 35 Lè Oucham mouri, Adad, pitit gason Bedad, ki te pot laviktwa sou moun Madyan yo+ nan tèritwa Mowab, te vin wa nan plas li. Li t ap dirije detan l nan vil Avit. 36 Lè Adad mouri, Samla, moun Masreka, te vin wa nan plas li. 37 Lè Samla mouri, Chayil, moun Reyobòt ki toupre Rivyè Efrat, te vin wa nan plas li. 38 Lè Chayil mouri, Baalanan, pitit gason Akbò, te vin wa nan plas li. 39 Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, Ada te vin wa nan plas li, e li t ap dirije detan l nan vil Pawou. Madanm li te rele Meyetabèl, pitit fi Matrèd ki te pitit fi Mezarab.

40 Men non chèf tribi ki te desandan Ezaou yo, selon fanmi kote yo soti ak zòn kote yo te ye: Timna, chèf tribi, Alva, chèf tribi, Jetèt, chèf tribi+, 41 Owolibama, chèf tribi, Ela, chèf tribi, Pinon, chèf tribi, 42 Kenaz, chèf tribi, Teman, chèf tribi, Mibza, chèf tribi, 43 Magdyèl, chèf tribi, ak Iram, chèf tribi. Moun sa yo te chèf tribi nan peyi Edòm, selon kote yo te rete nan tèritwa yo te genyen yo+. Se Ezaou ki zansèt moun peyi Edòm yo+.

37 Jakòb te kontinye abite nan peyi Kanaran kote papa l t ap viv kòm etranje+.

2 Men sa k te pase nan lavi Jakòb.

Lè Jozèf+ te gen 17 an, li t al pran swen mouton+ ansanm ak pitit gason Bila yo+ ak pitit gason Zilpa yo+, de nan madanm papa l yo. Epi, Jozèf te rakonte papa l bagay mal frè l yo t ap fè. 3 Twouve, Izrayèl te pi renmen Jozèf pase lòt pitit gason l yo+ paske li te vin gen pitit gason sa a nan vyeyès li. Li te bay fè yon rad long espesyal pou li. 4 Lè frè Jozèf yo wè papa yo pi renmen Jozèf pase yo tout, yo te vin rayi l e yo pa t ka pale byen* avè l.

5 Annapre, Jozèf te fè yon rèv e li t al rakonte frè l yo rèv la+, sa te fè yo vin pi rayi l toujou. 6 Li te di yo: “Tanpri, tande rèv mwen fè a. 7 Mwen te wè n ap mare pake zèb nan mitan jaden an, epi pake zèb mwen an leve kanpe byen dwat e pake pa nou yo te antoure pake pa m nan e yo te bese devan l+.” 8 Frè l yo di l: “Èske w vle di w ap vin wa sou nou e w ap dirije nou+?” Konsa, yo te vin rayi l plis toujou akoz rèv li te fè yo ak sa l te di yo.

9 Apre sa, li te fè yon lòt rèv e li te rakonte frè l yo sa. Li di yo: “Mwen fè yon lòt rèv: Fwa sa a, mwen wè solèy la, lalin nan ak 11 zetwal bese devan m+.” 10 Lè l al rakonte papa l ansanm ak frè l yo rèv la, papa l blame l, li di l: “Ki sa rèv sa a ou fè a vle di? Èske ni mwen menm, ni manman w, ni frè w yo ap vin bese atè byen ba devan w?” 11 Pawòl Jozèf te di yo te fè frè l yo vin pi jalou toujou+, men papa l te kenbe sa l te di yo nan lespri l.

12 Apre sa, frè Jozèf yo te mennen twoupo mouton papa yo te genyen yo al manje toupre Sichèm+. 13 Annapre, Izrayèl di Jozèf: “Frè w yo ap pran swen twoupo mouton yo toupre Sichèm. Vini m voye w kote yo.” Lè sa a, li reponn li: “Ou mèt voye m!” 14 Izrayèl di l: “Tanpri, al gade si frè w yo byen, epi gade ki jan twoupo bèt yo ye pou w ka vin di m.” Se konsa, Jozèf sot nan Vale Ebwon+ l al Sichèm. 15 Epi, pandan Jozèf t ap mache nan yon jaden, li rankontre yon mesye. Mesye a mande l: “Ki moun w ap chèche?” 16 Li reponn: “M ap chèche frè m yo. Tanpri, èske w ka di m ki bò y ap pran swen twoupo yo? 17 Mesye a di l: “Yo deplase kite zòn nan, paske m te tande y ap di: ‘Ann al Dotan.’” Lè sa a, Jozèf al dèyè frè l yo e li jwenn yo Dotan.

18 Twouve, pandan l byen lwen, frè l yo wè l ap vini. Anvan l rive kote yo, yo te kòmanse fè konplo pou yo touye l. 19 Youn di lòt: “Gade! Men nonm ki toujou ap fè rèv la ap vini+. 20 Ann touye l epi ann lage l nan youn nan pi ki gen la yo. N ap di gen yon bèt sovaj ki mechan ki manje l. Epi n ap wè si sa l te wè nan rèv li yo ap rive vre.” 21 Lè Ribenn+ tande sa, li chèche delivre l anba men yo. Li di yo: “Pinga nou touye l*+!” 22 Ribenn di yo: “Pinga n fè san koule+. Lage l nan pi sa a ki nan dezè a, men pinga n fè l mechanste+.” Li te di yo sa pou l te ka delivre l anba men yo e pou l te ka fè l retounen al jwenn papa l.

23 Kou Jozèf rive kote frè l yo, yo retire rad long ki te sou li a, rad long espesyal li te genyen an+, 24 yo met men sou li e yo lage l nan pi a. Lè sa a, pi a te vid, li pa t gen dlo ladan l.

25 Annapre, yo t al chita pou yo manje. Lè yo gade, yo wè yon bann desandan Izmayèl+ ki t ap sot Galaad. Moun sa yo te pote gonm santi bon, luil santi bon ak kòs bwa ki gen gonm santi bon sou chamo yo+ e yo t apral ann Ejip. 26 Lè sa a, Jida di frè l yo: “Sa sa ap itil si nou touye frè nou an e nou kache sa+? 27 Bon, ann vann desandan Izmayèl yo li pito+, pinga nou touye l. Dayè, se frè nou li ye, li se san nou.” Konsa, yo te koute frè yo a. 28 Lè komèsan ki moun Madyan yo+ t ap pase, frè Jozèf yo retire l nan pi a e yo vann desandan Izmayèl yo li pou 20 pyès monnen ann ajan+. Epi, mesye sa yo mennen Jozèf ann Ejip.

29 Annapre, lè Ribenn retounen bò pi a, li pa t wè Jozèf nan pi a, li te tèlman tris, li chire rad sou li. 30 Lè l retounen al jwenn frè l yo, li di: “Apa pitit la pa la! Kounye a, ki sa m pral fè?”

31 Konsa, yo te pran rad long Jozèf la, yo touye yon bouk kabrit e yo tranpe rad la nan san bouk kabrit la. 32 Apre sa, yo voye rad la bay papa yo e yo di: “Men sa nou jwenn. Tanpri, gade pou w wè si se rad pitit gason w lan+.” 33 Lè l fin gade l byen gade, li di: “Se rad pitit gason m nan! Genlè yon bèt sovaj ki mechan devore l! Siman Jozèf dwe fè miyèt moso!” 34 Lè sa a, Jakòb chire rad li, li mare ren l ak yon twal sak e li pase anpil jou nan lapenn pou pitit gason l lan. 35 Epi, tout pitit gason l yo ak tout pitit fi l yo t ap eseye konsole l, men li pa t vle kite yo konsole l e li t ap di: “Mwen pral nan Tonm*+ ak dlo nan je pou pitit gason m nan!” Papa Jozèf te kontinye kriye pou li.

36 Moun Madyan yo yo menm te mennen Jozèf ann Ejip, yo vann Potifa l, yon moun ki te nan gwo pozisyon nan palè Farawon an+ e ki te alatèt moun ki t ap ba l sekirite yo+.

38 Prèske nan menm epòk sa a, Jida te kite frè l yo e li t al monte tant li toupre kote yon moun Adoulam ki te rele Ira te abite. 2 Se la Jida te wè pitit fi yon moun Kanaran+ ki te rele Chouwa. Li te pran l kòm madanm li, li te antre nan relasyon avè l 3 e dam nan te vin ansent. Li te fè yon pitit gason e Jida te rele l È+. 4 Epi, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason e li te rele l Onan. 5 Annapre, li te vin fè yon lòt pitit gason ankò, li te rele l Chela. Jida te nan yon zòn ki rele Akzib+ lè madanm li te fè pitit sa a.

6 Rive yon lè, Jida te chwazi yon fi pou vin madanm È, premye pitit gason l lan, e fi a te rele Tama+. 7 Men, È, premye pitit gason Jida a, te konn fè sa ki pa fè Jewova plezi. Se sa k fè Jewova te touye l. 8 Lè Jida wè sa, li di Onan: “Marye ak madanm frè w la pou w pran responsablite w antanke bòfrè, epi antre nan relasyon avè l pou w fè pitit avè l pou frè w la+.” 9 Men, Onan te konnen pitit li t ap vin genyen yo pa t ap pou li+. Se sa k fè, lè li te konn kouche ak madanm frè l la, li te ejakile atè pou l pa t fè pitit pou frè l la+. 10 Jewova te wè sa l fè a mal. Se sa k fè li te touye l tou+. 11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi l la: “Al abite kay papa w antanke vèv jiskaske Chela, pitit gason m nan, vin gran.” Paske Jida t ap di tèt li: ‘Pitit gason m nan ka mouri menm jan ak frè l yo+.’ Vrèmanvre, Tama t al abite kay papa l.

12 Apre kèk tan, pitit fi Chouwa a+, madanm Jida a, mouri. Jida te fè kantite tan li te dwe pase nan lapenn pou li a. Apre sa, li t al kot moun ki t ap tonn mouton l yo nan Timna+ ansanm ak Ira, zanmi l lan, moun Adoulam nan+. 13 Epi, yo vin di Tama: “Men bòpè w ap monte Timna pou l al tonn mouton l yo.” 14 Lè l tande sa, li retire rad vèv la sou li, li mete yon vwal sou figi l e li kouvri tèt li ak yon mouchwa, epi l al chita nan antre Enayim ki sou wout Timna a. Li te fè sa paske li te wè Chela fin gran e bòpè l pa t fè l vin madanm Chela+.

15 Lè Jida wè l, menm kote a, li pran l pou yon pwostitye, paske li te kouvri figi l. 16 Se sa k fè li vire al jwenn li bò wout la e li di l: “Tanpri, pèmèt mwen antre nan relasyon avè w”, paske li pa t konnen si se te bèlfi l la+. Men, manmzèl di l: “Ki sa w ap ban m pou w ka kouche avè m?” 17 Li reponn: “M ap voye yon ti kabrit nan twoupo m nan ba ou.” Epi, manmzèl mande l: “Èske w ap ban m kenbe yon bagay jiskaske w voye l ban mwen?” 18 Li di l: “Ki sa pou m ba w kenbe?” Manmzèl reponn li: “Ban m kenbe bag ou konn poze so avè l la+ ansanm ak ti kòd ki kenbe l la ak baton ki nan men w lan.” Lè sa a, li ba l kenbe yo, li kouche avè l, epi manmzèl vin ansent pou li. 19 Apre sa, manmzèl leve l al fè wout li, li retire mouchwa ki te kouvri tèt li a e li mete rad vèv la sou li.

20 Epi, Jida voye zanmi l lan, moun Adoulam nan+, al pote ti kabrit la bay dam nan pou l ka repran sa l te ba l kenbe yo. Men, li pa t janm jwenn dam nan. 21 Li mande mesye yo nan zòn nan: “Kote pwostitye* ki te bò wout Enayim nan?” Yo reponn: “Pa t janm gen pwostitye nan zòn sa a.” 22 Alafen, li retounen kot Jida, li di l: “Mwen pa janm jwenn li. Epitou, mesye yo nan zòn nan di m: ‘Pa t janm gen pwostitye nan zòn sa a.’” 23 Lè sa a, Jida di: “Kite l pran sa m te ba l kenbe yo pou n pa fè moun pase n nan jwèt. Antouka, mwen te voye ti kabrit la bay dam nan, men ou pa t janm jwenn dam nan.”

24 Men, apre anviwon twa mwa, yo vin di Jida: “Tama, bèlfi w la, te aji tankou yon pwostitye e li vin ansent.” Lè Jida tande sa, li di: “Fè l sot deyò, touye l epi boule l+.” 25 Pandan y ap soti avè l, li voye di bòpè l: “Se pou gason ki mèt bagay sa yo mwen ansent.” Ansuit, li di: “Tanpri, gade byen pou w wè pou ki moun bagay sa yo ye: bag moun konn poze so a ansanm ak ti kòd ki kenbe l la ak baton an+.” 26 Apre Jida fin gade yo byen gade, li di: “Manmzèl pi jis pase m, paske mwen pa t fè l vin madanm Chela, pitit gason m nan+.” Epi, Jida pa t antre nan relasyon avè l ankò apre sa.

27 Lè lè a rive pou l akouche, ebyen, li te gen de pitit nan vant li. 28 Pandan li t ap akouche, gen youn nan timoun yo ki te met men l deyò. Kou fanmsaj la wè sa, menm kote a, li pran yon fil wouj, li mare l nan men timoun nan, li di: “Sa a soti anvan.” 29 Men kou l rantre men l, frè l la soti. Lè sa a, fanmsaj la di: “Se konsa w fè chemen pou w pase!” Se sa k fè yo te rele l Perès*+. 30 Apre sa, frè l la soti, li menm ki te gen fil wouj mare nan men l lan, e yo te rele l Zera+.

39 Twouve, desandan Izmayèl yo te desann ak Jozèf ann Ejip+. Epi, Potifa, yon Ejipsyen+, yon moun ki te nan gwo pozisyon nan palè Farawon an, ki te alatèt moun ki t ap ba l sekirite yo, te achte l nan men yo+. 2 Men, Jewova te avèk Jozèf+. Se sa k fè tout bagay te mache byen pou li, e mèt li, Ejipsyen an, te ba l responsab tout kay li. 3 Mèt li te wè Jewova te avèk li e Jewova te fè tout sa l fè reyisi.

4 Jozèf te kontinye gen favè mèt li e li te vin sèvitè pèsonèl li. Se poutèt sa mèt li te mete l responsab kay li ak tout sa l genyen. 5 Depi lè Ejipsyen an te ba l responsab kay li a ak tout sa l genyen, Jewova pa t sispann beni kay Ejipsyen an poutèt Jozèf, e Jewova te beni tout sa l gen lakay li ak nan jaden l+. 6 Se konsa, li te bay Jozèf okipe tout sa l genyen e li pa t bay tèt li pwoblèm pou anyen, se sèl sa l ap manje ki te enterese l. Mete sou sa, Jozèf te vin yon bèl gason ki byen kanpe.

7 Annapre, madanm mèt Jozèf la te kòmanse gen je sou Jozèf, e li te di l: “Kouche avè m.” 8 Men, Jozèf pa t dakò e li te di madanm mèt li a: “Mèt mwen pa bay tèt li pwoblèm pou anyen k ap pase nan kay la e li ban m responsab tout sa l genyen. 9 Pa gen pèsonn ki gen plis otorite pase m nan kay sa a. Mèt mwen ban m pouvwa sou tout bagay, sof sou ou paske w se madanm li. Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye+?”

10 Se chak jou dam nan t ap pale ak Jozèf, men Jozèf pa t janm dakò ni kouche avè l, ni pase tan avè l. 11 Men, yon jou, pandan Jozèf te antre anndan kay la pou l fè travay li e pa t gen okenn moun ki t ap travay nan kay la ki te la, 12 dam nan kenbe rad Jozèf, epi li di l: “Kouche avè m!” Men, Jozèf kite rad la nan men l e li kouri sot deyò. 13 Kou l wè Jozèf kite rad la nan men l e li kouri sot deyò, 14 li rele gason ki t ap travay lakay li yo byen fò, epi li di yo: “Gade! Men mari m mennen Ebre sa a vin isit la pou l pase n nan rizib! Li vin kote m pou l kouche avè m, men, mwen te pran rele ak tout fòs mwen. 15 Epi, kou l tande m ap rele byen fò, li kite rad li bò kote m nan, li kouri sot deyò.” 16 Apre sa, dam nan kite rad Jozèf la bò kote l jiskaske mèt Jozèf antre lakay li.

17 Epi, dam nan di mari l menm bagay la. Li di l: “Sèvitè ebre ou mennen ban nou an vin sou mwen pou l pase m nan rizib. 18 Men, kou m pran rele byen fò, li kite rad li bò kote m, epi li kouri sot deyò.” 19 Kou mèt Jozèf la tande madanm li di l: “Men sa sèvitè w la fè m”, li vin an kòlè anpil. 20 Se sa k fè mèt Jozèf la pran Jozèf, li fè mete l nan prizon yo te konn met prizonye wa a e Jozèf te ret nan prizon+.

21 Men, Jewova te toujou avèk Jozèf, li te kontinye montre lanmou ki fidèl li gen pou Jozèf e li te fè l jwenn favè chèf prizon an+. 22 Se sa k fè chèf prizon an te met Jozèf responsab tout prizonye ki nan prizon an. Tout travay ki t ap fèt anndan prizon an, se Jozèf ki te responsab yo+. 23 Chèf prizon an pa t veye anyen ki te sou kont Jozèf, paske Jewova te avèk Jozèf e Jewova te fè tout sa l fè reyisi+.

40 Apre sa, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa Ejip la bwason yo+ ak chèf boulanje a te fè mèt yo a, wa Ejip la, yon bagay ki mal. 2 Se sa k fè Farawon te vin fache anpil kont de sèvitè sa yo, anpalan de mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a+. 3 Li te fè fèmen yo nan kacho lakay chèf sekirite a+, kote Jozèf te nan prizon an+. 4 Epi, chèf sekirite a te mete yo ansanm ak Jozèf, e yo te sou kont Jozèf+. Yo te pase kèk tan nan prizon.

5 Ni mesye ki te konn sèvi wa Ejip la bwason yo, ni chèf boulanje wa a, yo chak te fè yon rèv nan yon menm nuit, pandan yo te fèmen nan prizon an, e chak rèv te gen sans pa l. 6 Nan demen maten, lè Jozèf antre kote yo, li wè figi yo fennen. 7 Se sa k fè li te mande sèvitè Farawon yo ki te nan prizon ansanm avè l lakay mèt li a: “Poukisa figi nou fennen konsa jodi a?” 8 Yo reponn li: “Nou chak fè yon rèv, men pa gen moun ki pou esplike nou yo.” Jozèf di yo: “Èske se pa Bondye ki konn esplike rèv+? Tanpri, rakonte m rèv nou yo.”

9 Se konsa, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa a bwason yo rakonte Jozèf rèv li a, li di l: “Nan rèv mwen an, mwen te wè yon pye rezen. 10 Pye rezen an te gen twa ti branch. Pandan l t ap boujonnen, li te fleri, e grap li yo te vin bay rezen ki mi. 11 Koup Farawon an te nan men m, mwen pran rezen e mwen prije yo nan koup la. Apre sa, mwen bay Farawon koup la.” 12 Lè sa a, Jozèf di l: “Men esplikasyon rèv la: Twa ti branch yo se twa jou. 13 Nan twa jou Farawon ap fè yo lage w, l ap fè w retounen nan travay ou+. Ou pral pote koup Farawon an ba li jan w te konn abitye fè lè w te konn sèvi l bwason yo+. 14 Men, se pou w sonje m lè bagay yo ap byen mache pou ou. Tanpri, se pou w montre ou gen lanmou ki fidèl pou mwen, e se pou w pale ak Farawon pou mwen pou l ka fè m soti la a. 15 An reyalite, se kidnape yo te kidnape m nan peyi Ebre yo+. Epi, isit la, mwen pa fè anyen ki merite pou yo mete m nan prizon+.”

16 Lè chèf boulanje a wè esplikasyon Jozèf te bay la nan avantaj konpayon l lan, li menm tou, li di Jozèf: “Nan rèv pa m nan, mwen te wè twa pànye sou tèt mwen ki gen pen blan ladan yo. 17 Men, nan pànye ki te anlè nèt la, te gen tout kalite bagay ki kuit nan fou pou Farawon e te gen zwazo ki t ap manje yo nan pànye a.” 18 Lè sa a, Jozèf di l: “Men esplikasyon rèv la: Twa pànye yo se twa jou. 19 Nan twa jou, Farawon ap koupe tèt ou, l ap pann ou sou yon poto e zwazo ap vin manje vyann kò w+.”

20 Twouve, twazyèm jou a se te jou fèt Farawon+. Li te fè yon gwo fèt pou tout sèvitè l yo e li te fè yo mennen mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a devan sèvitè l yo. 21 Epi, Farawon te fè mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason an retounen nan travay li e misye te kontinye sèvi l bwason. 22 Epi, li te pann chèf boulanje a, jan Jozèf te esplike yo a+. 23 Men, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi wa a bwason yo pa t sonje Jozèf+.

41 Lè dezan prèske fin pase, Farawon reve+ li kanpe bò Rivyè Nil la. 2 Epi, li wè sèt bèl gazèl bèf byen gra ki soti nan Rivyè Nil la e ki t ap manje zèb ki bò rivyè a+. 3 Te gen sèt lòt gazèl bèf ki te sot nan rivyè a apre yo. Yo te lèd e yo te mèg. Yo te kanpe bò Rivyè Nil la bò kot gazèl bèf ki te gra yo. 4 Lè sa a, gazèl bèf ki lèd e ki mèg yo te kòmanse manje sèt bèl gazèl bèf ki te byen gra yo. Menm lè a, Farawon reveye.

5 Epi, li dòmi ankò e li fè yon dezyèm rèv. Li wè sèt grap ble* ki pouse nan yon sèl pye, yo te chaje ak grenn e yo te bèl+. 6 Epi, te gen sèt lòt grap ble ki te sèch ki te pouse apre yo, e van ki sot nan lès la te fè yo chode. 7 Epi, grap ble ki te sèch yo te kòmanse vale sèt grap ble ki te chaje ak grenn e ki te bèl yo. Menm lè a, Farawon reveye e li wè se nan yon rèv li te ye.

8 Men, nan maten, li te vin santi l boulvèse. Se sa k fè li te voye chèche tout prèt ki te majisyen yo ak tout gwo save nan peyi Ejip. Farawon rakonte yo rèv li te fè yo, men, pèsonn pa t ka esplike Farawon sa rèv yo vle di.

9 Lè sa a, mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi Farawon bwason yo di Farawon: “M ap konfese peche m jodi a. 10 Farawon te fache kont sèvitè l yo. Se sa k fè li te fè fèmen ni mwen menm ni chèf boulanje a nan kacho lakay chèf sekirite a+. 11 Annapre, nou chak te fè yon rèv nan yon menm nuit. Chak rèv te gen sans pa l+. 12 Te gen yon jèn gason ebre, yon sèvitè chèf sekirite a+, ki te ansanm avèk nou. Lè nou rakonte l rèv yo+, li te esplike nou sa chak rèv vle di. 13 Jan l te esplike nou an, se konsa sa te rive. Yo te mete m nan travay mwen ankò, men yo te pann lòt mesye a+.”

14 Lè sa a, Farawon voye chèche Jozèf+, e yo te mennen l byen vit ba li sot nan prizon an+. Jozèf fè bab li*, li chanje rad sou li, epi li antre kot Farawon. 15 Epi, Farawon di Jozèf: “Mwen fè yon rèv, men, pèsonn pa ka esplike m li. Yo di m ou ka annik tande yon rèv epi w esplike l+.” 16 Lè sa a, Jozèf di l: “Se Bondye ki pral fè Farawon konnen sa k ap bon pou li, se pa mwen menm+.”

17 Farawon kontinye pale ak Jozèf, li di l: “Nan rèv mwen an, mwen wè m kanpe bò Rivyè Nil la. 18 Mwen wè sèt bèl gazèl bèf byen gra ki soti nan Rivyè Nil la e yo kòmanse manje zèb ki bò rivyè a+. 19 Gen sèt lòt gazèl bèf ki te sot nan rivyè a apre yo. Yo pa t bon menm, yo te lèd anpil e yo te mèg. Mwen potko janm wè gazèl bèf lèd konsa okenn kote nan peyi Ejip. 20 Epi, gazèl bèf ki te lèd e ki te mèg yo te kòmanse manje sèt gazèl bèf ki te gra yo. 21 Men, lè yo fin manje yo, pèsonn pa t ka wè ki kote sa yo te manje a ale, paske yo te ret gwosè yo te ye a. Lè sa a, mwen reveye.

22 “Apre sa, nan rèv mwen an, mwen te wè sèt grap ble ki pouse nan yon sèl pye, yo te chaje ak grenn e yo te bèl+. 23 Gen sèt grap ble ki fennen ki te pouse apre yo, grenn yo te sèch e van ki sot nan lès la te fè yo chode. 24 Epi, grap ble ki te sèch yo te kòmanse vale sèt grap ble ki te bèl yo. Annapre, mwen te rakonte prèt ki majisyen yo rèv yo+, men yo youn pa t ka esplike m yo+.”

25 Lè sa a, Jozèf di Farawon: “Rèv Farawon yo vle di menm bagay. Vrè Dye a fè Farawon konnen sa l pral fè+. 26 Sèt bon gazèl bèf yo se sèt ane. Menm jan an tou, sèt bon grap ble yo se sèt ane. Toule de rèv yo vle di menm bagay. 27 Sèt gazèl bèf ki lèd e ki pa bon menm ki te monte annapre yo se sèt ane. Sèt grap ble ki pa gen grenn van ki sot nan lès la te fè vin chode yo se sèt ane grangou. 28 Jan m te di Farawon an, vrè Dye a fè Farawon wè sa l pral fè.

29 “Pral gen sèt ane kote ap gen anpil manje nan tout peyi Ejip. 30 Men, pral gen sèt ane grangou annapre. Lè sa a, y ap bliye si te gen tout manje sa a nan peyi Ejip e grangou ap fini ak peyi a+. 31 Yo pap sonje si te gen anpil manje nan peyi a anvan sa akoz grangou k ap vin apre a, paske sa ap rèd anpil. 32 Vrè Dye a fè Farawon fè rèv sa a de fwa, paske vrè Dye a pap fè bak nan sa l deside fè a, e li pral fè sa talè konsa.

33 “Kounye a, se pou Farawon chèche yon nonm ki prevwayan e ki gen sajès pou l mete l alatèt peyi Ejip. 34 Se pou Farawon met plizyè enspektè nan peyi a e se pou l pran yon senkyèm nan tout rekòt ki pral fèt nan peyi Ejip pandan sèt ane k ap gen anpil manje yo+. 35 Se pou yo ranmase tout manje k ap genyen nan bon ane k ap vini yo e se pou yo fè pil ak manje angren yo sou lòd Farawon. Y ap mete yo nan depo nan vil yo, e y ap konsève yo+. 36 Manje sa yo ap la pou yo itilize nan peyi a pandan sèt ane grangou ki pral vini sou peyi Ejip, pou peyi a pa fin peri anba grangou+.”

37 Farawon ak tout sèvitè l yo te wè se yon bon konsèy. 38 Se sa k fè Farawon te di sèvitè l yo: “Èske n ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye nan li tankou nonm sa a?” 39 Epi, Farawon di Jozèf: “Piske Bondye fè w konn tout bagay sa yo, pa gen pèsonn ki prevwayan e ki gen sajès tankou w. 40 Se ou menm menm ki pral responsab tout kay mwen an, e tout pèp mwen an ap obeyi w je fèmen+. Se sèlman paske m se wa ki fè m ap* gen plis pouvwa pase w.” 41 Epi, Farawon di Jozèf: “Gade! Mwen mete w alatèt tout peyi Ejip+.” 42 Lè sa a, Farawon retire bag li konn poze so a nan men l, li mete l nan men Jozèf, li mete rad ki fèt ak twal len bon kalite sou Jozèf e li mete yon chèn lò nan kou l. 43 Mete sou sa, wa a fè l monte nan dezyèm charyo l la e li fè y ap di byen fò devan Jozèf: “Avrek!*” Se konsa, Farawon te mete l alatèt tout peyi Ejip.

44 Annapre, Farawon di Jozèf: “Mwen se Farawon, apa mwen menm, pèsonn pa gen dwa fè anyen* nan tout peyi Ejip san pèmisyon w+.” 45 Apre sa, Farawon rele Jozèf Safnatpaneya e li ba li Asnat+, pitit fi Potifera ki prèt vil On* an, kòm madanm. Epi, Jozèf te kòmanse enspekte* peyi Ejip+. 46 Jozèf te gen 30 an+ lè l te parèt devan* Farawon, wa peyi Ejip.

Annapre, Jozèf sot devan Farawon e li t al vwayaje nan tout peyi Ejip. 47 Pandan sèt ane ki te gen anpil manje yo, peyi a te bay yon pakèt manje. 48 Jozèf te kontinye ranmase tout manje nan peyi Ejip pandan sèt ane sa yo, e li te mete pil manje yo nan depo nan vil yo. Nan chak vil, li te konsève manje ki te sot nan jaden ki toupre yo. 49 Jozèf te kontinye rasanble anpil manje angren tankou sab bò lanmè, jiskaske yo te sispann kontwole yo, paske yo pa t ka kontwole yo.

50 Anvan ane ki t apral gen grangou yo te rive, Jozèf te vin gen de pitit gason+ ak Asnat, pitit fi Potifera ki prèt vil On* an. 51 Jozèf te rele premye pitit li a Manase*+, paske li te di: “Bondye fè m bliye tout pwoblèm mwen ak tout moun lakay papa m.” 52 Li te rele dezyèm nan Efrayim*+, paske li te di: “Bondye fè m fè pitit nan peyi mizè m nan+.”

53 Epi, sèt ane ki te bay anpil manje nan peyi Ejip yo te pase+ 54 e sèt ane grangou yo te kòmanse, jan Jozèf te di a+. Grangou a te gaye sou tout tè a, men, te gen manje nan tout peyi Ejip+. 55 Rive yon lè, tout peyi Ejip te vin nan grangou, e pèp la te kòmanse ap kriye pou manje nan pye Farawon+. Lè sa a, Farawon di tout Ejipsyen yo: “Al kot Jozèf, epi fè tout sa l di nou+.” 56 Grangou a te vin gaye sou tout tè a nèt+. Epi, Jozèf kòmanse ouvri tout depo manje ki te gen nan peyi a pou l vann Ejipsyen yo manje+, piske grangou a te vin rèd anpil nan peyi Ejip. 57 Mete sou sa, moun tout kote sou tè a te vin ann Ejip pou yo achte manje nan men Jozèf, paske grangou a te rèd anpil sou tout tè a+.

42 Lè Jakòb aprann gen manje nan peyi Ejip+, li di pitit gason l yo: “Poukisa youn rete ap gad lòt san n pa fè anyen?” 2 Epi, li di: “Mwen tande yo di gen manje nan peyi Ejip. Desann al achte manje pou nou, pou grangou pa touye nou+.” 3 Se konsa, dis nan frè Jozèf yo+ te desann al achte manje nan peyi Ejip. 4 Men, Jakòb pa t voye Benjamen+, frè Jozèf la, avèk lòt frè l yo, paske l te di: “Si m voye l, petèt yon gwo malè ka rive l+.”

5 Konsa, pitit gason Izrayèl yo t al ann Ejip ansanm ak lòt moun ki t al achte manje yo, paske grangou a te vin gaye nan peyi Kanaran+. 6 Se Jozèf ki t ap dirije peyi Ejip+ e se li ki t ap vann tout moun sou tè a manje+. Se konsa, frè Jozèf yo vini e yo bese fas atè devan l+. 7 Lè Jozèf wè frè l yo, li rekonèt yo tousuit. Men, li pa t kite yo konnen si se li+. Se sa k fè li te pale rèd avèk yo e li te di yo: “Ki kote nou soti?” Yo reponn: “Nou sot nan peyi Kanaran pou n vin achte manje+.”

8 Konsa, Jozèf te rekonèt frè l yo, men yo pa t rekonèt li. 9 Menm kote a, Jozèf vin sonje rèv li te fè anrapò ak frè l yo+, e li di yo: “Se espyon nou ye! Nou vin gade kote ki san defans nan peyi a!” 10 Lè sa a, yo reponn li: “Non, mèt, se manje sèvitè w yo vin achte. 11 Nou tout se pitit yon sèl papa. Nou se moun ki dwat. Sèvitè w yo pa espyon.” 12 Men, li di yo: “Manti! Se kote ki san defans nan peyi a nou vin gade!” 13 Epi, yo reponn: “Sèvitè w yo se 12 frè+, pitit yon sèl papa+ nan peyi Kanaran. Pi piti a ansanm ak papa nou kounye a+, men lòt la pa la ankò+.”

14 Men, Jozèf di yo: “Sa m di nou an se sa: ‘Se espyon nou ye!’ 15 M ap teste nou pou m wè si n ap di laverite: Menm jan li klè Farawon vivan, mwen fè sèman nou pap kite isit la toutotan pi jèn frè nou an pa vini la a+. 16 Voye youn nan nou al chèche frè nou an mennen ban mwen pandan m ap kenbe nou la a. Konsa, m ap wè si sa nou di yo se laverite. E si se manti, menm jan li klè Farawon vivan, mwen fè sèman nou se espyon.” 17 Kou l fin di sa, li fè mete yo nan prizon pou twa jou.

18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: “Mwen gen lakrentif pou Bondye, fè sa m pral di a pou n pa mouri. 19 Si nou se moun ki dwat vre, se pou youn nan frè nou yo rete nan prizon an, men lòt yo mèt al chèche manje pou nou ka soulaje moun lakay nou ki grangou+. 20 Epi, mennen pi jèn frè nou an ban mwen pou m ka wè si sa nou te di yo se laverite e mwen pap fè touye nou.” E se sa yo te fè.

21 Epi, youn di lòt: “Se sa n te fè frè nou an n ap peye+. Paske nou te wè jan l t ap soufri* lè l t ap kriye nan pye nou pou n gen pitye pou li, men nou pa t koute l. Se sa k fè malè sa a rive nou.” 22 Lè sa a, Ribenn di yo: “Èske m pa t di nou: ‘Pinga nou fè timoun nan mal’? Men, nou pa t koute m+. Kounye a, n ap peye pou san l nou te fè koule a+.” 23 Men, yo pa t konnen si Jozèf te konprann sa yo t ap di a paske te gen yon moun ki t ap entèprete pou yo. 24 Lè sa a, Jozèf ba yo do e li pran kriye+. Lè l retounen vin pale avèk yo, li pran Simeyon+ nan mitan yo e li mare l devan je yo+. 25 Epi, Jozèf bay lòd pou yo plen sak mesye yo manje, pou yo remete lajan chak moun nan sak yo e pou yo ba yo pwovizyon pou vwayaj la. Se sa yo te fè pou yo.

26 Konsa, mesye yo mete manje yo sou bourik yo, epi y ale. 27 Lè youn ladan yo ouvri sak li pou l pran manje pou bourik li kote yo t ap pase nuit lan, li wè lajan l lan nan sak li a. 28 Lè sa a, li di frè l yo: “Apa yo remete lajan m nan nan sak mwen an!” Epi, kè yo kase, yo pran tranble, youn gad lòt, yo di: “Poukisa Bondye fè nou sa?”

29 Lè yo rive kot Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l tout sa k te rive yo, yo di l: 30 “Mesye k ap dirije peyi a te pale rèd avèk nou+, li di nou se espyon nou ye nan peyi a. 31 Men, nou te di l: ‘Nou se moun ki dwat. Nou pa espyon+. 32 Nou se 12 frè+, pitit menm papa. Gen youn ki pa la ankò+, e pi jèn nan ansanm ak papa nou kounye a nan peyi Kanaran+.’ 33 Men, mesye k ap dirije peyi a di nou: ‘Men sa pou n fè pou m wè si nou se moun ki dwat vre: Kite youn nan frè nou yo avè m+. Epi, pran manje pou n al soulaje moun lakay nou ki grangou, apre sa ale+. 34 Epi, mennen pi jèn frè nou an ban mwen, pou m ka konnen se pa espyon nou ye, men pou m ka konnen nou se moun ki dwat. Apre sa, m ap reban nou frè nou an, e n ap ka achte sa n bezwen nan peyi a.’”

35 Pandan yo t ap vide sak yo, yo chak te jwenn lajan pa yo nan sak yo. Lè papa yo ansanm avèk yo te wè lajan yo te nan sak yo, yo te vin pè. 36 Jakòb, papa yo, di yo byen fò: “Se mwen menm nou lage san pitit+! Jozèf pa la ankò+. Simeyon pa la ankò+, e kounye a, nou pral pran Benjamen. Se mwen menm tout malè sa yo rive!” 37 Men, Ribenn di papa l: “Ou mèt touye de pitit gason m yo si m pa mennen l tounen ba ou+. Ou mèt ban m responsab li, se mwen menm k ap mennen l tounen ba ou+.” 38 Men, Jakòb reponn: “Pitit gason m nan pap desann avèk nou, paske frè l la mouri e li ret poukont li+. Si yon malè ta rive l nan vwayaj nou pral fè a, mwen tou fin granmoun, n ap fè m al nan Tonm*+ ak dlo nan je+.”

43 Twouve, grangou a te rèd anpil nan peyi a+. 2 Se sa k fè, lè yo te fin manje manje yo te achte nan peyi Ejip la+, papa yo te di yo: “Retounen al achte yon ti manje pou nou.” 3 Lè sa a, Jida di l: “Mesye a te pale byen klè avèk nou, li te di nou: ‘Nou pa dwe vin wè m ankò si frè nou an pa ansanm avèk nou+.’ 4 Si w voye frè nou an avèk nou, n ap desann al achte manje pou ou. 5 Men si w pa voye l, nou pa prale, paske mesye a te di nou: ‘Nou pa dwe vin wè m ankò si frè nou an pa ansanm avèk nou+.’” 6 Epi, Izrayèl+ mande: “Poukisa nou te oblije di mesye a nou gen yon lòt frè pou nou lage m nan pwoblèm?” 7 Yo reponn: “Se mesye a menm ki te mande nou enfòmasyon sou nou ak fanmi nou. Li te mande nou: ‘Èske papa nou vivan toujou? Èske nou gen yon lòt frè?’ Nou te di l laverite+. Ki jan n t ap fè konnen si l t ap di nou: ‘Vini ak frè nou an+’?”

8 Epi, Jida sipliye Izrayèl, papa l, li di l: “Voye tigason an avè m+, kite n ale pou grangou pa touye+ ni nou menm, ni ou menm, ni pitit nou yo+. 9 Nenpòt sa k rive l se sou kont mwen+. Ou mèt ban m responsab li. Si m pa mennen l tounen ba ou e mwen pa remèt ou li nan men, peche sa a ap ret sou do m pandan tout vi m. 10 Kounye a, si nou pa t ret ap pèdi tan, nou t ap gentan sou de vwayaj lòtbò a.”

11 Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di yo: “Si se konsa sa dwe fèt, men sa pou n fè: Pran sa ki pi bon nou gen nan peyi a met nan sak nou pou n pot fè mesye a kado+. Pote yon ti luil santi bon+, yon ti siwo myèl, gonm santi bon, grès bwa santi bon+, pistach ak zanmann. 12 Pot de fwa kantite lajan n ap bezwen an. Pote lajan yo te met nan sak nou an remèt+. Petèt se te yon erè. 13 Epi, pran frè nou an, tounen al kot mesye a. 14 Mwen swete pou Bondye Toupisan an fè mesye a gen pitye pou nou, pou l ka kite n tounen ak lòt frè nou an ansanm ak Benjamen. Kanta pou mwen, si se pou m pèdi pitit mwen yo, m ap reziyen m+!”

15 Se konsa, mesye yo pran kado a, yo pran de fwa kantite lajan y ap bezwen an ansanm ak Benjamen. Apre sa, yo desann al nan peyi Ejip e yo retounen devan Jozèf+. 16 Lè Jozèf wè Benjamen ansanm avèk yo, menm kote a li di mesye ki responsab kay li a: “Mennen mesye yo lakay la, touye bèt pou w fè manje pou nou, paske mesye yo ap manje avè m a midi.” 17 San pèdi tan, mesye a fè sa Jozèf di l la+ e li mennen yo lakay Jozèf. 18 Men, mesye yo te vin pè lè yo mennen yo lakay Jozèf, yo t ap di: “Se poutèt lajan yo te met nan sak nou an dènye fwa a ki fè yo mennen nou la a. Kounye a, y ap met men sou nou, y ap fè nou vin esklav e y ap pran bourik nou yo+.”

19 Se sa k fè yo t al pale ak mesye ki te responsab kay Jozèf la nan rantre kay la. 20 Yo di l: “Eskize nou wi, mèt. Nou te vin achte manje yon fwa deja+. 21 Men, lè n te rive kote nou t apral pase nuit lan, nou te ouvri sak nou, nou te sezi wè lajan nou chak te nan sak nou, tout lajan an nèt+. Se sa k fè, nou vle remèt lajan an. 22 Nou vin ak plis lajan pou n achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te met lajan an nan sak nou+.” 23 Lè sa a, mesye a di yo: “Pa gen pwoblèm. Nou pa bezwen pè. Bondye nou an ki Bondye papa nou ap sèvi a te mete lajan an nan sak nou. Se mwen ki te resevwa lajan nou an.” Apre sa, li mennen Simeyon ba yo+.

24 Annapre, mesye a mennen yo kay Jozèf, li ba yo dlo pou yo lave pye yo e li ba yo manje pou yo bay bourik yo. 25 Yo prepare kado yo+ te pot pou Jozèf la pou yo ba li l lè l vin a midi, paske yo te tande yo gen pou yo manje nan kay la+. 26 Lè Jozèf antre nan kay la, yo pote kado a ba li anndan kay la e yo bese devan l jis atè+. 27 Apre sa, Jozèf mande yo ki jan yo ye, epi li di yo: “Ki jan papa nou ye, granmoun nou te pale m de li a? Li vivan toujou+?” 28 Lè sa a, yo reponn: “Sèvitè w la, papa nou, byen. Li vivan toujou.” Epi, yo bese fas atè byen ba+.

29 Lè Jozèf gade, li wè Benjamen, frè l la, pitit gason manman l lan+, li di: “Èske se pi jèn frè nou an nou te pale m de li a+?” Apre sa, li di: “Se pou Bondye beni w, pitit gason m!” 30 Epi, Jozèf te kouri soti byen vit, paske li pa t ka sipòte ankò lè l te wè frè l la, e li t al chèche yon kote pou l kriye. Epi, li te antre nan yon chanm, li tonbe kriye+. 31 Apre sa, li lave figi l, li soti, epi li kontwole tèt li, li di: “Nou mèt sèvi manje a.” 32 Yo sèvi l manje sou tab li. Yo sèvi mesye yo sou tab pa yo. Epi, Ejipsyen ki te ak Jozèf yo t ap manje poukont yo, paske se te yon move bagay pou Ejipsyen yo pou yon Ejipsyen manje ansanm ak yon Ebre+.

33 Frè Jozèf yo te chita devan Jozèf selon laj yo. Soti nan premye a, selon dwa l genyen kòm premye pitit+, rive nan dènye a. Yo te sezi e youn t ap gade lòt. 34 Jozèf te fè pran nan manje sou tab li a pote sou tab frè l yo. Men, kantite manje li te voye pou Benjamen an te senk fwa pi gwo pase sa l te voye pou lòt mesye yo+. Se konsa, yo t ap byen manje byen bwè ak Jozèf.

44 Annapre, Jozèf bay mesye ki responsab kay li a lòd, li di l: “Plen sak mesye yo ak manje, ba yo kantite yo ka pote, epi mete lajan yo chak nan sak yo+. 2 Men, ou dwe mete koup mwen an, koup ann ajan m nan, nan sak sa ki pi piti a ansanm ak lajan li te peye pou manje l la.” Epi, mesye a fè sa Jozèf di l la.

3 Nan maten, kou l jou, yo te voye mesye yo ale ansanm ak bourik yo. 4 Yo potko rive lwen vil la lè Jozèf di mesye ki responsab kay li a: “Leve! Al dèyè mesye yo! Lè w jwenn yo, di yo: ‘Poukisa nou rann mal pou byen? 5 Apa nou pran koup mèt mwen an konn bwè ladan l lan, koup li konn sèvi pou l wè sa k pral rive a! Se yon move bagay nou fè la a!’”

6 Konsa, lè l jwenn mesye yo, li di yo pawòl sa yo. 7 Men sa yo reponn li: “Mèt, kòman w fè di yon bagay konsa? Ki jan pou sèvitè w yo ta ka fè yon bagay konsa? 8 Gade! Lè nou te jwenn lajan nan sak nou yo, nou te pote l tounen sot nan peyi Kanaran+. Kounye a, ki jan pou n ta fè vòlè ajan oswa lò lakay mèt ou a? 9 Si yo jwenn li nan men youn nan nou menm, esklav ou yo, se pou moun sa a mouri, rès moun yo menm ap vin esklav mèt mwen an.” 10 Lè sa a, li di: “M ap fè sa nou di a: moun yo jwenn li nan men l lan ap vin esklav mwen, men rès moun yo ap inosan.” 11 Epi, yo chak kouri met sak yo atè byen vit e yo ouvri yo. 12 Li chèche byen chèche, li kòmanse chèche nan sak moun ki pi gran an rive nan sak moun ki pi piti a. Alafen, li jwenn koup la nan sak Benjamen+.

13 Apre sa, yo chire rad sou yo, yo chak mete chay yo sou bourik yo e yo retounen nan vil la. 14 Lè Jida+ ak frè l yo antre lakay Jozèf, Jozèf te la toujou, e yo lage kò yo atè devan l+. 15 Lè sa a, Jozèf di yo: “Ki aksyon sa a nou fè la a? Èske nou pa konnen yon moun tankou m gen pouvwa pou m konn sa k pral rive+?” 16 Kou Jida tande sa, li di: “Ki sa nou ka di w, mèt mwen? Ki esplikasyon nou ka ba ou? Ki jan nou ka montre nou se moun ki jis? Vrè Dye a devwale peche esklav ou yo+. Kounye a, nou se esklav ou, mèt mwen, nou menm ansanm ak moun yo jwenn koup la nan men l lan.” 17 Men, Jozèf di yo: “Mwen pa t ap janm fè yon bagay konsa! Moun yo jwenn koup la nan men l lan, se li menm k ap vin esklav mwen+. Men, lòt moun yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze.”

18 Lè sa a, Jida pwoche kote l, li di l: “Mwen priye w angras, mèt mwen, tanpri, kite esklav ou a di w yon ti pawòl. Pa vin an kòlè kont esklav ou a. Paske ou se Farawon e Farawon se ou+. 19 Mèt mwen, se ou ki te mande esklav ou yo: ‘Èske papa nou la e èske nou gen yon lòt frè?’ 20 Epi, mèt mwen, nou te reponn ou: ‘Papa nou la, li granmoun kounye a, e li te vin gen yon pitit nan vyeyès li, se li ki dènye a+. Men, frè pitit sa a mouri+, se sa k fè se sèl li ki rete nan pitit manman l yo+ e papa l renmen l anpil.’ 21 Apre sa, ou te di esklav ou yo: ‘Vini avè l pou m ka wè l+.’ 22 Men, nou te di w sa, mèt mwen: ‘Tigason an pa kapab separe ak papa l. Si l separe avè l, papa l ap tou mouri+.’ 23 Epi w te di esklav ou yo: ‘Nou pa dwe vin wè m ankò si pi jèn frè nou an pa vini ansanm avèk nou+.’

24 “Se konsa, mèt mwen, nou te monte al kot papa nou, esklav ou a, e nou te di l sa w te di yo. 25 Rive yon lè, papa nou di nou: ‘Retounen al achte yon ti manje pou nou+.’ 26 Men, nou te di l: ‘Nou pap kapab ale. Si frè nou ki pi piti a pa al avèk nou, nou pa prale, paske nou pap ka wè mesye a si nou pa ansanm ak ti frè nou an+.’ 27 Lè sa a, papa m, esklav ou a, di nou: ‘Nou konnen byen se sèlman de pitit gason madanm mwen te fè pou mwen+. 28 Men, mwen te vin pèdi youn ladan yo e mwen te di: “Siman li dwe fè miyèt moso+!” Depi lè sa a, mwen pa wè l. 29 Si nou ta retire pitit sa a nan men m tou e yon malè ta rive l, mwen tou fin granmoun, n ap fè m al nan Tonm nan*+ ak dlo nan je+.’

30 “Kounye a, si m retounen lakay papa m, esklav ou a, san tigason an pa avè m, piske papa m renmen tigason an* menm jan l renmen pwòp vi pa l*, 31 kou l wè tigason an pa la, l ap mouri. Epi vrèmanvre, se esklav ou yo ki t ap lakòz papa nou al nan Tonm nan* ak dlo nan je. 32 Mwen menm, esklav ou a, mwen te pwomèt papa m mwen pap kite anyen rive tigason an. Mwen te di l: ‘Si m pa mennen l tounen ba ou e mwen pa remèt ou l nan men, peche sa a ap ret sou do m pandan tout vi m+.’ 33 Se sa k fè, kounye a, mèt mwen, ou mèt pran m kòm esklav ou nan plas tigason an pou l ka retounen lakay li ansanm ak frè l yo. 34 Ki jan m ap fè retounen lakay papa m san tigason an? Mwen pap ka wè lè malè ap rive papa m!”

45 Lè Jozèf tande pawòl sa yo, li pa t ka kenbe ankò devan tout moun ki te la yo+. Se sa k fè l te di byen fò: “Fè tout moun soti devan m nan!” Pèsonn pa t rete kote Jozèf pandan l t ap fè frè l yo rekonèt li+.

2 Lè sa a, li te tèlman rele fò e li t ap kriye, Ejipsyen yo te tande vwa l e menm moun lakay Farawon yo te tande l tou. 3 Finalman, Jozèf di frè l yo: “Mwen se Jozèf. Èske papa m vivan toujou?” Men, frè l yo te tèlman sezi, yo pa t menm ka reponn li. 4 Lè sa a, Jozèf di frè l yo: “Tanpri, pwoche bò kote m.” Epi yo pwoche bò kote l.

Li di yo: “Mwen se Jozèf, frè nou, se mwen nou te vann bay moun ki t apral ann Ejip yo+. 5 Men, kounye a, pa bay tèt nou pwoblèm e pinga youn repwoche lòt poutèt nou te vann mwen isit la, paske se pou n te ka rete vivan ki fè Bondye te voye m vin anvan nou isit la+. 6 Se dezyèm ane grangou nan peyi a+ e gen senk lòt ane ki gen pou vini kote moun pap ni plante, ni rekòlte. 7 Men, Bondye te voye m devan nou pou fanmi nou pa peri sou tè a*+ e pou nou ka ret vivan grasa yon gwo delivrans. 8 Kidonk, se pa nou menm ki te voye m isit la, men se vrè Dye a, pou l te fè m vin tankou papa* pou Farawon, yon mèt pou tout moun lakay li e pou m ka dirije tout peyi Ejip+.

9 “Retounen byen vit al jwenn papa m, e nou dwe di l: ‘Men sa Jozèf, pitit gason w lan, di: “Bondye mete m alatèt tout peyi Ejip+. Desann vin jwenn mwen. Pa mize+. 10 Nou dwe al abite Gochenn+, kote n ap toupre m, nou menm, pitit nou yo, pitit pitit nou yo, mouton nou yo, bèf nou yo ak tout sa n genyen. 11 M ap ban nou manje, paske ret senk lòt ane grangou ankò+. Si nou pa fè sa, ni nou menm, ni moun lakay nou, ni tout sa n genyen ap peri.”’ 12 Nou menm ansanm ak Benjamen, frè m nan, ka wè kounye a ak pwòp je nou se mwen menm k ap pale avèk nou toutbonvre+. 13 Se pou nou rakonte papa m tout glwa nou wè m genyen nan peyi Ejip ak tout bagay nou te wè yo! Kounye a, fè vit al chèche papa m mennen l isit la.”

14 Apre sa, Jozèf vlope Benjamen, frè l la, nan bra l, li tonbe kriye, e Benjamen t ap kriye ak bra l pase nan kou Jozèf+. 15 Epi, li bo tout frè l yo e li kriye devan yo. Apre sa, frè l yo pale avè l.

16 Nouvèl la te rive jis lakay Farawon, yo t al di l: “Frè Jozèf yo vini!” Sa te fè Farawon ak sèvitè l yo plezi. 17 Se sa k fè Farawon te di Jozèf: “Di frè w yo: ‘Men sa pou n fè: Chaje bèt nou yo, epi ale nan peyi Kanaran, 18 pran papa nou ak tout moun lakay nou epi vin jwenn mwen isit la. M ap ban nou bon bagay ki gen nan peyi Ejip e n ap manje pi bon manje* ki gen nan peyi a+.’ 19 Mwen ba w lòd di yo+: ‘Men sa pou n fè: Pran charyo+ nan peyi Ejip pou ti pitit nou yo ak madanm nou, se pou nou mete papa nou nan youn nan charyo yo, epi vin isit avè l+. 20 Pa enkyete nou pou byen nou yo+, paske pi bon bagay ki gen nan tout peyi Ejip se pou nou.’”

21 Epi, pitit gason Izrayèl yo te fè sa yo te di yo a. Jozèf te ba yo charyo, jan Farawon te pase l lòd fè sa, e li te ba yo pwovizyon pou vwayaj la. 22 Li te bay yo chak yon rad nèf, men li te bay Benjamen 300 pyès monnen ann ajan ak senk rad nèf+. 23 Epi, men sa l te voye pou papa l: dis bourik ki te chaje ak bon bagay ki gen nan peyi Ejip ak dis femèl bourik ki t ap pote manje angren ak pen ak lòt manje pou papa l manje pandan vwayaj la. 24 Konsa, li te voye frè l yo ale, e pandan mesye yo prale, li di yo: “Pinga nou youn fè kont ak lòt sou wout la+.”

25 Yo te kite peyi Ejip, epi yo rive nan peyi Kanaran, kot Jakòb, papa yo. 26 Lè sa a, yo di Jakòb: “Jozèf vivan toujou, se li ki alatèt tout peyi Ejip+!” Men, Jakòb pa t okipe sa yo te di l la, paske li pa t kwè yo+. 27 Lè yo te kòmanse rakonte Jakòb, papa yo, tout pawòl Jozèf te di yo, e lè Jakòb te wè charyo Jozèf te voye pou yo ka mennen l ann Ejip, li te repran fòs ankò. 28 Izrayèl di byen fò: “Nou pa bezwen di m anyen ankò! Jozèf, pitit gason m nan, vivan toujou! Fò m ale pou m ka wè l anvan m mouri+.”

46 Konsa, Izrayèl te vwayaje ak tout moun lakay li e ak tout sa l genyen. Lè l rive Beyècheba+, li fè sakrifis pou Bondye Izarak, papa l, t ap sèvi a+. 2 Apre sa, Bondye pale avè l nan yon vizyon nan nuit, li di l: “Jakòb! Jakòb!” Li reponn: “Men mwen!” 3 Epi, Bondye di l: “Mwen se vrè Dye a, Bondye papa w t ap sèvi a+. Pa pè desann ann Ejip, paske m ap fè w vin yon gwo nasyon lòtbò a+. 4 Se mwen menm k ap desann avè w ann Ejip e se mwen menm k ap fè w retounen sot lòtbò a+. Lè w mouri, se Jozèf k ap fèmen je w+.”

5 Annapre, Jakòb kite Beyècheba e pitit gason l yo te mete papa yo, timoun piti yo te genyen yo ak madanm yo sou charyo Farawon te voye pou y al chèche Jakòb yo. 6 Yo kite peyi Kanaran ak tout bèt yo te genyen ansanm ak tout byen yo te vin genyen. Se konsa, Jakòb ansanm ak tout fanmi l rive ann Ejip. 7 Li t al ann Ejip ansanm ak pitit gason l yo, pitit fi l yo, tout pitit pitit li yo, gason kou fi, sa vle di tout fanmi l nèt.

8 Men pitit gason Jakòb te genyen yo, pitit gason ki t al ann Ejip avè l yo+: Premye a se te Ribenn+.

9 Pitit gason Ribenn yo se te Anòk, Palou, Ezwon ak Kami+.

10 Pitit gason Simeyon yo+ se te Jemouwèl, Jamin, Orad, Jakin, Zora ak Chayil+ ki te pitit gason yon fi ki moun Kanaran.

11 Pitit gason Levi yo+ se te Gèchon, Keyat ak Merari+.

12 Pitit gason Jida yo+ se te È, Onan, Chela+, Perès+ ak Zera+. Men, È ak Onan te mouri nan peyi Kanaran+.

Pitit gason Perès yo se te Ezwon ak Amoul+.

13 Pitit gason Isaka yo se te Tola, Pouva, Yòb ak Chimwon+.

14 Pitit gason Zabilon yo+ se te Serèd, Elon ak Jaleyèl+.

15 Leya te fè plizyè pitit gason pou Jakòb lè l te Padanaram e li te fè Dina, pitit fi l la, tou+. Tout pitit gason ak pitit fi Jakòb te gen avè l yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 33 moun* antou.

16 Pitit gason Gad yo+ se te Zifyon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areli+.

17 Pitit gason Achè yo+ se te Imna, Ichva, Ichvi ak Berya. Yo te gen yon sè ki rele Sera.

Pitit gason Berya yo se te Ebè ak Malkyèl+.

18 Zilpa, sèvant Laban te bay Leya, pitit fi l la, te fè plizyè pitit gason pou Jakòb+. Pitit gason Zilpa te fè yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 16 moun* antou.

19 Rachèl, madanm Jakòb, te fè de pitit gason: Jozèf+ ak Benjamen+.

20 Asnat+, pitit fi Potifera, prèt vil On* an, te fè Manase+ ak Efrayim+ pou Jozèf nan peyi Ejip.

21 Pitit gason Benjamen yo+ se te Bela, Bekè, Achbèl, Gera+, Naaman, Eyi, Wòch, Moupim, Oupim+ ak Ad+.

22 Pitit gason Rachèl te fè pou Jakòb yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te 14 moun* antou.

23 Pitit gason Dann nan*+ se te Ouchim+.

24 Pitit gason Neftali yo+ se te Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chilèm+.

25 Bila, sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi l la, te fè plizyè pitit gason pou Jakòb. Pitit gason Bila te fè yo ansanm ak pitit pitit yo te genyen yo te sèt moun* antou.

26 Tout moun ki desandan Jakòb ki t al ann Ejip avè l yo, san konte madanm pitit gason Jakòb yo, te 66 moun* antou+. 27 Jozèf te gen de pitit gason* ki fèt ann Ejip. Te gen 70 moun* antou ki fanmi Jakòb ki te vin ann Ejip+.

28 Jakòb te voye Jida+ devan pou l al di Jozèf li nan wout pou l al Gochenn. Lè yo te rive Gochenn+, 29 Jozèf te fè yo prepare charyo l pou li, e li monte al Gochenn kot Izrayèl, papa l. Lè l parèt devan papa l, menm kote a, li vlope l nan bra l e li kriye pandan yon bon ti tan. 30 Epi, Izrayèl di Jozèf: “Kounye a, mwen mèt mouri. Mwen wè w e mwen konnen w vivan toujou.”

31 Lè sa a, Jozèf di frè l yo ak tout moun ki ansanm ak papa l yo: “Kite m monte al pale ak Farawon+, m ap di l: ‘Frè m yo ak tout moun ki lakay papa m yo ki t ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la+. 32 Mesye sa yo gade mouton ak lòt bèt+. Yo vin ak mouton yo+, bèf yo ak tout sa yo genyen+.’ 33 Lè Farawon voye rele nou e li mande nou: ‘Ki metye nou?’ 34 Nou dwe di l: ‘Depi lè sèvitè w yo jèn pou jis kounye a, se mouton nou gade menm jan ak zansèt nou yo+.’ Konsa, n ap ka abite Gochenn+, paske, pou Ejipsyen yo, se yon vye bagay pou moun ap gade mouton+.”

47 Epi, Jozèf al di Farawon+: “Papa m ak frè m yo sot nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen. Men yo Gochenn+.” 2 Li pran senk nan frè l yo, li prezante Farawon yo+.

3 Farawon mande frè Jozèf yo: “Ki metye nou?” Yo reponn: “Sèvitè w yo se gadò mouton, menm jan ak zansèt nou yo+.” 4 Apre sa, yo di Farawon: “Nou vin abite kòm etranje nan peyi a+ paske pa gen manje pou bèt sèvitè w yo e grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran+. Tanpri, pèmèt sèvitè w yo rete Gochenn+.” 5 Kou Farawon tande sa, li di Jozèf: “Kounye a, papa w ak frè w yo vin jwenn ou isit la. 6 Peyi a nan men w, fè yo abite kote ki pi bèl nan peyi a+. Kite yo rete Gochenn. Si gen kèk gason vanyan pami yo, se pou w ba yo responsab twoupo bèt mwen yo.”

7 Apre sa, Jozèf mennen Jakòb, papa l, kot Farawon, li prezante Farawon papa l, epi Jakòb beni Farawon. 8 Farawon mande Jakòb: “Ki laj ou?” 9 Jakòb reponn li: “Mwen gen 130 an depi m ap viv kòm etranje plizyè kote. Mwen pa viv anpil tan e ti tan mwen viv la chaje ak traka+. Zansèt mwen yo te viv plizyè kote kòm etranje tou, men yo te viv plis tan pase m+.” 10 Apre sa, Jakòb beni Farawon epi l ale.

11 Se konsa, Jozèf te bay papa l ak frè l yo yon kote pou yo rete ann Ejip, pi bèl kote nan Ramsès+, jan Farawon te ba l lòd fè sa. 12 Epi, Jozèf te kontinye bay papa l ak frè l yo manje ansanm ak tout moun lakay papa l, selon kantite pitit yo te genyen.

13 Twouve, pa t gen manje ankò okenn kote nan peyi a, paske grangou a te rèd anpil. Peyi Ejip ak peyi Kanaran te fin depafini anba grangou+. 14 Jozèf te ranmase tout lajan ki te gen nan peyi Ejip ak nan peyi Kanaran moun yo te peye pou manje yo te achte+. Li te pote tout lajan yo lakay Farawon. 15 Pa t ret lajan ankò ni ann Ejip, ni nan peyi Kanaran. Se sa k fè tout Ejipsyen yo te kòmanse al kot Jozèf, yo te di l: “Ban nou manje. Poukisa nou oblije mouri devan je w paske nou pa gen lajan ankò?” 16 Lè sa a, Jozèf di: “Si nou pa gen lajan, pote bèt nou yo vini e m ap ban nou manje.” 17 Konsa, yo te kòmanse mennen bèt yo genyen yo bay Jozèf. Jozèf te kontinye ba yo manje e yo te bay Jozèf cheval yo, mouton yo, bèf yo ak bourik yo te genyen. Li te fè tout ane a ap bay moun yo manje e yo te ba li tout bèt yo te genyen.

18 Lè ane a fini, yo te retounen kot Jozèf nan ane apre a, yo te di l: “Mèt, nou pa kache di w sa, nou deja fin ba w tout lajan nou ak tout bèt nou yo. Nou pa gen anyen ankò, mèt. Sèl sa nou ka ba ou se tèt nou ak tè nou yo. 19 Poukisa nou oblije mouri devan je w epi pou tè nou yo ret la san pa gen moun pou travay yo? Achte nou ansanm ak tè nou yo pou w ka ban nou manje. Konsa, n ap vin esklav Farawon e tè nou yo ap vin pou li. Ban nou semans pou n plante pou n pa mouri grangou e pou tè nou yo pa fin depafini.” 20 Epi, Jozèf te achte tout tè Ejipsyen yo pou Farawon paske tout Ejipsyen yo te vann tè yo genyen akoz grangou a ki te rèd anpil. Epi, tout peyi a te vin pou Farawon.

21 Jozèf te fè tout moun nan peyi Ejip al nan vil yo, soti nan yon bout peyi a rive jis nan lòt bout la+. 22 Se sèl tè prèt yo Jozèf pa t achte+. Prèt yo te resevwa manje nan men Farawon, se sa k fè yo pa t vann tè yo. 23 Annapre, Jozèf di pèp la: “Gade! Jodi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou Farawon. Men semans pou nou simen e se pou nou plante yo nan peyi a. 24 Lè jaden nou yo donnen, n ap fè sa nou rekòlte a fè senk pati, n ap bay Farawon yon pati+. Men, kat pati ki rete yo ap pou nou. Konsa, n ap jwenn semans pou n fè jaden e pou nou menm ak moun lakay nou ansanm ak timoun nou yo manje.” 25 Lè yo tande sa, yo di: “Mèt, ou sove lavi nou+. Ebyen, fè nou favè kounye a tou, e n ap vin esklav Farawon+.” 26 Apre sa, Jozèf pase yon dekrè ki toujou la jis jounen jodi a nan tout peyi Ejip. Dekrè a fè konnen youn nan senk pati nan rekòt yo fè yo ap pou Farawon. Se sèl tè prèt yo ki pa t vin pou Farawon+.

27 Moun lakay Izrayèl yo te kontinye abite Gochenn+, nan peyi Ejip. Yo te rete la nèt, yo te fè anpil pitit e yo te vin anpil+. 28 Epi, Jakòb te pase 17 an ap viv ann Ejip. Konsa, Jakòb te viv 147 an+.

29 Jou lanmò Izrayèl t ap pwoche+. Se sa k fè li te rele Jozèf, pitit gason l, li di l: “Kounye a, si w renmen m vre, tanpri, mete men w anba kuis mwen pou w fè sèman w ap demontre ou gen lanmou* pou mwen e ou fidèl avè m. Tanpri, pa antere m ann Ejip+. 30 Lè m mouri, ou dwe sot ann Ejip avè m pou w al antere m nan tonm zansèt mwen yo+.” Lè sa a, Jozèf di l: “Se sa w di a menm m ap fè.” 31 Apre sa, Jakòb di l: “Fè sèman ban mwen.” Jozèf fè sèman ba li+, epi Izrayèl bese tèt li byen ba bò tèt kabann li+.

48 Apre sa, gen moun ki vin di Jozèf: “Men kò papa w kòmanse bese.” Kou l tande sa, li pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l yo, l al wè papa l+. 2 Epi, yo di Jakòb: “Men Jozèf, pitit gason w, vin wè w.” Konsa, li ranmase kouraj li e li chita sou kabann nan. 3 Li di Jozèf:

“Bondye Toupisan an te parèt devan m pandan m te Louz, nan peyi Kanaran, e li te beni m+. 4 Li te di m: ‘M ap fè w gen anpil pitit, m ap fè w peple anpil, m ap fè w vin tounen yon pakèt pèp+ e m ap bay desandan w yo* peyi sa a kòm eritaj nètale+.’ 5 Kounye a, de pitit gason ou vin gen nan peyi Ejip anvan m te vin jwenn ou isit la se pitit mwen yo ye+. Efrayim ak Manase ap vin pitit mwen, menm jan Ribenn ak Simeyon se pitit mwen+. 6 Men, se pitit ou pral gen apre yo k ap pou ou. Y ap jwenn pòsyon pa yo nan tè frè yo pral genyen kòm eritaj la+. 7 Mwen menm, pandan m t ap sot Padan, Rachèl te mouri+ bò kote m nan peyi Kanaran e te ret yon bonkou wout anvan nou rive Efrata+. Se sa k fè m te antere l lòtbò a, sou wout ki mennen Efrata a, sa vle di Betleyèm+.”

8 Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande Jozèf: “Ki timoun sa yo?” 9 Jozèf reponn papa l: “Se pitit gason m yo Bondye ban mwen isit la+.” Lè sa a, Jakòb di: “Tanpri, mennen yo ban mwen pou m beni yo+.” 10 Twouve, je Izrayèl pa t bon ankò, tèlman l te granmoun, e li pa t kapab wè. Se sa k fè Jozèf te mennen timoun yo toupre l. Epi, Izrayèl bo yo e li vlope yo nan bra l. 11 Izrayèl di Jozèf: “Mwen pa t janm panse mwen t ap wè w+, men kounye a, Bondye fè m wè ata pitit* ou.” 12 Epi, Jozèf retire timoun yo sou janm Izrayèl e li bese fas atè.

13 Ansuit, li pran de timoun yo. Li pran Efrayim+ ak men dwat li met sou bò goch Izrayèl, li pran Manase+ ak men goch li met sou bò dwat Izrayèl, e li fè yo pwoche toupre Izrayèl. 14 Men, Izrayèl mete men dwat li sou tèt Efrayim, byenke li te pi piti, e li mete men goch li sou tèt Manase. Se li ki te vle mete men l konsa, byenke se Manase ki te premye pitit+. 15 Apre sa, li beni Jozèf, li di+:

“Se pou vrè Dye a, vrè Dye granpapa m, Abraram, ak papa m, Izarak, t ap mache avè l la+,

Vrè Dye ki pran swen m pandan tout vi m rive jis jounen jodi a+,

16 Zanj* ki te delivre m anba tout kalamite ki te tonbe sou mwen yo+, beni timoun yo+.

Se pou yo pote non m, non granpapa m, Abraram, ak non papa m, Izarak,

E se pou yo peple anpil sou tè a+!”

17 Lè Jozèf wè papa l kite men dwat li sou tèt Efrayim, sa pa t fè l plezi. Se sa k fè li te eseye pran men papa l sou tèt Efrayim pou l mete l sou tèt Manase. 18 Jozèf te di papa l: “Se pa konsa, papa, paske se Manase ki premye pitit+. Mete men w sou tèt li.” 19 Men, papa l te refize fè sa l te mande a e li te di l: “Mwen konnen, pitit gason m, mwen konnen. Li menm tou, l ap vin yon nasyon e l ap vin yon moun enpòtan. Men, ti frè l la ap vin yon moun ki pi enpòtan pase l+, e pitit* li yo ap vin tèlman anpil, y ap tankou yon pakèt nasyon met ansanm+.” 20 Konsa, li te kontinye beni yo jou sa a+, li te di:

“Se pou moun Izrayèl yo nonmen non w lè y ap bay benediksyon, e se pou yo di:

‘Nou swete pou Bondye fè w vin menm jan ak Efrayim e menm jan ak Manase.’”

Konsa, Jakòb te kontinye mete Efrayim anvan Manase.

21 Epi, Izrayèl di Jozèf: “Gade! Mwen pral mouri+. Men, Bondye ap toujou avè w san mank e l ap fè w retounen nan peyi zansèt ou yo+. 22 Men mwen menm, mwen ba w yon moso tè anplis frè w yo, moso tè mwen te pran nan men Amorit yo ak epe m ansanm ak banza* m.”

49 Apre sa, Jakòb rele pitit gason l yo, li di yo: “Nou tout mèt vini pou m kapab di nou sa k pral rive nou nan dènye jou yo. 2 Rasanble pou nou koute, nou menm pitit gason Jakòb yo, wi, koute Izrayèl, papa nou.

3 “Ribenn+, ou se premye pitit mwen+, ou se fòs mwen, se ou ki sot nan ren m an premye. Se ou ki gen plis onè ak plis fòs. 4 Men, piske w te aji san kontwòl, ou te monte sou kabann papa w tankou gwo dlo k ap desann+, anyen pap mache byen pou ou. Lè sa a, ou te sal* kabann mwen. Misye te monte sou kabann mwen vre!

5 “Simeyon ak Levi se frè yo ye+. Yo te sèvi ak epe yo kòm zam pou yo fè vyolans+. 6 O nanm* mwen, pinga w annafè ak mesye sa yo. Mwen pap reyini avèk yo, paske akoz yo te an kòlè, yo te touye anpil gason+, e pou bon plezi yo, yo te koupe jarèt anpil towo bèf. 7 Se pou malediksyon tonbe sou aksyon yo te fè lè yo te an kòlè a, paske sa yo te fè a te rèd anpil, e se pou malediksyon tonbe sou aksyon yo te fè lè yo te aji avèk raj la, paske sa yo te fè a te sovaj+. Kite m simaye yo nan tèritwa Jakòb e kite m gaye yo nan tèritwa Izrayèl+.

8 “Kanta pou ou Jida+, frè w yo ap fè lwanj pou ou+. W ap pot laviktwa sou ènmi w yo*+. Pitit gason papa w yo ap bese byen ba devan w+. 9 Jida se yon jenn ti lyon+. Pitit gason m, w ap manje bèt ou pran, epi w ap monte. Li kouche e li detire kò l tankou yon lyon. Se yon lyon li ye, kiyès k ap pran chans fè l leve? 10 Baton wa a ap toujou nan men Jida+, baton pou dirije a ap toujou nan mitan pye l, jiskaske Chilo* vini+ e se li menm pèp yo ap obeyi+. 11 Li mare bourik li nan yon pye rezen e li mare pitit bourik li nan yon bèl pye rezen. L ap lave rad li nan diven e l ap lave wòb long li nan ji rezen. 12 Diven fè je l wouj e lèt fè dan l blan.

13 “Zabilon+ ap abite bò lanmè, kote bato yo jete lank+. Fwontyè l ap rive jis nan zòn Sidon+.

14 “Isaka+ se yon bourik ki gen anpil fòs ki kouche ak yon sakpay ki chaje de bò sou do l. 15 L ap wè kote l ye a bon e peyi a bèl. L ap bese zepòl li pou l pot chay e y ap fòse l travay di.

16 “Dann+, li menm, ki youn nan tribi Izrayèl yo, pral jije pèp la+. 17 Se pou Dann tounen yon sèpan bò wout la, yon sèpan ak kòn bò chemen an, ki mòde talon pye yon cheval ki gen yon moun sou li pou l fè moun nan tonbe sou do+. 18 O Jewova, m ap tann ou vin delivre m.

19 “Gad li menm+, yon bann vòlè ap atake l, men l ap goumen avèk yo e l ap kouri dèyè yo+.

20 “Achè+ ap gen anpil manje e l ap bay wa yo bon manje+.

21 “Neftali+ se yon bèl ti femèl kabrit. Li pale bèl pawòl+.

22 “Jozèf+ se boujon nan yon pyebwa ki bay fwi, yon pyebwa ki bay fwi ki bò yon sous e branch li yo rive sou tèt miray la. 23 Men, moun ki konn tire flèch yo te kontinye atake l, yo te tire sou li e yo te kontinye rayi l+. 24 Malgre sa, banza* l rete nan plas li+ e men l te rete djanm+. Sa te fèt grasa èd sila a ki pisan ki pou Jakòb la, grasa bèje a, wòch Izrayèl la. 25 Jozèf, ou se yon kado ki soti nan Bondye papa w ap sèvi a. Bondye ap ede w. Toupisan an avè w, l ap beni w ak benediksyon ki sot anwo nan syèl la ansanm ak benediksyon ki sot nan dlo ki byen fon+, e l ap fè w gen anpil pitit ak anpil bèt. 26 Benediksyon papa w ap ba w yo ap depase benediksyon w ap jwenn nan mòn ki la pou toutan yo ak bon bagay w ap jwenn nan ti mòn k ap toujou la yo+. Benediksyon sa yo ap sou tèt Jozèf, sou tèt sila a yo mete apa nan mitan frè l yo+.

27 “Benjamen+ ap kontinye devore bèt tankou yon lou+. Nan maten, l ap manje bèt li pran, e nan aswè, l ap separe sa l ranmase yo+.”

28 Se nan tout mesye sa yo 12 tribi Izrayèl yo soti e se pawòl sa yo papa yo te di yo lè l t ap beni yo a. Li te bay yo chak benediksyon pa yo+.

29 Annapre, men lòd li te ba yo: “Mwen pral menm kote ak moun mwen yo*+. Se pou nou antere m bò kot zansèt mwen yo nan gwòt ki nan jaden Efwon an, desandan Èt la+, 30 gwòt ki nan jaden Makpela a, anfas Mamre, nan peyi Kanaran, tè Abraram te achte nan men Efwon, desandan Èt la, pou l antere moun li genyen ki mouri. 31 Se la yo te antere Abraram ak Sara+, madanm li. Se la yo te antere Izarak+ ak Rebeka, madanm li, e se la mwen te antere Leya. 32 Se nan men pitit gason Èt yo Abraram te achte tè a ansanm ak gwòt ki ladan l lan+.”

33 Se konsa, Jakòb te fin bay pitit gason l yo lòd sa yo. Apre sa, li rale pye l met sou kabann nan e li rann dènye souf li. Epi, li t al menm kote ak moun li yo*+.

50 Epi, Jozèf lage kò l sou papa l+, li kriye sou li e li bo l. 2 Apre sa, li bay doktè ki t ap travay pou li yo lòd pou yo prepare kò papa l+, epi doktè yo prepare kò Izrayèl. 3 Yo te pran 40 jou pou yo prepare kò a, paske se kantite jou sa a yo te konn pran pou prepare mò yo. Ejipsyen yo te pase 70 jou ap kriye pou Izrayèl.

4 Lè jou yo te pran pou yo kriye pou Izrayèl yo te fin pase, Jozèf t al pale ak mesye lakay Farawon yo, li di yo: “Si nou alèz avè m, men sa pou n al di Farawon: 5 ‘Papa m te fè m fè sèman+, li te di m: “Mwen santi m pral mouri+. Se pou w al antere m nan kavo m nan+, kavo mwen te prepare pou yo antere m nan peyi Kanaran an+.” Tanpri, kite m monte al antere papa m, apre m ap retounen.’” 6 Farawon di Jozèf: “Al antere papa w, jan l te fè w fè sèman pou sa a+.”

7 Konsa, Jozèf te monte al antere papa l, e tout sèvitè Farawon yo t ale avè l, san wete pèsonaj enpòtan+ ki te lakay Farawon yo, tout moun enpòtan nan peyi Ejip, 8 tout moun lakay Jozèf, tout frè Jozèf yo ansanm ak tout moun lakay papa l+. Se sèl timoun piti yo, mouton yo ak lòt bèt yo te genyen yo te kite Gochenn. 9 Te gen anpil charyo+ ak anpil moun ki sou cheval ki te monte ansanm avè l. Se te yon gwo foul moun ki t al avè l. 10 Annapre, yo rive yon kote yo te konn bat manje angren nan Atad, toupre zòn Jouden an. Lè yo rive la, moun yo t ap rele byen fò e yo t ap kriye anpil. Jozèf te pase sèt jou nan lapenn pou papa l. 11 Moun peyi Kanaran yo te wè jan tout moun sa yo te nan lapenn nan zòn kote yo konn bat manje angren nan Atad la. Se sa k fè yo te di: “Se pa ti lapenn Ejipsyen yo genyen!” Se poutèt sa yo te rele kote sa a ki toupre zòn Jouden an Abèlmisrayim.

12 Pitit gason Izrayèl yo te fè egzakteman jan papa yo te mande yo a+. 13 Yo t al ak kò li nan peyi Kanaran e yo te antere l nan gwòt ki nan jaden Makpela a, tè ki anfas Mamre a. Abraram te achte tè sa a nan men Efwon, desandan Èt la, pou l antere moun li genyen ki mouri+. 14 Apre Jozèf fin antere papa l, li retounen ann Ejip ansanm ak frè l yo ak tout moun ki t al nan antèman papa l avè l yo.

15 Lè frè Jozèf yo te wè papa yo mouri, youn te kòmanse ap di lòt: “Petèt Jozèf kenbe nou nan kè e li pral fè nou peye pou tout mal nou te fè l yo+.” 16 Se sa k fè yo te voye di Jozèf: “Men lòd papa w te bay anvan l mouri: 17 ‘Men sa pou n di Jozèf: “Tanpri, padone fot frè w yo ak peche yo te fè lè yo te fè w gwo mechanste sa a.”’ Kounye a, tanpri, padone fot nou yo, nou menm k ap sèvi Bondye papa w t ap sèvi a.” Lè yo di Jozèf pawòl sa yo, li tonbe kriye. 18 Epitou, frè l yo te vin kote l, yo te lage kò yo atè devan l, epi yo di l: “Men nou, se esklav ou nou ye+!” 19 Jozèf di yo: “Nou pa bezwen pè. Èske se mwen menm ki Bondye? 20 Malgre nou te vle fè m mechanste+, Bondye te fè sa tounen yon byen pou l te sove lavi anpil moun, jan l ap fè sa jodi a+. 21 Kounye a, nou pa bezwen pè. M ap kontinye bay ni nou menm ni timoun piti nou yo manje+.” Se konsa, li te konsole frè l yo e li te pale avèk yo yon fason pou l ba yo asirans.

22 Jozèf ak moun lakay papa l yo te kontinye abite ann Ejip. Jozèf te viv 110 an. 23 Li te wè pitit Efrayim yo ak pitit pitit li yo+. Li te wè pitit Maki yo tou+, yon pitit gason Manase. Yo te fèt sou jenou* Jozèf. 24 Rive yon lè, Jozèf di frè l yo: “Mwen pral mouri. Men, Bondye ap ede nou kanmenm+, e wè pa wè, l ap fè n soti nan peyi sa a pou n al nan peyi li te fè sèman l ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la+.” 25 Konsa, Jozèf te fè pitit gason Izrayèl yo fè sèman, li te di yo: “Bondye ap ede nou kanmenm. Se sa k fè, pinga nou kite zo m isit la+.” 26 Apre sa, Jozèf mouri, li te gen 110 an. Yo te prepare kò l+ e yo te mete l nan yon sèkèy nan peyi Ejip.

Oswa: “e lespri Bondye”.

Sa vle di dlo ki anlè yo ak dlo ki anba yo.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “ki gen lavi antanke nanm nan yo; ki se nanm vivan”.

Se premye kote non Bondye parèt. Ann ebre se יהוה (YHWH). Gade Apendis A4.

Oswa: “yon nanm”. Ann ebre se nèfèch. Lit.: “yon kreyati k ap respire”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “te vin fè kat tèt”.

Oswa: “peyi Kouch”. Yo pa fin byen konnen ki jan zòn sa a te rele e ki kote l te ye.

Oswa: “Tig”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “rete ak”.

Oswa: “pi veyatif; pi rize”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Anpalan de desandans fi a.

Oswa: “metri”.

Oswa: “w ap metri talon l”.

Sa vle di: “Moun ki soti nan tè a; Limanite; Lòm”.

Oswa: “nan soufrans”.

Sa vle di: “Moun ki vivan”.

Lit.: “tout moun k ap viv”.

Oswa: “li vin deside pou tèt li sa ki byen ak sa ki mal”.

Lit.: “e figi l te tonbe”.

Oswa: “èske m pa t ap leve w met byen wo?”

Lit.: “fòs li”.

Lit.: “ou mete m lwen fas tè a”.

Sa vle di: “Sitiyasyon yon moun ki nan mawon”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Sa vle di: “Chwazi; Mete; Etabli”.

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.

Oswa: “moun te kòmanse mal sèvi ak non Jewova”.

Lit.: “Nan jou”. Nan Labib, lè y ap pale de “jou”, sa ka gen rapò ak yon kantite tan ki pa toujou menm longè, yo pa toujou vle pale de yon jou ki gen 24 èdtan.

Oswa: “Adan; Lòm”.

Lit.: “avèk Dye a”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Petèt, sa vle di: “Repo; Konsolasyon”.

Ann ebre, se yon ekspresyon yo te itilize pou yo pale de zanj yo antanke pitit Bondye.

Lit.: “Lespri m”.

Se kapab tou: “paske li aji selon lachè”.

Petèt, sa vle di: “Moun k ap lage moun atè”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “te gen lapenn poutèt”.

Oswa: “li te santi sa fè l mal nan kè l”.

Lit.: “pami jenerasyon l yo”.

Oswa: “Tout chè”.

Lit.: “yon kòf”; yon gwo bato.

Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.

Mezi lach la se te 134 m (440 pye) longè, 22 m (72 pye) lajè ak 13 m (43 pye) wotè.

Se kapab tou: “sèt pè nan chak”.

Petèt se bèt yo te ka ofri Bondye kòm sakrifis.

Se kapab tou: “sèt pè nan bèt k ap vole nan syèl la”.

Se dezyèm mwatye mwa oktòb plis premye mwatye mwa novanm.

Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.

Lit.: “tout chè”.

Petèt se bèt yo te ka ofri Bondye kòm sakrifis.

Oswa: “ki te kalme l”. Lit.: “ki te ba l repo”.

Oswa: “lage malè”.

Oswa: “lage yo anba pouvwa nou”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “san nanm nou”.

Oswa: “si yon moun touye nou”.

Lit.: “Nenpòt moun ki vèse san moun”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “tout kalite nanm vivan ki gen tout kalite chè”.

Oswa: “tout kalite nanm vivan ki gen tout kalite chè”.

Oswa: “ki te premye vil nan wayòm li an”.

Lit.: “Se te gwo vil la”. Petèt se te Niniv ak twa lòt vil yo.

Se kapab tou: “gran frè Jafèt la”.

Sa vle di: “Divizyon”.

Sa vle di: “Konfizyon”.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “konsa, nanm mwen ap ret vivan.”

Pati ki sou anba nan Vale Jouden an.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Sanble se konsènan wa yo site nan vèsè 1 an y ap pale la a.

Anpalan de Lanmè Mòt.

“Yo” la a sanble reprezante senk wa yo site nan vèsè 2 a.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.

Lit.: “yon pitit gason”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “rekonèt li”.

Lit.: “Semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Sa vle di: “Bondye tande”.

Sa vle di l ap sovaj e l ap aji san kontwòl.

Se kapab tou: “l ap viv nan hinghang ak frè l yo”.

Anpalan de yon zanj ki te reprezante Jewova.

Sa vle di: “Pi Sila a ki vivan an e ki wè m nan”.

Oswa: “san repwòch”.

Sa vle di: “Papa ki gran”.

Sa vle di: “Papa yon foul moun; Papa yon bann moun”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “touye”.

Oswa: “nanm sa a”.

Petèt, sa vle di: “Ki renmen fè kont”.

Sa vle di: “Prensès”.

Sa vle di: “Ri”.

Lit.: “semans”.

Anpalan de yon zanj ki te reprezante Jewova.

Abraram pale ak zanj Jewova te voye a tankou se ak Jewova dirèkteman li t ap pale.

Lit.: “twa seya”. Yon seya egal 7,33 lit. Gade Apendis B14.

Se pen won ki plat.

Lit.: “lonbray”.

Oswa: “kwense Lòt anpil”.

Anpalan de zanj ki te pran fòm kò moun.

Lit.: “bofis li yo”. Selon koutim Ebre yo, yo te konn pale de moun ki fiyanse tankou yo te deja marye.

Oswa: “nanm ou”.

Pati ki sou anba nan Vale Jouden an.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “nanm mwen ap viv”.

Sa vle di: “Tipiti”.

Oswa: “ou gen yon lanmou ki fidèl pou mwen”.

Se kapab tou: “ap ri m”.

Lit.: “semans”.

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.

Sa vle di: “Pi dlo sèman an; Pi dlo sèt”.

Se yon pyebwa fèy li pa gwo e yo toujou vèt, epi lè l fleri li fè flè woz oswa blan.

Lit.: “anpil jou”.

Oswa: “ak kouto yo konn touye bèt la”.

Oswa: “kouto yo konn touye bèt la”.

Sa vle di: “Jewova ap bay; Jewova ap konn sa pou l fè”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “Semans ou”.

Lit.: “pòtay”.

Lit.: “semans”.

Se kapab tou: “yon gwo chèf”.

Oswa: “nanm nou”.

Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

Nòmalman, se yon jès moun te konn fè nan tan lontan pou yo montre y ap respekte yon sèman.

Lit.: “semans ou”.

Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Lit.: “pou m vire adwat oswa agoch”.

Oswa: “vin manman plizyè milye fwa dis mil”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “pòtay”.

Se yon fason pou yo di li mouri.

Se yon fason pou yo di li mouri.

Sa vle di: “Kouvri ak plim”.

Sa vle di: “Moun ki kenbe talon; Moun ki pase devan”.

Oswa: “m ap mouri grangou”.

Sa vle di: “Wouj”.

Lit.: “lanti”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans ou”.

Sa vle di: “Kont”.

Sa vle di: “Akizasyon”.

Sa vle di: “Kote ki gen anpil espas”.

Lit.: “semans ou”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “nanm ou”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “nanm ou”.

Sa vle di: “Moun ki kenbe talon; Moun ki pase devan”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “yon nechèl”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Lit.: “semans ou”.

Sa vle di: “Kay Bondye”.

Lit.: “zo m ak chè m”.

Lit.: “frè m”.

Lit.: “te rayi”.

Lit.: “li te ouvè matris li”.

Sa vle di: “Gade, se yon pitit gason!”

Sa vle di: “Ap tande”.

Sa vle di: “Atachman; Inyon”.

Sa vle di: “Ki jwenn lwanj; Ki resevwa lwanj”.

Sa vle di: “Jij”.

Sa vle di: “Lit mwen yo”.

Sa vle di: “Bagay yo byen mache”.

Sa vle di: “Kontan; Lajwa”.

Se yon plant ki nan menm kategori ak pòmdetè e ki bay fwi. Gen moun ki te kwè si yon moun manje fwi sa a, sa ap fè l vin ka fè pitit.

Oswa: “peye m pou travay mwen”.

Sa vle di: “Li se rekonpans”.

Oswa: “ap tolere m”.

Sa vle di: “Tolerans”.

Lit.: “epi Bondye te koute l e li te ouvè matris li”.

Se yon fason kout yo di Jozifya ki vle di: “Se pou Ja ajoute (ogmante).”

Oswa: “ki onèt”.

Se yon pyebwa ki fè bèl flè ki bay bon sant.

Se yon pyebwa ki gen branch ki long anpil e po l ap dekale.

Oswa: “dye fanmi; zidòl”.

Anpalan de Rivyè Efrat.

Lit.: “Veye kò w pou w pa pale ak Jakòb sot nan byen al nan mal”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “pitit gason”.

Se yon mo arameyen ki vle di: “Pil wòch ki temwen”.

Se yon mo ebre ki vle di: “Pil wòch ki temwen”.

Ann ebre, sa vle di: “Kote yo fè pòs”.

Lit.: “pitit gason”.

Sa vle di: “De kan”.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Lit.: “semans ou”.

Sa vle di: “Yon moun k ap lite (k ap pèsevere) avèk Bondye” oswa “Bondye ap lite”.

Sa vle di: “Fas Bondye”.

Oswa: “nanm mwen”.

Se menm ak “Pényèl” ki nan vèsè 30 lan.

Yo tankou kòd ki blan, se yo menm ki fè mis yo ret kole ak zo yo.

Sa vle di: “Tonèl; Abri”.

Oswa: “Nanm li”.

Oswa: “Nanm Sichèm, pitit gason m nan, atache ak pitit fi nou an”.

Oswa: “kache”.

Sa vle di: “Bondye Betèl”.

Sa vle di: “Pye bwadchèn dlo nan je a”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “pandan nanm li t ap soti”.

Sa vle di: “Pitit mwen fè nan lapenn nan”.

Sa vle di: “Pitit ki bra dwat mwen an”.

Se yon fason pou yo di li mouri.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “pa t ka pale anpè”.

Oswa: “Pinga nou frape nanm li”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pwostitye sakre”. Petèt ekspresyon sa a vle di yon moun ki t al fè pwostitye pou l te bay dye nan peyi Kanaran yo yon adorasyon.

Sa vle di: “Ouvri chemen”.

Oswa: “lòj”.

Mo ebre a ka vle di li te fè ni bab li ni cheve l.

Oswa: “Se sèlman pa mwayen twòn nan m ap”.

Sanble se yon mo yo te konn itilize pou yo bay yon moun onè ak respè.

Lit.: “leve men l oswa pye l”.

Anpalan de Elyopolis.

Oswa: “vwayaje nan tout”.

Oswa: “lè l kòmanse travay pou”.

Anpalan de Elyopolis.

Sa vle di: “Yon moun ki fè moun renmen bliye; Yon moun ki fè moun bliye”.

Sa vle di: “Ki bay fwi de fwa lavalè”.

Oswa: “jan nanm li te nan lapenn”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “nanm tigason an”.

Oswa: “pwòp nanm pa l”.

Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pou l kite yon rès pou nou sou tè a”.

Oswa: “tankou konseye an chèf”.

Oswa: “pati ki gra”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Anpalan de Elyopolis.

Oswa: “nanm”.

Lit.: “pitit gason Dann yo”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “nanm”.

Oswa: “lanmou ki fidèl”.

Lit.: “semans ou”.

Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.

Sanble se yon zanj Bondye te voye.

Oswa: “desandans li a”. Lit.: “semans”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “ou pa t respekte”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Lit.: “Men w ap sou kou ènmi w yo”.

Sa vle di: “Moun se pou li l ye a”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Se yon fason pou l di li pral mouri.

Se yon fason pou yo di li mouri.

Sa vle di li te konsidere yo kòm pitit li e li te trete yo yon fason ki espesyal.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje