DETEWONÒM
1 Pawòl sa yo se pawòl Moyiz te di pèp Izrayèl la nan dezè ki nan zòn Jouden an, dezè ki anfas Souf, ki ant Paran, Tofèl, Laban, Azewòt ak Dizaab la. 2 Pou yon moun sot Orèb pou l al Kadèsbaneya+, sa pran 11 jou si l pase pa wout ki mennen Mòn Seyi a. 3 Nan 40yèm ane a+, nan 11yèm mwa a, nan premye jou nan mwa a, Moyiz te di Izrayelit yo* tout sa Jewova te ba l lòd pou l di yo. 4 Se te apre li te fin bat Siyon+, wa Amorit yo, ki t ap viv Esbon, ansanm ak Òg+, wa Bazan an, ki t ap viv Astawòt, nan Edreyi+. 5 Pandan Moyiz te nan zòn Jouden an, nan peyi Mowab, li te pran esplike yo Lwa a+. Li te di yo:
6 “Lè nou te Orèb, Jewova, Bondye nou an, te di nou: ‘Kantite tan nou pase nan mòn sa yo kont+. 7 Se pou nou al nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo+ rete a ak zòn kote vwazen yo ye nan Araba a+, nan zòn ki gen mòn nan, nan Chefela a, nan Negèb, bò lanmè a+, nan peyi moun Kanaran yo, nan Liban*+, rive jis nan gwo rivyè a, Rivyè Efrat la+. 8 Tande, mwen met peyi a devan nou. Se pou nou antre nan peyi a e se pou nou pran l, peyi Jewova te fè zansèt nou yo, Abraram, Izarak+ ak Jakòb+, sèman l ap ba yo l e l ap bay desandan* yo li+.’
9 “Lè sa a, mwen te di nou: ‘Mwen pa kapab dirije nou poukont mwen+. 10 Jewova, Bondye nou an, fè nou vin anpil. Jodi a nou vin anpil menm jan ak zetwal ki nan syèl la+. 11 Se pou Jewova, Bondye zansèt nou yo, fè nou vin mil fwa pi plis+ e se pou l beni nou jan li te pwomèt nou sa a+. 12 Ki jan m ap ka pote chay sa a nou ye a poukont mwen? Ki jan m ap ka sipòte tout chirepit nou yo+? 13 Se pou nou chwazi kèk gason nan tribi nou yo ki gen sajès, ki prevwayan e ki gen eksperyans e m ap mete yo sou tèt nou kòm chèf+.’ 14 Lè sa a, nou te di m: ‘Sa w di nou fè a bon.’ 15 Epi, mwen te pran chèf ki nan tribi nou yo ki te gen sajès ak eksperyans e mwen te mete yo sou tèt nou kòm chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo, e kòm moun ki gen otorite nan tribi nou yo+.
16 “Lè sa a, men ki enstriksyon mwen te bay jij nou yo: ‘Lè gen moun nan pèp la ki gen pwoblèm antre yo e yo vin devan nou, nou dwe jije ka a avèk jistis+, kit moun nan gen pwoblèm ak yon Izrayelit parèy li, kit li gen pwoblèm ak yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 17 Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije+. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan+. Nou pa dwe kite moun fè nou pè+, paske se pou Bondye n ap jije+. Lè yon ka twò difisil pou nou, n a pote l devan m e m a tande l+.’ 18 Lè sa a, mwen te di nou tout sa pou n fè.
19 “Apre sa, jan Jewova, Bondye nou an, te ban nou lòd pou nou fè a, nou te kite Orèb, nou te mache nan gwo dezè+ ki bay kè kase a, dezè nou te wè lè nou te sou wout pou n al nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo+ rete a. Epi, nou te vin rive Kadèsbaneya+. 20 Lè sa a, mwen te di nou: ‘Nou rive nan zòn ki gen mòn kote Amorit yo rete a, zòn Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an. 21 Tande, Jewova, Bondye nou an, ban nou peyi a. Monte al pran l, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te di nou fè sa a+. Pinga nou pè, pinga nou panike.’
22 “Men, nou tout te vin kote m e nou te di m: ‘Annou voye kèk gason devan pou y al wè jan peyi a ye, konsa, y ap ka fè nou konnen ki wout pou nou fè e ki jan vil yo ye+.’ 23 Mwen te wè sa nou te di m nan te bon, se sa k fè, mwen te chwazi 12 gason pami nou, youn nan chak tribi+. 24 Apre sa, yo te ale, yo te monte nan mòn yo+, yo te rive nan Vale Echkòl e yo te espyone peyi a. 25 Yo te pran kèk fwi nan peyi a pote pou nou, e yo te di nou: ‘Peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an se yon bon peyi+.’ 26 Men, nou pa t vle ale, e nou te rebele kont lòd Jewova, Bondye nou an, te ban nou an+. 27 Nou t ap plede bougonnen nan tant nou, e nou t ap di: ‘Se paske Jewova rayi nou ki fè l te fè nou soti nan peyi Ejip pou l lage nou nan men Amorit yo pou yo detwi nou. 28 Kote nou pral la a menm? Frè nou yo te fè nou pè*+, yo te di nou: “Moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi wo lontan pase nou, vil yo genyen yo men gwosè e yo gen miray ki bare yo ki rive jis nan syèl la*+. Nou te menm wè pitit gason Anak yo+ lòtbò a.”’
29 “Se sa k fè mwen te di nou: ‘Kè nou pa bezwen kase e nou pa bezwen pè yo+. 30 Jewova, Bondye nou an, ap mache devan nou e l ap goumen pou nou+, menm jan nou te wè+ li te fè sa ann Ejip la. 31 Mete sou sa, nou te wè jan Jewova, Bondye nou an, te pote nou sou bra l tout kote nou te ale nan dezè a pou jis li mennen nou isit la, menm jan ak yon papa k ap pote pitit li.’ 32 Men, malgre sa, nou pa t mete lafwa nan Jewova, Bondye nou an+, 33 ki te pran devan nou sou wout la pou l te ka di nou ki kote pou nou rete. Li te dirije nou nan nuit nan yon dife e lajounen li te fè sa nan yon nyaj, pou l te ka montre nou ki kote pou nou fè+.
34 “Pandan tout tan sa a, Jewova t ap koute sa nou t ap di yo, li te vin fache anpil e li te fè sèman+, li te di: 35 ‘Pa gen youn nan mesye sa yo ki nan jenerasyon pa bon sa a k ap wè bon peyi mwen te fè sèman m ap bay zansèt+ nou yo, 36 eksepte Kalèb, pitit Jefoune a. L ap wè peyi a, e m ap bay ni li menm ni pitit li yo yon pòsyon nan peyi pye l te pile a, paske li te suiv Jewova ak tout kè l*+. 37 (Jewova te vin fache kont mwen poutèt nou menm, e li te di m: ‘Ou menm tou ou pap antre nan peyi+ a. 38 Se Jozye, sèvitè w la, pitit gason Noun nan+, k ap antre nan peyi+ a. Se pou w ba l fòs*+, paske se li k ap fè Izrayelit yo pran peyi a.’) 39 Mete sou sa, pitit nou yo nou te di yo t ap pran+ yo a, pitit gason nou yo ki pa konn sa k bon ak sa k pa bon jodi a, se yo menm k ap antre nan peyi a, e se yo menm m ap fè pran peyi a+. 40 Men nou menm, kase tèt tounen, pase nan wout Lanmè Wouj la pou n al nan dezè a+.’
41 “Lè sa a, nou te di m: ‘Nou peche kont Jewova. Kounye a, n ap monte e nou pral batay jan Jewova, Bondye nou an, te ban nou lòd la!’ Epi, nou chak nou te pran zam nou pou n al fè lagè e nou te panse li t ap fasil pou nou monte nan mòn nan+. 42 Men, Jewova te di m: ‘Men sa pou w di yo: “Nou pa dwe monte pou n al batay, paske mwen pap avèk nou+. Si nou monte, ènmi nou yo ap bat nou.”’ 43 Se sa k fè, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute m. Olye de sa, nou te dezobeyi lòd Jewova te bay la, nou te fè tèt di e nou te eseye monte mòn nan. 44 Lè sa a, Amorit yo, ki t ap viv nan mòn sa a, te soti pou yo rankontre nou e yo te pati dèyè nou tankou myèl. Yo te fè nou kouri depi Seyi rive jis Òma. 45 Apre sa, nou te retounen e nou te tonbe kriye devan Jewova, men, Jewova pa t koute nou ni l pa t okipe nou. 46 Se sa k fè nou fè tout tan sa a ap viv nan Kadès.
2 “Lè sa a, nou te kase tèt tounen, nou te pase nan wout Lanmè Wouj la pou n al nan dezè a, jan Jewova te di m sa a+. Nou te fè yon pakèt tan ap monte desann bò Mòn Seyi. 2 Finalman, Jewova te di m: 3 ‘Nou monte desann kont monte desann nou sou bò mòn sa a. Kounye a, al nan direksyon nò. 4 E li te bay pèp la lòd, li te di yo: “Nou pral pase toupre frè nou yo, desandan Ezaou yo+, k ap viv nan Seyi+. Y ap pè nou+, men, nou dwe fè atansyon. 5 Pinga n al chèche yo kont*, paske mwen pap ban nou okenn pati nan peyi yo a. Nou pap jwenn menm yon ti pati pou n met pla pye nou, paske mwen te bay Ezaou Mòn Seyi kòm byen+ pa l. 6 Nou dwe peye yo pou manje nou pran nan men yo pou nou manje, e nou dwe peye yo pou dlo nou pran nan men yo pou nou bwè+. 7 Paske Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè. Li veye sou nou pandan n ap mache nan gwo dezè sa a. Pandan 40 an sa yo, Jewova, Bondye nou an, te avèk nou e nou pa t janm manke anyen+.”’ 8 Konsa, nou te pase bò kote frè nou yo, desandan Ezaou yo+, k ap viv nan Seyi, nou te pase lwen wout Araba a, lwen Elat ak Ezyongebè+.
“Apre sa, nou te vire, nou te pran wout ki mennen nan Dezè Mowab la+. 9 Lè sa a, Jewova te di m: ‘Pinga nou chèche moun Mowab yo kont, ni pinga nou fè lagè ak yo, paske mwen pap ban nou okenn pati nan peyi yo a kòm byen pa nou. Se desandan Lòt yo+ mwen te bay vil A kòm byen pa yo. 10 (Nan tan lontan, se Emim+ yo ki te konn viv la. Se yon pèp ki te gen anpil fòs, yo te anpil e yo te wo menm jan ak desandan Anak yo. 11 Refayim+ yo te tankou desandan Anak+ yo tou, se pou sa moun Mowab yo te konn rele yo Emim. 12 Anvan sa, se Orit+ yo ki t ap viv nan Mòn Seyi, men, desandan Ezaou yo te pran peyi+ a nan men yo, yo te detwi yo e yo te vin rete ladan l nan plas yo, menm jan pèp Izrayèl la pral fè ak peyi ki pou yo a, peyi Jewova pap manke pa ba yo a.) 13 Kounye a, leve epi travèse Vale Zerèd.’ Se konsa nou te travèse Vale Zerèd+. 14 Nou te fè 38 an ap mache pou nou sot Kadèsbaneya jiskaske nou rive travèse Vale Zerèd, jiskaske jenerasyon gason ki te ka fè lagè yo te mouri, jan Jewova te fè sèman an+. 15 Jewova te aji kont yo pou l te ka elimine yo nan mitan pèp la. Li te fè sa jiskaske li te touye yo tout+.
16 “Kou tout gason ki te ka fè lagè yo te fin mouri+, 17 Jewova te pale avè m ankò, li te di m: 18 ‘Jodi a, nou gen pou n pase toupre tèritwa Mowab, sa vle di toupre vil A. 19 Lè nou rive toupre desandan Amon yo, pinga nou chèche yo kont, ni pinga nou batay ak yo, paske mwen pap ban nou okenn pati nan peyi desandan Amon yo kòm byen pa nou. Se desandan Lòt yo mwen te bay peyi sa a kòm byen+ pa yo. 20 (Yo te konn konsidere peyi sa a kòm peyi Refayim+ yo tou. Anvan sa, se Refayim yo ki te abite la, e desandan Amon yo te konn rele yo Zamzoumim. 21 Pèp sa a te gen anpil fòs, yo te anpil, e yo te wo menm jan ak desandan Anak+ yo. Men, Jewova te fè desandan Amon yo detwi yo, e yo te vin abite nan peyi a nan plas yo. 22 Se sa l te fè pou desandan Ezaou yo, k ap viv nan Seyi+ kounye a. Li te lage Orit+ yo nan men yo, yo te detwi yo e yo te vin abite nan peyi a nan plas yo pou jis jodi a. 23 Se menm bagay la ki te rive Avim yo, ki te rete nan yon seri bouk ki te rive jis nan zòn Gaza+. Yo te rete la jiskaske moun Kaftò*+ yo te detwi yo pou yo abite nan zòn sa a nan plas yo.)
24 “‘Leve, epi travèse Vale Anon+. Gade, mwen lage Siyon+, Amorit ki wa Esbon an, nan men nou. Nou mèt kòmanse fè lagè avè l pou nou ka pran peyi l la nan men l. 25 Jodi a, m ap kòmanse fè tout moun ki anba syèl la ki tande sa n ap fè yo pè nou. Y ap panike e y ap tranble* poutèt nou menm+.’
26 “Apre sa, pandan nou te nan Dezè Kedemòt+, mwen te voye moun al pote yon mesaj lapè pou Siyon, wa Esbon an. Mwen te di+ l: 27 ‘Kite m pase nan peyi w la. M ap rete sou wout la, mwen pap fè ni adwat ni agoch+. 28 M ap manje e m ap bwè sèlman sa w vann mwen. Sèl sa mwen mande w se kite m pase nan peyi a 29 jiskaske m travèse Rivyè Jouden an pou m antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ban nou an. Desandan Ezaou yo, k ap viv Seyi, ak moun Mowab yo, k ap viv nan vil A, te pèmèt mwen fè sa.’ 30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t kite nou pase paske Jewova, Bondye nou an, te kite l fè tèt di+ e li te kite kè l vin di pou L te ka lage l nan men nou jan li fè sa kounye a+.
31 “Lè sa a, Jewova te di m: ‘Tande, mwen deja kòmanse lage Siyon ak peyi l la nan men w. Se pou nou kòmanse pran peyi+ l la.’ 32 Lè Siyon ansanm ak tout pèp li a te vin batay avèk nou nan Jahaz+, 33 Jewova, Bondye nou an, te lage l nan men nou. Se sa k fè nou te bat li ansanm ak pitit li yo ak tout pèp li a. 34 Lè sa a, nou te pran tout vil li yo e nou te detwi yo. Nou te touye ni gason, ni fi, ni timoun ki t ap viv ladan yo. Nou pa t kite okenn moun chape+. 35 Sèl sa nou te pran se bèt yo ak lòt bagay ki te gen nan vil nou te pran yo. 36 Depi Awoyè+, ki sou arebò Vale Anon (vil ki nan vale a ladan l tou), rive jis Galaad, pa gen yon vil nou pa t ka pran. Jewova, Bondye nou an, te lage tout nan men nou+. 37 Men, nou pa t pwoche bò peyi desandan Amon yo+, ni bò tout zòn ki arebò Vale Jabòk+ la, ni bò vil ki nan zòn ki gen mòn nan ansanm ak lòt kote Jewova, Bondye nou an, te entèdi nou pwoche bò kote yo.
3 “Apre sa, nou chanje direksyon e nou monte nan wout ki mennen Bazan an. Epi, Òg, wa Bazan an, soti ak tout pèp li a pou yo vin batay avèk nou nan Edreyi+. 2 Se sa k fè Jewova te di m: ‘Pinga w pè l, paske m ap lage l nan men w ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi l la, e w ap fè l menm sa w te fè Siyon, wa Amorit yo, ki t ap viv Esbon.’ 3 Se konsa, Jewova, Bondye nou an, te lage Òg, wa Bazan an, nan men nou ak tout pèp li a, e nou te kontinye bat yo jiskaske pa t ret yon moun nan pèp la ki ret vivan. 4 Apre sa, nou te pran tout vil li yo. Pa gen yon vil nou pa t pran nan men yo. Antou, nou te pran 60 vil, tout zòn Agòb la, ki se tèritwa Òg t ap dirije nan Bazan+ antanke wa a. 5 Tout vil sa yo te gen miray ki byen wo ak pòtay ki gen travès. Mete sou sa, nou te pran yon pakèt ti vil. 6 Nou te detwi+ yo tout, menm jan nou te fè sa pou Siyon, wa Esbon an, lè nou te detwi tout vil li yo nèt, ansanm ak gason yo, fi yo ak timoun yo+. 7 Men, nou te pran tout bèt ki te nan vil yo ansanm ak tout bagay ki te nan vil yo.
8 “Lè sa a, nou te pran peyi de wa Amorit yo+ ki t ap viv nan zòn Jouden an, soti nan Vale Anon rive nan Mòn Èmon+. 9 (Moun Sidon yo te konn rele mòn nan Siryon e Amorit yo te konn rele l Seni.) 10 Nou te pran tout vil ki sou platon an, tout Galaad ak tout Bazan rive jis Salka ak Edreyi+, vil ki nan tèritwa Òg t ap dirije antanke wa a, nan Bazan. 11 Paske Òg, wa Bazan an, se te dènye moun ki te rete pami Refayim yo. Sèkèy li a te fèt an fè* e jis kounye a li Raba, vil desandan Amon yo. Li mezire nèf koude* longè ak kat koude lajè, selon koude nòmal la. 12 Lè sa a, nou te pran peyi sa a. Li soti Awoyè+, ki bò kote Vale Anon, l al nan direksyon nò e li gen mwatye nan zòn ki gen mòn nan Galaad yo ladan l. Mwen te bay tribi Ribenn nan ak tribi Gad la vil ki nan zòn sa a+. 13 Mwen te bay mwatye nan tribi Manase a lòt mwatye ki te rete nan mòn Galaad yo ak tout Bazan, ki se tèritwa Òg t ap dirije antanke wa a+. Yo te konnen tout zòn Agòb la, ki fè pati Bazan, kòm peyi Refayim yo.
14 “Jayi+, pitit gason Manase a, te pran tout zòn Agòb+ la rive jis nan fwontyè moun Gechou yo ak fwontyè moun Maakat+ yo e li te bay ti bouk ki nan Bazan yo pote non l. Li te rele yo Avòtjayi*+, e se konsa yo rele yo jis jodi a. 15 Mwen te bay Maki Galaad+. 16 Mwen te bay tribi Ribenn nan ak tribi Gad la+ tèritwa ki soti depi Galaad rive nan mitan Vale Anon, kote fwontyè a rive, e rive jis nan Vale Jabòk, ki se yon fwontyè pou desandan Amon yo, 17 ansanm ak Araba ak Rivyè Jouden an ansanm ak zòn ki arebò rivyè a, depi Kinerèt rive nan Lanmè Araba, sa vle di Lanmè Sale*, nan pye Mòn Pisga, nan direksyon lès+.
18 “Apre sa, mwen te di nou: ‘Jewova, Bondye nou an, ban nou peyi sa a kòm byen pa nou. Tout gason vanyan nou yo ap pran zam yo e y ap pase devan Izrayelit yo ki se frè nou pou yo travèse avèk yo+. 19 Se sèlman madanm nou, pitit nou ak bèt nou yo (mwen konnen nou gen anpil bèt) k ap rete nan vil mwen ban nou yo 20 jiskaske Jewova fè frè nou yo jwenn yon kote pou yo repoze, jan l te fè sa pou nou, e jiskaske yo menm tou yo resevwa peyi Jewova, Bondye nou an, ap ba yo pa lòtbò Rivyè Jouden an. Se apre sa nou chak ap kapab retounen pou nou pran byen pa nou, byen mwen ban nou an+.’
21 “Lè sa a, mwen te di Jozye+: ‘Ou te wè ak je w sa Jewova, Bondye w la, te fè de wa sa yo. Se menm bagay la Jewova ap fè tout lòt wayòm nou pral jwenn pa lòtbò Rivyè Jouden an+. 22 Nou pa dwe pè yo paske se Jewova, Bondye nou an, k ap goumen pou nou+.’
23 “Lè sa a, mwen te sipliye Jewova, mwen te di l: 24 ‘O Jewova, Seyè ki Souvren an, ou kòmanse fè sèvitè w la wè jan w gran e w kòmanse fè l wè fòs ponyèt ou+. Ki dye nan syèl la oswa sou tè a ki kapab fè kokenn aksyon ou fè yo+? 25 Souple, kite m travèse pou m wè bon peyi ki pa lòtbò Rivyè Jouden an, bon zòn sa yo ki chaje ak mòn ansanm ak zòn Liban an+.’ 26 Men, Jewova te fache kont mwen toujou poutèt nou menm+ e li pa t koute m. Olye de sa, Jewova te di m: ‘Pe la! Pinga w janm pale sou sa avè m ankò. 27 Monte sou tèt Mòn Pisga+ e gade nan direksyon lwès, nan direksyon nò, nan direksyon sid ak nan direksyon lès pou w ka wè peyi a. Paske, ou pap travèse Rivyè Jouden an+. 28 Mete Jozye+ chèf nan plas ou, ankouraje l epi ba l fòs. Paske, se li menm k ap travèse+ ak pèp la e k ap fè yo pran peyi ou pral wè a.’ 29 Tout bagay sa yo te pase pandan nou te nan vale ki anfas Bètpeyò+ a.
4 “Kounye a, o Izrayèl, koute kòmandman ak lwa m ap anseye nou pou nou suiv yo pou nou ka rete an vi+, pou nou ka antre nan peyi Jewova, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an e pou nou ka pran l kòm byen pa nou. 2 Nou pa dwe ajoute sou kòmandman m ap ban nou yo, ni nou pa dwe retire ladan yo+, yon fason pou nou ka suiv kòmandman Jewova, Bondye nou an, kòmandman m ap ban nou jodi a.
3 “Nou te wè ak je nou sa Jewova te fè nan kesyon Baal Peyò a. Jewova te detwi tout moun nan mitan nou ki t ap sèvi Baal Peyò+ yo. 4 Men, nou menm ki rete atache ak Jewova, Bondye nou an, nou tout nou vivan jodi a. 5 Gade, mwen fè nou konnen yon seri kòmandman ak lwa+, jan Jewova, Bondye m nan, te mande m fè sa a, yon fason pou nou ka suiv yo lè nou rive nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an. 6 Se pou nou byen suiv yo+ paske sa ap fè pèp ki pral tande pale de kòmandman sa yo wè nou gen sajès+ ak bon konprann+ e y ap di: ‘Vrèmanvre, moun ki nan gwo nasyon sa a se moun ki gen sajès ak bon konprann+.’ 7 Ki lòt gwo nasyon ankò dye yo toupre yo jan Jewova, Bondye nou an, toupre nou kèlkeswa lè nou rele l la+? 8 Ki lòt gwo nasyon ki gen kòmandman ak lwa ki jis tankou tout Lwa sa a mwen mete devan nou jodi a+?
9 “Sèl bagay, fè atansyon epi byen veye* pou nou pa bliye bagay nou te wè ak je nou yo e fè yon fason pou yo rete nan kè nou pandan tout vi nou. Mete sou sa, nou dwe fè pitit nou ak pitit pitit+ nou konnen yo. 10 Jou nou te kanpe devan Jewova, Bondye nou an, nan Orèb, Jewova te di m: ‘Rasanble pèp la devan m pou m ka fè yo tande pawòl mwen yo+, pou yo ka aprann gen lakrentif+ pou mwen pandan tout vi yo e pou yo ka anseye pitit yo+.’
11 “Vrèmanvre, nou te vini epi nou te kanpe nan pye mòn nan e te gen yon dife sou mòn nan. Dife a te monte jis nan syèl la*. Te gen fènwa ak nyaj pwès ki te tou nwa+. 12 Jewova te kòmanse pale avèk nou nan mitan dife+ a. Nou te tande pawòl li t ap di yo, men nou pa t wè okenn fòm+. Se sèlman yon vwa+ nou te tande. 13 Li te fè nou konnen alyans+ li an, alyans li te ban nou lòd pou nou respekte a, sa vle di Dis Kòmandman*+ yo. Apre sa, li te ekri yo sou de wòch plat+. 14 Lè sa a, Jewova te ban m lòd pou m anseye nou kòmandman ak lwa nou dwe suiv lè nou rive nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an.
15 “Piske lè Jewova t ap pale avèk nou nan mitan dife a, nan Orèb, nou pa t wè okenn fòm, nou dwe byen veye* 16 pou nou pa mal aji, pou nou pa al fè zidòl ki gen kèlkeswa fòm nan, ki gen fòm gason oswa ki gen fòm fi+, 17 oubyen tou ki gen fòm nenpòt bèt ki sou tè a, oswa ki gen fòm nenpòt zwazo k ap vole nan syèl la+, 18 oswa ki gen fòm kèlkeswa bèt sou tè a ki rale sou vant, oswa ki gen fòm kèlkeswa pwason k ap viv nan dlo ki sou tè a+. 19 Lè nou leve je nou gade syèl la e nou wè solèy la, lalin nan, zetwal yo, tout bagay ki nan syèl la, pinga nou kite yo atire nou pou n ta pwostène devan yo pou nou sèvi yo+. Jewova, Bondye nou an, mete yo la pou tout pèp k ap viv anba syèl la. 20 Men, nou menm, Jewova te pran nou e li te retire nou nan founèz dife pou yo fonn fè a, anpalan de Ejip, pou l ka fè nou vin pèp li, pou nou ka vin byen+ pa l* jan sa ye jodi a.
21 “Jewova te fache kont mwen poutèt nou menm+ e li te fè sèman mwen pap travèse Rivyè Jouden an, ni mwen pap antre nan bon peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la+. 22 M ap mouri isit la, mwen pap travèse Rivyè Jouden an+, men, nou menm, n ap travèse l e n ap pran bon peyi sa a kòm byen pa nou. 23 Veye pou nou pa bliye alyans Jewova, Bondye nou an, fè avèk nou an+. Pinga nou fè zidòl ki gen fòm kèlkeswa bagay la, jan Jewova, Bondye nou an, entèdi nou fè sa a+. 24 Paske, Jewova, Bondye nou an, se yon dife, yon dife ki ka lakòz destriksyon+, li se yon Dye ki mande pou nou atache avè l sèlman+.
25 “Lè nou vin gen pitit ak pitit pitit e nou gentan fè yon bon bout tan nan peyi a, si nou ta mal aji e nou ta fè kèlkeswa zidòl+ la, si nou ta fè sa Jewova, Bondye nou an, rayi e nou fè l fache+, 26 mwen pran syèl la ak tè a sèvi m temwen jodi a, nou pap pran tan pou nou peri nan peyi nou pral resevwa kòm byen pa nou pa lòtbò Rivyè Jouden an. Nou pap ret lontan nan peyi a, paske Bondye ap detwi nou san mank+. 27 Jewova ap gaye nou nan mitan lòt pèp yo+ e se kèk nan nou sèlman ki pap mouri+ nan peyi Jewova ap mennen nou yo. 28 Lè sa a, nou pral oblije sèvi fo dye+ ki fèt an bwa oswa an wòch, bagay moun fè ak men yo ki pa ka ni wè, ni tande, ni manje, ni pran sant.
29 “Men, si pandan nou nan peyi sa yo, nou chèche Jewova, Bondye nou an, nou pap manke pa jwenn li+, depi nou chèche l ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou. 30 Lè bagay yo vin difisil anpil pou nou e lè tout bagay sa yo rive nou pi devan, n ap retounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an, e n ap koute vwa+ l. 31 Jewova, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen mizèrikòd+. Li pap lage nou, li pap detwi nou nèt, ni li pap bliye alyans li te fè ak zansèt+ nou yo.
32 “Chèche konnen sa ki te pase nan tan lontan yo, anvan tan pa nou an, lè Bondye te kreye lòm sou tè a. Chèche nan yon bout syèl la pou rive nan lòt bout la. Èske yon bagay estrawòdinè konsa te janm fèt anvan oswa èske moun te janm tande yon bagay konsa+? 33 Èske gen lòt pèp ki janm tande vwa Bondye k ap pale nan mitan yon dife jan nou menm nou te tande l la, e ki kontinye viv apre sa+? 34 Oubyen, èske Bondye te janm sèvi ak fòs ponyèt+ li pou l jije yon nasyon, pou l fè mèvèy, mirak+, lagè+, ak anpil aksyon ki estrawòdinè+, pou l eseye pran yon nasyon nan mitan yon lòt nasyon pou l ka fè yo sèvi l, jan nou te wè Jewova, Bondye nou an, fè sa pou nou ann Ejip la? 35 Nou menm, yo te fè nou wè bagay sa yo, pou nou ka konnen Jewova se vrè Dye a+, e apa li menm, pa gen lòt+. 36 Li te fè nou tande vwa l detan li t ap pale nan syèl la pou l korije nou. Li te fè nou wè yon gwo dife li te fè sou tè a e nou te tande l k ap pale nan dife a+.
37 “Se paske li te renmen zansèt nou yo e li te chwazi desandan zansèt nou yo+ ki fè li te sèvi ak kokenn fòs li pou l fè nou soti nan peyi Ejip toutpandan li t ap veye sou nou. 38 Li te kouri dèyè yon seri nasyon ki te gen plis moun pase nou e ki te gen plis fòs pase nou pou l te ka fè nou antre nan peyi nasyon sa yo e pou l te ka ban nou peyi yo kòm eritaj jan l deja ap fè sa pou nou jodi a+. 39 Kidonk, jodi a, se pou nou konnen Jewova se vrè Dye a ni nan syèl la ni sou tè a+, e se pou nou kenbe sa nan lespri nou. Apre li pa gen lòt+. 40 Se pou nou obeyi lwa l yo ak kòmandman l yo m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou pitit nou yo, e pou nou ka rete lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.”
41 Lè sa a, Moyiz mete twa vil apa nan zòn lès Jouden an+. 42 Si yon moun ta touye pwochen l san li pa fè espre e li pa t rayi l anvan sa+, li dwe kouri al nan youn nan vil sa yo pou l pa mouri+. 43 Vil sa yo se Bezè+ ki nan dezè a, sou platon ki nan tèritwa tribi Ribenn nan, Ramòt+ ki nan Galaad, nan tèritwa tribi Gad la, ak Golan+ ki nan Bazan, nan tèritwa tribi Manase a+.
44 Men Lwa+ Moyiz te bay pèp Izrayèl la. 45 Se yon seri rapèl, kòmandman, desizyon ak lwa Moyiz te bay Izrayelit yo apre yo te fin soti ann Ejip+, 46 nan zòn Jouden an, nan vale ki anfas Bètpeyò+ a, nan peyi Siyon, wa Amorit yo, ki te abite Esbon+. Moyiz ak Izrayelit yo te bat wa sa a lè yo te sot ann Ejip la+. 47 Yo te pran peyi l la ak peyi Òg+, wa Bazan an, de wa ki t ap dirije Amorit yo e ki te rete nan zòn lès Jouden an, 48 soti Awoyè+, arebò Vale Anon, rive nan Mòn Syon, sa vle di Èmon+, 49 ak tout zòn Araba a, ki nan zòn lès Jouden an, rive jis nan Lanmè Araba*, nan pye Mòn Pisga+.
5 Apre sa, Moyiz fè rasanble tout pèp la e li di yo: “O Izrayèl, koute kòmandman ak lwa m ap fè nou konnen jodi a. Nou dwe aprann yo e nou dwe byen suiv yo. 2 Jewova, Bondye nou an, te fè yon alyans avèk nou nan Orèb+. 3 Se pa avèk zansèt nou yo Jewova te fè alyans sa a, men se avèk nou tout ki vivan isit la jodi a. 4 Jewova te pale avèk nou fasafas sou mòn nan, nan mitan dife a+. 5 Nan moman sa a, mwen te kanpe ant Jewova avèk nou+ pou m te ka fè nou konnen tout sa Jewova di, paske nou te pè dife a e nou pa t monte sou mòn nan+. Men sa l te di:
6 “‘Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip+. 7 Nou pa dwe janm gen okenn lòt dye apa mwen menm*+.
8 “‘Nou pa dwe fè zidòl+ oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a. 9 Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo+, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman+, ki pini pitit ak pitit pitit moun ki rayi m yo pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm ak nan katriyèm jenerasyon+, 10 men, ki montre yon lanmou ki fidèl* pou moun ki renmen m e ki obeyi kòmandman m yo rive jis nan mil jenerasyon.
11 “‘Nou pa dwe mal sèvi+ ak non Jewova, Bondye nou an, paske Jewova pap manke pa pini nenpòt moun ki mal sèvi+ ak non l.
12 “‘Se pou nou obsève jou saba a, se pou nou konsidere l kòm yon jou ki sakre, jan Jewova, Bondye nou an, te mande nou sa a+. 13 Nou dwe fè tout travay nou gen pou n fè nan sis jou+. 14 Men, setyèm jou a se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an+. Nou pa dwe fè okenn travay+, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni towo bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèt nou genyen lakay nou, ni etranje k ap viv nan vil*+ nou yo, yon fason pou gason ki esklav nou yo ak fi ki esklav nou yo ka repoze menm jan ak nou+. 15 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip, e Jewova, Bondye nou an, te sèvi ak fòs ponyèt li pou l fè nou soti nan peyi sa a+. Se sa k fè Jewova te ban nou lòd pou nou obsève jou saba a.
16 “‘Onore papa nou ak manman nou+ jan Jewova, Bondye nou an, te mande nou sa a, pou n ka viv lontan e pou tout bagay ka mache byen pou nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.
17 “‘Nou pa dwe asasinen moun+.
18 “‘Nou pa dwe fè adiltè+.
19 “‘Nou pa dwe vòlè+.
20 “‘Nou pa dwe bay manti lè n ap sèvi kòm temwen kont pwochen nou+.
21 “‘Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou+. Nou pa dwe gen tanta sou kay pwochen nou, ni sou jaden l, ni sou gason ki esklav li oswa sou fi ki esklav li, ni sou towo bèf li, ni sou bourik li, ni sou kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou+.’
22 “Jewova te ban nou kòmandman* sa yo pandan nou te rasanble devan mòn nan, pandan li te nan dife a, nan nyaj pwès ki te tou nwa a+. Li te pale byen fò, e li pa t di anyen ankò. Apre sa, li te ekri yo sou de wòch plat e li te ban mwen yo+.
23 “Men, kou nou te tande vwa ki t ap pale nan nyaj ki te tou nwa a, pandan te gen dife nan mòn nan+, tout chèf tribi nou yo ak tout ansyen nou yo te vin kote m. 24 Men sa nou te di m: ‘Jewova, Bondye nou an, te montre nou jan li gen glwa ak pisans, e nou te tande vwa l nan dife a+. Jodi a, nou wè Bondye ka pale avèk yon moun epi moun nan ka kontinye viv+ apre sa. 25 Men, nou pa anvi mouri. Gwo dife sa a ka kankannen nou. Si nou kontinye tande vwa Jewova, Bondye nou an, se sèten n ap mouri. 26 Kiyès moun ki janm tande vwa Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife jan nou te tande l la e ki kontinye viv apre sa? 27 Pito se ou menm k al koute tout sa Jewova, Bondye nou an, gen pou l di. Apre sa, w a vin di nou tout sa Jewova, Bondye nou an, di w, e nou menm n a koute w epi n a fè tout sa w di nou+.’
28 “Lè Jewova te tande sa nou te di m yo, Jewova te di m: ‘Mwen te tande sa pèp la te di w yo, e yo byen pale+. 29 Ala bon sa t ap bon si kè yo ta toujou pouse yo gen lakrentif+ pou mwen e si l ta fè yo obeyi tout kòmandman+ m yo! Lè sa a, tout bagay t ap toujou mache byen pou yo e pou pitit yo+. 30 Men sa pou w al di yo: “Retounen nan tant nou.” 31 Men, ou menm, se pou w rete la avèk mwen pou m ka ba w tout kòmandman, tout lòd ak lwa ou dwe fè yo konnen yo, pou yo ka obeyi yo nan peyi m ap ba yo kòm byen pa yo a.’ 32 Se pou nou veye pou nou fè egzakteman sa Jewova, Bondye nou an, ban nou lòd pou nou fè+. Nou pa dwe fè ni adwat ni agoch+. 33 Se pou nou mache nan chemen Jewova, Bondye nou an, ban nou lòd pou n mache a+, yon fason pou nou ka viv nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, pou tout bagay ka mache byen pou nou ladan l e pou nou ka rete lontan nan peyi a+.
6 “Men kòmandman, lòd ak lwa Jewova, Bondye nou an, mande m pou m anseye nou yon fason pou nou ka suiv yo lè nou travèse antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, 2 yon fason pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, e pou n ka suiv tout lwa l yo ak tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a chak jou nan lavi nou pou n ka viv lontan+. Ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit+ nou yo dwe obeyi yo. 3 O Izrayèl, se pou nou koute e se pou nou byen suiv yo pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou nou ka vin anpil lè nou rive nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule a, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te pwomèt nou sa a.
4 “O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova+. 5 Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm*+ nou e ak tout fòs nou+. 6 Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou, 7 se pou nou fè yo antre nan kè* pitit nou yo+ e se pou nou pale sou bagay sa yo avèk yo lè nou chita anndan lakay nou, lè n ap mache avèk yo sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+. 8 Se pou nou mare yo nan men nou kòm yon siy pou fè nou sonje yo, e yo dwe tankou yon bando sou fwon nou*+. 9 Se pou nou ekri yo sou chanbrann pòt kay nou ak sou pòtay vil nou yo.
10 “Apre Jewova, Bondye nou an, fin fè nou antre nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, l ap ban nou an+, yon peyi ki gen gwo vil nou pa t konstwi ki byen bèl+, 11 ki gen kay ki chaje ak tout kalite bon bagay nou pa t travay pou n genyen, ki gen sitèn nou pa t fouye, jaden rezen ak pye oliv nou pa t plante, lè nou fin manje e vant nou fin plen+, 12 nou dwe fè atansyon pou n pa bliye Jewova+, li menm ki te fè n soti nan esklavaj nan peyi Ejip la. 13 Nou dwe gen lakrentif+ pou Jewova, Bondye nou an. Se li nou dwe sèvi+ e se nan non l nou dwe fè sèman+. 14 Nou pa dwe sèvi lòt dye, nou pa dwe sèvi okenn nan dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi yo+, 15 paske Jewova, Bondye nou an, ki nan mitan nou an, se yon Bondye ki mande pou moun atache avè l sèlman+. Si nou al sèvi lòt dye, Jewova, Bondye nou an, ap fache anpil kont nou+ e l ap efase nou sou tè a+.
16 “Nou pa dwe teste+ Jewova, Bondye nou an, jan nou te fè sa lè nou te Masa a+. 17 Nou dwe byen obeyi kòmandman, rapèl ak lwa Jewova, Bondye nou an, ban nou pou nou obeyi yo. 18 Nou dwe fè sa ki dwat e nou dwe fè sa ki byen nan je Jewova, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou, pou nou ka antre nan bon peyi Jewova te pwomèt zansèt nou yo l ap ban nou an, pou nou ka pran l kòm byen pa nou+, 19 e pou nou ka chase tout ènmi nou yo devan nou, jan Jewova te pwomèt nou sa a+.
20 “Pi devan, lè pitit nou yo va mande nou: ‘Poukisa Jewova, Bondye nou an, ban nou rapèl, kòmandman ak lwa sa yo?’, 21 lè sa a, n a di yo: ‘Nou te esklav Farawon nan peyi Ejip, men Jewova te fè nou soti kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li. 22 Jewova te fè yon seri gwo mirak devan je nou, yon seri mirak ki te fè anpil dega nan peyi Ejip+, kote li te frape Farawon ak moun lakay li yo+. 23 Li te fè nou soti kite peyi sa a pou l te ka mennen nou isit la e pou l ban nou peyi li te pwomèt zansèt nou yo l ap ban nou an+. 24 Apre sa, Jewova te mande pou nou obeyi tout kòmandman sa yo e pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, pou tout bagay ka toujou ale byen+ pou nou yon fason pou nou ka rete an vi+ jan nou ye jodi a. 25 Si nou obeyi Jewova, Bondye nou an, e si nou byen suiv tout kòmandman li te ban nou pou n obeyi yo, jan li mande nou sa a, l ap konsidere nou kòm moun ki jis+.’
7 “Lè Jewova, Bondye nou an, mennen nou nan peyi nou pral antre pou n pran kòm byen+ pa nou an, l ap kouri dèyè yon seri nasyon ki gen anpil moun ladan yo+: desandan Èt yo, Gigachit yo, Amorit yo+, moun Kanaran yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+. Sèt nasyon sa yo gen plis moun pase nou e yo pi pisan pase nou+. 2 Jewova, Bondye nou an, ap lage yo nan men nou e n ap bat yo+. Nou dwe detwi yo+ san mank. Nou pa dwe fè okenn alyans avèk yo, ni nou pa dwe gen pitye pou yo+. 3 Nou pa dwe marye avèk yo. Pinga nou bay pitit fi nou yo pou yo marye ak pitit gason yo, ni pinga nou pran pitit fi yo pou nou marye yo ak pitit gason nou+. 4 Paske, y ap detounen pitit nou yo, y ap fè yo sispann suiv mwen pou y al sèvi lòt dye+. Lè sa a, Jewova ap an kòlè anpil kont nou e l ap detwi nou san pèdi tan+.
5 “Okontrè, nou dwe kraze lotèl yo genyen yo ak poto sakre ki fèt an wòch yo+, nou dwe koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+ e nou dwe boule zidòl yo+. 6 Paske, nou se yon pèp Jewova, Bondye nou an, mete apa. E Jewova, Bondye nou an, chwazi nou nan mitan tout pèp ki sou tè a+ pou nou vin pèp li, pou nou vin byen espesyal pa l*.
7 “Se pa paske nou te pèp ki gen plis moun pami tout pèp yo ki fè Jewova te montre li gen afeksyon pou nou e ki fè li te chwazi nou+, dayè, pami tout pèp yo se nou menm ki te pi piti+. 8 Men, se paske Jewova te renmen nou e se paske li te respekte sèman li te fè zansèt nou yo+ ki fè Jewova te fè nou soti ann Ejip ak fòs ponyèt li, e li te retire nou nan esklavaj+ anba men Farawon, wa Ejip la. 9 Nou byen konnen Jewova, Bondye nou an, se vrè Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe alyans li fè e ki demontre yon lanmou ki fidèl pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo jis nan milyèm jenerasyon an+. 10 Men, li pap manke pa detwi moun ki rayi l yo pou l fè yo peye pou sa+. Li pap pran tan pou l aji kont moun ki rayi l yo. L ap fè yo peye pou sa. 11 Se sa k fè, nou dwe byen suiv kòmandman, lòd ak lwa m ap ban nou jodi a.
12 “Si nou kontinye koute lwa sa yo, e nou obeyi yo, Jewova, Bondye nou an, ap kenbe alyans li te fè a, e l ap toujou demontre yon lanmou ki fidèl pou nou jan l te fè zansèt nou yo sèman an. 13 L ap renmen nou, l ap beni nou e l ap fè nou vin anpil. Vrèmanvre, l ap beni nou nan peyi li te fè zansèt nou yo sèman l ap ban nou an+. Kòm benediksyon, l ap fè nou gen anpil pitit*+, jaden nou yo ap donnen, n ap gen anpil manje, n ap gen diven, n ap gen luil+, e bèf nou yo ak mouton nou yo ap fè pitit. 14 Pami tout pèp yo+, se nou menm k ap jwenn plis benediksyon. Pa gen okenn gason ni okenn fi pami nou ki pap gen pitit, ni pa gen okenn bèt nou genyen ki pap fè pitit+. 15 Jewova ap retire tout maladi nan mitan nou, e li pap lage okenn nan maladi terib nou te konn genyen ann Ejip yo sou nou+. Olye de sa, l ap lage yo sou tout moun ki rayi nou yo. 16 Nou dwe detwi* tout pèp Jewova, Bondye nou an, lage nan men nou+. Nou* pa dwe gen pitye pou yo+ e nou pa dwe sèvi dye+ y ap sèvi yo, paske sa ap tounen yon pyèj pou nou+.
17 “Nou ka di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo gen plis moun pase nou e nou pa wè ki jan n ap fè bat yo+’, 18 men, nou pa dwe pè yo+. Nou dwe sonje sa Jewova, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout peyi Ejip+, 19 jan Jewova, Bondye nou an, te sèvi ak fòs ponyèt li pou l fè gwo aksyon devan je nou, pou l fè mèvèy ak mirak+ pou l fè nou soti kite peyi+ sa a. Se sa Jewova, Bondye nou an, pral fè tout pèp nou pè yo+. 20 Jewova, Bondye nou an, ap fè yo dekouraje* jiskaske moun ki rete+ e ki t ap kache pou nou yo peri. 21 Nou pa bezwen pè yo, paske, Jewova, Bondye nou an ki avèk nou an+, se yon Bondye ki gran e ki bay kè kase+.
22 “Se sèten Jewova, Bondye nou an, ap disparèt nasyon sa yo devan nou tikras pa tikras+. Li pap kite nou detwi yo yon sèl kou pou bèt sovaj pa anvayi nou. 23 Jewova, Bondye nou an, ap lage yo nan men nou e l ap kontinye bat yo jiskaske l detwi yo nèt+. 24 L ap lage wa nasyon sa yo nan men nou+ e n ap efase non yo anba syèl la+. Pèsonn pap ka kanpe devan nou+ jiskaske nou fin detwi yo nèt+. 25 Nou dwe boule zidòl yo fè pou dye yo genyen yo+. Nou pa dwe anvi gen ajan ak lò ki sou zidòl sa yo, ni nou pa dwe pran ajan ak lò sa yo pou yo+ pa tounen yon pyèj pou nou, paske bagay sa yo bay Jewova, Bondye nou an, degoutans+. 26 Nou pa dwe antre anndan lakay nou ak okenn bagay Bondye rayi, pou Bondye pa detwi nou menm jan ak bagay sa yo. Nou dwe rayi yo ak tout kè nou paske se bagay ki merite detwi.
8 “Nou dwe veye pou nou obeyi chak kòmandman mwen ban nou jodi a pou nou ka kontinye viv+, pou nou ka vin anpil, pou nou ka antre nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman l ap ba yo a e pou nou ka pran l kòm byen pa nou+. 2 Sonje wout byen long Jewova, Bondye nou an, te fè nou fè pandan 40 an sa yo nan dezè a+ pou l te ka imilye nou e pou l te ka teste+ nou, yon fason pou l te ka konnen sa ki nan kè nou+, pou l te ka wè si nou t ap obeyi kòmandman l yo oswa si nou pa t ap obeyi yo. 3 Konsa, li te imilye nou, li te kite nou vin grangou+ e li te ban nou lamàn+ pou n manje, yon manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konn manje. Se pou l te ka fè nou konnen se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova yo tou+. 4 Pandan 40 an sa yo, rad sou nou pa t janm fini, e pye nou pa t janm anfle+. 5 Nou byen konnen nan kè nou se korije Jewova, Bondye nou an, t ap korije nou, menm jan yon papa korije pitit li+.
6 “Se sa k fè, nou dwe obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, nou dwe mache nan chemen l yo e nou dwe gen lakrentif pou li. 7 Jewova, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bon peyi+, yon peyi ki gen anpil rivyè, ki gen sous dlo ak lòt gwo dlo ki sot anba tè k ap koule nan vale yo ak nan zòn ki gen mòn yo, 8 yon peyi ki gen ble, lòj*, pye rezen, pye fig frans, grenad+, luil doliv ak siwo myèl+, 9 yon peyi ki pa manke manje, kote nou pap manke anyen, yon peyi kote wòch yo gen fè ladan yo, kote n ap jwenn kuiv nan mòn yo.
10 “Lè nou fin manje, lè vant nou fin plen, nou dwe bay Jewova, Bondye nou an, glwa pou bon peyi li ban nou an+. 11 Fè atansyon pou nou pa bliye Jewova, Bondye nou an, e pou nou pa dezobeyi kòmandman l yo, lòd li yo ak lwa l yo m ap ban nou jodi a. 12 Lè nou fin manje, lè vant nou fin plen, lè nou fin bati bèl kay nou e nou abite ladan yo+, 13 lè bèf nou yo ak mouton nou yo vin pi plis, lè nou vin gen plis ajan ak lò, e nou gen tout sa nou bezwen an kantite, 14 pinga nou kite kè nou vin plen ak ògèy+ pou l fè nou bliye Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip la+, 15 ki te fè nou mache nan gwo dezè ki bay kè kase a+, ki gen sèpan ki ka anpwazonnen moun e ki gen eskòpyon, yon dezè ki pa gen dlo, kote tè a sèk, kote li te fè dlo soti nan yon wòch silèks+ pou nou 16 e li te ban nou manje lamàn+, yon manje zansèt nou yo pa t konn manje. Li te fè nou sa pou l te ka imilye+ nou e pou l te ka teste nou, yon fason pou tout bagay ka ale byen pou nou pi devan+. 17 Si nou ta di nan kè nou: ‘Se ak kouraj mwen e ak fòs ponyèt mwen mwen fè tout richès sa yo+’, 18 nou dwe sonje se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou kapasite pou nou vin rich+. Paske, li respekte alyans li te fè ak zansèt nou yo, jan l montre sa jodi a+.
19 “Si sa ta rive nou bliye Jewova, Bondye nou an, e n al sèvi lòt dye e nou pwostène devan yo, m ap avèti nou jodi a, n ap peri san mank+. 20 N ap peri menm jan ak nasyon Jewova ap detwi devan nou yo, paske lè sa a, n ap montre nou pa koute vwa Jewova, Bondye nou an+.
9 “Tande sa, o Izrayèl: N ap travèse Rivyè Jouden+ an jodi a pou n kapab antre sou tèritwa nasyon ki gen plis moun pase nou e ki gen plis fòs pase nou+ pou n kapab pran gwo vil ki gen miray yo rive jis nan syèl la*+, 2 pou n ka pran tèritwa pitit gason Anak yo+, yon pèp ki gen plis moun pase nou e ki pi wo pase nou. Nou konnen pèp sa a, e nou konn tande moun di: ‘Kiyès ki ka kanpe devan pitit gason Anak yo?’ 3 Se sa k fè, nou bezwen konnen Jewova, Bondye nou an, ap travèse devan nou jodi a+. Li se yon dife ki ka lakòz destriksyon+. L ap detwi yo nèt. Nou gen pou n wè jan l ap fè yo soumèt devan nou, yon fason pou n ka mete yo deyò* byen vit e pou n ka detwi yo, jan Jewova te pwomèt nou sa a+.
4 “Lè Jewova mete yo deyò devan nou, pinga nou di nan kè nou: ‘Se paske nou jis ki fè Jewova mennen nou nan peyi sa a pou l fè nou pran l kòm byen pa nou+.’ Okontrè, se paske nasyon sa yo mechan+ ki fè Jewova ap retire yo devan nou. 5 Se pa paske nou jis oswa nou se moun ki dwat ki fè n ap antre nan peyi nasyon sa yo pou n al pran yo kòm byen pa nou. Okontrè, se paske nasyon sa yo mechan ki fè Jewova, Bondye nou an, ap retire yo devan nou+, e se pou Jewova ka respekte sèman li te fè zansèt nou yo, Abraram+, Izarak+ ak Jakòb+. 6 Nou bezwen konn sa: Se pa paske nou jis ki fè Jewova, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou nou pran l kòm byen pa nou. Paske, nou se yon pèp ki gen tèt di+.
7 “Sonje sa, pinga nou janm bliye jan nou te fè Jewova, Bondye nou an, fache nan dezè+ a. Depi jou nou te kite peyi Ejip la jiskaske nou rive isit la, nou pa janm sispann rebele kont Jewova+. 8 Menm nan Orèb, nou te fè Jewova fache, e Jewova te pare pou l detwi nou tèlman l te fache kont nou+. 9 Lè m te monte nan mòn nan pou m al pran wòch plat yo+, wòch ki te gen pawòl alyans Jewova te fè avèk nou+ an, mwen te ret nan mòn nan pandan 40 jou, 40 nuit+. Mwen pa t manje anyen e mwen pa t bwè anyen. 10 Apre sa, Jewova te ban m de wòch plat li te ekri ak men l yo, de wòch plat ki te gen tout pawòl Jewova te di nou sou mòn nan nan dife a, lè nou te rasanble nan pye mòn nan+. 11 Apre 40 jou ak 40 nuit lan, Jewova te ban m de wòch plat yo, wòch plat ki te gen pawòl alyans lan, 12 e Jewova te di m: ‘Leve, desann mòn nan byen vit, paske pèp ou a ou te fè kite peyi Ejip la ap mal aji+. Yo gentan kite chemen m te ba yo lòd pou yo suiv la. Yo fè yon estati an metal*+.’ 13 Apre sa, Jewova te di m: ‘Mwen wè jan pèp sa a ye. Se yon pèp ki gen tèt di+. 14 Kite m detwi yo, kite m efase non yo anba syèl la e kite m fè w vin yon nasyon ki gen plis fòs pase yo e ki gen plis moun pase yo+.’
15 “Apre sa, mwen te ale, mwen te desann mòn nan ak de wòch plat ki te gen pawòl alyans lan nan men m+, pandan dife a te sou mòn nan toujou+. 16 Lè m te gade, mwen te wè nou peche kont Jewova, Bondye nou an. Nou te fè yon ti bèf an metal*. Nou pa t pran tan pou n kite chemen Jewova te ban nou lòd pou nou suiv la+. 17 Se sa k fè mwen te pran de wòch plat yo, mwen te frape yo atè ak de men m e m te kraze yo devan je nou+. 18 Lè sa a, menm jan m te fè sa premye fwa a, mwen te lage kò m fas atè devan Jewova e m te pase 40 jou, 40 nuit devan l konsa akoz tout peche nou te fè yo lè nou te fè sa ki mal nan je Jewova e nou te fè l fache. Pandan tan sa a, mwen pa t ni manje ni bwè+. 19 Mwen te pè anpil, paske Jewova te an kòlè anpil kont nou+ e li te pare pou l detwi nou. Men fwa sa a ankò, Jewova te koute m+.
20 “Jewova te tèlman fache kont Arawon, li te tou prèt pou l touye l+, men lè sa a tou, mwen te sipliye l pou l pa fè sa. 21 Apre sa, mwen te pran ti bèf la+, ti bèf nou te peche lè nou te fè l la, e m te boule l. Mwen te kraze rès ki rete a jis li tounen pousyè e m te lage pousyè a nan rivyè k ap koule desann sot nan mòn nan+.
22 “Pi devan, nou te fè Jewova fache tou lè n te rive Tabera+, lè n te Masa+ ak lè n te Kibwòtatava+. 23 Lè Jewova te mande nou kite Kadèsbaneya+ e li te di nou: ‘Monte al pran peyi mwen pap manke pa ban nou kòm byen pa nou an’, lè sa a tou, nou te rebele kont lòd Jewova, Bondye nou an+, te ban nou an. Nou pa t demontre nou gen lafwa+ nan li e nou pa t obeyi l. 24 Depi m konnen nou, nou pa sispann rebele kont Jewova.
25 “Konsa, mwen te rete fas atè devan Jewova pandan 40 jou, 40 nuit+, paske Jewova te di l ap detwi nou. 26 Mwen te pran sipliye Jewova, mwen te di l: ‘O Jewova, Seyè ki Souvren an, pa detwi pèp ou a. Se byen pa w yo ye*+. Se ou ki te delivre yo grasa pisans ou e ki te fè yo kite peyi Ejip ak fòs ponyèt ou+. 27 Sonje sèvitè w yo, Abraram, Izarak ak Jakòb+. Pa okipe pèp tèt di sa a, pa gade sou mechanste ak peche yo fè a+. 28 Si w detwi yo, moun ki nan peyi kote w te fè nou soti a ka di: “Jewova pa t ka mennen yo nan peyi li te pwomèt yo a. Se paske l te rayi yo ki fè l te fè yo kite peyi Ejip pou l touye yo nan dezè a+.” 29 Se pèp ou yo ye, se byen pa w yo ye*+. Se ak kokenn pisans ou genyen e ak fòs ponyèt ou ou te retire yo kote yo te ye a+.’
10 “Lè sa a, Jewova te di m: ‘Taye de wòch plat ki sanble ak premye wòch plat yo+ epi fè yon kòf an bwa. Apre sa, monte vin kote m sou mòn nan. 2 M ap ekri menm pawòl mwen te ekri sou premye wòch plat ou te kraze yo sou yo. Apre sa, w ap mete yo nan kòf la.’ 3 Vrèmanvre, mwen te fè yon kòf ak bwa akasya, mwen te taye de wòch plat ki sanble ak de premye yo, epi mwen te monte mòn nan avèk de wòch plat yo nan men m+. 4 Lè sa a, Jewova te ekri menm pawòl li te ekri anvan yo sou de wòch plat yo+. Se te Dis Kòmandman*+ li te ban nou sou mòn nan, nan mitan dife a+, jou nou te rasanble nan pye mòn nan+. Epi, Jewova te remèt mwen yo. 5 Apre sa, mwen te desann mòn nan+ e m te mete wòch plat yo nan kòf mwen te fè a, jan Jewova te ban m lòd pou m fè sa a, e se la yo ye depi lè sa a.
6 “Apre sa, Izrayelit yo te kite Beyewòt Benejakan pou y al Mosera. Se la Arawon te mouri e se la yo te antere l+. Apre sa, Eleyaza, pitit gason l lan, te pran plas li antanke prèt+. 7 Izrayelit yo te kite Mosera pou y al Goudgoda. Apre sa, yo te kite Goudgoda pou y al Jotbata+, yon zòn ki te gen anpil rivyè.
8 “Lè sa a, Jewova te mete tribi Levi a+ apa pou yo pote lach alyans Jewova a+, pou yo kanpe devan Jewova pou yo sèvi l e pou yo beni moun nan non l+, jan y ap fè sa jis jodi a. 9 Se poutèt sa, Levi pa gen okenn eritaj pami frè l yo. Se Jewova ki eritaj li, jan Jewova, Bondye nou an, te di l sa a+. 10 Mwen menm, mwen te rete sou mòn nan pandan 40 jou ak 40 nuit+, menm jan ak premye fwa a e Jewova te koute m nan okazyon sa a tou+. Jewova pa t anvi detwi nou ankò. 11 Apre sa, Jewova te di m: ‘Ale kot pèp la epi fè yo prepare yo pou yo deplase, pou yo ka antre nan peyi mwen te fè zansèt yo sèman mwen t ap ba yo a e pou yo ka pran l kòm byen pa yo+.’
12 “Kounye a, o Izrayèl, ki sa Jewova, Bondye nou an, mande nou+? Sèl sa li mande: se pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an+, pou nou mache nan tout chemen l yo+, pou nou renmen l, pou nou sèvi Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, 13 pou nou obeyi lwa ak kòmandman Jewova yo m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou+. 14 Gade, tè a ak tout sa k ladan l, e menm syèl la ak syèl ki pi wo a, se pou Jewova, Bondye nou an, yo ye+. 15 Men, se sèlman bò kote zansèt nou yo Jewova te pwoche e se yo menm li te montre li renmen. Pami tout pèp yo, se nou menm, desandan yo+, li chwazi, jan sa ye jodi a. 16 Kounye a, se pou nou netwaye kè nou+ e se pou nou sispann fè tèt di*+. 17 Paske, Jewova, Bondye nou an, se Dye ki anlè tout lòt dye yo+, se Seyè ki sou tèt tout seyè yo, se Bondye ki gran an, ki gen pouvwa a, ki merite respè a, Bondye ki pa gen patipri a+ e ki pa kite moun achte l. 18 Li fè timoun ki pa gen papa* yo ak vèv+ yo jwenn jistis. Li renmen etranje+ k ap viv nan mitan nou yo e li ba yo manje ak rad. 19 Nou menm tou se pou nou renmen etranje k ap viv nan mitan nou yo paske nou t ap viv kòm etranje nan peyi Ejip+.
20 “Nou dwe gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an. Se li menm pou nou sèvi+, se pou nou rete atache avè l e se nan non l pou nou fè sèman. 21 Se li pou nou bay glwa+. Se li menm ki Bondye nou, se li menm ki te fè gwo aksyon nou te wè li fè pou nou yo, aksyon ki fè nou gen respè pou li+. 22 Lè zansèt nou yo te desann ann Ejip, se 70 moun* ki te desann+, men kounye a, Jewova, Bondye nou an, fè nou vin anpil menm jan ak zetwal yo nan syèl la+.
11 “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an+, nou dwe toujou fè sa l mande nou fè, nou dwe toujou obeyi lwa l yo, lòd li yo ak kòmandman l yo. 2 Nou menm ki konnen disiplin Jewova, Bondye nou an, te bay la oswa ki te wè disiplin li te bay la, nou konnen byen jodi a se avèk nou m ap pale. Mwen pap pale avèk pitit nou yo ki pa t konnen disiplin+ sa a, ki pa t wè jan Bondye te montre l gran+, e jan l gen pisans+. 3 Yo pa t wè mirak ak aksyon li te fè ann Ejip kont Farawon, wa Ejip la, ak tout peyi l la+, 4 ni sa l te fè lame Ejip la, cheval Farawon yo ak charyo l yo, lè dlo ki nan Lanmè Wouj la te kouvri yo tout lè yo t ap kouri dèyè nou an. Jewova te detwi yo nèt*+. 5 Yo pa t wè sa l te fè pou nou* depi lè n te nan dezè a pou jis nou rive isit la, 6 ni sa li te fè devan je tout Izrayelit yo lè tè a te ouvri bouch li e li te vale Datan ak Abiram, pitit gason Elyab, ki li menm se pitit gason Ribenn, ansanm ak moun lakay yo, ak tant yo, ansanm ak tout moun ak tout bèt ki t ap suiv yo+. 7 Nou te wè ak je nou tout gwo aksyon Jewova te fè yo.
8 “Nou dwe obeyi tout kòmandman m ap ban nou jodi a, pou nou ka vin yon pèp ki gen fòs, pou nou ka travèse antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, 9 e pou nou ka viv lontan+ nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman li t ap ba yo l e li t ap bay desandan yo li+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.
10 “Peyi nou pral pran kòm byen pa nou an pa tankou peyi Ejip, kote nou soti a, kote nou te abitye simen semans e nou te konn travay di pou n wouze jaden nou*, jan yo konn fè pou jaden legim. 11 Peyi n ap travèse antre ladan l pou n al pran kòm byen pa nou an se yon peyi ki gen mòn ak vale+, se lapli ki sot nan syèl la ki wouze l+, 12 e se Jewova, Bondye nou an, k ap pran swen l. Je Jewova, Bondye nou an, toujou sou li ap veye l, soti premye jou nan ane a rive nan dènye jou a.
13 “Si nou toujou obeyi kòmandman m ap ban nou jodi a, si nou renmen Jewova, Bondye nou an, epi nou sèvi l ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, 14 m ap fè lapli tonbe nan peyi nou an nan lè pou l tonbe a, premye sezon lapli a ak dezyèm sezon lapli a, pou nou ka rekòlte danre nou yo e pou nou ka gen diven ak luil+. 15 M ap fè zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou yo ka gen manje pou yo manje, e nou menm n ap manje jiskaske nou satisfè+. 16 Sèl bagay, fè atansyon pou nou pa kite kè nou fè n al adore lòt dye e pou l fè nou pwostène devan yo+. 17 Si sa ta rive, Jewova ap fache anpil kont nou, l ap fèmen syèl la pou lapli pa tonbe+, pou tè a pa pwodui, yon fason pou nou ka peri byen vit nan bon peyi Jewova ap ban nou an+.
18 “Nou dwe fè pawòl sa yo mwen di nou yo antre nan kè nou, nou dwe fè yo antre byen fon anndan nou, e nou dwe mare yo sou men nou pou nou ka sonje yo. Y ap tankou yon bando sou fwon nou*+. 19 Mete sou sa, nou dwe anseye pitit nou yo pawòl sa yo, nou dwe pale avèk yo sou yo lè nou chita lakay nou, lè n ap mache sou wout yo, lè nou kouche ak lè nou leve+. 20 Se pou nou ekri yo sou chanbrann pòt kay nou ak sou pòtay vil nou yo, 21 yon fason pou nou menm ak pitit nou yo ka viv lontan+ nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman l ap ba yo a+, pou nou ka kontinye viv nan peyi sa a toutotan syèl la pi wo pase tè a.
22 “Si nou byen suiv kòmandman m ban nou yo, si nou obeyi yo, si nou renmen Jewova, Bondye nou an+, si nou mache nan chemen l yo e si nou atache avè l+, 23 Jewova ap fè tout nasyon sa yo kouri pou nou+, e n ap pran peyi yon seri nasyon ki gen plis fòs pase nou e ki gen plis moun pase nou+. 24 Kèlkeswa kote nou met pye nou an, kote sa a ap pou nou+. Peyi nou an ap soti nan dezè a rive nan Liban, soti nan Rivyè a, Rivyè Efrat, pou rive nan lanmè ki nan direksyon lwès la*+. 25 Pèsonn pap ka kenbe tèt ak nou+. Jewova, Bondye nou an, ap fè tout moun ki abite nan peyi nou pral antre ladan yo a panike, l ap fè yo pè nou+, jan l te pwomèt nou l ap fè sa a.
26 “Gade, jodi a m ap mete benediksyon ak malediksyon devan nou+: 27 N ap jwenn benediksyon si nou obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, ban nou yo, kòmandman m ap fè nou konnen jodi a+. 28 Men, malediksyon ap tonbe sou nou si nou pa obeyi kòmandman Jewova+, Bondye nou an, ban nou yo, si nou vire kite chemen mwen ban nou pou nou suiv la, e si n al suiv yon seri dye nou pa t konnen anvan.
29 “Lè Jewova, Bondye nou an, fin fè nou antre nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, se sou Mòn Gerizim n ap fè konnen* benediksyon yo e se sou Mòn Ebal n ap fè konnen* malediksyon yo+. 30 Èske mòn sa yo pa sou lòt bò Rivyè Jouden an, nan direksyon lwès*, nan peyi moun Kanaran yo k ap viv nan Araba, anfas Gilgal, toupre gwo pyebwa More yo+? 31 Paske, n ap travèse Rivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, pou nou pran l kòm byen pa nou+. Lè nou fin pran l e lè nou kòmanse viv ladan l, 32 nou dwe veye pou nou obeyi tout lòd ak tout lwa m ap mete devan nou jodi a+.
12 “Men kòmandman ak lwa nou dwe veye pou nou obeyi pandan tout vi nou nan peyi Jewova, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou kòm byen pa nou an. 2 Lè nou fin pran tèritwa nasyon sa yo, nou dwe detwi tout kote yo sèvi zidòl yo+, kit kote sa yo sou mòn ki byen wo, kit yo sou ti mòn oswa anba gwo pyebwa. 3 Nou dwe kraze lotèl yo ak poto sakre ki fèt an wòch yo+, nou dwe boule poto sakre ki fèt an bwa yo*, nou dwe kraze imaj dye y ap sèvi yo+ pou n efase non yo kote sa a+.
4 “Nou pa dwe sèvi Jewova, Bondye nou an, menm jan yo sèvi dye y ap sèvi yo+. 5 Olye de sa, kèlkeswa kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa, kèlkeswa kote l ap abite nan mitan tout tribi nou yo, se la pou n al sèvi l+. 6 Se kote sa a pou nou pote sakrifis n ap boule nèt yo+, lòt sakrifis nou yo, dizyèm*+ nou yo, kontribisyon nou yo+, ofrann ki gen rapò ak ve nou fè yo, ofrann kè nou pouse nou fè yo+, premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo+. 7 Se la ni nou menm ni moun lakay nou ap manje devan Jewova, Bondye nou an+. N ap rejwi nan tout sa n ap fè+ paske Jewova, Bondye nou an, ap beni nou.
8 “Nou pa dwe aji jan n ap aji isit la jodi a. Chak moun ap fè sa ki dwat nan je l* 9 paske nou poko antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, kote nou pral viv ak kè poze a+. 10 Lè nou fin travèse Rivyè Jouden an+, lè nou abite nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, se sèten l ap fè tout ènmi ki antoure nou yo viv anpè ak nou e n ap viv san kè sote+. 11 Se kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+ n ap pote tout sa m ap ban nou lòd pote yo, kit se sakrifis n ap boule nèt yo, lòt sakrifis nou yo, dizyèm+ nou yo, kontribisyon n ap bay yo ak tout ofrann nou fè pou yon ve nou fè bay Jewova. 12 Se pou nou rejwi devan Jewova, Bondye nou an+, ni nou menm, ni pitit gason nou yo, ni pitit fi nou yo, ni gason ki esklav nou yo, ni fi ki esklav nou yo, ni Levit ki anndan vil* nou yo, paske Levit yo pa gen yon eritaj menm jan ak nou+. 13 Veye pou nou pa ofri sakrifis n ap boule nèt yo okenn lòt kote+. 14 Se sèlman kote Jewova chwazi nan tèritwa youn nan tribi nou yo nou dwe ofri sakrifis n ap boule nèt yo e se la nou dwe fè tout sa mwen ban nou lòd fè yo+.
15 “Men, nenpòt lè nou* vle touye yon bèt pou nou manje vyann+ li, n ap kapab fè sa nan kèlkeswa vil kote nou ye*, selon jan Jewova, Bondye nou an, beni nou. Moun ki pa pwòp ak moun ki pwòp ap ka manje vyann nan menm jan nou t ap manje vyann gazèl* oswa vyann sèf*. 16 Men, nou pa dwe manje san+ an, nou dwe vide l atè tankou dlo+. 17 Gen kèk bagay nou pap gen dwa manje oswa bwè anndan vil* nou yo. Nou dwe mete bagay sa yo apa: yon dizyèm nan manje angren nou yo, nan diven nou yo ak nan luil nou yo, premye pitit bèf nou yo, premye pitit mouton nou yo+, kèlkeswa ofrann nou fè ki gen rapò ak yon ve, ofrann kè nou pouse nou fè yo ak nenpòt lòt kontribisyon nou vle bay. 18 Bagay sa yo, se devan Jewova, Bondye nou an, nou dwe manje yo, kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi a+. Ni nou menm, ni pitit gason nou yo, ni pitit fi nou yo, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni Levit ki nan vil* nou yo, se la yo dwe manje yo. Se pou nou rejwi devan Jewova, Bondye nou an, nan tout sa n ap fè. 19 Fè atansyon pou nou pa bliye Levit yo+ toutotan n ap viv nan peyi a.
20 “Lè Jewova, Bondye nou an, laji tèritwa+ nou an, jan l pwomèt nou sa a+, si nou* anvi manje vyann, n ap kapab manje vyann kèlkeswa lè nou* vle sa+. 21 Si kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+ lwen nou, n ap kapab touye bèf oswa mouton Jewova ban nou, jan m te ban nou lòd fè a, e n ap kapab manje yo anndan vil* nou yo, kèlkeswa lè nou* anvi manje vyann nan. 22 N ap kapab manje vyann nan menm jan nou t ap manje vyann gazèl* ak vyann sèf+. Ni moun ki pwòp, ni moun ki pa pwòp ap kapab manje vyann nan. 23 Men, nou dwe pran detèminasyon pou nou pa manje san+ paske san an se lavi*+. Nou pa dwe manje yon vyann si l gen san* ladan l. 24 Nou pa dwe manje san. Nou dwe vide l atè tankou dlo+. 25 Nou pa dwe manje l pou tout bagay ka mache byen ni pou nou ni pou pitit nou yo paske nou fè sa ki dwat nan je Jewova. 26 Se sèlman bagay sakre nou yo ak ofrann n ap bay pou yon ve nou fè nou dwe pote kote Jewova ap chwazi a. 27 Se la n ap ofri bèt nou bay kòm sakrifis pou yo boule nèt yo, e se la n ap ofri vyann nan ak san+ an sou lotèl Jewova, Bondye nou an. San ki soti nan bèt nou bay kòm sakrifis yo, nou dwe vide l sou lotèl+ Jewova, Bondye nou an, men vyann nan n ap kapab manje l.
28 “Nou dwe veye pou nou obeyi tout kòmandman m ap ban nou jodi a pou tout bagay ka toujou mache byen ni pou nou ni pou pitit nou yo paske nou fè sa ki bon ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye nou an.
29 “Lè Jewova, Bondye nou an, fin elimine nasyon nou pral pran tèritwa yo+ genyen yo e lè nou kòmanse viv nan peyi yo t ap viv yo, 30 nou dwe veye pou nou pa pran nan pyèj apre nou fin elimine yo. Nou pa dwe chèche konnen ki jan nasyon sa yo te konn sèvi dye yo t ap sèvi yo e nou pa dwe di nou menm tou n ap fè menm jan an+. 31 Nou pa dwe adore Jewova, Bondye nou an, konsa. Paske, lè moun sa yo ap adore dye y ap sèvi yo, yo fè yon pakèt vye bagay Jewova rayi. Yo menm boule pitit gason yo ak pitit fi yo nan dife pou dye sa yo+. 32 Nou dwe veye pou nou obeyi tout kòmandman m ap ban nou yo+. Nou pa dwe mete sou yo ni nou pa dwe retire ladan yo+.
13 “Si nan mitan nou gen yon pwofèt oubyen yon moun k ap fè konnen sa k pral rive sou baz rèv, e moun sa a bay yon siy oswa li fè konnen yon bagay ki pral rive, 2 si siy li bay la oubyen sa l di a rive, epi li di nou: ‘Annou suiv lòt dye nou pa t konnen, e ann sèvi yo’, 3 nou pa dwe koute pwofèt sa a oubyen moun ki fè rèv sa a+, paske se teste Jewova, Bondye nou an, ap teste+ nou pou l ka konnen si nou renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou. 4 Se Jewova, Bondye nou an, nou dwe suiv, se pou li nou dwe gen lakrentif, se kòmandman l yo nou dwe suiv, se vwa l nou dwe koute, se li menm nou dwe sèvi e se avè l nou dwe ret atache+. 5 Se pou nou touye pwofèt sa a oswa moun sa a ki fè rèv la+, paske se pouse l ap pouse moun rebele kont Jewova, Bondye nou an, li menm ki te retire nou nan esklavaj nan peyi Ejip, e se chèche l ap chèche fè nou kite chemen Jewova, Bondye nou an, ban nou pou nou suiv la. Se sa k fè nou dwe elimine sa ki pa bon nan mitan nou+.
6 “Si yon frè nou, pitit manman nou, yon pitit gason nou oswa yon pitit fi nou, madanm nou nou renmen anpil oswa pi bon zanmi nou* ta chèche pran tèt nou an sekrè, e l ta di nou: ‘Ann al sèvi lòt dye+’, yon seri dye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konnen, 7 yon seri dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi, pèp ki toupre nou oswa ki lwen nou, kèlkeswa kote yo soti nan peyi a, 8 nou pa dwe dakò avè l, nou pa dwe koute l+, nou pa dwe gen pitye pou li, nou pa dwe gen konpasyon pou li, ni nou pa dwe pwoteje l. 9 Olye de sa, nou dwe touye l san mank+. Se moun l ap eseye pran tèt li a ki dwe met men sou li an premye pou l touye l. Apre sa, pèp la ap ede moun sa a touye l+. 10 Nou dwe kalonnen l ak kout wòch pou jis li mouri+, paske li te chèche fè nou vire do bay Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip. 11 Apre sa, tout pèp Izrayèl la ap vin konn sa, y ap pè e yo pap janm fè yon bagay ki mal konsa nan mitan nou ankò+.
12 “Si nan youn nan vil Jewova, Bondye nou an, ap ban nou pou nou rete yo, nou ta tande y ap di: 13 ‘Gen kèk voryen nan mitan nou k ap eseye detounen moun nan vil la e k ap di: “Ann al sèvi lòt dye”, yon seri dye nou pa konnen’, 14 nou dwe mennen bonjan ankèt epi poze kesyon pou n konnen si se vre+. Si nou ta aprann se toutbonvre yon bagay grav konsa te fèt nan mitan nou, 15 san mank, nou dwe touye tout moun ki nan vil sa a ak kout epe+. Nou dwe detwi+ vil la ak tout sa ki ladan l, san wete bèt yo. 16 Nou dwe pran tout sa k nan vil la epi mete yo nan mitan plas piblik vil la. Apre sa, se pou nou boule vil la. Bagay nou mete sou plas piblik la ap tankou yon ofrann n ap boule nèt pou Jewova, Bondye nou an. Vil sa a ap tounen yon pil mazi e l ap rete konsa pou toutan. Yo pa gendwa janm rebati l. 17 Nou pa dwe pran anyen nan bagay yo met apa pou yo detwi yo*+ yon fason pou Jewova pa an kòlè kont nou ankò, pou l ka gen mizèrikòd ak pitye pou nou e pou l ka fè nou vin anpil, jan l te pwomèt zansèt nou yo sa a+. 18 Nou dwe obeyi* Jewova, Bondye nou an, lè nou suiv tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a. Konsa, n ap fè sa ki dwat nan je Jewova, Bondye nou an+.
14 “Nou se pitit Jewova, Bondye nou an. Pa filange kò nou+ e pa grate sousi* nou poutèt yon moun ki mouri+. 2 Paske, nou se yon pèp Jewova, Bondye nou an, mete apa+. E Jewova chwazi nou nan mitan tout pèp ki sou tè a pou nou vin pèp li, pou nou vin byen espesyal pa l*+.
3 “Nou pa dwe manje anyen ki bay degoutans+. 4 Men bèt nou ka manje+: towo bèf, mouton, kabrit, 5 sèf*, gazèl*, den*, kabrit ki viv nan bwa, antilòp, mouton k ap viv nan bwa ak mouton ki viv nan mòn. 6 Nou ka manje nenpòt bèt ki gen zago yo fann an de e ki remonte manje nan bouch yo. 7 Men bèt ki remonte manje nan bouch yo oubyen ki gen zago yo fann nou pa ka manje: chamo, lyèv*, daman*. Paske, yo remonte manje nan bouch yo, men zago yo pa fann. Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp+. 8 Kochon tou pa pwòp, paske zago l fann men li pa remonte manje nan bouch li. Nou pa dwe manje vyann bèt sa yo ni nou pa dwe manyen kadav yo.
9 “Pami bèt k ap viv nan dlo yo, men ki bèt nou ka manje: Nenpòt bèt ki gen zèl ak kal+. 10 Nou pa dwe manje okenn bèt nan dlo ki pa gen zèl e ki pa gen kal sou yo. Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp.
11 “Nou ka manje nenpòt zwazo ki pwòp. 12 Men ki zwazo nou pa dwe manje: èg, malfini lanmè, karanklou nwa+, 13 malfini wouj, malfini nwa ak tout lòt kalite malfini, 14 tout kalite kaw, 15 otrich, koukou, mòv, tout kalite grigri, 16 ti koukou, koukou zòrèy long, siy, 17 grangozye, karanklou, kòmoran, 18 sigòy, tout kalite krabye, hip* ak chovsouri. 19 Epitou, nou dwe konsidere tout ti bèt* ak zèl ki viv an gwoup yo kòm bèt ki pa pwòp. Nou pa dwe manje yo. 20 Men, nou ka manje nenpòt bèt ki ka vole e ki pwòp.
21 “Nou pa dwe manje kèlkeswa bèt nou jwenn ki tou mouri+. Nou kapab bay yon etranje k ap viv anndan vil* nou yo bèt sa a oswa nou kapab vann etranje a li. Li menm li kapab manje l. Nou se yon pèp ki apa pou Jewova, Bondye nou an.
“Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.
22 “Chak ane, nou dwe veye pou nou bay yon dizyèm* nan tout sa grenn nou te plante nan jaden nou yo pwodui+. 23 N ap manje yon dizyèm nan manje angren nou yo, nan luil nou yo, ansanm ak premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo e n ap bwè yon dizyèm nan diven nou yo devan Jewova, Bondye nou an, kote l ap chwazi pou nou bay non l glwa a+ paske nou dwe aprann pou nou toujou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an+.
24 “Men, si vwayaj la ta twò long pou nou paske kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+ twò lwen nou, e nou pa kapab pote dizyèm nan kote sa a paske Jewova, Bondye nou an, beni nou anpil, 25 n ap kapab vann li. N ap pran lajan an epi n ap vwayaje al kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi a. 26 Lè nou rive, n ap kapab achte sa nou* vle: bèf, mouton, kabrit, diven ak lòt bwason ki gen alkòl ak kèlkeswa lòt bagay ki fè nou plezi*. Se la n ap manje devan Jewova, Bondye nou an, e n ap rejwi devan l, ni nou menm, ni moun lakay nou+. 27 Nou pa dwe bliye Levit yo ki nan vil nou yo+, paske, yo pa gen yon eritaj menm jan ak nou+.
28 “Chak twazan, nan fen ane a, n ap depoze tout dizyèm nan danre nou rekòlte pou twazyèm ane sa a anndan vil nou yo+. 29 Epi, Levit yo ki pa gen yon eritaj menm jan avèk nou, etranje yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv ki nan vil nou yo ap vini pou yo ka pran manje pou yo manje plen vant+, yon fason pou Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa nou fè+.
15 “Chak setan, nou dwe anile tout dèt+. 2 Men ki jan sa dwe fèt: Chak moun ki te prete yon vwazen l oswa yon frè l kòb ap anile dèt la pou li. Li pa dwe mande vwazen l lan oswa frè l la remèt li lajan an, paske nan ane sa a y ap fè konnen tout dèt anile, jan Jewova te bay lòd la+. 3 Si se yon etranje+ ki dwe nou, nou kapab mande l remèt nou lajan an, men, si se yon frè nou, kèlkeswa sa l dwe nou an, nou pa dwe mande l remèt nou li. 4 Pèsonn pami nou pa sipoze vin pòv, paske Jewova pap manke pa beni nou+ nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la, 5 depi nou toujou obeyi Jewova, Bondye nou an, e nou byen suiv tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a+. 6 Paske, Jewova, Bondye nou an, ap beni nou jan li te pwomèt nou sa a. Konsa, n ap kapab prete anpil lòt nasyon, men nou menm, nou pap bezwen prete nan men pèsonn+. N ap domine sou anpil lòt nasyon, men yo menm, yo pap domine sou nou+.
7 “Si yon frè nou ta vin pòv nan youn nan vil nou yo, nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, nou pa dwe fè kè nou di, ni nou pa dwe fè chich ak frè nou ki vin pòv la+. 8 Nou dwe montre nou donan+, nou dwe ba li kèlkeswa sa li bezwen oswa kèlkeswa sa li manke. 9 Nou dwe fè atansyon pou n pa gen move lide, pou n ta di nan kè nou: ‘Setyèm ane a, ane pou nou anile dèt yo, ap pwoche+’, e nou kite sa fè nou fè chich ak yon frè nou ki pòv pou nou pa ba li sa li bezwen. Si l pale sou sa ak Jewova e li plenyen ba li, sa ap tounen yon peche pou nou+. 10 Nou dwe montre nou donan lè n ap bay frè nou an sa l bezwen+. Nou* dwe fè sa san nou pa regrèt, paske se sa k ap fè Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè+. 11 Ap toujou gen moun pòv nan peyi a+. Se sa k fè mwen ban nou lòd: ‘Se pou nou donan anvè frè nou nan peyi a ki pòv e ki nan pwoblèm+’.
12 “Si gen youn nan frè nou yo nou te achte, kit se yon gason, kit se yon fi, e li travay pou nou pandan sizan, lè setyèm ane a rive, se pou nou libere l+. 13 Lè nou libere l, nou pa dwe kite l ale de men vid. 14 Nou dwe ba li nan bèt nou yo, nan manje angren nou, nan luil ak nan diven nou. Nou dwe montre nou donan. Nou dwe ba li nan mezi Jewova, Bondye nou an, te beni nou. 15 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip, e se Jewova, Bondye nou an, ki te libere nou. Se sa k fè mwen ban nou kòmandman sa a jodi a.
16 “Men, si li di nou: ‘Mwen pa vle ale kite nou’ paske li renmen nou ansanm ak moun lakay nou, e paske li te kontan pandan tan li te avèk nou an+, 17 lè sa a, se pou nou pran yon pik e se pou nou pèse zòrèy li nan pòt lakay nou, e l ap rete esklav nou pou lavi. Nou dwe fè menm bagay la ak yon fi ki esklav nou. 18 Nou pa dwe panse se yon bagay ki twò di pou nou libere l e pou l kite nou, paske, kantite sèvis li te ban nou pandan sizan an de fwa plis pase kantite sèvis yon travayè nou peye ta ban nou, e mete sou sa, Jewova, Bondye nou an, te beni nou nan tout bagay.
19 “Tout premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo, depi se yon mal, nou dwe mete yo apa pou Jewova, Bondye nou an+. Nou pa dwe fè premye pitit bèf* nou yo fè okenn travay ni nou pa dwe tonn premye pitit mouton nou yo. 20 Nou menm ak moun lakay nou dwe manje yo chak ane devan Jewova, Bondye nou an, kote Jewova ap chwazi a+. 21 Si yo gen yon domaj nan pye, yo avèg oswa yo gen lòt gwo domaj, nou pa dwe sakrifye yo pou Jewova, Bondye nou an+. 22 Nou dwe manje yo anndan vil* nou yo menm jan nou ta manje yon gazèl* oswa yon sèf*. Ni moun ki pa pwòp la, ni moun ki pwòp la ka manje yo+. 23 Sèl bagay, nou pa dwe manje san an+. Nou dwe vide l atè tankou dlo+.
16 “Se pou nou sonje mwa Abib* la, e se pou nou selebre fèt Pak la pou Jewova, Bondye nou an+, paske se nan mwa Abib Jewova, Bondye nou an, te fè nou soti nan peyi Ejip nan aswè+. 2 Se pami mouton nou yo, kabrit nou yo oswa bèf nou yo+ nou dwe pran bèt n ap ofri Jewova, Bondye nou an+, kòm sakrifis pou Pak la e se kote Jewova chwazi pou nou bay non l glwa a pou nou ofri sakrifis sa a+. 3 Nou pa dwe manje anyen ki gen ledven ak sakrifis sa a+. Pandan sèt jou, n ap manje pen san ledven sèlman, pen soufrans lan, menm jan nou te fè sa lè nou t ap kite peyi Ejip nan kouri a+. Nou dwe fè sa pou nou toujou sonje jou nou te kite peyi Ejip la+. 4 Pandan sèt jou sa yo, pa dwe gen okenn pat ki gen ledven nan tout tèritwa peyi nou an+. Mete sou sa, nou pa dwe kite okenn nan vyann n ap ofri kòm sakrifis la pou demen maten, vyann n ap ofri nan aswè, nan premye jou a+. 5 Se pa nan nenpòt nan vil Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yo n ap gen dwa ofri sakrifis pou Pak la. 6 N ap ofri sakrifis sa a kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi pou nou bay non l glwa a. Nou dwe ofri sakrifis pou Pak la nan aswè kou solèy la fin kouche+, nan lè ki koresponn ak lè nou te kite peyi Ejip la. 7 Se kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi a+ nou dwe kuit li e se la nou dwe manje l+. Nan demen maten n ap kapab retounen nan tant nou. 8 N ap manje pen san ledven pandan sis jou e nan setyèm jou a n ap fè yon rasanbleman espesyal pou Jewova, Bondye nou an. Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a+.
9 “N ap konte sèt semèn. N ap kòmanse konte sèt semèn yo nan dat nou kòmanse mete sèpèt nan pye danre nou yo pou nou rekòlte yo+. 10 Epi, n ap selebre fèt Semèn yo pou Jewova, Bondye nou an+. N ap fè ofrann kè nou pouse nou fè dapre jan Jewova, Bondye nou an, beni nou+. 11 Ni nou menm, ni pitit gason nou yo, ni pitit fi nou yo, ni gason ki esklav nou yo, ni fi ki esklav nou yo, ni Levit k ap viv anndan vil* nou yo, ni etranje yo, ni timoun ki pa gen papa* yo, ni vèv yo ki nan mitan nou dwe rejwi devan Jewova, Bondye nou an, kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+. 12 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip+ e nou dwe obeyi tout lwa sa yo.
13 “Nou dwe selebre fèt Tonèl*+ yo pandan sèt jou nan epòk n ap ranmase grenn nou fin bat yo ak luil ak diven ki soti nan près nou yo. 14 Ni nou menm, ni pitit gason nou yo, ni pitit fi nou yo, ni gason ki esklav nou yo, ni fi ki esklav nou yo, ni Levit yo, ni etranje yo, ni timoun ki pa gen papa* yo, ni vèv k ap viv anndan vil nou yo dwe rejwi pandan fèt+ sa a. 15 Pandan sèt jou, n ap selebre fèt+ sa a pou Jewova, Bondye nou an, kote Jewova chwazi a paske Jewova, Bondye nou an, ap beni nou nan tout rekòt nou yo e nan tout sa n ap fè+. Se kè kontan sèlman nou dwe genyen+.
16 “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la dwe parèt devan Jewova, Bondye nou an, kote Li chwazi a: pandan fèt Pen san ledven+ an, pandan fèt Semèn+ yo e pandan fèt Tonèl*+ yo. Pèsonn pa dwe parèt devan Jewova de men vid. 17 Chak moun ap fè ofrann pou Jewova, Bondye nou an, selon jan li beni yo+.
18 “Nou dwe nome jij+ ak chèf pou chak tribi nan tout vil Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yo. Yo dwe jije pèp la avèk jistis. 19 Nou pa dwe fè okenn enjistis+, nou pa dwe gen patipri+, nou pa dwe kite moun ban nou anyen anba anba, paske sa ka bouche je moun ki saj la+ e sa ka fè moun ki dwat la di sa k pa sa. 20 Nou dwe chèche jistis. Se jistis sèlman pou nou chèche+ pou nou ka kontinye viv nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an.
21 “Nou pa dwe plante okenn pyebwa kòm poto sakre*+ bò lotèl nou fè pou Jewova, Bondye nou an.
22 “Nou pa dwe fè yon poto sakre an wòch pou nou adore+. Se yon bagay Jewova, Bondye nou an, rayi.
17 “Nou pa dwe sakrifye yon towo bèf oswa yon mouton ki gen yon domaj oswa nenpòt pwoblèm nan pou Jewova, Bondye nou an, paske sa ap bay Jewova, Bondye nou an, degoutans+.
2 “Si gen yon gason oswa yon fi nan vil Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yo k ap fè sa ki mal nan je Jewova, Bondye nou an, k ap vyole alyans li an+, 3 ki vire do bay Bondye pou l al sèvi lòt dye, ki pwostène devan yo, ki pwostène devan solèy la, devan lalin nan oswa devan nenpòt bagay ki gen nan syèl la+, alòske Bondye pa ban nou lòd pou nou fè sa+, 4 si gen moun ki fè nou konn sa oswa nou tande sa, se pou nou fè bonjan ankèt sou sa. Si nou jwenn prèv se toutbonvre+ yon aksyon ki bay degoutans konsa te fèt nan peyi Izrayèl, 5 se pou nou mennen gason oswa fi ki te fè move aksyon sa a nan pòtay vil la e se pou nou kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. 6 Se sou baz temwayaj* de oswa twa temwen+ nou dwe touye moun sa a. Nou pa dwe touye l si se yon sèl moun ki temwaye kont li+. 7 Se temwen yo ki dwe kòmanse kalonnen l ak kout wòch pou yo touye l, apre sa, tout lòt moun ki nan pèp la ap ede yo. Nou dwe retire sa ki mal nan mitan nou+.
8 “Si gen yon ka pou nou jije nan youn nan vil nou yo ki twò difisil pou nou jije, kit sa gen rapò ak san moun ki koule+, kit se yon plent moun fè devan yon jij, kit se yon zak vyolans ki fèt oswa yon lòt bagay ki fè moun gen kont, nou dwe al kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi a+, 9 nou dwe al kot Levit ki prèt yo ak moun ki jij+ nan moman an. Se pou nou prezante ka a devan yo, e y ap fè nou konnen ki desizyon yo pran+. 10 Lè sa a, nou dwe aji selon desizyon y ap pran kote Jewova chwazi a. Fè atansyon pou nou fè tout sa yo di nou fè. 11 Se pou nou obeyi lwa yo montre nou an, se pou nou respekte desizyon yo pran an+. Nou dwe respekte desizyon yo pran an san nou pa devye ni adwat ni agoch+. 12 Si yon moun pran dwa ki pa pou li, lè l pa koute prèt la k ap sèvi Jewova, Bondye nou an, oswa li pa koute jij la, li dwe mouri+. Nou dwe retire sa ki mal ann Izrayèl+. 13 Lè tout moun nan pèp la tande sa, y ap vin pè e yo pap pran dwa ki pa pou yo ankò+.
14 “Apre nou fin antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ban nou an, apre nou fin pran l kòm byen pa nou e nou kòmanse abite ladan l, nou gen pou n di: ‘Ann mete yon moun wa sou nou menm jan ak lòt nasyon ki toutotou nou yo+.’ 15 Men, se wa Jewova, Bondye nou an, chwazi a, n ap ka mete wa sou nou+. Se yon Izrayelit parèy nou nou dwe mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon etranje, yon moun ki pa Izrayelit, pou nou mete l wa sou nou. 16 Men, wa a pa dwe chèche gen anpil cheval+. Ni li pa dwe fè pèp la tounen ann Ejip pou y al achte plis cheval+. Paske, Jewova te di nou: ‘Nou pa dwe janm pran wout pou nou retounen ann Ejip.’ 17 Epitou, wa a pa dwe gen anpil madanm, pou sa pa detounen l+. Li pa dwe chèche gen anpil ajan ak lò+. 18 Lè l chita sou twòn nan antanke wa, li dwe kopye sa k nan liv Lalwa a nan yon woulo. Se liv Lalwa ki nan men Levit ki prèt yo l ap itilize pou l fè sa+.
19 “Liv Lalwa li kopye a dwe rete nan men l e li dwe li l pandan tout vi l+, pou l ka aprann gen lakrentif pou Jewova, Bondye l la, e pou l ka obeyi tout pawòl ak tout kòmandman ki nan Lwa sa a+. 20 Konsa, kè l pap pouse l mete tèt li pi wo pase frè l yo, li pap kite kòmandman m yo pou l al ni adwat ni agoch e li menm ak pitit li ap dirije kòm wa nan wayòm li an pandan lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
18 “Okenn Levit ki prèt, e pèsonn nan tout tribi Levi a, pap gen ni tè ni eritaj ann Izrayèl. Y ap manje nan sakrifis ki boule nan dife pou Jewova yo. Se eritaj pa yo sa+. 2 Yo pa dwe gen okenn eritaj nan mitan frè yo. Se Jewova ki eritaj yo, jan l te di yo sa a.
3 “Men sa prèt yo ap toujou gen dwa pou yo resevwa nan men moun ki nan pèp la: Kèlkeswa moun ki fè yon sakrifis, kit se yon towo bèf oswa yon mouton, moun sa a dwe bay prèt la palèt bèt la, machwè l ak gradoub la. 4 Nou dwe bay prèt la premye manje angren nou rekòlte yo, premye diven ak luil nou fè yo e nou dwe ba l premye lenn nou retire sou mouton nou yo+. 5 Paske, se Levit yo Jewova, Bondye nou an, chwazi nan mitan tribi nou yo pou yo travay pou li. Se yo menm ak pitit gason yo ki dwe toujou travay kòm prèt pou Jewova+.
6 “Men, si yon Levit kite vil kote l ap viv ann Izrayèl la+, si l* anvi al kote Jewova chwazi a*+, 7 li ka travay la nan non Jewova, Bondye l la, menm jan ak tout lòt frè l yo, Levit yo, k ap travay la pou Jewova+. 8 L ap resevwa menm kantite manje avèk yo+, anplis lajan li te resevwa lè l te vann byen zansèt li te kite pou li yo.
9 “Lè nou antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, nou pa dwe aprann fè sa lòt nasyon yo ap fè ki bay degoutans yo+. 10 Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule* pitit gason l oswa pitit fi l nan dife+, ni moun k ap fè divinò+, ni moun k ap fè maji+, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen+, 11 ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri+, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo+, ni moun ki konn chèche pale ak mò+. 12 Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans, e se pou vye bagay sa yo Jewova, Bondye nou an, ap retire nasyon sa yo devan nou. 13 Nou dwe san repwòch devan Jewova, Bondye nou an+.
14 “Nasyon sa yo n ap met deyò nan peyi yo a te konn koute moun k ap fè maji+ e k ap fè divinò+, men Jewova, Bondye nou an, pa vle nou fè okenn nan bagay sa yo. 15 Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an e nou dwe koute l+. 16 Se akoz sa nou te mande Jewova, Bondye nou an, lè nou te rasanble nan Mòn Orèb la+. Nou te di: ‘Pa kite nou tande vwa Jewova, Bondye nou an, ni pa kite nou wè gwo dife sa a ankò, pou nou pa mouri+.’ 17 Apre sa, Jewova te di m: ‘Yo byen pale. 18 M ap ba yo yon pwofèt tankou w k ap soti nan mitan yo+, m ap mete pawòl mwen nan bouch li+ e l ap fè yo konnen tout kòmandman m ap ba li yo+. 19 Vrèmanvre, moun ki pa koute pawòl l ap di nan non m yo, m ap mande moun sa a kont+.
20 “‘Men, si yon pwofèt deside di yon bagay nan non m alòske mwen pa t ba l lòd fè sa, oubyen li pale nan non lòt dye, li dwe mouri pou sa+. 21 Petèt nou kapab di nan kè nou: “Ki jan n ap fè konnen si sa pwofèt la di yo se pa pawòl Jewova?” 22 Si pwofèt la pale nan non Jewova e sa l di yo pa reyalize, lè sa a n ap konnen Jewova pa t di pawòl sa yo vre. Se ògèy ki te pouse pwofèt la di sa l te di yo. Nou pa dwe pè l.’
19 “Lè Jewova, Bondye nou an, fin detwi nasyon ki nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, lè nou fin pran peyi a nan men yo e nou rete nan vil yo ak nan kay yo+, 2 nou dwe mete twa vil apa nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an+. 3 Nou dwe separe tèritwa peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an an twa pati. Nan chak pati n ap mete yon vil apa e n ap fè wout ki mennen nan vil sa yo pou moun ki touye yon moun ka kouri al nan youn ladan yo.
4 “Men sa ki dwe fèt lè yon moun ki touye yon moun sove al nan youn nan vil sa yo pou l sove lavi l: Si li touye yon pwochen l san l pa fè espre e san l pa t rayi l anvan sa+. 5 Pa egzanp, si l al nan yon rak bwa ak yon pwochen l pou l koupe bwa, epi pandan l leve rach li pou l koupe yon pyebwa, tèt rach la chape kite manch lan l al frape pwochen l lan e pwochen l lan mouri, li dwe kouri al nan youn nan vil sa yo pou l ka sove lavi l+. 6 Men, si vil la twò lwen, moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a+ ka kouri dèyè moun ki touye moun nan akoz li fache anpil*, li ka gentan jwenn li e li touye l. Epoutan, moun ki te touye pwochen l lan gendwa pa t merite mouri, piske li gendwa pa t rayi l anvan sa+. 7 Se poutèt sa, mwen ban nou lòd sa a: ‘Mete twa vil apa.’
8 “Si Jewova, Bondye nou an, laji tèritwa nou an jan li te fè zansèt nou yo sèman an+, e li ban nou tout peyi li te pwomèt li t ap bay zansèt nou yo+, 9 paske nou obeyi kòmandman l yo avèk fidelite, kòmandman m ap ban nou jodi a, paske nou renmen Jewova, Bondye nou an, e nou toujou mache nan chemen l yo+, lè sa a n ap mete twa lòt vil apa anplis twa premye vil yo+. 10 Konsa, san moun inosan pap koule+ nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an e nou pap koupab pou san moun sa yo+.
11 “Men, si yon moun rayi yon pwochen l+, li rete yon kote ap tann li pou l ka atake l, li blese l* grav, epi pwochen l lan mouri, si moun nan kouri al nan youn nan vil sa yo, 12 ansyen ki nan vil li t ap viv la dwe voye chèche l kote l ye a pou yo lage l nan men moun k ap tire revanj pou san moun yo touye a e li dwe mouri+. 13 Nou* pa dwe gen pitye pou li. Nou dwe detwi moun konsa nan peyi Izrayèl+ paske li koupab poutèt li fè san moun ki inosan koule. Konsa, tout bagay ap mache byen pou nou.
14 “Lè nou resevwa eritaj pa nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, nou pa dwe deplase bòn tè vwazen nou yo+ kote zansèt nou yo te mete yo a.
15 “Yon sèl temwen pa ka fè yo kondane* yon moun pou yon fot oswa yon peche moun sa a ta fè+. Se sou baz temwayaj* de oswa twa temwen n ap ka konnen si yon akizasyon se verite+. 16 Si yon temwen ki malveyan al pote plent pou yon moun, li lage yon akizasyon sou do l+, 17 de moun ki nan kont yo dwe parèt devan Jewova, devan prèt yo e devan moun ki jij nan moman an+. 18 Se pou jij yo mennen bonjan ankèt+. Si moun ki pote plent lan se manti li bay, si se fo akizasyon li lage sou do frè l la, 19 se pou nou fè l menm sa l te vle fè frè l la+. Se pou nou retire sa ki mal nan mitan nou+. 20 Lòt moun yo ap tande sa k rive a, y ap pè e yo pap janm fè yon bagay ki mal konsa ankò nan mitan nou+. 21 Nou* pa dwe gen pitye+: Se vi pou vi*, je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye+.
20 “Si n al nan lagè ak ènmi nou yo e nou wè yo gen plis cheval, plis charyo ak plis sòlda pase nou, nou pa dwe pè yo. Paske, Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou kite peyi Ejip la, avèk nou+. 2 Lè nou pral nan lagè, prèt la dwe al kot pèp la pou l pale ak yo+. 3 Men sa l ap di yo: ‘Tande sa, o Izrayèl! Nou pral fè lagè ak ènmi nou yo. Nou dwe mete kouraj sou nou. Pinga nou pè, pinga nou panike e pinga nou kite yo fè nou tranble, 4 paske Jewova, Bondye nou an, ap mache ansanm avèk nou pou l goumen ak ènmi nou yo pou nou e pou l sove nou+.’
5 “Moun ki gen otorite nan mitan pèp la dwe pale ak pèp la tou e y ap di yo: ‘Èske gen yon moun ki fèk bati yon kay e li poko al abite ladan l? Se pou l retounen pou l al abite nan kay la paske li gendwa mouri nan gè a e se yon lòt moun k ap abite nan kay la. 6 Èske gen yon moun ki plante yon jaden rezen e li poko rekòlte rezen yo? Se pou l retounen lakay li paske li gendwa mouri nan gè a e se yon lòt moun ki pral rekòlte rezen yo. 7 Èske gen yon moun ki fiyanse ak yon fi e li poko marye avè l? Se pou l tounen lakay li+ paske li gendwa mouri nan gè a e se yon lòt gason k ap marye ak fiyanse l la.’ 8 Se pou moun ki gen otorite nan mitan pèp la mande mesye yo: ‘Èske gen yon moun ki pè e ki manke kouraj+? Se pou l tounen lakay li yon fason pou l pa fè lòt frè l yo vin pè menm jan avè l*+.’ 9 Lè moun ki gen otorite nan mitan pèp la fin pale avèk pèp la, se pou yo chwazi kèk moun pou yo mete chèf nan lame a, pou yo ka pran devan pèp la.
10 “Si n ap pwoche bò kot yon vil pou n al batay ak moun ki nan vil la, se pou nou fè yo konnen ki sa yo dwe fè si yo vle fè lapè avèk nou+. 11 Si yo reponn yon fason ki montre yo vle fè lapè avèk nou e yo ouvri pòtay vil la ban nou, tout moun nan vil sa a ap vin esklav nou e y ap sèvi nou+. 12 Men, si yo pa dakò fè lapè avèk nou e yo pito batay avèk nou, se pou nou ansèkle vil yo a. 13 Lè sa a, Jewova, Bondye nou an, ap lage vil sa a nan men nou e n ap touye tout gason ki ladan l yo ak kout epe. 14 Men, kanta pou fi yo, timoun yo, bèt yo ak tout sa ki anndan vil la, n ap ka pran yo+. N ap ka manje sa nou pran nan men ènmi Jewova, Bondye nou an, lage nan men nou yo+.
15 “Se sa n ap fè tout vil ki byen lwen nou yo, ki pa nan nasyon ki toupre nou yo. 16 Men, nou pa dwe kite okenn moun vivan+ nan vil nou pran nan men nasyon ki toupre nou yo, vil Jewova, Bondye nou an, ban nou kòm eritaj pa nou yo. 17 Nou dwe detwi yo nèt. Se pou n detwi desandan Èt yo, Amorit yo, moun Kanaran yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+, jan Jewova, Bondye nou an, te ban nou lòd pou nou fè a. 18 Konsa, yo pap fè nou suiv vye koutim yo genyen yo, yo pap fè nou fè vye bagay yo fè pou dye y ap sèvi yo e yo pap fè nou peche kont Jewova, Bondye nou an+.
19 “Si nou ta ansèkle yon vil epi nou ta pran vil sa a apre nou fin fè plizyè jou ap goumen, nou pa dwe met kout rach sou pyebwa yo pou nou detwi yo. Nou ka manje fwi nou pran ladan yo, men, nou pa dwe koupe pyebwa yo+. Èske n ta dwe fè pyebwa yo menm sa nou fè moun yo? 20 Se sèlman pyebwa ki pa bay fwi pou moun manje nou dwe detwi. Nou ka koupe pyebwa sa yo pou nou fè lantouray pou nou ansèkle vil k ap fè lagè avèk nou an jiskaske nou pran vil sa a.
21 “Pandan nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, si nou jwenn yon moun yo touye nan yon savann e nou pa konn kiyès ki te touye moun sa a, 2 se pou ansyen nou yo ak jij nou yo+ soti pou y al mezire distans ki genyen ant kadav la ak vil ki toutotou kadav la. 3 Apre sa, se pou ansyen ki nan vil ki pi pre kadav la pran yon jenn gazèl bèf yo pa t janm bay fè okenn travay e yo pa t janm mete jouk sou do l, 4 e se pou yo mennen l nan yon vale ki gen kouran dlo, kote yo pa ni vire tè a, ni simen semans, e se la pou yo kase kou gazèl bèf la+.
5 “Lè sa a, Levit ki prèt yo ap pwoche devan Jewova, Bondye nou an, pou yo bay benediksyon nan non Jewova+ paske se yo li chwazi pou sèvi l+. Y ap fè konnen ki jan yo dwe rezoud kèlkeswa kont ki genyen kote te gen vyolans+. 6 Apre sa, tout ansyen nan vil ki pi pre kadav la ap lave men+ yo sou jenn gazèl bèf yo te kase kou l nan vale a, 7 epi, y ap di: ‘Se pa nou menm ki te fè san sa a koule, e je nou pa t wè lè yo t ap fè san sa a koule a. 8 O Jewova, pa rann Izrayèl, pèp ou a, responsab sa ki rive a, pèp ou te sove a+, e pa konsidere pèp la kòm koupab pou san moun inosan ki koule a+.’ Lè sa a, Bondye pap rann yo responsab pou san ki koule a. 9 Konsa, nou pap koupab pou san moun ki inosan ki koule nan mitan nou, paske n ap fè sa ki dwat nan je Jewova.
10 “Si n al fè lagè ak ènmi nou yo e Jewova, Bondye nou an, bat yo pou nou e nou pran yo kòm prizonye+, 11 si youn nan nou ta wè yon bèl fi pami prizonye yo li renmen e li vle pran l pou madanm li, 12 l ap kapab mennen l lakay li. Lè sa a, fi a dwe kale tèt li, li dwe fè zong li, 13 li dwe retire rad li te gen sou li lè nou te pran l kòm prizonye a e l ap rete lakay gason an. L ap fè yon mwa ap kriye pou papa l ak manman l+, e apre sa, gason an ap ka kouche avè l. L ap vin mari l e fi a ap vin madanm li. 14 Men, si l pa pran plezi nan fi a, se pou l kite fi a ale nenpòt kote fi a vle ale*+. Men, li pap ka vann li e li pap ka maltrete l paske se fòse li te fòse l vin madanm li.
15 “Si yon gason gen de madanm e li renmen youn plis pase lòt la*, si toule de fè yon pitit gason pou li, e se fi li renmen mwens lan ki fè premye pitit gason an pou li+, 16 lè l ap separe eritaj li ak pitit gason l yo, li pap gen dwa fè pitit gason fi li pi renmen an pase kòm premye pitit gason l alòske se pitit gason fi li renmen mwens lan ki premye pitit gason l. 17 Li dwe rekonèt se pitit gason madanm li renmen mwens lan ki premye pitit gason l lè l ba l de pòsyon nan tout sa l genyen, paske se pitit gason sa a ki sot nan ren l an premye. Se li menm ki gen dwa premye pitit yo genyen an+.
18 “Si yon gason gen yon pitit gason ki gen tèt di, ki rebèl, ki pa obeyi papa l ak manman l+, ki refize koute yo menm lè yo fè sa yo kapab pou yo korije l+, 19 papa l ak manman l dwe pran l e yo dwe mennen l devan ansyen yo nan pòtay vil yo a. 20 Men sa y ap di ansyen ki nan vil yo a: ‘Pitit gason nou sa a gen tèt di, li rebèl e li refize obeyi nou. Li se yon aloufa+ e li se yon tafyatè+.’ 21 Apre sa, tout moun ki nan vil li a ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou. Tout moun nan peyi Izrayèl ap tande sa e y ap pè+.
22 “Si yon moun fè yon peche ki merite pou l mouri+ e nou pann li sou yon poto+ apre nou fin touye l, 23 nou pa dwe kite kò l pase nuit lan sou poto a+. Se pou nou asire nou nou antere kò a menm jou a paske tout moun yo pann sou yon poto se moun ki gen malediksyon Bondye+. Nou pa dwe kontamine peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an+.
22 “Si nou wè towo bèf yon frè nou oswa yon mouton l ki pèdi, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè sa+. Nou dwe mennen l tounen bay frè nou an san mank. 2 Men, si frè nou an pa rete pre nou oswa nou pa konn kiyès ki mèt bèt la, nou dwe mennen bèt la lakay nou. L ap rete lakay nou jiskaske frè nou an tonbe chèche l. Lè sa a, n ap remèt li bèt li+. 3 Se menm bagay la nou dwe fè si yon frè nou gen yon bourik li ki pèdi, yon rad oswa nenpòt lòt bagay ki pèdi e nou ta jwenn li. Nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè bagay la.
4 “Si nou wè yon frè nou gen yon bourik oswa yon towo bèf ki tonbe sou yon wout, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè sa. Nou dwe ede l leve bèt la san mank+.
5 “Yon fi pa dwe mete rad gason e yon gason pa dwe mete rad fi, paske moun ki fè sa, se moun ki bay Jewova, Bondye nou an, degoutans.
6 “Si pandan nou sou wout nou nou tonbe sou yon nich ki gen ti zwazo ladan l oswa ki gen ze ladan l, kit se sou yon pyebwa kit se atè, e nou ta wè manman an kouche sou ti zwazo yo oswa sou ze yo, nou pa dwe pran pitit yo ansanm ak manman an+. 7 Nou dwe fè manman an vole ale, apre sa, nou kapab pran pitit yo. Nou dwe fè sa pou tout bagay ka mache byen pou nou e pou nou ka viv lontan.
8 “Si nou fèk bati yon kay, nou dwe fè yon balistrad sou do kay+ la pou nou menm ak moun lakay nou pa responsab san yon moun ki ta sot sou do kay la e li tonbe anba.
9 “Nou pa dwe simen yon lòt semans+ nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, sa semans nou simen an bay la ansanm ak rekòt jaden rezen an ap vin pou tabènak* la.
10 “Nou pa dwe met yon towo bèf ak yon bourik ansanm pou vire tè nou+.
11 “Nou pa dwe mete rad ki fèt ak fil lenn e ak fil len mele ansanm+.
12 “Nou dwe fè ponpon mete nan kat kwen rad nou met sou nou+.
13 “Si yon gason pran yon fi kòm madanm li, li kouche avèk li men apre sa li vin rayi l*, 14 li di fi a te fè yon move bagay, e pou l sal non l, li di: ‘Mwen te pran fi sa a kòm madanm mwen men lè m fin kouche avè l mwen pa t wè prèv ki montre li te vyèj.’ 15 Lè sa a, papa fi a ak manman l dwe al devan ansyen yo nan pòtay vil la pou yo ba yo prèv ki montre pitit fi yo a te vyèj. 16 Men sa papa fi a ap di ansyen yo: ‘Mwen te bay mesye sa a pitit fi m kòm madanm li, men li rayi l*. 17 Mete sou sa, pou l akize l, li di m: “Mwen pa t wè prèv ki montre pitit fi w la te vyèj.” Men prèv ki montre pitit fi m nan te vyèj.’ Lè sa a, y ap ouvè twal la devan ansyen ki nan vil la. 18 Apre sa, ansyen+ yo ap pran mesye a e y ap disipline l+. 19 Y ap fè l peye papa fi a 100 chekèl* ajan paske li te sal non yon fi ki vyèj nan peyi Izrayèl+. Fi a ap kontinye rete madanm li. Toutotan mesye a vivan, li pap janm kapab divòse ak fi a.
20 “Men, si sa l te di a se vre, si pa t gen prèv ki montre fi a te vyèj, 21 y ap mennen fi a devan lakay papa l e mesye ki nan vil li a ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri paske l te fè yon aksyon ki sal+ ann Izrayèl lefètke l te fè imoralite seksyèl* pandan l te lakay papa l+. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou+.
22 “Si yo bare yon gason pandan l nan relasyon ak madanm yon lòt gason, se pou yo touye toule de, ni gason ki kouche ak fi a ni fi a+. Konsa, n ap retire sa ki mal ann Izrayèl.
23 “Si yon fi ki vyèj fiyanse ak yon gason e yon lòt gason rankontre avè l nan yon vil e li kouche avè l, 24 se pou nou fè toule de soti nan pòtay vil la e se pou nou kalonnen yo ak kout wòch jiskaske yo mouri. N ap kalonnen fi a ak kout wòch paske li pa t rele pandan l te nan vil la e n ap kalonnen gason an ak kout wòch paske li imilye madanm yon lòt gason+. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou.
25 “Men, si se nan yon savann gason an te rankontre ak jèn fi ki fiyanse a, li fè fòs sou li e li kouche avè l, se gason ki kouche avè l la sèlman nou dwe touye, 26 nou pa dwe fè jèn fi a anyen. Li pa fè yon peche ki merite pou nou touye l, paske sa k rive a se menm bagay ak si yon gason te rankontre ak yon pwochen l, li atake l epi l touye l*+. 27 Kòm se nan yon savann li te rankontre ak jèn fi a, jèn fi a te rele men pa t gen moun pou sove l.
28 “Si yon gason rankontre yon jèn fi ki vyèj ki pa fiyanse, li met men sou li, li kouche avèk li epi yo vin bare yo+, 29 gason ki kouche avèk li a dwe bay papa jèn fi a 50 chekèl ajan e jèn fi a ap vin madanm li+. Kòm li te imilye l, li pap gen dwa divòse avè l toutotan l vivan.
30 “Okenn gason pa dwe pran madanm papa l yon fason pou l pa dezonore papa l*+.
23 “Si yon gason gen grenn li yo kraze oubyen pati entim li koupe, li pap ka antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo+.
2 “Yon pitit ki pa pitit lejitim pap ka antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo+. Pa gen youn nan desandan l yo k ap kapab antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo rive menm nan dizyèm jenerasyon an.
3 “Okenn desandan Amon ni okenn moun Mowab pap ka antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo+. Pa gen youn nan desandan yo k ap janm kapab antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo rive menm nan dizyèm jenerasyon an. 4 Paske, yo pa t ban nou manje ak dlo pou ede nou lè nou t ap soti kite peyi Ejip+ e paske yo te peye Balaam, pitit Beyò, ki te moun Petò nan Mezopotami, pou l lage malediksyon sou nou+. 5 Men, Jewova, Bondye nou an, pa t koute Balaam+. Olye de sa, Jewova, Bondye nou an, te fè malediksyon an tounen yon benediksyon pou nou+ paske Jewova, Bondye nou an, renmen nou+. 6 Pandan tout vi nou, nou pa dwe janm fè anyen pou byen yo oswa k ap nan avantaj yo+.
7 “Nou pa dwe rayi yon moun Edòm, paske, li se frè nou+.
“Nou pa dwe rayi yon Ejipsyen, paske, nou t ap viv kòm etranje nan peyi l+. 8 Desandan yo ki fèt nan twazyèm jenerasyon an kapab antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo.
9 “Lè nou tabli kan nou pou n al konbat ènmi nou yo, nou pa dwe fè anyen ki mal*+. 10 Si yon gason vin pa pwòp paske li te ejakile sou li nan nuit+, se pou l soti pa deyò kan an e li pa dwe retounen nan kan an tousuit. 11 Lè l vin aswè epi solèy fin kouche, l ap benyen e l ap ka antre nan kan an+. 12 Se pou nou mete yon kote* apa pa deyò kan an e se la pou nou ale pou nou fè bezwen nou. 13 Se pou nou gen yon pikèt pami zouti nou yo. Lè nou akoupi deyò a, se pou nou fouye yon twou ak pikèt la, apre sa, se pou nou kouvri poupou a. 14 Nou dwe fè sa paske Jewova, Bondye nou an, ap sikile nan kan+ an pou l ka delivre nou e pou l ka lage ènmi nou yo nan men nou. Se sa k fè, kan nou an dwe pwòp+, yon fason pou l pa wè anyen ki pa kòrèk nan mitan nou, pou l pa vire do ban nou e pou l pa sispann mache ak nou.
15 “Si yon esklav sove kite kay mèt li e li vin jwenn nou, nou pa dwe voye l tounen bay mèt li. 16 Li ka abite nan mitan nou kèlkeswa kote li chwazi a, nan youn nan vil nou yo, kèlkeswa kote l renmen an. Nou pa dwe maltrete l+.
17 “Okenn nan pitit fi Izrayelit yo pa dwe vin yon pwostitye+ nan yon tanp, ni okenn nan pitit gason Izrayelit yo pa dwe vin yon pwostitye nan yon tanp+. 18 Nou pa dwe pran kòb yo te peye yon fi ki se yon pwostitye oswa kòb yo te peye yon gason ki se pwostitye* pou nou pote l lakay Jewova, Bondye nou an, pou yon ve nou te fè. Paske, ni youn ni lòt se bagay ki bay Jewova, Bondye nou an, degoutans.
19 “Nou pa dwe fè frè nou peye enterè+ pou lajan nou prete l, pou manje oswa pou nenpòt lòt bagay yon moun ta ka mande enterè sou li. 20 Nou ka fè yon etranje peye enterè+, men nou pa dwe fè frè nou peye enterè+ pou bagay nou prete l, pou Jewova, Bondye nou an, ka beni nou nan tout sa n ap fè nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an+.
21 “Si nou fè Jewova, Bondye nou an, yon ve+, nou pa dwe pran tan pou nou fè sa nou di n ap fè a+. Paske, pa gen dout se sa menm Jewova, Bondye nou an, vle pou nou fè. Si nou pa respekte ve nou fè a, se yon peche sa ye+. 22 Men, si nou pa fè okenn ve, nou pap koupab+. 23 Nou dwe kenbe pwomès+ nou fè e nou dwe respekte ve kè nou pouse nou fè Jewova, Bondye nou an+.
24 “Si nou antre nan jaden rezen yon pwochen nou, nou ka manje kantite rezen nou vle jis nou* satisfè. Men, nou pa dwe pran rezen mete nan veso nou+.
25 “Si n al nan jaden pwochen nou ki gen danre ki poko rekòlte, nou ka kase kèk grap ak men nou, men nou pa gendwa pase sèpèt nou nan pye danre pwochen nou yo+.
24 “Si yon gason marye ak yon fi, men apre sa, fi a pa fè l plezi paske li jwenn yon bagay nan li ki pa kòrèk, se pou l ekri yon papye divòs ba li+ e se pou l fè l kite kay li a+. 2 Lè fi a fin kite kay la, l ap ka marye ak yon lòt gason+. 3 Si dezyèm gason an rayi* l tou, si l ekri yon papye divòs ba li epi li fè l kite kay li a, oubyen si dezyèm gason ki te marye avè l la ta mouri, 4 premye mari l la, ki te fè l soti lakay li a, pap gen dwa repran l kòm madanm li apre yo fin sal fi a, paske sa t ap bay Jewova degoutans. Nou pa dwe fè sa k pa sa nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la.
5 “Lè yon gason fèk marye, li pa dwe al nan lame, ni yo pa dwe ba l okenn lòt responsablite. Yo pa dwe ba l fè anyen pandan ennan, se pou l ret lakay li pou l fè kè madanm li kontan+.
6 “Lè yon moun prete yon lòt moun yon bagay, li pa dwe sezi yon moulen moun nan oswa wòch moulen moun nan kòm garanti pou sa l prete l la+, paske si l fè sa, se yon bagay moun nan bezwen pou l viv* l ap pran kòm garanti.
7 “Si nou vin konnen yon moun te kidnape youn* nan Izrayelit parèy li yo, li maltrete l epi li vann li+, se pou nou touye kidnapè a+. Nou dwe retire sa ki mal nan mitan nou+.
8 “Lè gen lèp* nan peyi a, nou dwe veye pou nou suiv tout enstriksyon Levit ki prèt yo ap ban nou+. Se pou nou suiv egzakteman lòd mwen te ba yo sou sa. 9 Nou dwe sonje sa Jewova, Bondye nou an, te fè Miryam lè nou t ap soti kite peyi Ejip+.
10 “Si nou prete pwochen nou yon bagay+, nou pa dwe antre lakay li pou n al pran sa l ap bay kòm garanti a. 11 Nou dwe ret kanpe deyò, e moun nou te prete bagay la ap soti ak sa l ap bay kòm garanti a pou l pote l ban nou. 12 Si moun nan nan nesesite, nou pa dwe al dòmi alòske sa l te ban nou kòm garanti a nan men nou+. 13 Nou dwe fè kou nou konnen pou nou remèt li sa l te ban nou kòm garanti a kou solèy la kouche, konsa, l ap ka kouche ak rad li sou li+ e l ap mande Bondye pou l beni nou. Lè nou fè sa, Jewova, Bondye nou an, ap konsidere nou kòm moun ki jis.
14 “Nou pa dwe eksplwate yon moun ki nan nesesite, ki pòv, k ap travay pou nou pou lajan, kit se yon frè nou kit se yon etranje ki nan peyi a k ap viv anndan vil*+ nou yo. 15 Nou dwe peye l lajan l nan menm jou li te travay pou nou an+, anvan solèy la kouche, paske afè l pa bon, e lavi l* depann de lajan l ap touche a. Si nou pa fè sa, l ap plenyen nan pye Jewova, e n ap vin koupab paske nou peche+.
16 “Nou pa dwe touye yon papa pou sa pitit li fè, e nou pa dwe touye yon pitit pou sa papa l fè+. Yo dwe touye yon moun sèlman pou peche li menm li fè+.
17 “Lè n ap jije yon etranje k ap viv nan mitan nou oswa yon timoun ki pa gen papa*+, nou dwe fè sa avèk jistis. Nou pa dwe pran rad yon vèv kòm garanti pou yon bagay nou prete l+. 18 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip, e se Jewova, Bondye nou an, ki te libere nou+. Se sa k fè mwen ban nou kòmandman sa a.
19 “Lè n ap rekòlte jaden nou, si nou bliye yon pake danre nan jaden an, nou pa dwe tounen al chèchè l. Nou dwe kite l pou etranje k ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki pa gen papa yo, pou vèv yo+, yon fason pou Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè+.
20 “Lè n ap bat pye oliv nou yo, nou pa dwe bat branch yo de fwa. Sa ki rete nan branch yo ap pou etranje k ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo+.
21 “Lè n ap rekòlte grap rezen nan jaden rezen nou yo, nou pa dwe retounen pou n al ranmase sa k rete yo. Nou dwe kite yo pou etranje k ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo. 22 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip. Se sa k fè mwen ban nou kòmandman sa a.
25 “Si de moun gen kont, yo dwe al devan jij yo+. Jij yo ap fè jijman an, y ap fè konnen moun ki jis la inosan e y ap fè konnen moun ki te mal aji a koupab+. 2 Si moun ki te mal aji a merite kèk kout baton+, jij la ap fè l kouche plat atè e l ap fè yo bat li devan l. Kantite kout baton y ap bay moun nan dwe koresponn ak bagay li te fè ki mal la. 3 Li ka ba li jiska 40 kout baton+, li pa dwe ba l plis. Si l ba l plis pase 40 kout baton, frè nou an ap santi li imilye nan je nou.
4 “Nou pa dwe met baboukèt pou yon towo bèf k ap bat manje angren+.
5 “Si gen plizyè frè k ap viv toupre youn lòt, e youn ladan yo mouri san li pa gen pitit gason, madanm li an pa dwe al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Youn nan bòfrè madanm nan dwe pran l pou madanm li e li dwe pran responsablite l antanke bòfrè lè l marye avè l+. 6 Y ap konsidere premye pitit gason fi a fè a kòm pitit frè ki mouri a+, yon fason pou non frè ki mouri a pa efase nan peyi Izrayèl+.
7 “Men, si gason an pa vle marye ak bèlsè l la, bèlsè l la dwe al kot ansyen yo nan pòtay vil la e l ap di yo: ‘Frè mari m nan pa vle fè sa l dwe fè pou non frè l la kontinye rete nan peyi Izrayèl. Li pa dakò pran responsablite l antanke bòfrè pou l marye avè m.’ 8 Lè sa a, ansyen yo nan vil li a ap rele bòfrè a e y ap pale avè l. Si l ta pèsiste pou l di: ‘Mwen pa vle marye avè l’, 9 bèlsè l la ap pwoche kote l pandan l devan ansyen yo, l ap retire yon grenn sandal nan pye bòfrè a+, l ap krache nan figi l e l ap di: ‘Se sa yo dwe fè yon gason ki refize fè yon pitit pou frè l.’ 10 Apre sa, men non y ap bay fanmi l* nan peyi Izrayèl: ‘Fanmi gason yo te retire grenn sandal nan pye l la.’
11 “Si de gason ap goumen e madanm youn nan yo antre nan goumen an, li kenbe gason k ap bat mari l la nan pati entim li pou l ka pwoteje mari a, 12 se pou nou koupe men madanm nan. Nou* pa dwe gen pitye pou li.
13 “Nou pa dwe gen de kalite pèz+ nan sak nou, yon gwo ak yon piti. 14 Nou pa dwe gen de veso pou nou mezire lakay nou*+, yon gwo ak yon piti. 15 Se pou nou gen pèz ki egzak, e se pou nou gen mezi ki egzak yon fason pou nou ka viv lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+. 16 Tout moun ki malonèt ki sèvi ak bagay sa yo se moun ki bay Jewova, Bondye nou an, degoutans+.
17 “Sonje sa moun Amalèk yo te fè nou lè nou te soti nan peyi Ejip la+, 18 sonje yo te jwenn nou pandan nou te nan wout e yo te atake tout moun nan mitan nou ki te ret pa dèyè ap trennen lè nou te fatige anpil la. Moun Amalèk yo pa t gen lakrentif pou Bondye. 19 Lè Jewova, Bondye nou an, ap fè tout ènmi ki antoure nou yo viv anpè ak nou, nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an+, se pou nou efase moun Amalèk yo pou moun pa janm sonje yo anba syèl la+. Pinga nou bliye sa.
26 “Lè nou antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an, nou pran l kòm byen pa nou e nou kòmanse abite ladan l, 2 se pou nou chak pran enpe nan premye danre tè a pwodui yo, danre n ap rekòlte nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, se pou nou chak mete yo nan yon pànye e se pou nou pote yo kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi pou nou bay non l glwa a+. 3 Lè nou rive, nou chak dwe al kot prèt k ap fè sèvis li nan moman an e n ap di l: ‘Jodi a, mwen vini pou m fè konnen tout sa Jewova, Bondye nou an, te pwomèt nou yo reyalize jan l te di nou an. Mwen antre nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman li t ap ban nou an+.’
4 “Lè sa a, prèt la ap pran pànye a nan men nou e l ap depoze l devan lotèl Jewova, Bondye nou an. 5 Apre sa, men sa n ap di devan Jewova, Bondye nou an: ‘Papa m se te yon Arameyen+ ki t ap vwayaje pasipala*. Li te desann ann Ejip+ e li te abite la antanke etranje. Li pa t gen anpil moun avè l+. Pandan l te la, li te vin yon gwo nasyon, yon nasyon ki gen fòs e ki gen anpil moun ladan l+. 6 Men, Ejipsyen yo te maltrete nou, yo te toupizi nou e yo te fè nou travay di kòm esklav+. 7 Konsa, nou te kòmanse rele Jewova, Bondye zansèt nou yo, e Jewova te tande vwa nou, li te wè tray nou, soufrans nou ak mizè nou+. 8 Finalman, Jewova te fè nou kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li+. Li te fè yon pakèt aksyon estrawòdinè ki te bay laperèz, yon seri mèvèy ak mirak+. 9 Apre sa, li mennen nou isit la e li ban nou peyi sa a, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. 10 Se sa k fè mwen pote premye danre sa yo ki sot nan tè Jewova ban mwen an+.’
“Se pou nou depoze premye danre nou yo devan Jewova, Bondye nou an, e se pou nou pwostène byen ba devan Jewova, Bondye nou an. 11 Apre sa, se pou nou rejwi pou tout bon bagay Jewova, Bondye nou an, ban nou ak fanmi nou. Ni Levit yo, ni etranje k ap viv nan mitan nou yo ap rejwi ansanm avèk nou tou+.
12 “Lè nou fin rasanble tout dizyèm+ nan sa nou te rekòlte nan twazyèm ane a, ane dizyèm nan, se pou nou bay Levit yo li ansanm ak etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv yo. Konsa, y ap manje vant plen anndan vil*+ nou yo. 13 Lè sa a, n ap di Jewova, Bondye nou an: ‘Mwen retire pòsyon ki sakre ki lakay mwen an e mwen bay Levit yo li ansanm ak etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo+, jan w te ban m lòd la. Mwen pa dezobeyi kòmandman w yo, ni mwen pa bliye yo. 14 Mwen pa t manje ladan l pandan mwen te nan lapenn, mwen pa t manyen l pandan mwen pa t pwòp, ni mwen pa t bay ladan l pou moun ki mouri. Mwen te koute vwa w, o Jewova, Bondye mwen an, e mwen te fè tout sa w te ban m lòd fè yo. 15 Kounye a, detan w nan syèl la, kote w rete ki sakre a, voye je gade Izrayèl, pèp ou a. Jan w te fè zansèt+ nou yo sèman an, beni pèp ou a ak peyi ou ban nou an+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.’
16 “Jodi a, Jewova, Bondye nou an, mande pou nou obeyi kòmandman ak lòd sa yo. Nou dwe obeyi yo, nou dwe suiv yo ak tout kè nou+ e ak tout nanm* nou. 17 Jodi a, Jewova fè nou konnen l ap vin Bondye nou depi nou kontinye mache nan chemen l yo, nou obeyi lòd li yo+, kòmandman l yo+ ak lwa l yo+, depi nou koute vwa l. 18 Jodi a, nou fè Jewova konnen n ap vin pèp li, byen espesyal+ li*, jan li te pwomèt nou sa a, e n ap obeyi tout kòmandman l yo. 19 Jan Jewova, Bondye nou an, te pwomèt nou sa, l ap mete nou pi wo pase tout lòt nasyon li fè yo+ depi nou montre nou se yon pèp ki apa pou li+. L ap fè nou vin gen gwo repitasyon, l ap fè nou jwenn lwanj ak glwa.”
27 Apre sa, Moyiz ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la al kot pèp la. Men sa Moyiz di yo: “Se pou nou obeyi tout kòmandman m ap ban nou jodi a. 2 Lè n ap travèse Rivyè Jouden an pou n al nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, se pou nou pran kèk gwo wòch n ap gen pou n met kanpe e se pou nou randui+ wòch yo*. 3 Lè nou fin travèse, nou dwe ekri tout pawòl ki nan Lwa sa a sou yo, yon fason pou nou ka rantre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, jan Jewova, Bondye zansèt nou yo, te pwomèt nou sa a, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. 4 Lè nou fin travèse Rivyè Jouden an, se pou nou mete wòch sa yo kanpe sou Mòn Ebal+ e se pou nou randui yo*, jan m di nou sa jodi a. 5 Apre sa, se pou nou konstwi yon lotèl sou mòn nan pou Jewova, Bondye nou an, yon lotèl ki fèt ak wòch. Nou pa dwe sèvi ak zouti ki fèt ak fè pou nou taye wòch yo+. 6 Se ak wòch nou pa t taye nou dwe fè lotèl la pou Jewova, Bondye nou an, e nou dwe ofri sakrifis ki boule nèt pou Jewova, Bondye nou an, sou li. 7 Nou dwe ofri sakrifis kominyon*+ sou li, nou dwe manje yo la+, e nou dwe rejwi devan Jewova, Bondye nou an+. 8 Nou dwe ekri tout pawòl ki nan Lwa sa a byen klè sou wòch sa yo+.”
9 Apre sa, Moyiz ak Levit ki prèt yo al pale ak tout pèp Izrayèl la e men sa Moyiz te di: “Fè silans, Izrayèl, epi koute. Jodi a, nou vin pèp Jewova, Bondye nou an+. 10 Nou dwe koute Jewova, Bondye nou an, e nou dwe obeyi tout kòmandman l yo+ ak lwa l yo m ap ban nou jodi a.”
11 Jou sa a, men ki lòd Moyiz te bay pèp la: 12 “Lè nou fin travèse Rivyè Jouden an, men ki tribi k ap kanpe sou Mòn Gerizim+ e k ap fè konnen benediksyon pèp la ap jwenn yo: Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Jozèf ak Benjamen. 13 E men ki tribi k ap kanpe sou Mòn Ebal+ e k ap fè konnen malediksyon pèp la ap jwenn yo: Ribenn, Gad, Achè, Zabilon, Dann ak Neftali. 14 Apre sa, Levit yo ap pale ak tout Izrayelit yo, y ap di byen fò+:
15 “‘Malediksyon pou moun ki fè yon imaj+ oswa ki fè yon estati an metal*+, travay atizan* fè ak men yo, e ki kache l yon kote. Se yon bagay ki bay Jewova degoutans+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn*!’)
16 “‘Malediksyon pou moun ki derespekte papa l oswa manman l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
17 “‘Malediksyon pou moun ki deplase bòn tè yon vwazen l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
18 “‘Malediksyon pou moun ki fè yon avèg pèdi wout li+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
19 “‘Malediksyon pou moun ki pa pèmèt etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv yo+ jwenn jistis+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
20 “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak madanm papa l, paske li dezonore* papa l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
21 “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak kèlkeswa bèt la+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
22 “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak sè l, kit se pitit fi papa l kit se pitit fi manman l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
23 “‘Malediksyon pou moun ki kouche ak bèlmè l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
24 “‘Malediksyon pou moun ki kache pou l veye pwochen l epi ki touye l+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
25 “‘Malediksyon pou moun ki aksepte yo peye l pou l touye* yon moun ki inosan*+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
26 “‘Malediksyon pou moun ki pa respekte pawòl ki nan Lwa sa a lè l pa obeyi yo+.’ (E tout pèp la ap di: ‘Amèn!’)
28 “Si nou toujou koute Jewova, Bondye nou an, lè nou veye pou nou obeyi tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a, Jewova, Bondye nou an, pap manke pa mete nou pi wo pase tout lòt nasyon ki sou tè a+. 2 Jewova, Bondye nou an, ap vide yon pakèt benediksyon sou nou+ si nou koute vwa l.
3 “L ap beni nou kit nou nan vil, kit nou nan zòn andeyò+.
4 “L ap beni pitit*+ nou yo, rekòt nou yo, pitit bèt nou yo, ti bèf nou yo ak ti mouton nou yo+.
5 “L ap beni pànye+ nou ak bòl+ pou nou petri pat yo*.
6 “L ap beni nou kèlkeswa kote nou ale e nan tout sa n ap fè.
7 “Jewova ap fè nou bat ènmi ki vin atake nou yo+. Y ap fè yon sèl pou yo vin atake nou, men, y ap kouri pou nou nan tout direksyon+. 8 Jewova ap lage benediksyon sou depo nou yo+ e l ap beni nou nan tout sa n ap fè. Jewova, Bondye nou an, pap manke pa beni nou nan peyi l ap ban nou an. 9 Si nou kontinye obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, e si n kontinye mache nan chemen l yo, Jewova ap fè nou vin yon pèp ki apa pou li+, jan li te fè nou sèman an+. 10 Tout moun sou tè a ap wè nou se yon pèp ki pote non Jewova+, e sa ap fè yo pè nou+.
11 “Jewova ap fè nou gen anpil pitit, anpil bèt e tè nou yo ap pwodui anpil+ nan peyi Jewova, Bondye nou an, te fè zansèt nou yo sèman l ap ban nou an+. 12 Jewova ap ouvri syèl la, gwo depo ki chaje ak bon bagay la, pou l ban nou lapli lè sezon+ an rive e pou l beni nou nan tout sa n ap fè. Anpil nasyon ap prete nan men nou, men nou menm nou pap bezwen prete nan men pèsonn+. 13 Si nou kontinye obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, m ap ban nou jodi a, Jewova ap mete nou devan+, nou pap janm dèyè, l ap mete nou anlè, nou pap janm anba. 14 Nou dwe obeyi tout pawòl m ap di nou jodi a, nou pa dwe fè ni adwat ni agoch+ e nou pa dwe al sèvi lòt dye+.
15 “Men, si nou pa koute Jewova, Bondye nou an, si nou pa byen suiv tout kòmandman ak tout lwa m ap ban nou jodi a, Bondye ap lage yon pakèt malediksyon sou nou+.
16 “L ap lage malediksyon sou nou kit nou anndan vil, kit nou nan zòn andeyò+.
17 “L ap lage malediksyon ni sou pànye+ nou met danre nou yo, ni sou bòl+ nou petri pat nou yo.
18 “L ap lage malediksyon sou pitit+ nou yo, sou rekòt nou yo, sou pitit bèt nou yo, sou ti bèf nou yo ak ti mouton+ nou yo.
19 “L ap lage malediksyon sou nou kèlkeswa kote nou ale e nan tout sa n ap fè.
20 “Jewova ap lage malediksyon sou nou, l ap lage n nan konfizyon e l ap fè nou echwe nan tout sa n ap fè jiskaske li elimine nou e jiskaske li disparèt nou byen vit akoz move aksyon nou yo e akoz nou abandone l+. 21 Jewova pap sispann lage epidemi sou nou jiskaske l detwi nou nèt nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an+. 22 Jewova ap lage tibèkiloz ak gwo lafyèv sou nou+, l ap fè kò nou anfle, l ap lage gwo chalè nan peyi a, l ap fè ènmi nou yo atake nou+, l ap lage pichon ak maladi sou plant nou yo+. Tout bagay sa yo ap rive nou jiskaske nou peri. 23 Syèl la ki anlè tèt nou an ap vin tankou kuiv e tè a ki anba pye nou an ap vin tankou fè+. 24 Olye Jewova fè lapli tonbe, se grenn sab ak pousyè k ap sot nan syèl la k ap tonbe sou nou jiskaske li detwi nou nèt. 25 Jewova ap fè ènmi nou yo bat nou+. N ap fè yon sèl pou n al atake yo, men n ap kouri pou yo nan tout direksyon. Moun nan tout nasyon ki gen sou tè a ap pè lè yo wè tout move bagay k ap rive nou+. 26 Kadav nou ap tounen manje pou zwazo nan syèl la ak lòt bèt ki gen sou tè a, e pap gen pèsonn k ap pouse yo+.
27 “Jewova ap fè bouton leve sou nou menm jan l te fè Ejipsyen yo sa, l ap fè nou gen emowoyid, egzema ak lòt maladi po, e nou pap janm geri anba maladi sa yo. 28 Jewova ap fè tèt nou pati, l ap fè nou avèg+ e l ap lage nou nan konfizyon. 29 N ap tatonnen gwo midi, menm jan ak moun avèg ki nan fènwa+. Nou pap reyisi nan anyen n ap fè, y ap kontinye dechèpiye nou, y ap kontinye vòlè nou e pap gen pèsonn pou sove nou+. 30 N ap fiyanse ak yon fi, men yon lòt gason ap vyole l. N ap bati yon kay, men nou pap viv ladan l+. N ap plante jaden rezen, men nou pap gentan jwi rezen yo+. 31 Y ap touye towo bèf nou yo devan nou men nou pap manje nan vyann nan. Y ap pran bourik nou yo devan je nou e nou pap rejwenn yo. Ènmi nou yo ap pran mouton nou yo e nou pap gen pèsonn pou sove nou. 32 Yon lòt pèp ap pran pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo+ devan je nou, n ap toujou sonje yo, men nou pap ka fè anyen pou yo. 33 Se yon pèp nou pa konnen k ap manje rekòt nou yo ak tout sa nou pwodui+. Y ap kontinye dechèpiye nou e y ap kontinye kraze nou. 34 Sa nou wè ak je nou yo ap fè nou pèdi tèt nou.
35 “Jewova ap fè bouton leve sou nou, sou jenou nou ak janm nou, depi nan pla pye nou rive nan po tèt nou. Yo pap janm geri e y ap fè nou mal. 36 Jewova ap fè ni nou menm ni wa n ap chwazi a ale nan yon peyi zansèt nou yo pa t konnen+ e nou pral sèvi lòt dye ki fèt an bwa e ki fèt an wòch+. 37 Lè nou rive nan mitan pèp kote Jewova ap voye nou yo, sa k rive nou an ap fè moun yo gen kè kase, yo pap gen respè pou nou* e y ap pase nou nan rizib+.
38 “N ap pote anpil semans nan jaden nou, men sa n ap rekòlte a ap piti+ paske krikèt ap devore jaden an. 39 N ap plante jaden rezen e n ap pran swen yo, men nou pap rekòlte anyen e nou pap bwè diven+ paske vè ap manje jaden an. 40 N ap gen pye oliv nan tout peyi a, men nou pap gen luil pou n pase sou kò nou paske oliv yo ap koule. 41 N ap gen pitit gason ak pitit fi, men yo pap ret avèk nou paske y ap pran yo kòm prizonye+. 42 Yon bann ti bèt* ap detwi pyebwa nou yo ak danre nou yo. 43 Etranje k ap viv nan mitan nou yo ap kontinye pran pye sou nou, men nou menm n ap kontinye vin pi ba pase yo. 44 Y ap prete nou, men nou menm nou pap prete yo+. Y ap devan, men nou menm n ap dèyè+.
45 “Tout malediksyon+ sa yo ap tonbe sou nou san mank e kote nou pase y ap pase dèyè nou jiskaske Bondye fini nèt+ ak nou poutèt nou pa koute Jewova, Bondye nou an, e nou dezobeyi kòmandman ak lwa li ban nou yo+. 46 Malediksyon sa yo ap kontinye tonbe sou nou menm ak pitit nou yo kòm yon siy ak yon avètisman pou tout moun pou toutan+, 47 paske nou pa t sèvi Jewova, Bondye nou an, ak lajwa ak kè kontan lè nou te gen tout sa nou te bezwen an kantite+. 48 Jewova ap fè ènmi nou yo atake nou e pandan n ap sèvi yo+ n ap grangou+, n ap swaf, nou pap gen bon rad pou n met sou nou e nou pap gen sa nou bezwen. L ap mete yon jouk an fè sou kou nou pou jis li detwi nou.
49 “Jewova ap fè yon nasyon ki soti byen lwen vin atake nou+, yon nasyon ki soti nan dènye bout tè a ki pral fonse sou nou tankou èg+, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konprann+, 50 yon nasyon figi moun yo make mechan, ki pap gen okenn respè pou granmoun, ni ki pap gen pitye pou timoun+. 51 Y ap manje pitit bèt nou yo ak sa tè nou yo pwodui pou jis yo detwi nou. Yo pap kite okenn manje angren, ni diven, ni luil, ni ti bèf ni ti mouton pou nou, jis yo detwi nou+. 52 Y ap ansèkle nou, y ap fè nou rete anndan vil* nou yo, nan tout peyi a, pou jis gwo miray ki antoure vil nou yo e ki fè n santi n an sekirite yo tonbe. Vrèmanvre, y ap ansèkle nou pandan nou anndan tout vil nou yo nan tout peyi Jewova, Bondye nou an, ban nou an+. 53 Lè ènmi nou yo ansèkle nou, bagay yo ap tèlman rèd e n ap tèlman nan soufrans, n ap oblije manje pwòp pitit* nou. N ap manje chè pitit gason ak pitit fi+ Jewova, Bondye nou an, ban nou yo.
54 “Menm gason ki pi dou e ki pi sansib pami nou an pap gen pitye ni pou frè l, ni pou madanm li li renmen, ni pou okenn nan pitit li genyen ki rete yo. 55 Li pap separe chè pitit l ap manje yo ak yo, chè pitit l ap manje akoz li pap gen anyen ki rete tèlman bagay yo ap rèd e tèlman n ap nan soufrans lè ènmi yo ansèkle vil+ nou yo. 56 Menm jan an tou, fi ki pi dou e ki pi sansib pami nou yo, ki pa t ap janm imajine li ta menm met pye l atè tèlman l dou+, pap gen pitye ni pou mari l li renmen, ni pou pitit gason l, ni pou pitit fi l. 57 L ap kache pou l manje ata sak pitit ki soti nan mitan janm li an ansanm ak pitit li fè yo tèlman bagay yo ap rèd e tèlman n ap nan soufrans lè ènmi yo ansèkle vil nou yo.
58 “Si nou pa byen suiv tout pawòl ki nan Lwa sa a, pawòl ki ekri nan liv sa a+, si nou pa gen lakrentif pou non Bondye nou an, Jewova+, yon non ki merite pou nou ba li glwa e pou nou respekte l+, 59 Jewova ap lage gwo flewo sou nou ak pitit nou, yon seri flewo+ k ap rete sou nou pandan lontan. L ap lage gwo maladi sou nou, yon seri maladi k ap rete sou nou pandan lontan. 60 L ap fè tout maladi ki te genyen nan peyi Ejip yo, yon seri maladi nou te konn pè, tounen sou nou e y ap rete sou nou san mank. 61 Mete sou sa, Jewova ap fè tout maladi oswa flewo ki pa ekri nan liv Lalwa sa a vin sou nou pou jis li detwi nou. 62 Malgre nou vin anpil menm jan ak zetwal ki nan syèl la+, se yon tikras nan nou k ap rete+ poutèt nou pa koute vwa Jewova, Bondye nou an.
63 “Menm jan Jewova te pran plezi pou l ban nou richès e pou l fè nou vin anpil, se konsa tou Jewova ap pran plezi pou l detwi nou, pou l elimine nou. L ap retire nou nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an.
64 “Jewova ap gaye nou nan mitan tout nasyon ki sou tè a, soti nan yon bout tè a rive nan lòt bout la+, e lè sa a n ap oblije sèvi dye ki fèt ak bwa e ki fèt ak wòch, yon seri dye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konnen+. 65 Nou pap janm anpè nan mitan nasyon sa yo+ e nou pap gen kay pa nou pou nou rete. Men, pandan nou nan mitan nasyon sa yo, Jewova ap fè kè nou sou biskèt+, l ap fè nou pa wè byen nan je e l ap fè nou* dekouraje+. 66 Lavi nou ap an danje, n ap gen gwo laperèz lannuit kou lajounen e nou pap konnen si n ap ka chape. 67 Akoz gwo laperèz k ap anvayi kè nou e akoz sa n ap wè, nan maten n ap di: ‘Ki lè l ap lannuit?’ E lè l lannuit n ap di: ‘Ki lè l ap jou?’ 68 Vrèmanvre, Jewova ap fè nou tounen ann Ejip pa bato, kote mwen te di nou pap janm wè ak je nou ankò a, e lè nou rive la n ap vle vann tèt nou bay ènmi nou yo kòm esklav, men nou pap jwenn moun k ap achte nou.”
29 Pawòl sa yo se pawòl ki te nan alyans Jewova te bay Moyiz lòd pou l fè ak pèp Izrayèl la nan peyi Mowab. Anvan sa, li te fè yon alyans avèk yo nan Orèb+.
2 Lè sa a, Moyiz rele tout Izrayelit yo e li di yo: “Nou te wè tout sa Jewova te fè Farawon, sèvitè l yo ak tout peyi l la lè nou te ann Ejip+, 3 tout gwo aksyon*, mèvèy ak mirak li te fè yo+. 4 Men jis jodi a, Jewova pa ban nou kapasite pou nou konprann* vrè sans sa nou te wè ak sa nou te tande yo+. 5 ‘Pandan 40 an mwen te fè ap gide nou nan dezè a+, rad nou pa t fini sou nou, sandal nou pa t fini nan pye nou+. 6 Nou pa t manje pen, nou pa t bwè diven ni lòt bwason ki gen alkòl, men mwen te pran swen nou pou nou te ka konnen se mwen menm, Jewova, ki Bondye nou.’ 7 Finalman, nou rive isit la e Siyon, wa Esbon+, ak Òg, wa Bazan+, te vin goumen ak nou, men nou te bat yo+. 8 Apre sa, nou te pran peyi yo e nou te bay tribi Ribenn nan, tribi Gad la ak mwatye nan tribi Manase+ a peyi sa yo kòm eritaj. 9 Se sa k fè, nou dwe suiv pawòl ki nan alyans sa a, nou dwe obeyi yo pou tout bagay kapab mache byen pou nou+.
10 “Jodi a, nou tout nou kanpe devan Jewova, Bondye nou an: chèf tribi nou yo, ansyen yo, moun ki gen otorite yo, tout lòt gason nan pèp Izrayèl la, 11 pitit nou yo, madanm nou yo+ ak etranje+ k ap viv nan mitan nou yo, soti nan sa k ap ranmase bwa pou nou yo rive nan sa k ap bwote dlo pou nou yo. 12 Nou la pou nou ka aksepte kondisyon ki nan alyans Jewova, Bondye nou an, ap fè avèk nou jodi a e pou nou fè sèman n ap respekte alyans Jewova, Bondye nou an+, 13 pou nou ka vin pèp li+ jodi a e pou l ka vin Bondye nou+ jan l te pwomèt nou sa a e jan l te fè zansèt nou yo, Abraram+, Izarak+ ak Jakòb+, sèman li t ap fè sa a.
14 “Se pa avèk nou sèlman m ap fè alyans sa a n ap fè sèman pou nou respekte a. 15 Nonsèlman m ap fè l avèk nou menm ki kanpe devan Jewova, Bondye nou an, jodi a, men m ap fè l tou avèk jenerasyon ki gen pou vini yo. 16 (Paske nou byen konnen ki jan nou te konn viv nan peyi Ejip e ki jan nou te pase nan mitan yon pakèt nasyon pandan nou te sou wout pou n vin isit la+. 17 Nou te wè bagay ki bay degoutans yo te konn fè yo ansanm ak zidòl+ yo te genyen nan mitan yo ki bay degoutans*, yon seri zidòl yo te fè ak bwa, ak fè, ak ajan e ak lò.) 18 Veye pou okenn nan nou ki la jodi a, kit se gason, kit se fi, kit se yon fanmi, kit se yon tribi, pa vire do bay Jewova, Bondye nou an, pou l al sèvi dye lòt nasyon yo+ e veye pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki tankou yon rasin k ap bay fwi ki anmè e ki anpwazonnen+.
19 “Sepandan, si gen yon moun nan mitan nou ki tande sèman sa a, men li di nan kè l avèk ògèy: ‘Anyen pap rive m menmsi m kontinye fè sa m vle’, nan entansyon pou l detwi tout bagay* sou wout li, 20 Jewova pap dakò padone l+. Jewova ap fache anpil kont moun sa a e tout malediksyon ki nan liv sa a ap tonbe sou li+. Vrèmanvre, Jewova ap efase non moun sa a anba syèl la. 21 Lè sa a, Jewova ap separe moun sa a nan mitan tout tribi Izrayèl yo e l ap fè malè tonbe sou li, wi, tout malè ki nan alyans ki ekri nan liv Lalwa a.
22 “Lè desandan nou yo k ap nan jenerasyon ki vin apre nou yo ak etranje ki soti nan peyi ki byen lwen wè malè ki tonbe sou peyi nou an ak maladi Jewova lage sou li, 23 lè yo wè jan peyi a chaje ak souf ak sèl, jan tè a fin boule, e sa lakòz pèsonn pa simen anyen nan tout peyi a, e anyen pa pouse, menm jan sa ye nan Sodòm ak Gomò+, nan Adma ak Seboyim+, apre Jewova te fin detwi yo lè l te an kòlè e lè l te fache anpil la, 24 ni yo menm ni lòt nasyon yo ap di: ‘Poukisa Jewova fè peyi a sa+? Ki sa k te fè l fache anpil konsa?’ 25 Lè sa a, y ap di yo: ‘Se paske yo pa t respekte alyans Jewova+, Bondye zansèt yo a, te fè avèk yo apre l te fè yo kite peyi Ejip la+. 26 Yo t al sèvi lòt dye e yo te pwostène devan yo, yon seri dye yo pa t konnen, alòske Bondye te di yo yo pa dwe adore dye sa yo*+. 27 Jewova te fache anpil kont yo e li te lage tout malediksyon ki te ekri nan liv Lalwa a sou yo+. 28 Jewova te derasinen yo nan peyi a+, li t al lage yo nan yon lòt peyi paske li te an kòlè e li te fache anpil, e se la yo ye jis jodi a+.’
29 “Jewova, Bondye nou an, konnen tout sekrè+, e bagay li fè nou konnen yo ap pou nou ak desandan nou yo pou toutan. Li fè nou konnen pawòl ki nan Lwa sa a pou nou ka toujou obeyi yo+.
30 “Lè tout pawòl sa yo akonpli sou nou, anpalan de benediksyon ak malediksyon mwen mete devan nou yo+, e nou sonje yo*+ pandan nou nan nasyon kote Jewova, Bondye nou an, gaye nou yo+, 2 lè ni nou menm ni pitit gason nou yo tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an+, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou, nou koute l lè nou obeyi tout kòmandman mwen ban nou jodi a, 3 Jewova, Bondye nou an, ap fè prizonye nou yo tounen+ e l ap fè nou mizèrikòd+. Jewova, Bondye nou an, ap pran nou nan mitan tout pèp kote li te gaye nou yo e l ap rasanble nou+. 4 Menmsi nou ta gaye jis nan dènye bout tè a, Jewova, Bondye nou an, ap rasanble nou e l ap fè nou tounen+. 5 Jewova, Bondye nou an, ap fè nou tounen nan peyi zansèt nou yo te pran kòm byen pa yo a e n ap pran l kòm byen pa nou. L ap fè tout bagay mache byen pou nou e l ap fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo+. 6 Jewova, Bondye nou an, ap netwaye* kè nou ak kè pitit+ nou yo, pou nou ka renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm* nou, yon fason pou nou ka ret an vi+. 7 Jewova, Bondye nou an, ap fè tout malediksyon sa yo tonbe sou ènmi nou yo ki te rayi nou e ki te pèsekite nou+.
8 “Lè sa a, n ap tounen vin jwenn Jewova, n ap koute vwa l e n ap obeyi tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a. 9 Jewova, Bondye nou an, ap fè tout bagay mache byen pou nou+, l ap ban nou anpil pitit, anpil bèt, e jaden nou yo ap donnen anpil paske Jewova ap kontan fè tout bagay mache byen pou nou ankò, menm jan li te kontan fè sa pou zansèt nou yo+. 10 Lè sa a, n ap koute vwa Jewova, Bondye nou an, n ap obeyi kòmandman l yo ak lwa l yo ki ekri nan liv Lalwa a e n ap tounen vin jwenn Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou e ak tout nanm*+ nou.
11 “Kòmandman m ap ban nou jodi a, pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi*+. 12 Se pa nan syèl la li ye, pou n ta di: ‘Kiyès k ap monte al pran l pou nou nan syèl la pou nou ka tande l e pou nou ka obeyi l+?’ 13 Nitou se pa sou lòt bò lanmè a li ye pou n ta di: ‘Kiyès k ap travèse lòt bò lanmè a al pran l pou nou pou nou ka tande l e pou nou ka obeyi l?’ 14 Paske, pawòl la toupre nou, li nan bouch nou, li nan kè nou+ e nou ka obeyi l+.
15 “Gade, mwen met lavi ak benediksyon devan nou e mwen met lanmò ak malediksyon devan nou+. 16 Si nou koute kòmandman Jewova, Bondye nou an, m ap ban nou jodi a, si nou renmen Jewova, Bondye nou an+, si nou mache nan chemen l yo, si nou obeyi kòmandman l yo, lwa l yo ak lòd li yo, n ap kontinye viv+ nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, n ap vin anpil e Jewova, Bondye nou an, ap beni nou+.
17 “Men, si nou kite kè nou fè nou vire do bay Bondye+, si nou pa koute Bondye e nou kite yo fè nou pwostène devan lòt dye pou n sèvi yo+, 18 m ap di nou sa jodi a, n ap peri san mank+. Nou pap viv lontan nan peyi n ap travèse Rivyè Jouden an pou n al pran kòm byen pa nou an. 19 Mwen pran syèl la ak tè a sèvi m temwen jodi a: Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou+. Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi+, ni nou menm, ni desandan nou yo+, 20 lè nou renmen Jewova, Bondye nou an+, lè nou koute sa l di e nou rete atache ak li+. Paske, se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou lavi e se li ki kapab fè nou viv lontan nan peyi li te fè sèman l ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo+.”
31 Apre sa, Moyiz soti al pale ak tout pèp Izrayèl la, 2 li di yo: “Kounye a, mwen gen 120 an+. Mwen pap kapab dirije nou* ankò paske Jewova te di m: ‘Ou pap travèse Rivyè Jouden an+.’ 3 Se Jewova, Bondye nou an, k ap mache devan nou lè n ap travèse rivyè a. L ap elimine nasyon sa yo devan nou e n ap mete yo deyò nan peyi a+. Se Jozye k ap fè nou travèse Rivyè Jouden an+, jan Jewova te di sa a. 4 Jewova ap fè nasyon sa yo menm sa li te fè Siyon+ ak Òg+, wa Amorit yo, e menm sa li te fè peyi yo t ap dirije yo lè l te detwi yo a+. 5 Jewova ap bat yo pou nou, e nou dwe fè yo tout sa mwen di nou nan kòmandman mwen ban nou yo+. 6 Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou+. Pinga nou pè yo e pinga nou tranble devan yo+ paske se Jewova, Bondye nou an, k ap mache avèk nou. Li pap ni kite nou ni abandone nou+.”
7 Apre sa, Moyiz rele Jozye e li di l devan tout pèp Izrayèl la: “Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou+ paske se ou k ap mennen pèp la nan peyi Jewova te fè zansèt yo sèman l ap ba yo l la e se ou k ap bay pèp la peyi sa a kòm eritaj+. 8 Se Jewova k ap mache devan w. L ap toujou avèk ou+. Li pap ni kite w ni abandone w. Pinga w pè e pinga w panike+.”
9 Apre sa, Moyiz ekri Lwa sa a+, li remèt li bay Levit ki prèt yo k ap pote lach alyans Jewova a e li remèt li bay tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la. 10 Men lòd Moyiz te ba yo: “Chak setan, nan moman ki fikse pou sa a, nan ane pou nou anile dèt yo+, pandan fèt Tonèl* yo+, 11 lè tout Izrayelit yo parèt devan Jewova+, Bondye nou an, kote li chwazi a, nou dwe li Lwa sa a pou tout pèp Izrayèl la tande l+. 12 Nou dwe rasanble tout pèp la+, ni gason, ni fi, ni timoun, ni etranje k ap viv anndan vil* nou yo, pou yo ka koute, pou yo ka aprann konnen Jewova, Bondye nou an, pou yo ka gen lakrentif pou li e pou yo ka byen suiv tout sa li mande nan Lwa sa a. 13 Si nou toujou fè sa nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an+ pa lòtbò Rivyè Jouden an, pitit yo ki pa konn Lwa sa a ap koute+ e y ap aprann gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an.”
14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Gade, jou pou w mouri a pa lwen rive+. Rele Jozye, epi al nan tant reyinyon an avèk li pou m ka mete l chèf nan plas ou+.” Vrèmanvre, Moyiz ak Jozye ale nan* tant reyinyon an. 15 Lè sa a, Jewova parèt nan tant reyinyon an nan yon nyaj ki gen fòm yon poto, e nyaj la te ret devan antre tant reyinyon an+.
16 Epi, Jewova di Moyiz: “Tande, ou pa lwen mouri*. Lè pèp sa a rive nan peyi yo prale a+, yo pral adore* fo dye ki nan peyi ki antoure peyi sa a. Y ap bliye m+ e yo pap respekte alyans mwen fè avèk yo a+. 17 Lè sa rive, m ap fache anpil kont yo+, m ap abandone yo+, m ap vire do ba yo+ jiskaske yo fin depafini nèt. Apre yon bann malè ak kalamite fin tonbe sou yo+, y ap di: ‘Se paske Bondye pa nan mitan nou ki fè tout malè sa yo rive nou+.’ 18 Men, m ap kache figi m pou yo lè sa a akoz tout mechanste y ap fè lè y al sèvi lòt dye yo+.
19 “Se pou nou ekri chante mwen pral ban nou an+ pou nou ka aprann Izrayelit yo li+. Fè yo aprann chante a* pou l ka fè pèp Izrayèl sonje avètisman m te ba yo+. 20 Lè m mennen yo nan peyi mwen te fè zansèt yo sèman m ap ba yo l la+, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule a+, kote yo pral manje vant plen e tout bagay ap mache byen pou yo*+, y ap vire do ban mwen pou y al sèvi lòt dye, y ap derespekte m e y ap vyole alyans mwen an+. 21 Lè anpil malè ak kalamite tonbe sou yo+, chante sa a ap fè yo sonje avètisman m te ba yo, (paske desandan yo pa dwe bliye chante sa a), paske m deja wè tandans yo genyen+ menm anvan m mennen yo nan peyi m te fè sèman m ap ba yo l la.”
22 Jou sa a, Moyiz te ekri chante a e li te fè Izrayelit yo aprann li.
23 Mete sou sa, Bondye te met Jozye+, pitit gason Noun nan, chèf nan plas li. Li te di l: “Mete kouraj sou ou e mete kran sou ou+ paske se ou k ap mennen Izrayelit yo nan peyi mwen te fè sèman m ap ba yo l la+. M ap toujou avèk ou.”
24 Kou Moyiz fin ekri tout pawòl ki nan Lwa sa a+, 25 men lòd li te bay Levit yo, k ap pote lach alyans Jewova a: 26 “Men liv Lalwa a+, pran li epi al mete l bò kote lach+ alyans Jewova, Bondye nou an. Se pou l rete la pou l sèvi kòm yon temwen kont nou. 27 Paske mwen byen konnen jan pèp sa a rebèl+, jan yo gen tèt di+. Si pandan m vivan an, yo deja ap fè rebèl ak Jewova konsa, lè m mouri menm, se pi rèd! 28 Fè tout ansyen ki nan tribi nou yo ak tout moun ki gen otorite nan mitan nou yo vin kote m pou m fè yo tande pawòl sa yo e pou m pran syèl la ak tè a sèvi m temwen kont yo+. 29 Paske mwen byen konnen apre m fin mouri, nou pap manke pa aji avèk mechanste+ e n ap sispann suiv chemen mwen te ban nou lòd pou nou suiv la. Kalamite gen pou tonbe sou nou+ san mank poutèt nou fè sa ki mal nan je Jewova e poutèt nou fè l fache akoz aksyon nou.”
30 Apre sa, Moyiz repete pawòl ki nan chante sa a nan zòrèy tout pèp Izrayèl la, depi nan kòmansman jiska lafen+.
32 “Se pou syèl la koute sa m pral di a,
E se pou tè a tande pawòl k ap soti nan bouch mwen yo.
2 Enstriksyon m yo ap tonbe tankou lapli,
Pawòl mwen yo ap tankou lawouze,
Y ap tankou yon ti farinay lapli sou yon gazon
E y ap tankou gwo lapli k ap tonbe sou plant.
4 Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt+,
Tout chemen l yo se jistis+.
Se yon Bondye ki fidèl+, ki pa janm fè enjistis+,
Se yon Bondye ki dwat e ki jis+.
5 Se yo menm ki mal aji+,
Yo pa pitit li, se nan yo pwoblèm nan ye+.
Yo se yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi+!
6 Èske se konsa pou nou aji ak Jewova+?
Ala pèp sòt, ala pèp san konprann+!
Èske se pa li ki Papa nou e ki fè nou egziste+?
Èske se pa li menm ki fè nou vin yon nasyon?
7 Sonje tan lontan,
Reflechi sou jenerasyon ki pase yo,
Poze papa nou kesyon, e l a rakonte nou+,
Poze ansyen nou yo kesyon, e y a enfòme nou.
8 Lè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an t ap bay nasyon yo eritaj yo+,
Lè li t ap separe pitit gason Adan yo*+,
Li te bay chak pèp fwontyè pa l+
Parapò ak kantite moun ki nan pèp Izrayèl la+.
10 Li te jwenn li nan yon dezè+,
Yon dezè ki pa gen anyen ladan l, kote bèt bwa ap fè bri+.
Li te antoure l pou l te ka pwoteje l e li te pran swen l+.
Li te pwoteje l tankou gla je l+.
11 Menm jan ak yon èg k ap montre pitit li vole,
K ap plane anlè tèt pitit li yo,
Ki ouvri zèl li, ki pran pitit li yo
E ki pote yo sou zèl li+,
12 Jewova te kontinye dirije l*+ san èd pèsonn,
E pa t gen okenn lòt dye avèk li+.
13 Li te fè l pase kote ki byen wo sou tè a+,
Konsa li te ba l manje danre ki sot nan jaden yo+.
Li te ba l siwo myèl ki soti nan wòch
Ak luil ki soti nan wòch silèks.
14 Li te ban nou bè ki fèt ak lèt bèf, li te ban nou lèt mouton ak lèt kabrit
Ansanm ak pi bon* mouton yo,
Mal mouton nan peyi Bazan, bouk kabrit
Ansanm ak bon kalite ble+.
Nou te bwè diven, diven ki fèt ak san* rezen.
15 Kou Jechouwoun* te vin gra, li te voye pye e li te rebele.
Li te vin gra, li te vin foule e li te vin gwo+.
Se sa k fè li te bliye Bondye ki te fè l la+
E li te meprize Mas Wòch ki te sove l la.
16 Yo te fè Bondye vin an kòlè paske yo t al sèvi lòt dye+.
Yo te fè l fache ak bagay yo t ap fè ki bay degoutans yo+.
17 Sakrifis yo te fè yo se pa t pou Bondye, se te pou demon+,
Pou yon seri dye yo pa t konnen,
Yon seri dye ki te fèk parèt,
Yon seri dye zansèt yo pa t konnen.
19 Lè Jewova te wè sa, li te voye pitit gason l yo ak pitit fi l yo jete+
Paske yo te fè l fache.
20 Se sa k fè li te di: ‘M ap vire do ba yo+
Pou m wè sa k ap rive yo.
Paske, yo se yon jenerasyon ki pa bon+,
Yon seri pitit gason ki pa fidèl+.
21 Yo te fè m vin an kòlè* akoz yo t ap sèvi yon seri bagay ki pa dye+.
Yo te fè m fache avèk zidòl ki san valè+.
Se sa k fè m ap sèvi ak moun ki pa vo anyen+ pou m fè yo fè jalouzi
E m ap sèvi ak yon nasyon ki sòt pou m fè yo fache+.
22 Kòlè m limen tankou yon dife+,
Yon dife k ap boule, ki ka rive byen fon nan Tonm*+,
Yon dife ki pral boule latè ak tout sa ki sou li
E ki pral boule fondasyon mòn yo.
23 M ap fè plis kalamite tonbe sou yo.
M ap tire flèch mwen yo sou yo.
24 Y ap faya tèlman y ap grangou+.
Y ap gen yon gwo lafyèv cho e yon gwo destriksyon ap vin sou yo+.
M ap voye bèt pou mòde yo+,
Ak sèpan* ki rale sou vant nan pousyè e ki gen pwazon nan bouch yo.
25 Lè yo deyò epe ap fini avèk yo+.
Lè yo anndan, laperèz ap anvayi+
Ni jèn gason, ni fi ki vyèj,
Ni tibebe, ni granmoun ki gen cheve blan+.
26 Mwen te di: “M ap gaye yo nan peyi ki byen lwen,
M ap fè tout moun bliye yo.”
27 Men, mwen te pè sa ènmi an ka panse+,
Paske advèsè yo ka mal konprann sa k rive a+.
Yo ka di: “Se ak fòs nou nou pote laviktwa sou yo+,
Se pa Jewova ki fè sa.”
30 Ki jan yon sèl moun fè kapab kouri dèyè 1 000 moun?
E ki jan de moun ka rive fè 10 000 moun kouri pou yo+?
Se sèlman paske Mas Wòch yo a te vann yo+,
Paske Jewova te lage yo.
32 Yo tankou pye rezen ki soti Sodòm
E ki soti nan jaden ki Gomò yo+.
Rezen yo bay yo gen pwazon
E grap rezen yo anmè+.
33 Diven yo bay yo tankou pwazon ki nan bouch sèpan,
Tankou move pwazon ki nan bouch kobra.
34 Èske bagay sa yo pa byen sere nan depo m nan?
Èske yo pa byen fèmen ladan l+?
35 Vanjans se pou mwen. Se mwen menm k ap fè moun peye pou sa yo fè+.
Lè lè a rive, pye yo ap chape+,
Paske, jou destriksyon yo a pa lwen,
E sa k ap tann yo a pap pran tan pou l rive.’
36 Paske, Jewova ap jije pèp li a+,
Men, l ap gen pitye pou sèvitè l yo+,
Lè l wè jan yo pèdi fòs
E lè l wè se sèlman moun ki pa gen moun pou ede yo ak moun ki fèb yo ki rete.
37 Lè sa a, l ap di: ‘Kote dye yo t ap sèvi yo+,
Mas wòch kote yo t al chèche refij yo,
38 Ki te konn manje grès bèt yo te konn ofri kòm sakrifis* yo
E ki te konn bwè diven yo te konn bay kòm ofrann yo+?
Se pou yo leve pou yo ede nou,
Se pou yo pwoteje nou.
39 Gade, se mwen menm ki Bondye+,
E pa gen okenn lòt dye eksepte mwen menm+.
Mwen touye, mwen bay lavi+.
Mwen frape moun+, mwen bay gerizon+.
Pa gen moun ki ka delivre okenn moun ki anba men m+.
40 Mwen leve men m anlè,
E mwen fè sèman: “Menm jan li klè mwen vivan pou toutan+”,
41 Depi m file epe m ki byen klere a
E m prepare m pou jijman an+,
M ap tire revanj sou advèsè m yo+,
E m ap fè moun ki rayi m yo peye pou sa yo fè.
42 M ap fè flèch mwen yo sou ak san moun yo touye,
Ak san moun ki prizonye.
M ap fè epe m nan manje chè
Ak tèt chèf ènmi m yo.’
43 Nou menm nasyon yo, se pou nou rejwi avèk pèp li a+,
Paske l ap vanje san sèvitè l yo+.
L ap fè advèsè l yo peye pou sa yo fè+
E l ap netwaye peyi pèp li a.”
44 Konsa, Moyiz ak Oze*+, pitit gason Noun nan, te repete tout pawòl ki nan chante sa a pou pèp la te kapab tande l+. 45 Apre Moyiz te fin di pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo, 46 li te di yo: “Se pou nou pran avètisman m ap ban nou jodi a oserye+, pou nou ka fè pitit nou yo konnen yo e pou yo ka byen suiv tout pawòl ki nan Lwa sa a+. 47 Pawòl sa a se pa pawòl ki pa gen enpòtans pou nou, paske lavi nou depann de li+. Grasa pawòl sa a, n ap kapab viv lontan nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou pa lòtbò Rivyè Jouden an.”
48 Nan menm jou sa a, Jewova te pale ak Moyiz, li te di l: 49 “Monte sou Mòn Nebo+, mòn ki Abarim nan+, ki nan peyi Mowab e ki anfas Jeriko a pou w ka gade peyi Kanaran, peyi m ap bay Izrayelit yo kòm byen pa yo a+. 50 Se sou mòn ou pral monte a w ap mouri, e w pral menm kote ak moun ou yo* menm jan Arawon, frè w la, te mouri sou Mòn Ò+ e li t al menm kote ak moun li yo. 51 Paske, nan zafè dlo Meriba a+, nan Kadès, nan Dezè Zin nan, nou toule de te montre nou pa t fidèl devan m nan mitan pèp Izrayèl la e nou pa t ban m glwa devan pèp la+. 52 W ap wè peyi m ap bay pèp Izrayèl la delwen, men, ou pap antre ladan l+.”
33 Men benediksyon Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te bay Izrayelit yo anvan l mouri+. 2 Li te di:
“Jewova te soti Sinayi+,
Li te fè limyè l klere sou yo nan Seyi.
Li te parèt avèk glwa, byen klere, nan zòn ki gen mòn nan Paran an+,
Li te gen plizyè dizèn milye zanj avèk li ki sen+,
E sòlda l yo te sou bò dwat li+.
3 Li te gen afeksyon pou pèp li a+.
O Bondye, tout moun sa yo ki sen se nan men w yo ye+.
Yo te chita nan pye w+,
Yo te kòmanse koute pawòl ou yo+.
7 Apre sa, men ki benediksyon li te bay Jida+:
“O Jewova, koute Jida+,
Se pou w fè l retounen vin jwenn pèp li a.
Li te defann* sa k pou li yo ak fòs ponyèt li.
Tanpri, ede l devan advèsè l yo+.”
8 Men sa li te di konsènan Levi+:
“Toumim nan ak Ourim nan+ se pou moun ki fidèl devan w+, o Bondye,
Ou te teste moun Levi yo nan Masa+.
Ou te kòmanse lite ak yo bò dlo Meriba yo+,
9 Mesye Levi yo pa t gen konsiderasyon ni pou papa yo ni pou manman yo.
Yo pa t pran ni pou frè yo+,
Ni pou pitit gason yo.
Yo te rete fidèl ak pawòl ou
E yo te respekte alyans ou an+.
10 Se pou yo fè Jakòb konnen desizyon w pran yo+
E se pou yo fè Izrayèl konnen Lwa w la+.
Se pou yo prezante lansan ki gen bon sant lan devan w*, lansan k ap fè w plezi a+,
E se pou yo ofri w sakrifis ki boule nèt sou lotèl ou a+.
11 O Jewova, beni yo, ba yo plis fòs.
Montre w pran plezi nan travay yo fè ak men yo.
Kraze janm* moun ki leve kont yo,
Pou moun ki rayi yo ka sispann leve kont yo.”
12 Men sa li te di konsènan Benjamen+:
“Se pou Jewova fè sila a li renmen an viv ak kè poze bò kote l.
Pandan l ap pwoteje l tout lajounen,
L ap abite nan mitan zepòl li.”
13 Men sa li te di konsènan Jozèf+:
“Se pou Jewova beni peyi l la+,
Lè l ba li bon bagay ki nan syèl la,
Lè l ba li lawouze ak dlo ki soti nan sous ki anba tè a+.
14 Se pou l ba li bon bagay ki grandi grasa solèy la
E se pou l ba l bon rekòt chak mwa+.
15 Se pou l ba li pi bon bagay ki soti nan mòn ki te la anvan yo*+
Ak bon bagay ki soti nan mòn k ap toujou la yo.
16 Se pou l ba li bon bagay ki soti nan tè a ak sa ki ranpli tè a+.
Se pou l jwenn favè Sila a ki te parèt nan pye pikan an+.
Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou Jozèf,
Sou sila yo te chwazi pami frè l yo+.
17 Li anfòm tankou premye pitit yon towo bèf,
E kòn li se kòn yon towo bèf sovaj.
Avèk kòn li yo l ap pouse* tout pèp yo
Jis nan dènye bout tè a.
Yo se dizèn milye ki soti Efrayim yo+
E yo se plizyè milye ki soti Manase yo.”
18 Men sa li te di konsènan Zabilon+:
“O Zabilon, se pou w rejwi nan komès w ap fè deyò peyi w la,
E ou menm Isaka, se pou w rejwi nan tant kote w rete yo+.
19 Y ap rele moun vin sou mòn nan,
E se la y ap ofri sakrifis nan ladwati.
Paske, y ap pran nan pil richès* ki gen nan lanmè a
Ak nan trezò ki kache nan sab la.”
20 Men sa li te di konsènan Gad+:
“Benediksyon pou moun ki laji tèritwa Gad la+.
Gad kouche tankou yon lyon,
Li pare pou l rache bra, wi, pou l rache tèt.
21 Se li k ap chwazi premye pòsyon nan peyi a+,
E se pòsyon sa a moun ki bay lwa a rezève pou li+.
Tout chèf ki nan pèp la ap mete tèt yo ansanm.
L ap fè sa ki jis nan je Jewova
E l ap aplike lwa l yo nan peyi Izrayèl.”
22 Men sa li te di konsènan Dann+:
23 Men sa li te di konsènan Neftali+:
“Neftali jwenn favè Bondye jis li satisfè.
Jewova beni l anpil.
Se pou w pran pati lwès ak pati sid tè a.”
24 Men sa li te di konsènan Achè+:
26 Pa gen pèsonn ki tankou vrè Dye a+, Dye Jechouwoun nan+,
Li vwayaje nan syèl la pou l vin ede nou,
E li deplase sou nyaj yo avèk diyite+.
27 Bondye se yon refij pou nou depi lontan+,
L ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan+.
L ap fè ènmi nou yo kouri pou nou+,
E l ap di: ‘Detwi yo+!’
28 Izrayèl ap viv an sekirite
E desandan Jakòb* yo ap viv ak kè poze
Nan yon peyi ki gen manje angren ak diven+,
Kote lawouze ap sot nan syèl la+.
29 O Izrayèl, se pou w kontan+!
Ki pèp ki tankou w+,
Ou menm ki jwenn delivrans grasa Jewova+,
Boukliye ki pwoteje w la+,
Gwo epe w la?
Ènmi w yo ap bese devan w+,
E w ap mache sou do yo*.”
34 Apre sa, Moyiz kite plèn ki nan Mowab ki tankou dezè a, li monte sou Mòn Nebo+, anlè tèt Mòn Pisga+, ki anfas Jeriko+. Lè l rive la, Jewova montre l tout peyi a, soti Galaad pou rive nan tèritwa Dann nan+, 2 tout tèritwa Neftali a, tèritwa Efrayim nan ak tèritwa Manase a, tout tèritwa Jida a rive jis nan lanmè ki nan direksyon lwès la*+, 3 ansanm ak tout zòn Negèb la+ ak zòn Jouden an*+, Vale Jeriko, anpalan de vil pye palmye yo, rive jis Sowa+.
4 Epi, Jewova di l: “Se konsènan peyi sa a mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb sèman an. Mwen te di yo: ‘Se desandan w yo+ m ap bay li.’ Mwen fè w wè l ak de je w, men ou pap travèse pou w antre ladan l+.”
5 Apre sa, Moyiz, sèvitè Jewova a, mouri la, nan peyi Mowab, jan Jewova te di sa a+. 6 Bondye antere l nan vale ki nan peyi Mowab la, anfas Bètpeyò, e jis kounye a, pèsonn pa konn kote tonm li an ye+. 7 Moyiz te gen 120 an lè l te mouri+. Je l pa t febli, ni li pa t pèdi fòs li. 8 Pèp Izrayèl la te fè 30 jou+ ap kriye pou Moyiz nan plèn nan Mowab ki tankou dezè a. Finalman, jou yo t ap kriye pou Moyiz e yo te nan lapenn yo te rive nan bout yo.
9 Jozye, pitit gason Noun nan, te gen anpil sajès* paske Moyiz te poze men l sou li+. Izrayelit yo te kòmanse koute l e yo te fè egzakteman sa Jewova te bay Moyiz lòd pou yo fè a+. 10 Depi lè sa a, pa janm gen yon pwofèt tankou Moyiz+ ann Izrayèl. Se yon moun Jewova te konnen byen*+. 11 Li te fè tout mèvèy ak tout mirak Jewova te voye l al fè nan peyi Ejip devan Farawon, devan sèvitè l yo e devan tout moun ki te nan peyi a+. 12 Moyiz te fè tout Izrayelit yo wè fòs ponyèt Bondye ak kokenn pisans Li genyen+.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Sanble se mòn Liban yo.
Lit.: “semans”.
Lit.: “te fè kè nou fonn”.
Sa vle di miray yo te wo anpil anpil.
Lit.: “nèt”.
Se kapab tou: “Bondye ba l fòs”.
Oswa: “Pinga nou pwovoke yo”.
Anpalan de Krèt.
Oswa: “y ap gen doulè tankou fi k ap akouche”.
Se kapab tou: “te fèt ak wòch nwa”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Sa vle di: “Ti vil ki gen tant ki pou desandan Jayi yo”.
Anpalan de Lanmè Mòt.
Oswa: “byen veye sou nanm nou”.
Lit.: “monte jis nan kè syèl la”.
Lit.: “Dis Pawòl”.
Oswa: “byen veye sou nanm nou”.
Oswa: “pou nou ka vin eritaj li”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Anpalan de Lanmè Sale oswa Lanmè Mòt.
Oswa: “lòt dye pou nou defye m”. Lit.: “lòt dye devan figi m”.
Oswa: “yon bonte ki gen lanmou”.
Lit.: “pòtay”.
Lit.: “pawòl”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “se pou nou repete yo pou”.
Lit.: “yon bando nan mitan de je nou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “vin yon byen ki gen anpil valè pou li”.
Lit.: “l ap beni fwi vant nou”.
Lit.: “devore”.
Lit.: “Je nou”.
Se kapab tou: “panike; pè anpil”.
Se yon kalite manje angren.
Sa vle di miray yo te wo anpil anpil.
Oswa: “pou n ka pran sa yo genyen yo”.
Oswa: “estati ak metal yo fonn”.
Oswa: “ak metal nou fonn”.
Oswa: “Se eritaj pa w yo ye”.
Oswa: “se eritaj pa w yo ye”.
Lit.: “Dis Pawòl”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “e pinga nou kontinye fè kou nou rèd”.
Oswa: “òfelen”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “detwi yo jiska jodi a”.
Oswa: “te fè nou”.
Oswa: “wouze tè a ak pye nou”. Sa vle di, yo te itilize pye yo swa pou yo fè yon ponp dlo mache swa pou yo fè kanal pou dlo a pase oubyen pou yo ouvri kanal yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “yon bando nan mitan de je nou”.
Anpalan de Gwo Lanmè a, Lanmè Meditèrane.
Oswa: “n ap bay”.
Oswa: “n ap bay”.
Oswa: “solèy kouche”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “ladim”.
Oswa: “sa li panse ki dwat”.
Lit.: “pòtay”.
Oswa: “lè nanm nou”.
Lit.: “nan tout pòtay nou yo”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Lit.: “pòtay”.
Lit.: “ki anndan pòtay”.
Oswa: “nanm nou”
Oswa: “nanm nou”.
Lit.: “potay”.
Oswa: “nanm nou”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Oswa: “nanm nan”.
Oswa: “lavi; nanm”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “oswa zanmi ki tankou pwòp nanm nou an”.
Oswa: “bagay ki sakre akoz yon entèdiksyon”.
Oswa: “koute vwa”.
Lit.: “pa fè nan mitan je nou vin chòv”.
Oswa: “vin yon byen ki gen anpil valè pou li”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble anpil ak sèf.
Se yon bèt ki sanble ak lapen, men ki pi gwo e ki gen zòrèy li ak pye l ki pi long.
Se yon bèt ki sanble ak yon gwo lapen san ke e ki viv nan zòn ki gen mas wòch.
Se yon zwazo ki gwosè yon jenn pijon.
Oswa: “tout ensèk”.
Lit.: “pòtay”.
Oswa: “bay ladim”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “lòt bagay nanm nou mande nou”.
Oswa: “òfelen”.
Lit.: “Kè nou”.
Lit.: “towo bèf”.
Lit.: “pòtay”.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit.
Se yon bèt ki sanble ak kabrit. Men, kòn li yo gen plizyè branch.
Gade Apendis B15.
Lit.: “pòtay”.
Oswa: “ni òfelen”.
Oswa: “Abri yo te fè pou yon ti tan”.
Oswa: “ni òfelen”.
Oswa: “Abri yo te fè pou yon ti tan”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Se dapre bouch”.
Oswa: “si nanm li”.
Sa vle di kote Jewova chwazi pou yo adore l la.
Lit.: “pase”.
Lit.: “akoz kè l vin cho”.
Oswa: “nanm li”.
Lit.: “Je nou”.
Lit.: “leve kont”.
Lit.: “Se sou bouch”.
Lit.: “Je nou”.
Oswa: “nanm pou nanm”.
Oswa: “pou l pa fè kè frè l yo fonn menm jan ak kè pa l”.
Oswa: “kote nanm fi a vle”.
Lit.: “de madanm, youn li renmen ak youn li rayi”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “apre sa li rejte l”.
Oswa: “rejte l”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “te lage kò l nan aji tankou pwostitye”.
Oswa: “epi l touye l, yon nanm”.
Lit.: “leve ke rad papa l”.
Oswa: “nou dwe evite tout bagay ki ka sal nou”.
Sa vle di yon latrin.
Lit.: “peye yon chen”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “rejte”.
Oswa: “se yon vi; se yon nanm”.
Oswa: “yon nanm”.
Mo ebre lè yo tradui l yo mete “lèp” pou li a se yon mo ki gen plizyè sans e ki ka gen rapò ak plizyè maladi po ki trapan. Li kapab gen rapò tou ak kèk bagay ki kontamine rad ak kay.
Lit.: “pòtay”.
Oswa: “nanm li”.
Oswa: “yon òfelen”.
Oswa: “men non moun lakay li ap genyen”. Lit.: “men non l ap genyen”.
Lit.: “Je nou”.
Lit.: “pa dwe gen yon efa ak yon efa lakay nou”. Gade Apendis B14.
Se kapab tou: “ki te prèt pou l mouri”.
Oswa: “òfelen”.
Lit.: “pòtay”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yon byen ki gen anpil valè pou li”.
Oswa: “se pou nou blanchi yo ak lacho”.
Oswa: “se pou nou blanchi yo ak lacho”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “fè yon estati ak metal li fonn”.
Oswa: “moun ki travay bwa ak metal”.
Oswa: “Se konsa pou sa ye”.
Oswa: “òfelen”.
Lit.: “leve ke rad papa l”.
Oswa: “frape”.
Oswa: “yon nanm ki gen san inosan”.
Lit.: “fwi zantray”.
Sa vle di ap toujou gen manje angren nan pànye yo e ap toujou gen pat nan bòl pou petri pat yo.
Lit.: “n ap tounen yon pwovèb”.
Oswa: “yon bann ensèk k ap fè bri”.
Lit.: “pòtay”.
Lit.: “fwi zantray”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “tout pwosè”.
Lit.: “ban nou kè pou nou konprann”.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Lit.: “detwi sa ki byen wouze a ansanm ak sa ki sèk la”.
Lit.: “Bondye pa t separe dye sa yo ba yo”.
Lit.: “nou fè yo tounen nan kè nou”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “sikonsi”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “ni l pa twò lwen nou”.
Lit.: “Mwen pap kapab soti epi antre”.
Oswa: “Abri yo te fè pou yon ti tan”.
Lit.: “potay”.
Oswa: “ale pran plas yo bò kot”.
Lit.: “pa lwen kouche bò kot zansèt ou yo”.
Oswa: “yo pral aji tankou pwostitye ak”.
Lit.: “Mete chante a nan bouch yo”.
Lit.: “e y ap vin gra”.
Se kapab tou: “separe lèzòm”.
Anpalan de Jakòb.
Lit.: “ak grès”.
Oswa: “ak ji”.
Sa vle di: “Moun ki dwat la”. Se yon tit yo te bay Izrayèl.
Oswa: “fè m fè jalouzi”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “reptil”.
Se kapab tou: “pa koute konsèy”.
Oswa: “manje pi bon sakrifis”.
Non sa a se premye non Jozye te genyen. Oze se yon fòm kout pou Ochaya ki vle di: “Delivre grasa Ja; Ja bay delivrans”.
Se yon fason pou yo di li pral mouri.
Sa vle di: “Moun ki dwat la”. Se yon tit yo te bay Izrayèl.
Oswa: “te lite pou”.
Lit.: “nan nen w”.
Oswa: “ren”.
Se kapab tou: “mòn ki sou bò lès yo”.
Oswa: “pèse”.
Lit.: “y ap souse pil bagay”.
Oswa: “Se pou pye l benyen”.
Lit.: “Fòs ou ap menm jan ak jou w ap viv yo”.
Lit.: “fontèn Jakòb”.
Se kapab tou: “sou kote yo genyen ki wo yo”.
Anpalan de Gwo Lanmè a, Lanmè Meditèrane.
Pati ki sou anba nan Vale Jouden an.
Oswa: “sajès grasa pouvwa Bondye”.
Lit.: “fasafas”.