BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 2 p. 4
  • 1 Angajman

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 1 Angajman
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA SA VLE DI
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
    Èd pou fanmi
  • “Se pou tout moun onore maryaj”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • 3 Respè
    Reveye n! — 2018
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 2 p. 4
Yon lank ki anpeche yon bato koule nan yon move tan.

Angajman tankou yon lank batiman, li kenbe maryaj la byen djanm menm nan moman difisil.

POU MOUN MARYE

1 Angajman

SA SA VLE DI

Mari ak madanm konsidere angajman yo te pran lè yo t ap marye a kòm yon bagay k ap la pou toutan, e sa fè yo toule de santi yo an sekirite. Yo chak gen konfyans moun yo marye avè l la ap respekte angajman yo te pran an menm lè ta vin gen pwoblèm.

Gen kèk moun ki santi yo oblije rete ak moun yo marye avè l la paske yo pa ta vle pou moun mal wè yo si yo ta divòse. Sepandan, sa ki ta dwe plis fè yon moun vle ret ak moun li marye a se paske li vle respekte angajman li te pran an ki baze sou lanmou ak respè youn gen pou lòt.

PRENSIP BIBLIK: “Yon mari pa dwe kite madanm li.” — 1 Korentyen 7:11.

“Si w respekte angajman w te pran lè w t ap marye a, ou pap fache pou ti krik ti krak. L ap fasil pou w padone e pou w mande padon. W ap wè pwoblèm ou yo tankou yon obstak, men pa tankou yon mwayen pou kouri kite sa.” — Micah.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Lè vin gen pwoblèm, moun ki marye ki pa santi yo oblije respekte angajman yo te pran an pi fasil pou yo di: ‘Nou pa t fèt youn pou lòt.’ E y ap chèche mwayen pou yo kraze maryaj yo.

“Anpil moun ki pral marye met nan tèt yo depi sa pa mache yo ka toujou divòse. Lè yo reflechi konsa, yo deja poze baz pou yo pa respekte angajman yo pral pran an.” — Jean.

SA W KA FÈ

EGZAMINE TÈT OU

Lè ou menm ak moun ou marye a nan kont...

  • Èske w konn santi w regrèt ou te marye ak moun sa a?

  • Èske w konn ap swete pou se ta ak yon lòt moun pou w ye?

  • Èske w konn di pawòl tankou, “M ap kite w” oswa “Mwen pral chèche yon moun k ap apresye m”?

Si w reponn wi pou youn oswa plizyè nan kesyon sa yo, ebyen konnen se moman pou ranfòse angajman w te pran an.

POU W PALE AK MOUN OU MARYE A

  • Èske n santi nou pa chofe menm jan an pou nou respekte angajman nou te pran an? Si se wi, sa k fè sa?

  • Ki sa n ka fè depi kounye a pou nou ranfòse angajman nou te pran an?

IDE

  • Ekri yon ti lèt damou pou w bay moun ou marye avè l la.

  • Montre w respekte angajman w te pran an lè w mete foto moun ou marye avè l la sou biwo w nan travay ou.

  • Chèche pran kontak ak moun ou marye avè l la chak jou kit ou nan travay kit ou yon lòt kote.

PRENSIP BIBLIK: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje