Kantik 51 (127)
Yon gwo foul frè ak sè
1. Se yon gwo foul frè ak sè
Ki kanpe bò kote m.
Yo tout se temwen fidèl,
Lafwa yo fòtifye m.
Se yon gwo foul frè ak sè,
Vrèman, yon foul pisan.
Wi, yo soti nan tout nasyon,
Yo louwe Ya ki gran.
2. Se yon gwo foul frè ak sè,
Tout abiye an blan,
Yo tout nan tanp Jewova,
Y ap sèvi l fidèlman.
Se yon gwo foul frè ak sè
K ap fè tout moun konnen
Grasa Bondye avèk Jezi
Delivrans lan sèten.
3. Se yon gwo foul frè ak sè,
Yo preche tout kote.
Bon nouvèl etènèl la,
Yo fè tout moun tande.
Menm lè yo maltrete yo,
Yo preche ak kouraj.
Kris ba yo lapè toutbonvre,
Nan yon bon patiraj.