CHAPIT 19
Èske li bon pou nou goumen?
ÈSKE w konnen kèk tigason oswa kèk tifi ki pa manje anyen k frèt? — Èske w santi w alèz ansanm avèk yo? Oswa èske w ta prefere ansanm ak moun ki gen bon jan e ki renmen lapè? — Men sa gran Anseyan an te di: “Byennere moun ki pasifik, paske y ap rele yo ‘pitit Bondye’.” — Matye 5:9.
Men, gen moun pafwa ki konn fè yon seri bagay pou enève nou, pa vre? — E sa konn fè nou anvi vanje tèt nou. Te gen yon lè, sa te rive disip Jezi yo etan yo te nan wout pou y al Jerizalèm ansanm avèk Jezi. Kite m rakonte w sa k te pase.
Lè yo rive yon distans, Jezi voye kèk nan disip li yo nan yon vilaj samariten pou yo jwenn yon kote pou yo fè yon ti poze. Men, kòm Samariten yo gen yon lòt relijyon, yo pa t vle disip Jezi yo rete nan zòn nan. Epitou, yo pa t vle wè moun ki al Jerizalèm pou yo adore Jewova.
Ki sa Jak ak Jan te vle fè pou yo vanje sou Samariten yo?
Si w te nan yon sitiyasyon konsa, ki sa w t ap fè? Èske w t ap fache? Èske w t ap vle vanje tèt ou? — Se sa disip Jak ak Jan te vle fè. Men sa yo di Jezi: ‘Èske w vle nou di pou dife sot nan syèl la pou detwi yo?’ Se pa etonan pou Jezi rele yo Pitit Loray! Men, Jezi fè yo konnen se pa byen pou yo trete moun fason sa a. — Lik 9:51-56; Mak 3:17.
Se vre gen moun ki ka aji anvè nou avèk mechanste. Pa egzanp, gen timoun ki gendwa pa vle nou vin jwe avèk yo. Yo kapab menm di: “Nou pa vle w vin bò kote nou.” Lè sitiyasyon konsa rive, sa ka fè nou mal, pa vre? Nou ka anvi fè yon bagay pou nou vanje tèt nou. Men, èske nou dwe fè sa? —
Pran bib ou epi chèche Pwovèb chapit 24, vèsè 29. Men sa nou li: “Pa di: ‘Menm jan l te fè m nan, konsa mwen pral fè l. M ap rann chak moun selon aksyon li.’”
Dapre ou menm, ki sa sa vle di? — Sa vle di yon moun pa ta dwe chèche vanje tèt li. Nou pa ta dwe montre nou mechan ak yon moun jis paske li te montre l mechan avèk nou. Men, e si yon moun ap chèche goumen avè w? Petèt li ba w kèk vye non pou l eseye fè w fache. Petèt li ri w epi li di ou kraponnen. Ann sipoze li di w lach. Ki jan w ap reyaji? Èske w dwe antre nan goumen ansanm avè l? —
La ankò, annou wè sa Bib la di. Ann ouvri bib nou nan Matye chapit 5, vèsè 39. Men sa Jezi di nan vèsè sa a: “Pa reziste ak yon moun ki mechan, men, yon moun ki ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li tou.” Ki sa w panse Jezi te vle di la a? Èske l te vle di si yon moun ba w yon kout pwen nan yon bò figi, ou dwe ba l lòt bò a pou l frape w ankò? —
Non. Se pa t sa ditou Jezi te vle di. Yon kalòt ak yon kout pwen pa menm. Lè yon moun bay yon lòt moun yon kalòt, se prèske menm bagay ak si l ta pouse moun nan oswa si l ta ba li yon bourad. Yon moun ka ban nou yon kalòt pou l chèche goumen ak nou. Li vle fè nou fache. Epitou, si nou fache vre epi nou pouse l oswa nou ba l yon bourad tou, sa k ap rive? — Goumen ka met pye.
Men, Jezi pa t vle disip li yo goumen. Se sa k fè li di si yon moun ban nou yon kalòt, pa remèt li kalòt la. Nou pa dwe vin fache epi pou nou antre nan goumen. Si nou ta fè sa, nou pa t ap montre nou pi bon pase moun sa a k ap chèche nou kont lan.
Si w santi pral gen pwoblèm, ki meyè bagay pou w ta fè? — Li ta pi bon pou w deplase. Petèt lòt moun nan ka pouse w oswa ba w lòt bourad ankò. Men, siman sa ap ret la. Lè w deplase a sa pa vle di ou fèb pou sa. Okontrè, sa vle di ou gen fòs pou w fè sa ki dwat.
Ki sa nou dwe fè si yon moun ap chèche goumen avèk nou?
Men, e si w batay epi ou genyen? Sa k ka rive apre? — Moun ou bat la gendwa retounen ak kèk zanmi. Yo gendwa menm rive blese w ak yon baton oswa ak yon kouto. Donk, kounye a ou wè poukisa Jezi pa vle pou nou goumen? —
Ki sa nou dwe fè si nou wè lòt moun k ap batay? Èske nou dwe pran pou youn nan yo? — Bib la di nou sa pou nou fè. Annou gade nan Pwovèb chapit 26, vèsè 17. Men sa l di: “Yon moun k ap pase e ki fè gwo kòlè nan yon chirepit ki pa pou li, se tankou yon moun k ap rale zòrèy yon chen.”
Si w antre nan yon batay k ap fèt, se tankou w ap rale zòrèy yon chen: ou ka blese. Donk, pa fè sa!
Ki sa k ka rive si w ap rale zòrèy yon chen? Sa ap fè l mal, e l ap chèche mòde w, pa vre? Plis chen an ap eseye libere tèt li, se plis w ap oblije rale zòrèy li fò, e se plis chen an ap vin eksite. Si w lage l, l ap mòde w rèd. Men, èske w ka annik rete la epi w kenbe zòrèy li nètale? —
Ebyen, se nan pwoblèm konsa nou ka tonbe si nou foure kò nou nan yon batay lòt moun ap fè. Petèt nou pa konnen kiyès ki te kòmanse batay la oswa poukisa y ap goumen. Yo gendwa ap bat youn ladan yo, men, sa k pou di w si se pa vòlè l te vòlè yon bagay pou lòt moun nan? Si nou pote l sekou, gendwa se yon vòlè n ap ede. Sa pa t ap bon, pa vre?
Donk, ki sa w dwe fè si ou wè yon goumen k ap fèt? — Si se nan lekòl la, ou ka kouri rele yon pwofesè. Si se pa nan lekòl la, ou ka fè youn nan paran w yo konn sa oswa ou ka fè yon polisye konn sa. Wi, menm lè lòt moun ap goumen, nou menm, nou dwe rete pasifik.
Ki sa w dwe fè si w wè yon goumen?
Antanke vrè disip Jezi, nou fè sa nou kapab pou nou evite antre nan goumen. Nan fason sa a, nou montre n ap defann sa ki byen ak kouraj. Bib la di yon disip Jezi “pa fèt pou l nan goumen, men se pou l montre li dou ak tout moun”. — 2 Timote 2:24.
N ap jwenn lòt bon konsèy k ap ede nou pa antre nan goumen, nan Women 12:17-21; ak nan 1 Pyè 3:10, 11.