“ Konbat nan bèl konba lafwa a ”
1 Apòt Pòl te egzòte Timote pou l “konbat nan bèl konba lafwa a. ” (1 Tim. 6:12.) Pòl li menm te viv ann akò ak pawòl sa yo. Anvan l te mouri, li te di avèk konviksyon, pèsonèlman li te konbat yon bon konba (2 Tim. 4:6-8). Nan tout domèn, li te pèsevere nan ministè a avèk kran, kouraj ak andirans. Nan imite egzanp li, nou kapab gen menm pwofon konviksyon an, dèske nou fè tou sa nou kapab nan konba pou lafwa kretyen an.
2 Deplwaye efò ki nesesè a : Pòl te travay rèd nan ministè a (1 Kor. 15:10). Nou fè konsa tou lè n ap chèche jwenn tout moun ki diy nan tèritwa pa nou (Mat. 10:11). Pou n resi jwenn kèk nan yo, sa kapab vle di leve bonè pou nou preche moun n ap rankontre nan lari. Oubyen petèt sa kapab siyifi travay ta nan apremidi oswa nan aswè pou n rankontre moun k ap retounen lakay yo.
3 Sa mande pou nou byen disipline tèt nou, epi gen bon pwogram pou nou la alè nan reyinyon predikasyon gwoup etid liv nou an. Paregzanp, gen kèk manm nan yon fanmi Betèl, nan wikenn, ki vwayaje 60 minit ale 60 minit tounen pou y al preche ak kongregasyon yo fè pati a. Nou gen admirasyon pou kèk pwoklamatè ak kèk fanmi nan kongregasyon nou an tou ki fè yon pakou menm jan an, men ki rive alè. De egzanp moun ki dilijan e ki byen òganize konsa, merite imite.
4 Nou ta dwe motive pou nou pousuiv tout enterè nou jwenn. Menm lè nou plase piblikasyon nan lari oswa nan temwayaj enfòmel, nou bezwen fè yon efò pou nou jwenn adrès oswa nimewo telefòn moun nan. Apresa, nou kapab rele li pou nou devlope enterè a, epi fè efò pou kòmanse yon etid biblik.
5 Bat pou w regilye nan predikasyon : Pòl te gen pèseverans nan predikasyon e li te fè l an pwofondè (Wom. 15:19). E ou menm ? Èske w patisipe nan ministè a regilyèman ? Èske w deja patisipe nan predikasyon pou mwa sa a ? Kondiktè etid liv yo enterese pou yo wè tout moun nan gwoup pa yo a patisipe nan ministè a diran mwa out la. Yo pral ede w pou w fè sa.
6 Nan imite egzanp Pòl la pou nou soutni bon nouvèl la san rezèv, n ap kontinye “ konbat nan bèl konba lafwa a. ”