BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/02 p. 4-6
  • Se pou nou “ rich nan fè bèl zèv ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou “ rich nan fè bèl zèv ”
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Annou zele pou sa ki byen !
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • “ Annou fè byen ak tout moun ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 3/02 p. 4-6

Se pou nou “ rich nan fè bèl zèv ”

1 Lapot Pòl te yon pwoklamatè ki chofe nan travay predikasyon an. Nan dènye ane ministè li sou tè a, li te travay kole sere ansanm avèk Timote ak Tit. Li te ekri yo toulede menm pawòl ankourajman yo. Li te di Tit “ moun ki kwè nan Bondye yo ” ta dwe “ sonje fè bèl zèv ”. (Tit 3:8.) Li te di Timote moun ki mete lespwa yo nan Bondye, ta dwe “ rich nan fè bèl zèv ”. (1 Tim. 6:17, 18.) Sa se yon bon konsèy pou nou tout ! Men, ki sa ki pral motive nou pou nou fè bèl zèv nan lavi nou ? Epi ki zèv espesyalman nou ta dwe ap fè nan jou ki pral vini yo ?

2 Kwè nou kwè nan Jewova, lanmou nou genyen pou li, se bèl esperans li mete devan nou, se sa ki motive nou pou nou rich nan fè bèl zèv (1 Tim. 6:19 ; Tit 2:11). Sitou nan epòk sa a nan ane a, yo raple nou Jewova te voye Pitit Gason li a sou tè a, yon fason pou li te kapab defann repitasyon Papa l e pou l te kapab louvri chemen lavi a an favè lèzòm (Mat. 20:28 ; Jan 3:16). Sa pral parèt aklè nan selebrasyon Memoryal lanmò Kris la k ap fèt nan dat 28 mas. Piske nou gen esperans lavi etènèl, èske nou pa motive pou nou fè tout sa nou kapab pou nou vin “ rich nan fè bèl zèv ” ? Se sèten nou motive pou nou fè sa. Men, ki zèv nou ta ka fè depi kounye a ?

3 Bèl zèv pou nou fè nan mwa mas ak nan mwa ki vin annapre yo : Se sèten n ap la nan Memoryal la, nan evènman ki pi enpòtan nan ane a pou Temwen Jewova nan lemonnantye (Lik 22:19). Men, nou kontan pataje bon moman sa a ansanm avèk pifò moun nou kapab. Gade rapò sèvis nou jwenn nan Annuaire 2002, epi n ap wè, ane pase, nan anpil peyi sou tè a, kantite moun ki te asiste Memoryal la te monte twa fwa, kat fwa, senk fwa kantite pwoklamatè yo, oswa plis toujou. Se sèten sa te mande pou tout moun nan kongregasyon yo fè anpil efò pou yo distribye envitasyon pou Memoryal la nan tout tèritwa yo. Donk, nou vle pase kantite tan nou kapab depi kounye a jis rive nan dat 28 mas la, pou nou envite moun yo nan Memoryal la, e pou nou ede yo konnen espwa nou genyen pou nou delivre yon jou.

4 Distans pou mwa avril rive, n ap kapab kòmanse pwofite plis klète k ap genyen nan lajounen, ak pi bon tanperati. Ki jan nou kapab byen pwofite sikonstans sa yo pou nou vin “ rich nan fè bèl zèv ” ? Se lè nou kontinye preche bon nouvèl la ak tout kè nou, etan nou chofe nan “ fè bèl zèv ”. (Tit 2:14 ; Mat. 24:14.) Si nou pa t ka pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa mas la, èske nou ka fè sa nan mwa avril oswa nan mwa me, oswa toulede mwa yo ? Si nou deja pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa mas, èske nou ka kontinye ?

5 Gen kèk moun k ap travay, ki wè yo kapab pase anviwon inèdtan konsa nan predikasyon pandan yo pral nan travay. Petèt se nan lari yo preche, oswa yo vizite moun k ap travay nan biznis ki ouvri granmmaten. Gen lòt ki pwograme moso nan inèdtan lib yo genyen nan mitan jounen an, pou yo kapab preche. Gen moun ki wè li posib pou yo kondui yon etid biblik nan moman sa a, avèk yon kolèg travay. Plizyè sè ki travay lakay yo te wè li posib pou yo pwofite moman pitit yo al lekòl, pou yo pase yon ti tan nan predikasyon. Pou yo fè sa, kèk jou nan semèn nan, yo leve yon ti kras pi bonè pou yo fè travay nan kay la. Annapre, yo vin gen plis tan nan jounen an pou yo preche, pou yo anseye. — Efe. 5:15, 16.

6 Menmsi nou pa ka pyonye oksilyè, petèt, l ap posib pou nou ranje pwogram nou pou nou patisipe nan predikasyon pi plis toujou. N ap fè tout sa nou kapab, ‘ pou nou travay pou lebyen, pou nou rich nan fè bèl zèv, pou nou donan, pou nou tou pare pou pataje ’ laverite avèk lòt moun. — 1 Tim. 6:18.

7 Pa bliye bèl travay fè disip la : Chak ane, gen moun ki enterese ki vini nan Memoryal. Èske l ta va posib pou kèk moun nan kongregasyon an pran ka moun sa yo ki vin asiste Memoryal la, men ki poko ap etidye ? Èske nou ka vizite yo avèk lide pou nou ede yo fè pwogrè espirityèl ? Petèt, kèk nan moun sa yo ki vin asiste Memoryal la, yo gen fanmi ki Temwen Jewova. Gen lòt ki gen dwa te konn etidye nan tan lontan, epi kounye a, yo sèlman bezwen kèk ankourajman pou yo reprann etid yo e pou yo asiste reyinyon regilyèman. Ala kontan nou ta kontan pou nou wè yo vin tounen sèvitè Jewova ki chofe ap travay ansanm avèk nou !

8 Piske n ap ogmante patisipasyon nou nan predikasyon pandan mwa mas la epi nan mwa k ap vin annapre yo, nou ka atann nou n ap jwenn plis moun ki enterese pou nou vizite. Eseye poze moun sa yo yon kesyon san nou pa reponn kesyon an. Annapre, pwomèt yo pou nou reponn kesyon an yon pwochèn fwa. Lè nou fè sa, se prepare n ap prepare wout pou yon lòt vizit. Tank nou retounen wè moun sa a san pèdi tan, se tank n ap jwenn pi bon rezilta. Si nou pa t kapab derape yon etid biblik nan premye vizit la, nou vle eseye kòmanse youn nan lòt vizit la, depi sa posib.

9 Lè n ap preche nan lari, nou ta dwe sonje eseye pale ak moun nou rankontre yo. Anpil pwoklamatè ki preche nan lari rankontre moun ki enterese ki ba yo non yo, adrès yo ak nimewo telefòn yo. E si moun nou kontakte nan lari yo pa abite nan tèritwa pa nou, sa pou nou fè ? Chèche jwenn yon fich “ Veuillez suivre l’intérêt ” ​(S-43) nan Sal Wayòm nan. Ranpli fich sa a, epi remèt li bay sekretè kongregasyon an, ki li menm pral voye l bay kongregasyon ki nan tèritwa kote moun nan rete a. Si sekretè a pa anmezi pou l fè sa, l ap voye l bay biwo filyal la, k ap okipe sa. Nan fason sa a, n ap kontinye pran ka moun ki enterese yo.

10 Si se yon nimewo telefòn yo ban nou, men yo pa ban nou adrès, nan ka sa a, vizite moun nan pa telefòn. Anvan sa, prepare pwen nou ta renmen pale ansanm avèk moun nan. Mete liv Comment raisonner nou sou lamen, pou nou ka sèvi avè l rapid si sa nesesè. Gen moun ki jwenn bonjan rezilta lè yo etidye ak lòt moun nan telefòn, san wete moun yo te difisil pou yo jwenn lakay yo. Te gen yon sè yon jou ki te kòmanse mande chak fi li rankontre nan predikasyon kay an kay nimewo telefòn yo, depi li wè laverite enterese yo. Sè sa a te jwenn bon rezilta. Li te rive kòmanse de etid biblik.

11 Kolabore avèk ansyen yo pou ede inaktif yo : Ansyen yo trè enterese pou yo bay inaktif yo yon atansyon ki baze sou lanmou. Anpil nan inaktif sa yo pran inisyativ pou yo rekòmanse asiste reyinyon. Yo rann yo kont li nesesè pou yo rete kole sere ak òganizasyon Jewova a, pou yo kapab jwenn sekirite ki dekri nan Sòm 91 lan. Gen kèk ladan yo ki tou pare kounye a pou yo rekòmanse preche ankò. Si gen nan inaktif yo ki vin asiste Memoryal la nan mwa sa a, yo gen dwa byen kontan jwenn yon moun pou etidye avèk yo. Nan ka sa a, ansyen yo ap fè aranjman pou yon moun etidye ak moun ki vle resevwa èd konsa. Si se ou menm yo envite pou w potekole nan sans sa a, y ap apresye kolaborasyon w anpil. — Wom. 15:1, 2.

12 Kenbe la ap “ fè bèl zèv ” : Anpil moun ki patisipe nan sèvis pyonye oksilyè pou yon mwa oswa pou plis, remake aktivite predikasyon yo ogmante pandan plizyè mwa. Yo te rankontre moun ki enterese, e yo te wè nesesite pou yo te vizite moun sa yo ankò. Sa te ba yo jarèt pou yo fè yon efò anplis, pou yo ale nan predikasyon pi souvan, nan objektif pou yo kontakte moun ki enterese yo ankò. Gen ladan yo ki te kòmanse etid biblik, e sa te ede yo pou yo ogmante patisipasyon yo nan predikasyon.

13 Gen moun ki te tèlman kontan ogmante patisipasyon yo nan predikasyon, nan travay fè disip la, yo te wè se yon nesesite pou yo analize sa yo bay priyorite nan lavi yo. Kòm rezilta, gen ladan yo ki te diminye nan travay yo t ap fè, e yo te vin kontinye sèvi kòm pyonye oksilyè. Gen lòt ki menm rive antre nan sèvis pyonye pèmanan. Yo te vin kapab mete tout esperans yo plis toujou nan Bondye, olye pou se nan bagay monn nan ap ofri. Yo vin twouve, lè yo “ donan, tou pare pou pataje ”, yo jwenn anpil benediksyon nan men Jewova, e sa fòtifye esperans yo genyen pou yo jwenn “ lavi toutbon an ”. (1 Tim. 6:18, 19.) Natirèlman, tank gen plis moun ki pran sèvis pyonye, se tank tout kongregasyon an tire pwofi. Pyonye yo dispoze pale de eksperyans yo, yo konn envite lòt moun pou akonpaye yo nan predikasyon, e sa kreye yon anbyans espirityèl wo nivo nan kongregasyon an.

14 Nou swete pou nou tout vin “ rich nan fè bèl zèv ” pandan epòk Memoryal sa a e nan mwa ki vin annapre yo, lè nou ogmante patisipasyon nou nan predikasyon. Annou demontre nou apresye sa Jewova fè pou nou lè li ban nou esperans lavi pou tout tan sou yon tè tou nèf kote jistis pral blayi. — 2 Pyè 3:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje