“ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
1. Ki bon nouvèl nou genyen pou nou anonse ?
1 Nan yon monn kote bon nouvèl se yon bagay ki ra, nou gen privilèj pou nou “ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl bonte Bondye moun pa merite a ”. (Tra. 20:24.) Sa mande pou nou fè moun yo konnen, talè konsa, “ dènye jou yo ” pral rive nan bout yo e se monn nouvo jis Jewova a ki pral tabli, e lè sa a “ ansyen bagay yo [ap] disparèt ”. (2 Tim. 3:1-5 ; Rev. 21:4.) Pap gen maladi ankò (Iza. 33:24). Moun ki mouri yo pral soti nan tonm souvni yo e yo pral reyini ankò ak fanmi yo ak zanmi yo (Jan 5:28, 29). Tout tè a pral tounen yon bèl paradi (Iza. 65:21-23). Bagay sa yo se sèlman kèk egzanp nan bon nouvèl nou gen pou nou pataje a !
2. Sa k fè peryòd Memoryal la ban nou yon bèl opòtinite pou nou bay temwayaj konsènan bon nouvèl la ?
2 Mwa mas, avril, ak me pral ban nou yon bèl opòtinite pou nou preche bon nouvèl sa yo. Pandan mwa sa yo, gen anpil kote sou tè a jounen yo ap pi long e klima a ap pi favorab. Konsa, n ap ka pase plis tan nan ministè a. Anplis, toupatou sou tè a y ap selebre pi gwo evènman nan ane a, Memoryal la, samdi 22 mas apre solèy la fin kouche. Se depi kounye a pou nou kòmanse prepare nou pou nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a.
3. Ki sa k ap ede nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a antanke fanmi ?
3 Pyonye oksilyè : Èske w ka aranje pwogram ou pou w pran sèvis pyonye oksilyè pou yon mwa, de mwa oswa toule twa mwa yo ? Poukisa w pa pran yon ti tan pou w pale de kesyon sa a nan pwochen etid w ap fè ak fanmi w ? Grasa yon bon kolaborasyon, youn oswa plizyè manm nan fanmi an kapab pyonye oksilyè (Pwo. 15:22). Priye sou sa, e gade w a wè jan Jewova ap beni efò w (Pwo. 16:3) ! Menmsi pèsonn nan fanmi an pa ka pyonye oksilyè, tout fanmi an kapab fikse objektif pou yo ogmante patisipasyon yo nan ministè a pandan y ap travay ansanm ak moun ki pyonye yo.
4. Ki jan nou kapab aranje pwogram nou pou nou pran sèvis pyonye oksilyè si n ap travay aplentan ?
4 Si w ap travay aplentan, yon bon pwogram kapab pèmèt ou pran sèvis pyonye oksilyè. Petèt ou kapab pran nan tan w genyen pou poz la pou w preche. Oubyen, ou kapab mande yon tèritwa pèsonèl ki pre lakay ou oswa ki pre kote w ap travay la. Sa ap pèmèt ou patisipe nan ministè a pandan inèdtan anviwon swa anvan travay la kòmanse swa apre w fin travay. Ou kapab kreye plis tan nan pwogram ou lè w mete aktivite ki pa nesesè yo nan yon lòt mwa e lè w pase kèk jounen konplè nan ministè a pandan wikenn yo. Gen kèk moun ki konn pran youn oswa de jou vakans pou yo preche.
5. Ki jan nou kapab ede moun ki aje yo oswa moun ki gen yon enfimite pou yo pran sèvis pyonye oksilyè ?
5 Si w se moun ki aje oswa ou gen yon enfimite oswa ou pa gen anpil fòs, ou kapab pyonye oksilyè si w pase yon tikras tan chak jou nan ministè a. Mande Jewova pou l ba w “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”. (2 Kor. 4:7.) Gen yon sè ki te rive pyonye oksilyè a 106 an ! Grasa èd fanmi l ki kretyen ansanm ak lòt moun nan kongregasyon an, li te preche kay an kay, li fè vizit, li ale nan etid biblik, e li patisipe nan lòt fasèt ministè a. Li te ede lòt pwoklamatè kòmanse 10 etid biblik. Men sa li di : “ Lè m panse ak bèl privilèj mwen te genyen pou m sèvi kòm pyonye oksilyè, kè m ranpli ak lanmou ansanm ak rekonesans pou Jewova, pou Pitit li a, e pou òganizasyon L lan ki plen lanmou. Vrèman, mwen di ‘ Jewova mèsi ! ’ ”
6. Ki jan jèn ki batize yo e ki lekòl toujou kapab pran sèvis pyonye oksilyè ?
6 Si w se yon jèn ki batize e ou lekòl toujou, ou menm tou ou kapab pran sèvis pyonye oksilyè. Menm jan ak moun k ap travay aplentan yo, petèt se sitou wikenn yo w ap ka pwograme pou ministè a. Petèt nan sèten jou tou, ou ka soti fè yon inèdtan lè w sot lekòl. Èske w kapab itilize yon jou konje pou w patisipe nan ministè a ? Si w ta renmen pran sèvis la, pale sa ak paran w.
7. Ki sa ansyen yo kapab fè pou vin gen plis enterè pou ministè a pandan peryòd Memoryal la ?
7 Ankouraje kongregasyon an : Gen anpil bagay ansyen yo ka fè pou yo ankouraje kongregasyon an grasa egzanp yo (1 Pyè 5:2, 3). Yo kapab deside pwograme lòt reyinyon predikasyon pou moun k ap patisipe nan ministè a nan maten bonè, apre lekòl, oswa apre travay. Siveyan sèvis la ta dwe asire l gen pwoklamatè kalifye ki asiyen pou kondui reyinyon sa yo e gen ase tèritwa ki disponib, ansanm ak peryodik ak piblikasyon pou mwa aktivite espesyal sa yo.
8. Ki sa nou aprann nan eksperyans yon kongregasyon te fè ?
8 Nan yon kongregasyon, ansyen yo te kòmanse ankouraje pwoklamatè yo plizyè mwa alavans pou yo pran sèvis pyonye oksilyè. Chak semèn, yo te fè kongregasyon an konnen konbyen pwoklamatè yo te apwouve kòm pyonye oksilyè. Sa te bay moun ki te vle ogmante patisipasyon yo nan ministè a asirans yo t ap jwenn moun pou travay avè yo. Yo te fè aranjman pou te gen lòt reyinyon predikasyon nan maten bonè ak nan sware yo. Kòm rezilta, te gen 53 pwoklamatè ki te pyonye oksilyè ann avril, prèske mwatye kongregasyon an !
9. Poukisa peryòd Memoryal la se yon bon lè pou moun ki kalifye yo vin pwoklamatè bon nouvèl la ?
9 Ede lòt moun pou yo preche : Lè gen nouvo ak jèn ki kalifye pou yo kòmanse preche, yo ka envite yo travay ak pwoklamatè ki gen eksperyans nan ministè a. Yon posiblite konsa kapab prezante pandan peryòd Memoryal la kote anpil moun nan kongregasyon an ap ogmante aktivite yo. Èske w gen yon etid biblik k ap pwogrese e èske lavi etidyan an konfòm ak prensip jis Jewova yo ? Èske w gen timoun ki gen bon konduit k ap fè bon pwogrè, men ki poko pwoklamatè ? Si yo eksprime dezi yo pou yo vin pwoklamatè ki poko batize e si w santi yo kalifye, alò fè youn nan ansyen yo konn sa. Siveyan prezidan an ap fè aranjman pou de ansyen pale avè w ansanm ak pitit ou a oswa ak etidyan w lan.
10. Ki sa ansyen yo ka fè pou yo ede moun ki inaktif yo ?
10 Mwa k ap vini yo ta kapab tou yon bon lè pou moun ki te vin inaktif yo reprann aktivite yo avèk kongregasyon an. Siveyan etid liv yo ak lòt ansyen yo ta dwe fè dilijans pou yo vizite moun sa yo e pou yo envite yo pèsonèlman, avèk antouzyas, pou yo travay avèk yo nan ministè a. Si sa fè lontan depi yo inaktif, de ansyen ta dwe pale avèk yo anvan pou yo detèmine si yo ranpli kondisyon pou yo rekòmanse preche. — km 11/00 p. 3.
11. Ki pi gwo fason Bondye demontre “ bonte [...] moun pa merite a ” ?
11 Prepare nou pou Memoryal la : Ranson an se pi gwo fason Bondye demontre “ bonte [...] moun pa merite a ”. (Tra. 20:24.) Gen plizyè milyon moun toupatou sou tè a, pou yo demontre rekonesans yo, k ap reyini samdi 22 mas, apre solèy la fin kouche, pou yo selebre Memoryal lanmò Kris. Nou vle envite tout moun ki gen kè sensè yo e nou vle ede yo pou yo vin asiste evènman espesyal sa a k ap bay temwayaj konsènan bonte Jewova anvè limanite, bonte moun pa merite.
12. Ki moun nou ta dwe envite nan Memoryal la ?
12 Fè yon lis moun ou vle envite. Sandout nan lis ou a w ap mete fanmi w, vwazen w, moun ou konnen nan travay ou oswa nan lekòl ou, ansyen etidyan ak nouvo etidyan ou genyen, ak tout lòt moun ou vizite regilyèman. Si kèk nan moun ou envite yo gen kesyon sou Memoryal la, li ka itil pou w sèvi ak apendis konsènan Soupe Seyè a ki nan paj 206-8 nan liv Sa Labib anseye a. Sa kapab menm pèmèt ou kòmanse yon etid biblik, piske se liv sa a nou itilize pou nou kondui etid biblik.
13. Ki jan Jewova te beni efò de pwoklamatè ki te deside envite lòt moun nan Memoryal ?
13 Yon sè te fè yon lis 48 fanmi pou l envite. Ofiramezi li t ap envite yo, li te fè yon kwa sou non yo e li te ekri dat li te envite yo a. Se pa ti kontan li te kontan lè 26 nan moun li te envite yo te vini nan Memoryal la ! Yon frè ki gen yon magazen te envite youn nan anplwaye l yo ki te yon prèt anvan sa. Mesye a te ale nan Memoryal la e apre sa li te di : “ Mwen te aprann plis bagay nan Bib la nan inèdtan pase sa m te aprann pandan 30 an mwen te pase nan legliz katolik. ” Yon ti tan apre Memoryal la, li te aksepte yon etid nan liv Sa Labib anseye a.
14. Ki kanpay k ap kòmanse 1ye mas sou tout tè a ?
14 Kanpay : Kòmanse samdi 1ye mas pou rive 22 mas, sou tout tè a, yo pral distribye yon fich envitasyon espesyal pou Memoryal la. Tout pwoklamatè ap fè efò pou yo patisipe afon nan kanpay enpòtan sa a. Li pi bon pou nou bay moun yo fich envitasyon an pèsonèlman olye pou nou kite l nan pòt kay yo. Sepandan, si tèritwa a anpil, ansyen yo ka deside pou nou kite fich envitasyon yo, yon kote ki pap atire atansyon moun k ap pase, nan kay kote nou pa jwenn moun. Nan wikenn yo, nou kapab ofri peryodik pou mwa a tou.
15. Ki jan nou kapab prezante fich envitasyon Memoryal la ?
15 Piske nou pa gen anpil tan pou nou distribye fich envitasyon yo, li t ap pi bon si nou fè yon prezantasyon ki kout. Se pou nou amikal e se pou nou antouzyas. Nou ta ka di : “ N ap komemore yon evènman enpòtan samdi 22 mas. Se Memoryal lanmò Kris. Nou vle asire nou ni ou menm ni manm fanmi w, ni zanmi w yo jwenn envitasyon pou evènman sa a. Se pou ou nou pote fich sa a. W ap jwenn plis detay ladan l. ” Moun ou jwenn nan kay la ka gen kesyon. Oubyen li ka aksepte envitasyon an e li ka menm di l ap la. Note enterè li demontre li genyen an, e fè aranjman pou w tounen vizite l.
16. Ki eksperyans ki montre kanpay envitasyon an enpòtan pou nou envite moun nan tèritwa a nan Memoryal ?
16 Ane pase, gen yon sòlda ki te jwenn fich envitasyon Memoryal la nan pòt li. Li te deside al asiste, men li te dwe jwenn pèmisyon nan men sèjan li sou zòd li a. Lè l te montre sèjan an fich envitasyon an, sèjan an te vin frèt e apre sa li di sòlda a paran l yo se Temwen yo ye e li te abitye asiste reyinyon avèk yo. Nonsèlman li te bay sòlda a pèmisyon, men li menm tou li te ale nan Memoryal la !
17. Ki jan nou demontre nou pa rate bi bonte moun pa merite Bondye fè nou an ?
17 Demontre rekonesans ou : Kòm peryòd Memoryal 2008 la ap pwoche, se pou nou chak reflechi sou bonte moun pa merite Jewova fè nou an. Men sa apot Pòl te ekri : “ Nou priye nou tou pou nou pa fin aksepte favè Bondye nou pa merite a epi pou nou rate bi a. ” (2 Kor. 6:1). Ki jan n ap montre nou pa rate bi bonte moun pa merite Bondye fè nou an ? Pòl te ekri : “ Men nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm minis Bondye. ” (2 Kor. 6:4). Kidonk, nou demontre rekonesans nou pou kado Jewova ban nou an lè nou gen yon bèl konduit e lè nou preche bon nouvèl la avèk zèl. Pandan peryòd Memoryal sa a, n ap gen yon bèl opòtinite pou nou ogmante aktivite nou, lè nou bay temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la.
[Kare nan paj 3]
Ki moun nou ka mete pami moun ki kapab pyonye oksilyè ?
◼ Fanmi yo
◼ Moun k ap travay aplentan yo
◼ Moun ki aje ak moun ki gen enfimite
◼ Moun ki lekòl yo
[Kare nan paj 4]
Lè n ap distribye fich envitasyon pou Memoryal la :
◼ Se pou nou brèf ; pale ak antouzyas
◼ Note enterè moun yo demontre e tounen vizite yo
◼ Ofri peryodik nan wikenn yo