BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/02 p. 3-6
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Annou kontinye rann temwayaj pou travay estrawòdinè Jewova fè
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Preche epi bay yon temwayaj konplè
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Èske ou menm w ap pyonye oksilyè?
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 2/02 p. 3-6

“ Preche Pawòl Bondye a nèt ”

1 Lè w resevwa yon bon bagay ki fè kè w kontan, èske w pa demontre sa nan fason w aji ak nan atitid ou ? Se nòmal ! Konsènan bonte nan kè Jewova demontre li genyen pou limanite, gade ki jan apot Pòl te reyaji. Li di konsa : “ Se pou nou remèsye Bondye pou kado gratis li a, kado nou pa ka dekri a. ” Ki kado sa a ? Se tout ‘ favè ekstwòdinè Bondye fè nou, favè Bondye nou pa merite a ’, favè li demontre pou nou menm. Pi gwo demonstrasyon favè sa a, se pwòp pitit gason l lan Bondye ban nou kòm kado, kòm ranson pou peche nou. — 2 Kor. 9:14, 15 ; Jan 3:16.

2 Èske remèsiman sa yo Pòl t ap eksprime la a, se te pawòl nan bouch sèlman ? Non ! Li te demontre gwo apresyasyon li genyen pou favè sa a plizyè fason. Li te enkyete l anpil pou byennèt espirityèl konpayon kretyen l yo, e li te vle fè sa l kapab pou l ede yo benefisye bonte Bondye gen nan kè l la nèt. Konsènan moun sa yo, men sa Pòl di : “ Piske nou gen bonjan afeksyon pou nou, nou te kontan non sèlman pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, men pou nou ban nou pwòp nanm nou tou, paske nou te vin byenneme pou nou. ” ​(1 Tes. 2:8). Se vre, Pòl te fè efò pou li ede moun ki deja fè pati kongregasyon an pou yo asire delivrans yo. Men tou, li te preche bon nouvèl la san pran souf. Li te fè plizyè milye kilomèt ap vwayaje, sou tè fèm tankou sou lanmè, pou l te ka jwenn ‘ moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la ’. (Tra. 13:48.) Gwo gwo apresyasyon Pòl te genyen pou tout sa Jewova fè pou li, te ankouraje l “ preche pawòl Bondye a nèt ”. — Kol. 1:25.

3 Èske apresyasyon nou genyen pou tout sa Jewova fè pou nou pa ankouraje nou tou, pou nou ofri moun ki bezwen èd nan kongregasyon an pou nou ede yo nan domèn espirityèl (Gal. 6:10) ? Epi tou, èske nou pa jwenn ankourajman pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan otan n kapab nan tèritwa kongregasyon nou ? — Mat. 24:14.

4 Nou gen opòtinite pou nou demontre nou konn apresye : Chak ane, Memoryal lanmò Kris la ban nou yon okazyon espesyal pou nou demontre nou apresye sa Jewova avèk Jezi fè pou nou. Se pa senpleman yon reyinyon tankou nenpòt lòt reyinyon li ye, oswa senpleman raple n ap raple nou yon evènman ki te pase. Men sa Jezi te di : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje [mwen]. ” ​(Lik 22:19). Memoryal lanmò Kris la se yon okazyon pou nou raple nou ki jan de moun Jezi ye. Se moman pou nou rekonèt Jezi vivan, Jezi ap aji jodi a e li gen laglwa, li jwenn pozisyon wa, paske li te viv yon lavi fidèl, yon lavi sakrifis. N ap obsève moman sa a tou, pou nou demontre nou soumèt nou anba direksyon Kris la etan l ap dirije aktivite kongregasyon an (Kol. 1:17-20). Tout moun ki fè pati pèp Bondye a ta dwe prezan nan Memoryal lanmò Kris la. Ane sa a, y ap fè Memoryal la jedi 28 mas 2002 apre solèy fin kouche.

5 Grasa bèl efò yo te fè anvan Memoryal ane pase a, filyal Temwen Jewova ann Ayiti a te anrejistre yon bèl asistans pou Memoryal la. Te gen 64 673 moun ki te asiste Memoryal la. Ki asistans k ap genyen ane sa a ? Sa va depann anpil de fason “ n ap travay di e n ap lite ” etan n ap ede kantite moun nou kapab pou yo vini nan Memoryal la. — 1 Tim. 4:10.

6 Non sèlman n ap la nan Repa Seyè a, men petèt n ap kapab ogmante aktivite predikasyon nou. Nou sèten, nan lemonnantye, se pa dizèn milye frè ak sè pral pran sèvis pyonye oksilyè pou youn oswa plizyè mwa. Ann Ayiti, nan 5 ane ki sòt pase yo, nou te genyen yon mwayèn 1 719 pyonye oksilyè nan mwa avril. Èske w kapab planifye pou w pwofite privilèj pou w pran sèvis pyonye oksilyè ane sa a ? Sa ta va yon bèl fason pou w montre ou apresye bonjan dispozisyon Bondye te pran pou l sakrifye lavi Kris la pou nou. Ou mèt sèten Jewova ap beni w tankou nou pral wè sa nan eksperyans annapre yo.

7 Te gen yon sè ki t ap travay a plen tan, ki ekri eksperyans li te fè pandan li te pyonye oksilyè nan mwa mas ane pase. Men sa l di : “ Ministè Wayòm fevriye 2001 an te ankouraje tout moun sitiyasyon yo te pèmèt yo fè sa, pou yo pran sèvis pyonye oksilyè nan epòk Memoryal la. Piske mwa mas la te gen senk samdi, sa te tonbe byen avèk pwogram pa m. Donk, mwen te deside pou mwen ranpli yon fich pyonye oksilyè. ” Nan kòmansman mwa a, sè a te fikse objektif pou l kòmanse yon etid biblik. Èske li te reyisi ? Li te rive fè sa nan 52yèm èdtan predikasyon li pou mwa a. Ki sa sè a vin konprann ? Li di : “ Nou ka jwenn bèl bèl benediksyon lè nou fè plis pase minimòm nan. ”

8 Ki avantaj yon fanmi jwenn lè tout kò kay la pran sèvis pyonye ansanm ? Yon fanmi ki gen 4 moun te fè eksperyans sa a nan mwa avril ane pase. Yo te twouve se te yon mwa yo pap janm bliye. Men sa manman an di : “ Ala kontan nou kontan chak jou k ap pase, dèske nou t ap travay ansanm nan predikasyon ! Konvèsasyon nou fè sou aktivite nou nan predikasyon an vin fè tan nou pase ap manje ansanm a midi yo trè trè agreyab. ” Men sa pitit gason an di bò kote pa l : “ Mwen te pran plezi travay nan predikasyon avèk papa m pandan lasemèn, alòske nòmalman li ta dwe nan travay. ” Papa a menm di : “ Antanke chèf fanmi an, mwen santi m kontan, paske m konnen n ap travay ansanm nan aktivite ki pi enpòtan pou epòk pa nou an. ” Èske fanmi pa w ka pran sèvis pyonye ansanm ? Poukisa nou pa pale sou sa an fanmi ? Poukisa nou pa chèche wè si li posib pou tout kò kay la pran sèvis pyonye oksilyè nan epòk Memoryal la ?

9 Èske nou kapab fè mwa mas la tounen pi bèl mwa nou pase ? Nan kòmansman ane 2000, Ministè Wayòm nan te poze kesyon sa a : “ Èske nou ka fè mwa avril 2000 la tounen pi bèl mwa nou janm pase ? ” Ki jan moun yo te reponn kesyon sa a ? Nou te atenn plizyè maksimòm. Te gen yon maksimòm pyonye oksilyè nou pa t janm atenn anvan sa. Chif la te monte 2 140 pyonye oksilyè pou mwa avril 2000. Anplis de sa, nou te gen nouvo maksimòm nan kantite lè, nan peryodik, ak nan vizit. Èske w sonje ki jan kongregasyon an te chofe nan kokenn aktivite espirityèl ki te fèt nan mwa espesyal sa a ? Èske nou ka rive fè menm jan an oswa fè piplis ane sa a ? Si tout moun met tèt yo ansanm pou yo fè efò, mwa mas 2002 a ka tounen ‘ pi bèl mwa nou pase ’. Poukisa se mwa mas la nou chwazi ?

10 Gen de rezon ki fè mwa mas la ta dwe yon mwa aktivite espesyal. Premyèman, Memoryal la ap tonbe nan fen mwa mas la, e sa ban nou anpil tan nan kòmansman mwa a pou nou envite maksimòm moun nan Memoryal la. Dezyèmman, ane sa a mwa mas la gen senk wikenn. Sa fè li vin pi fasil pou moun k ap travay oswa ki lekòl pran sèvis pyonye oksilyè. Poukisa nou pa chita depi kounye a pou nou planifye yon pwogram k ap bon pou nou ? Sèvi ak kalandriye ki nan paj mitan Ministè Wayòm sa a. Sèvis pyonye oksilyè kapab pi fasil pase sa nou ta ka panse. Paregzanp, si nou pwograme pou nou fè 8 èdtan nan predikasyon chak wikenn nan mwa mas la, n ap bezwen sèlman 10 èdtan pandan rès mwa a, pou nou fè 50 èdtan yo mande pou moun pyonye oksilyè a.

11 Ki sa ansyen yo kapab fè pou yo ede tout moun nan kongregasyon an “ preche pawòl Bondye a nèt ” ? Li bon pou nou chofe moun yo ni nan reyinyon kongregasyon an, ni nan konvèsasyon n ap fè ansanm avèk yo. Siveyan ki kondiktè etid liv ansanm avèk adjwen yo kapab pran inisyativ pou yo pale avèk chak moun ki nan gwoup yo a pou yo ba yo èd yo bezwen. Pafwa tout sa yo bezwen, se kèk bon ti pawòl, kèk pawòl ankourajman oswa kèk sijesyon k ap itil yo (Pwo. 25:11). Gen plizyè moun ki pral wè, si yo fè kèk chanjman toupiti nan pwogram yo, y ap kapab jwenn privilèj pou yo sèvi kòm pyonye oksilyè. Nan plizyè kongregasyon, pifò ansyen ak asistan ministeryèl, si se pa tout, bay bèl egzanp lè yo pran sèvis pyonye oksilyè ansanm ak madanm yo nan epòk Memoryal la. Sa vin ankouraje yon pakèt pwoklamatè pou yo pran sèvis la tou. Se vre, akòz kèk pwoblèm sante oswa akòz lòt sikonstans, gen kèk pwoklamatè ki gen dwa pa anmezi pou yo pran sèvis pyonye a, men yo ka jwenn ankourajman pou yo demontre apresyasyon pa yo lè yo chèche preche otan yo kapab, ansanm ak rès kongregasyon an.

12 Pou sa mache byen, sa depan de bonjan planifikasyon ansyen yo fè. Yo ta dwe pwograme reyinyon predikasyon tout semèn nan, nan yon lè ki apwopriye. Si sa posib, byen alavans, siveyan sèvis la pral deziyen kèk frè ki kalifye, pou yo dirije tout reyinyon predikasyon yo. Sa pral mande bonjan preparasyon pou reyinyon sa yo pa depase 10 a 15 minit, san wete òganize moun ki pral preche ansanm yo, di nan ki tèritwa nou pral preche, epi lapriyè. (Gade Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm septanm 2001 an.) Yo ta dwe eksplike pwogram aktivite kongregasyon an pou mwa sa a byen klè, e yo ta dwe mete l sou tablo afichaj la.

13 Ta dwe gen tèritwa apwopriye ki disponib. Siveyan sèvis la ta dwe rankontre ansanm avèk frè ki responsab tèritwa yo, pou l ka fè aranjman pou yo travay tèritwa ki pa fèt souvan yo. Nou ta dwe ensiste pou yo retounen nan kay kote yo pa t jwenn moun yo. Nou ta dwe preche nan lari, preche magazen an magazen, e menm preche aswè. Kote sa apwopriye, nou ka ede kèk pwoklamatè pou yo bay temwayaj nan telefòn.

14 Ede yo rekòmanse sèvi : Èske gen kèk moun nan tèritwa kongregasyon w lan ki sispann preche bon nouvèl la ? Moun sa yo toujou fè pati kongregasyon an, e yo bezwen èd (Sòm 119:176). Piske vye monn sa a prèske fin pase, e monn nouvo a san lè rive, nou gen bonjan rezon pou nou fè tout efò nou kapab, pou nou ede moun ki vin inaktif yo (Wom. 13:11, 12). Nan 5 ane ki sot pase yo, anviwon 130 moun chak ane te byen reyaji pa rapò ak èd yo te resevwa, e yo retounen aktif ankò. Ki sa nou kapab fè pou nou ede plis moun toujou, pou yo retounen gen menm lanmou ak menm konfyans yo te genyen o kòmansman an ? — Ebre 3:12-14.

15 Kolèj ansyen yo ap fè efò pou yo pale ansanm avèk moun ki te vin inaktif pandan dènye ane yo (Mat. 18:12-14). Sekretè a ap verifye kat pwoklamatè ki nan kongregasyon an, e l ap note tout moun ki vin inaktif. Y ap fè yon efò espesyal pou yo fè vizit pastoral pou yo ede moun sa yo. Petèt y ap mande yon ansyen pou l vizite yon pwoklamatè espesyalman, paske li abitye avèk pwoklamatè sa a depi lontan, oswa se lòt pwoklamatè y ap mande pou ede pwoklamatè ki gen pwoblèm nan. Petèt pwoklamatè ki pral bay konkou yo, se yo menm ki te etidye avèk moun ki inaktif kounye a, e y ap byen kontan potekole nan yon moman kote ki gen nesesite. Nou swete plizyè nan moun ki vin inaktif yo pral rejwenn jarèt ankò pou yo rekòmanse preche pawòl Bondye a. Si yo kalifye pou sa, pa gen pi bon moman pou yo rekòmanse preche pase nan epòk Memoryal la ! — Gade Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm novanm 2000 lan, n a jwenn plis detay sou sa.

16 Èske gen lòt moun ki kalifye pou yo preche bon nouvèl la ? Jewova kontinye beni pèp li a lè li mennen “ bagay apresyab ki nan tout nasyon ” yo anndan òganizasyon l lan (Aga. 2:7). Chak ane, gen plizyè milye moun ki vin kalifye kòm pwoklamatè ki poko batize. Kilès yo ye ? Ladan yo, nou jwenn ni pitit Temwen Jewova ni etidyan Labib. Kouman nou fè konnen si yo kalifye pou yo preche bon nouvèl la ?

17 Ka pitit Temwen Jewova yo : Anpil timoun akonpaye paran yo nan predikasyon kay an kay pandan dèzane, kwak yo poko pwoklamatè. Mwa mas la kapab tounen yon bon moman pou yo derape nan predikasyon. Ki jan w ap fè konnen si pitit ou a kalifye ? Nan paj 100 liv Organisés pour bien remplir notre ministère, li di se ‘ lè yon timoun gen bon konduit, lè li kapab e li vle pale de lafwa li genyen pèsonèlman etan l ap pataje bon nouvèl la ak lòt moun ’. Si w panse pitit ou a kalifye, pale avèk yon ansyen nan komite sèvis kongregasyon w lan.

18 Ka etidyan Labib ki vin kalifye yo : Apre yon etidyan Labib fin ranmase konesans, apre li pase kèk tan ap asiste reyinyon, li konn vle vin yon pwoklamatè Wayòm nan. Si se ou menm k ap fè etid la, men kesyon ou ka poze tèt ou : Èske etidyan an fè pwogrè ki ann amoni avèk laj li, avèk kapasite li ? Èske li kòmanse bay lòt moun temwayaj enfòmèl ? Èske l ap travay pou l gen “ nouvo pèsonalite ” a (Kol. 3:10) ? Èske li ranpli kondisyon pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, tankou yo eksplike sa nan paj 98-100 liv Notre ministère la ? Si repons yo pozitif, ou mèt kontakte komite sèvis kongregasyon an, yon fason pou yo ka fè aranjman pou de ansyen rankontre avèk ni ou menm, ni etidyan an. Si li kalifye pou l preche, de ansyen ap fè l konn sa, epi l ap kapab kòmanse preche an piblik avèk kongregasyon an.

19 E mwa avril ak mwa me ? Mwa sa yo se pral mwa espesyal pou nou ogmante aktivite nou tou. Anpil moun ki pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa mas la ap kapab fè menm jan an tou nan mwa avril ak nan mwa me. Nan mwa sa yo, nou pral konsantre nou sou prezante La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! nan predikasyon. Ala bèl pwofi moun ki li peryodik sa yo jwenn ! Peryodik sa yo jwe yon gwo wòl nan bèl ogmantasyon nou anrejistre nan lemonnantye. Y ap fè yon efò espesyal nan mwa avril ak nan mwa me pou yo kite maksimòm peryodik nan men moun yo. Planifye w depi kounye a pou w patisipe nèt nan aktivite sa a.

20 Piske pral gen ogmantasyon nan aktivite predikasyon an, ou pa panse w ap bezwen ogmante kantite peryodik ou konn jwenn nan kongregasyon an ? Diran tout ane sèvis la, nou konn prezante La Tour de Garde avèk Réveillez-vous ! nan jounen peryodik chak samdi. Toutfwa, kòm anpil moun pral pran sèvis pyonye oksilyè, e nou tout nou pral prezante peryodik pandan de mwa okonplè, li kapab nesesè pou nou ogmante demann peryodik nou genyen nan kongregasyon an. Nan ka sa a, silvouplè, fè responsab peryodik nan kongregasyon an konn sa tousuit. Anmenmtan, responsab piblikasyon an ta dwe verifye si gen kont estòk feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? sou lamen nan kongregasyon an.

21 Anpil moun fè konnen ki jan yo apresye ribrik “ Jan pou nou prezante peryodik yo ” ki parèt nan Ministè Wayòm nan. Èske nou pwofite dispozisyon sa a nan aprann nou aprann prezantasyon sa yo ? Poukisa nou pa pwofite etid Labib nou fè chak semèn nan fanmi pa nou, pou nou pratike prezantasyon sa yo ?

22 Pwofite epòk Memoryal sa a o maksimòm : Tankou apot Pòl te fè sa, annou demontre Jewova ki jan nou apresye “ kado gratis li a, kado nou pa ka dekri a ”. N ap fè sa lè nou patisipe nan aktivite espirityèl pou epòk Memoryal sa a nèt. Sa gen ladann : 1) pou nou la nan pi gwo evènman nan ane a, nan komemorasyon Repa Seyè a k ap tonbe jedi 28 mas 2002, 2) ede moun ki vin inaktif yo pou yo retounen gen menm “ lanmou [yo] te genyen o kòmansman an ” ​(Rev. 2:4 ; Wom. 12:11), 3) ede pitit nou yo, epi ede nenpòt etidyan Labib ki kalifye, pou yo vin pwoklamatè, epi 4) patisipe nan travay evanjelizasyon an otan nou kapab, e menm pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa mas ak mwa ki vin annapre yo. — 2 Tim. 4:5.

23 N ap lapriyè ak tout kè nou pou nou tout, nou patisipe nèt nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan nan epòk Memoryal sa a. Nan konsa, n ap demontre nan ki pwen nou apresye tout sa Jewova fè pou nou.

[Kare nan paj 6]

Pwogram predikasyon pa m pou mwa mas 2002 a

Dimanch Lendi Madi Mèkredi Jedi Vandredi Samdi

1  2

Jounen peryodik

3  4  5  6  7  8  9

Jounen peryodik

10 11 12 13 14 15 16

Jounen peryodik

17 18 19 20 21 22 23

Jounen peryodik

24 25 26 27 28 29 30

MEMORYAL Jounen peryodik

APRE

31 APRE SOLÈY KOUCHE

Èske w ka fè yon pwogram pou w jwenn 50 èdtan pour w pran sèvis pyonye oksilyè an mas ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje