BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/13 p. 1
  • Èske ou menm w ap pyonye oksilyè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske ou menm w ap pyonye oksilyè?
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Prepare w depi kounye a pou w fè plis nan travay predikasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Ann chèche gen plis kè kontan nan epòk Memoryal la
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Epòk Memoryal la ban nou okazyon pou nou ogmante aktivite nou!
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 2/13 p. 1

Èske ou menm w ap pyonye oksilyè?

1. Poukisa epòk Memoryal la se yon bon moman pou n patisipe plis nan predikasyon?

1 Epòk Memoryal la se yon bon moman pou n patisipe plis nan predikasyon. Se yon moman kote n ap reflechi sou kokenn lanmou Jewova gen pou nou lè l te bay Pitit li a kòm ranson (Jan 3:16). Nou tèlman rekonesan pou sa Jewova fè pou nou an, sa fè nou pi anvi pale ak lòt moun de Jewova e nou pi anvi aprann yo sa li fè pou limanite (Iza. 12:4, 5; Lik 6:45). Anplis de sa, se nan peryòd sa a n ap fè yon kanpay espesyal pou n envite moun nou konnen ak moun ki nan tèritwa a pou yo vin asiste Memoryal la avèk nou. Apre sa, n ap fè efò pou n kiltive enterè moun ki te vin nan Memoryal la demontre. Èske w ap patisipe plis nan predikasyon lè w pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa mas, avril oubyen me?

2. Ki sa k fè mwa mas la sitou se yon bon mwa pou nou pyonye oksilyè?

2 Fè mwa mas la yon mwa espesyal: Mwa mas la sitou se yon bon mwa pou nou pyonye oksilyè. Moun ki ranpli fòmilè pou yo pyonye yo ka chwazi pase 30 è oubyen 50 è nan predikasyon. Si vizit siveyan sikonskripsyon an tonbe nan mwa sa a, pyonye oksilyè yo ka asiste tout reyinyon siveyan an ap fè ak pyonye pèmanan yo ansanm ak pyonye espesyal yo. Ane sa a dat Memoryal la se madi 26 mas 2013. Kanpay pou n envite moun nan Memoryal la vin pi long pase lòt ane yo. Kanpay la ap kòmanse 1ye mas. Anplis de sa, mwa mas la gen senk wikenn. Kidonk, poukisa nou pa byen reflechi sou posiblite pou n bay patisipasyon pa nou pou n ka fè mwa mas la mwa ki pi espesyal nan ane a?

3. Ki dispozisyon nou ka pran pou n patisipe plis nan predikasyon?

3 Planifye depi kounye a: Kounye a se moman pou w regade pwogram ou pou w wè ki chanjman ou bezwen fè pou w ka pyonye. L ap enpòtan pou tout moun nan yon fanmi kolabore, se sa k fè nou dwe pran tan nan sware adorasyon an fanmi an pou n pale sou objektif fanmi an genyen e pou n fè yon pwogram (Pwo. 15:22). Si w pa ka pyonye oksilyè, pa dekouraje. Èske w ka fè chanjman nan pwogram ou pou w pase plis tan nan predikasyon jou ou prevwa soti yo? Èske w ka soti nan predikasyon yon jou anplis nan semèn nan?

4. Ki byenfè n ap jwenn lè nou ogmante aktivite nou pandan mwa mas, avril ak me?

4 Toutpandan n ap ogmante aktivite nou pandan mwa mas, avril ak me, n ap vin gen plis jwa ak plis satisfaksyon lefètke n ap sèvi Jewova e n ap bay lòt moun (Jan 4:34; Tra. 20:35). Sa ki pi enpòtan ankò, sèke gwo efò nou fè yo ap fè kè Jewova kontan. — Pwo. 27:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje