Ann chèche gen plis kè kontan nan epòk Memoryal la
1. Bay yon fason ou ka gen plis kè kontan pandan epòk Memoryal la.
1 Èske w ta renmen gen plis kè kontan pandan mwa mas, avril ak me a? Yon fason w ka rive fè sa se lè w fè plis nan travay predikasyon an, e si posib, ou ka menm pran sèvis pyonye oksilyè. Lè w fè sa, kòman sa ka fè w gen plis kè kontan?
2. Lè nou fè plis nan travay predikasyon an, poukisa sa fè nou gen plis kè kontan?
2 Chèche gen plis kè kontan: Jewova te kreye nou yon fason pou nou ka gen kè kontan ak satisfaksyon nan adorasyon n ap ba li a, toutpandan n ap satisfè bezwen nou genyen lakay nou pou nou adore l (Mat. 5:3). Anplis de sa, li kreye nou yon fason pou nou ka gen kè kontan lè nou bay lòt moun (Tra. 20:35). Travay predikasyon an ban nou posiblite pou nou adore Bondye e pou nou ede lòt moun. Donk, li toutafè nòmal pou nou gen plis kè kontan lè nou fè plis nan travay predikasyon an. Anplis de sa, plis nou preche se plis n ap vin pi maton nan travay predikasyon an. Tank n ap vin pi maton, se tank n ap vin gen plis konfyans nan tèt nou e se tank n ap gen mwens kè sote lè n ap preche. Mete sou sa, n ap gen plis posiblite pou nou preche e pou nou kòmanse etid ak moun yo. Tout bagay sa yo fè nou gen plis kè kontan nan travay predikasyon an.
3. Poukisa mwa mas ak mwa avril se de bon mwa pou moun pran sèvis pyonye oksilyè?
3 Mwa mas ak mwa avril se de bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè paske n ap ka chwazi preche pou 30 èdtan oswa pou 50 èdtan. Anplis de sa, soti samdi 22 mas pou rive lendi 14 avril, ki se jou Memoryal la, nou pral patisipe nan yon bèl kanpay pou nou envite lòt moun vin asiste Memoryal la. Kongregasyon yo pral chofe nan epòk sa a toutpandan anpil frè ak sè ap travay “kòtakòt” pou yo rive preche tèritwa yo a otank posib nan tan yo bay la. — Sef. 3:9.
4. Ki sa w dwe fè si w vle pyonye oksilyè?
4 Prepare depi kounye a: Si w poko pran tan pou w byen gade pwogram ou, nou ankouraje w fè sa. Konsa, w ap ka wè ki ajisteman ou bezwen fè pou w ka fè plis nan travay predikasyon an pandan youn oswa plizyè mwa. Priye Jewova sou sa (Jak 1:5). Pale sou sa ak moun nan fanmi w oswa ak lòt moun nan kongregasyon w lan (Pwo. 15:22). Ou ka rive wè malgre w gen pwoblèm sante, oswa malgre w gen yon pwogram ki byen chaje, ou menm tou ou ka gen plis kè kontan lè w pran sèvis pyonye oksilyè.
5. Lè nou fè plis nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la, ki rezilta sa ap bay?
5 Jewova vle pou sèvitè l yo gen kè kontan (Sòm 32:11). Lè nou fè tout efò nou pou nou fè plis nan travay predikasyon an pandan epòk Memoryal la, nonsèlman n ap gen plis kè kontan, men tou n ap fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan. — Pwo. 23:24; 27:11.