Epòk Memoryal la ban nou okazyon pou nou ogmante aktivite nou!
1. Site kèk rezon nou genyen pou nou egzamine posiblite pou nou ogmante aktivite nou pandan mwa mas, avril ak me.
1 Èske nou ka ogmante patisipasyon nou nan ministè a pandan epòk Memoryal k ap vini an? Gen anpil kote l ap fè bon tan e jounen yo ap pi long. Gen kèk pwoklamatè k ap gen konje nan travay yo oubyen nan lekòl yo e konsa yo ka itilize tan sa a pou yo patisipe nan ministè a. Apati 2 avril, n ap gen yon kanpay espesyal pou nou envite moun ki enterese yo vin asiste Memoryal la avèk nou 17 avril. Apre sa, nou pral fè efò pou nou kiltive enterè moun ki vin asiste Memoryal la demontre e n ap envite yo vin asiste diskou espesyal la y ap bay nan semèn 25 avril. Anfèt, nou gen anpil rezon pou nou egzamine posiblite pou nou ogmante aktivite nou pandan mwa mas, avril ak me.
2. Ki bon fason nou genyen pou nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a?
2 Pyonye oksilyè: Yon bon fason nou genyen pou nou ogmante patisipasyon nou nan ministè a se lè nou pran sèvis pyonye oksilyè. Etandone nou tout okipe, an jeneral, sa mande pou nou fè planifikasyon alavans e pou nou fè chanjman nan pwogram nou (Pwo. 21:5). Petèt, nou ka ranvwaye kèk aktivite nou konn fè chak jou, men ki pa esansyèl, pou yon lòt lè (Fil. 1:9-11). Poukisa nou pa pale ak lòt moun nan kongregasyon an sou dezi nou genyen pou nou pyonye a pou nou wè si yo menm tou yo pa ta ka pran sèvis pyonye oksilyè ansanm avèk nou?
3. Ki sa fanmi yo ka fè pou yo rive fè plis nan ministè a?
3 Nan pwochen sware adorasyon an fanmi an, li ta bon pou nou pale sou objektif nou genyen antanke fanmi (Pwo. 15:22). Grasa kowoperasyon tout moun, petèt kèk moun nan fanmi an ka vin pyonye oksilyè pou youn oubyen plizyè mwa. Bon, e si nou ta remake li vrèman pa posib pou nou pyonye? Nou ka toujou pran dispozisyon pou nou ogmante aktivite nou lè nou patisipe nan predikasyon pandan kèk sware oubyen lè nou pase plis tan nan ministè a pandan wikenn.
4. Ki benediksyon n ap jwenn lè nou ogmante aktivite nou nan ministè a pandan epòk Memoryal la?
4 Jewova wè tout sa nou fè pou nou sèvi l e li apresye sakrifis nou fè yo (Ebre 6:10). N ap jwenn lajwa lè nou bay Jewova tan nou e nou fè menm bagay la pou pwochen nou (1 Kwo. 29:9; Tra. 20:35). Èske nou ka ogmante patisipasyon nou nan ministè a pandan peryòd Memoryal la pou nou ka jwenn plis jwa ak plis benediksyon sa ap pote pou nou chak jou?