BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/02 p. 3
  • “ Annou fè byen ak tout moun ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Annou fè byen ak tout moun ”
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Annou zele pou sa ki byen !
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • “ Preche Pawòl Bondye a nèt ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Avril : yon epòk ‘ pou nou travay di e pou nou lite ’
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Se pou nou “ rich nan fè bèl zèv ”
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 4/02 p. 3

“ Annou fè byen ak tout moun ”

1 Paj mitan Ministè Wayòm mwa fevriye ak mwa mas 2002 a te prezante sijè sa yo : “ Preche Pawòl Bondye a nèt ” ak “ Se pou nou ‘ rich nan fè bèl zèv ’ ” ​(Kol. 1:25 ; 1 Tim. 6:18). Ladan yo, yo te montre kòman nou ka deplwaye plis efò pou nou ede tout moun laverite enterese vin asiste Memoryal. Yo te montre kòman nou ka ede inaktif yo reprann aktivite yo nan kongregasyon an, e kòman nou ka ede pitit nou ansanm ak etidyan nou yo kalifye pou yo kòmanse preche bon nouvèl la. Asireman nou deja jwenn bon rezilta grasa gwo efò nou te fè. Kounye a, “ toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou [kontinye] fè byen ak tout moun ”. — Gal. 6:10.

2 Envite yo asiste ankò : Ann Ayiti, nan tout moun ki asiste Memoryal la chak ane, gen plis pase 48 000 ladan yo ki pa pwoklamatè bon nouvèl la. Piske prezans yo montre yo enterese, ki sa nou ka fè pou nou ede ‘ moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl la pou yo vin kwayan ’ ? (Tra. 13:48.) Ankouraje yo vin nan reyinyon ankò kou sa posib pou yo.

3 Poukisa nou pa envite yon moun ki enterese pou l vini nan Etid liv kongregasyon an, yon fason pou l ka pwofite bon konvèsasyon nou fè sou pwofesi Izayi a ? Si nou gen pou bay yon diskou nan Lekòl ministè teyokratik la, nou ka envite yon fanmi nou oubyen yon moun nou konnen vin tande nou. Toujou fè l konnen tèm diskou piblik y ap bay nan semèn k ap vini yo. (Y ap toujou bezwen mete yon pwogram ki ajou sou tablo d afichaj la.) Chèche tout ti okazyon pou nou fè moun nan anvi sèvi Jewova. Natirèlman, si l pa ko gen yon moun k ap etidye avè l, jantiman, nou ka ofri l pou nou fè etid la.

4 Kontinye ankouraje inaktif yo : Kèk nan moun ki te asiste Memoryal la deja vwe vi yo bay Jewova. Men, rive yon lè, yo vin inaktif. Epoutan, Pòl mande nou “ fè byen [...] sitou ak moun ki paran nou nan lafwa. ” ​(Gal. 6:10). Se poutètsa, nou bezwen bay pwoklamatè ki inaktif yo yon bonjan atansyon.

5 Siman gen ladan yo ki te byen reyaji devan ankourajman yo te jwenn nan men ansyen yo ak lòt moun. Sa te pèmèt yo rekòmanse preche ankò. Si ansyen yo chwazi w pou travay ak yon pwoklamatè ki retounen aktif, mete nan tèt ou se lanmou w gen pou Jewova, se lanmou w gen pou travay predikasyon an k ap fè pwoklamatè sa a vin gen plis asirans. Fè l wè nan ki pwen ou patisipe nan divès aspè ki gen nan predikasyon an, yon fason pou l jwenn kè kontan ladan l. Sa ap fè l kenbe la nan travay predikasyon an, sa ap fè l jwenn benediksyon nan men Jewova.

6 Ede nouvo pwoklamatè yo byen derape : Gen yon dam laverite te fèk enterese l. Menm kote l konprann se sa a ki vrè òganizasyon Jewova a, menm kote a li te vle kòmanse preche. Men sa l di lè li fin aprann sa pou l fè : “ Mwen vle kòmanse preche tousuit. ” Si yo apwouve yon moun ou etidye avè l pou l soti nan predikasyon, ede l wè nesesite pou l “ kòmanse preche tousuit ”. Konsa, n ap pèmèt nouvo pwoklamatè a byen derape. Ede l pran abitid pou l toujou prepare sa l pral di anvan l al preche, e pou l soti nan predikasyon chak semèn.

7 Si se pitit pa w kounye a ki vin yon nouvo pwoklamatè, travay avè l yon fason pou l ka fè pwogrè selon laj li ak kapasite l. Fè yon ti ede l, w ap sezi wè jan l ka kenbe yon konvèsasyon ak yon moun, jan l ka sèvi ak Bib la ak jan l ka ofri yon piblikasyon. Lè l gen randevou ak yon moun ki enterese, aprann li jan pou l fè vizit la, aprann li jan pou l kontinye ede moun nan.

8 Ogmante patisipasyon w nan predikasyon : Èske sitiyasyon pa w pèmèt ou ogmante patisipasyon w nan predikasyon menmsi peryòd Memoryal la fini ? Èske w ka ajoute inèdtan oubyen dezèdtan sou kantite tan ou konn abitye fè nan predikasyon ? Èske w deja tyeke kalandriye w pou w wè ki lè w ka pran sèvis pyonye oksilyè ankò ? Èske gen chanjman ou ka fè nan fason w viv pou antre nan sèvis aplentan ? Kèlkeswa efò ou deplwaye, sa ka ede yon moun asepte laverite (Tra. 8:26-39) ! Pandan n ap tann sa demen ap pote, annou ‘ toujou fè sa ki byen youn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun ’. — 1 Tes. 5:15, Bib la.

[Kare nan paj 3]

Kontinye ede :

□✔ Moun ki asiste Memoryal

□✔ Pwoklamatè ki rekòmanse preche

□✔ Nouvo pwoklamatè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje