Annou fè efò pou nou fè plis nan ministè a
1 Apot Pòl te egzòte kretyen yo pou yo mache nan chemen Bondye yo e pou yo “ kontinye fè sa plis toujou ”. (1 Tes. 4:1.) Ki sa sa mande pou nou fè ? Sa mande pou nou toujou ap fè efò pou nou gen plis aktivite espirityèl, pou nou ‘ akonpli ministè nou nèt ’. — 2 Tim. 4:5.
2 Sa ki motive nou : Se paske nou vle sèvi Jewova pi byen toujou ki fè nou fè tout sa nou kapab pou nou fè plis nan ministè a. Nou vle grandi espirityèlman e nou vle chèche mwayen pou nou amelyore kalite sèvis n ap bay Jewova. Bon abitid espirityèl met ak bonjan motivasyon nou genyen ap pouse nou atenn objektif teyokratik nou fikse. — Sòm 1:1, 2 ; Fil. 4:6 ; Ebre 10:24, 25.
3 Pou nou fè efò pou nou etann ministè nou, sa mande pou nou kiltive espri sakrifis. Nou kapab vin gen yon etadespri konsa lè nou priye e lè nou medite sou bonjan egzanp Jezi te kite pou nou (Mat. 20:28). Jezi te jwenn anpil jwa lefètke li te sèvi lòt moun diran ministè li sou tè a (Tra. 20:35). Nou ka imite Jezi lè nou demontre nou gen yon enterè sensè pou moun yo e lè nou chèche okazyon pou nou fè plis nan ministè a. — Iza. 6:8.
4 Wòl paran yo : Depi timoun yo toupiti, paran yo kapab mete nan kè yo dezi pou yo sèvi lòt moun e pou yo elaji ministè yo. Timoun yo ap remake ki jan moun nan fanmi an dilijan e yo aktif nan ministè a. Gen yon frè, depi lè li te piti li te santi li pouse pou l fè plis nan ministè a, paske li te gen abitid travay ak granpapa l nan aktivite kongregasyon an. Lefètke li te konn wè jan granpapa a te aktif e jan li te gen lajwa, sa te pouse l pou l chèche okazyon pou l sèvi frè l yo. Kounye a, li se yon asistan ministeryèl.
5 Yo bezwen plis frè : “ Si yon moun ap chèche [sèvi plis toujou], li ta renmen yon bèl travay. ” (1 Tim. 3:1). Pawòl sa yo ankouraje frè yo pou yo chèche vin kalifye pou yo gen plis privilèj nan òganizasyon Jewova a. Sa pa mande pou yo gen yon kapasite estrawòdinè. Yon frè k ap chèche gen plis privilèj ap chèche Wayòm nan an premye e l ap zele nan ministè a (Mat. 6:33 ; 2 Tim. 4:5). L ap fè tout efò l pou l vin yon bèl egzanp pou lòt moun.
6 Nan lemonnantye : Jewova ap akselere rasanbleman an (Iza. 60:22). Li ijan pou tout moun k ap suiv egzanp Jezi yo travay nan ministè a plis toujou. Rapò mondyal pou ane sèvis 2006 la montre gen 248 327 moun ki te batize. Se kòmsi ta gen plis pase 680 moun ki te batize chak jou. Nou swete pou nou tout kontinye chèche fason pou nou fè plis pou nou akonpli ministè nou nèt !