Kantik 7
Ve kretyen yo fè
Édition imprimée
(Ebre 10:7, 9)
1. Jewova kreye linivè,
Se yon mèvèy total.
Tè a, syèl la, tout se pou li,
Se travay pwòp men pa’l.
Se li ki bay souf lavi a,
L’aji ak presizyon.
Li vrèman merite tout louwanj,
Tout moun dwe’l adorasyon.
2. Pou Jezi te fè sa ki jis,
Nan dlo’l te batize.
Nan yon priyè, li di Bondye:
“Plezi’m se fè sa’w vle.”
Lè’l soti nan dlo Jouden an
Kòm moun Bondye chwazi,
L’al sèvi’l avèk fidelite,
Se Li’l toujou obeyi.
3. Nou vin devan ou Jewova
Pou’n louwe non’w ki gran.
Nou nye tèt nou, nou ba’w kè nou
Ak lavi’n pou toutan.
Ou te bay sèl Pitit ou a,
Ki peye chè pou nou.
Nou pap kontinye viv pou tèt pa’n,
Nou deja vwe vi’n ba ou.
(Gade tou Mat. 16:24; Mak 8:34; Lik 9:23.)