BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 63 p. 150-p. 151 par. 1
  • Pawòl ki sou mi an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pawòl ki sou mi an
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yon ekriti sou mi an
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pèp Bondye a kite Babilòn
    Liv istwa biblik mwen an
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 63 p. 150-p. 151 par. 1
Yon men k ap ekri sou mi an.

LESON 63

Pawòl ki sou mi an

Rive yon lè, Bèlchaza te vin wa Babilòn. Yon jou swa, li fè yon resepsyon pou mil moun pami moun ki te nan pi gwo pozisyon nan peyi a. Li te bay sèvitè l yo lòd pou yo pote veso annò Nebikadneza te pran nan tanp Jewova a. Bèlchaza ak envite l yo te bwè nan veso yo e yo te fè lwanj pou dye yo t ap sèvi yo. Bridsoukou, gen men yon moun ki vin parèt e li kòmanse ekri yon seri bagay dwòl sou mi kote yo t ap fè resepsyon an.

Bèlchaza te pè anpil. Li rele moun ki konn fè maji pou li yo, epi li pwomèt yo: ‘Si yon moun esplike m pawòl sa yo, m ap fè l vin twazyèm moun ki gen plis pouvwa nan Babilòn.’ Yo te eseye, men, pa gen youn ki te ka di sa pawòl sa yo vle di. Epi, rèn nan antre kot wa a, li di l: ‘Gen yon mesye ki rele Dànyèl ki te konn abitye esplike Nebikadneza bagay li pa t ka konprann yo. Li ka di w sa pawòl sa yo vle di.’

Dànyèl antre kot wa a. Bèlchaza di l: ‘Si w kapab li mo sa yo epi esplike yo, m ap ba w yon chèn annò e m ap fè w vin twazyèm moun ki gen plis pouvwa nan Babilòn.’ Dànyèl di l: ‘Mwen pa bezwen kado w yo. Men, m ap di w ki sa mo sa yo vle di. Nebikadneza, papa w, te gen ògèy, e Jewova te imilye l. Ou konn tout sa k te rive l, men w pa t montre w gen respè pou Jewova paske w bwè diven nan veso annò ki sot nan tanp li an. Se sa k fè Bondye ekri mo sa yo: MENE, MENE, TEKÈL, ak PASIN. Mo yo vle di moun peyi Medi ak peyi Pès yo pral pran Babilòn, e ou pap wa ankò.’

Sòlda wa Siris yo k ap mache nan rivyè a e y ap monte pou yo antre nan pòtay vil Babilòn.

Sanble pèsonn pa t ka pran Babilòn. Vil sa a te gen gwo miray ak yon rivyè ki fon anpil ki te pwoteje l. Men, nan menm nuit lan, moun peyi Medi ak peyi Pès yo te atake Babilòn. Siris, wa peyi Pès la, te devye rivyè a yon fason pou sòlda l yo te ka mache pou yo antre nan pòtay vil la. Lè yo rive nan pòtay la, yo jwenn li tou ouvri! Lame a kouri antre nan vil la, li pran l e li touye wa a. Apre sa, Siris vin ap dirije Babilòn.

Sou ennan, Siris fè yon anons, li di: ‘Jewova mande m rebati tanp Jerizalèm nan. Nenpòt moun nan pèp li a ki vle al ede mèt ale.’ Konsa, jan Jewova te pwomèt sa, anpil nan Juif yo te retounen nan peyi yo 70 an apre yo te fin detwi Jerizalèm. Siris te voye veso annò ak veso ann ajan Nebikadneza te pran nan tanp lan ale. Èske w wè jan Jewova te sèvi ak Siris pou l ede pèp li a?

“Li tonbe! Gran Babilòn nan tonbe! Li tounen yon kote demon abite.” — Revelasyon 18:2.

Kesyon: Ki sa pawòl ki te parèt sou mi an te vle di? Ki sa Jewova te mande Siris fè?

Esdras 1:1-11; Dànyèl 5:1-30; Ezayi 44:27–45:2; Jeremi 25:11, 12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje