BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 18 p. 21
  • Enstwi moun k ap koute w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Enstwi moun k ap koute w yo
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 18 p. 21

LESON 18

Enstwi moun k ap koute w yo

Vèsè biblik.

1 Korentyen 9:19-23.

SA POU W FÈ: Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi, fè yo santi yo te aprann yon bagay ki gen anpil valè.

FASON POU W FÈ SA:

  • Pran an konsiderasyon sa moun k ap koute w yo deja konnen. Olye w annik repete sa yo deja tande, ede yo wè sijè a yon fason ki diferan.

    Konsèy pratik.

    Lè w ap pale sou pwen yo konnen deja yo, fè sa byen vit, men, pale dousman lè w ap prezante nouvo ide yo.

  • Fè rechèch epi medite. Lè sa posib, pale sou enfòmasyon moun yo pa fin twò abitye oswa sou evènman ki fèk rive pou w esplike ide ki enpòtan yo. Byen reflechi sou sijè w ap devlope a ansanm ak rapò ki gen ant sijè a ak enfòmasyon w vle bay la.

    Konsèy pratik.

    Pandan w ap egzamine sijè a, eseye fè tèt ou travay lè w poze yon seri kesyon tankou: ‘Ki sa, poukisa, ki lè, ki kote, kiyès, e ki jan.’ Amelyore fason w anseye lè w poze kèk nan kesyon sa yo epi w reponn yo pandan prezantasyon w lan.

  • Montre itilite mesaj ou a. Esplike moun k ap koute w yo ki jan pwen biblik yo ka ede yo nan lavi yo chak jou. Pale sou sitiyasyon, atitid ak aksyon ki konsène moun k ap koute w yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje