BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 42 p. 230-p. 233 par. 5
  • Enstwi moun k ap koute w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Enstwi moun k ap koute w yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Ankouraje moun yo suiv nan Bib la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen entwodui vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 42 p. 230-p. 233 par. 5

LESON 42

Enstwi moun k ap koute w yo

Ki sa pou w fè?

Bay moun yo enfòmasyon yo yon fason k ap pouse yo reflechi e k ap fè yo santi yo aprann yon bagay k ap itil yo.

Poukisa sa enpòtan?

Si w tou senpleman di moun yo bagay yo tande deja, rive yon lè nan diskou a, yo ka sispann suiv sa w ap di yo.

POU W enstwi moun k ap koute w yo nan prezantasyon w lan, pa kontante w annik pale sou yon sijè k ap itil yo. Mande tèt ou: ‘Poukisa moun ki pral koute m yo bezwen koute sijè sa a? Ki sa pou m di k ap fè yo santi yo vrèman aprann yon bagay nan prezantasyon m nan?’

Nan Lekòl ministè teyokratik la, si yo ba w fè yon patisipasyon kote w ap bay yon moun temwayaj, lè sa a, se sou moun w ap pale avè l la ou dwe konsantre w. Gen lòt ka kote yon moun ka ap pale ak tout kongregasyon an.

Ki sa moun k ap koute w yo konnen sou sijè a? Mande tèt ou: ‘Ki sa moun k ap koute m yo konnen sou sijè sa a?’ Se sa ki dwe sèvi kòm baz pou w devlope diskou w la. Si w ap pale devan yon kongregasyon ki gen anpil moun ki gen matirite, pa annik repete verite fondamantal yo pou yo, verite pifò nan yo deja konnen. Sèvi ak verite fondamantal sa yo kòm yon baz pou w anseye yo lòt bagay. Natirèlman, si gen anpil moun ki nouvo nan laverite nan asistans lan, ou dwe konsidere bezwen tou de gwoup moun yo.

Adapte vitès w ap pale a selon sa moun k ap koute w yo konnen deja. Si w ap bay kèk enfòmasyon petèt pifò moun konnen byen, pale yon ti jan pi vit. Men, pa pale twò vit lè w ap prezante ide ki ka nouvo pou pifò nan moun k ap koute w yo, yon fason pou yo ka byen konprann ide sa yo.

Ki sa k ap enstwi yo? Pou w enstwi moun k ap koute w yo, sa pa vle di fò w toujou gen yon bagay nouvo pou w di. Gen kèk oratè ki konn pran yon seri verite moun yo abitye avè yo epi yo di yo yon fason ki tèlman senp se premye fwa moun k ap koute yo konprann verite sa yo byen konsa.

Lè w nan predikasyon, li pa sifi pou w annik site yon nouvèl sou evènman k ap pase yo pou w montre moun w ap pale avè l la n ap viv nan dènye jou yo. Sèvi ak Bib la pou w montre moun nan siyifikasyon evènman n ap viv yo. Sa ap pèmèt ou enstwi moun ou rankontre a. Menm jan an tou, lè w ap pale sou yon aspè nan yon lwa ki dirije yon seri fenomèn natirèl oswa w ap pale sou yon plant oswa sou yon bèt, objektif ou se pa ta dwe prezante enfòmasyon enteresan lasyans bay moun nan poko janm tande. Okontrè, ou ta dwe gen objektif pou w pran prèv lanati bay yo ou mete yo ak deklarasyon ki soti nan Bib la pou w montre moun nan gen yon Kreyatè ki renmen nou. Sa ap ede moun nan konprann bagay yo yon lòt fason.

Sa kapab yon defi pou yon moun prezante yon sijè devan yon gwoup moun ki tande sijè sa a yon pakèt fwa deja. Men, pou w yon bon anseyan, ou bezwen konnen ki jan pou w byen fè sa. Ki jan w ka fè sa?

Rechèch ap ede w. Olye w annik mete kèk enfòmasyon ki vin nan lespri w byen fasil nan diskou w la, sèvi ak zouti ou genyen pou w fè rechèch yo, zouti nou te pale de yo soti nan paj 33 pou rive nan paj 38 la. Egzamine konsèy yo te bay nan pati sa a sou objektif ou ta dwe chèche atenn yo. Nan rechèch w ap fè yo, ou ka jwenn yon evènman listwa rapòte moun pa twò konnen ki gen rapò dirèk ak sijè w la. Oswa ou ka tonbe sou yon deklarasyon yo fèk fè nan nouvèl k ap ede moun yo konprann pwen ou prevwa egzamine a.

Lè w ap egzamine yon enfòmasyon, eseye fè tèt ou travay lè w poze yon seri kesyon tankou ki sa? poukisa? ki lè? ki kote? kiyès? e ki jan? Pa egzanp, ou ka mande tèt ou: Poukisa enfòmasyon sa a se laverite? Ki jan m ka pwouve sa? Ki kwayans moun yo genyen ki fè l difisil pou kèk moun konprann verite sa a ki nan Bib la? Poukisa verite sa a enpòtan? Ki jan l ta dwe enfliyanse lavi yon moun? Ki egzanp ki montre yon moun ap jwenn byenfè lè l aplike l? Ki sa verite sa a ki nan Bib la aprann nou sou pèsonalite Jewova? Selon enfòmasyon w ap egzamine a, ou ka mande tèt ou: Ki lè sa te pase? Ki jan m ka aplike enfòmasyon sa a pou moun yo yon fason pou l itil yo nan tan n ap viv jodi a? Ou ka menm fè diskou w la pi vivan lè w poze kèk nan kesyon sa yo epi w reponn yo lè w ap bay diskou a.

Diskou w la ka mande pou w sèvi ak vèsè moun k ap koute w yo byen konnen. Ki sa w ka fè pou w enstwi moun yo ak vèsè sa yo? Pa annik li yo, esplike yo tou.

Ou ka enstwi moun yo plis toujou ak yon vèsè yo konnen byen, si w egzamine l moso pa moso, sa vle di ou pran chak pòsyon ki gen rapò ak tèm diskou w la epi w esplike l. Gade posiblite w genyen pou w fè sa ak yon vèsè tankou Mika 6:8 nan Traduction du monde nouveau a. Ki sa “sa ki jis” vle di? Kiyès ki tabli prensip jis n ap egzamine nan vèsè a? Ki jan w ka montre sa sa vle di “pratike sa ki jis”? Oswa ki jan w ka montre sa sa vle di “renmen bonte”? Ki sa modesti ye? Ki jan w ka aplike enfòmasyon yo nan ka yon moun ki aje? Nòmalman, w ap chwazi kiyès nan pwen sa yo w ap egzamine selon tèm w ap devlope a, objektif ou, moun ki pral koute w yo ak tan ou genyen pou w fè diskou a.

Souvan, li bon pou w defini mo yo yon fason ki senp. Gen moun ki konn aprann yon bagay ki nouvo lè nou ede yo konprann siyifikasyon mo “wayòm” ki nan Matye 6:10 la. Sonje yon definisyon ka ede menm yon moun ki gen lontan depi l kretyen pi byen konprann sa yon vèsè vle di toutbonvre. Pou nou verifye sa, nou ka li 2 Pyè 1:5-8, epi apre sa, nou defini diferan mo ki nan vèsè sa yo: lafwa, bèl kalite, konesans, metriz, andirans, atachman pou Bondye, afeksyon pou frè yo ak lanmou. Lè gen mo ki gen ti resanblans nan siyifikasyon yo ki parèt nan yon menm kontèks, si w defini mo sa yo, sa ap ede moun yo fè diferans antre yo. Pa egzanp, ou ka fè sa pou mo sajès, konesans, disènman ak konpreyansyon, nou jwenn nan Pwovèb 2:1-6.

Si w annik rezone sou yon vèsè, moun k ap koute w yo ka twouve sa w di yo enstwi yo. Pa egzanp, anpil moun konn sezi lè yo vin rann yo kont gen kèk tradiksyon Labib ki di Adan se te yon nanm vivan nan Jenèz 2:7 e nan Ezekyèl 18:4 yo di nanm nan ap mouri. Nan yon okazyon, Jezi te fè Sadiseyen yo sezi lè l te fè referans ak Egzòd 3:6, yon vèsè yo te di yo kwè ladan l, e apre sa, li te aplike l sou rezirèksyon mò yo. — Lik 20:37, 38.

Pafwa, nou ka aprann moun yo anpil bagay lè nou atire atansyon yo sou kontèks yon vèsè, sou sikonstans ki te egziste lè yo t ap ekri l e lè nou idantifye moun k ap pale a oswa moun li t ap pale avè l la. Farizyen yo te byen konnen Sòm 110. Men, Jezi te atire atansyon yo sou yon aspè enpòtan ki gen nan premye vèsè a. Li te mande yo: “‘Ki sa nou panse de Kris la? Pitit kiyès li ye?’ Yo di l: ‘Pitit David.’ Li di yo: ‘Si se sa, kòman David, anba enfliyans lespri sen, fè rele l “Seyè”, lè l te di: “Jewova di Seyè m nan: ‘Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w’”? Kidonk, si David rele l “Seyè”, kòman l fè pitit li senpleman?’” ​(Mat. 22:41-45). Lè w rezone sou yon vèsè, menm jan Jezi te fè l la, w ap ede moun yo li Pawòl Bondye a avèk plis atansyon.

Lè yon oratè di ki lè yo te ekri yon liv nan Bib la oswa ki lè yon evènman te rive, li ta dwe pale tou sou sikonstans ki te egziste nan moman sa a. Konsa, moun k ap koute l yo ap pi byen konprann enpòtans liv sa a oswa evènman sa a.

Ou ka sèvi ak konparezon pou w enstwi moun yo. Ou ka fè yon diferans ant yon pwennvi anpil moun genyen sou yon bagay ak sa Labib di sou menm bagay sa a. Oubyen ou ka konpare de istwa nan Bib la ki rakonte menm bagay. Èske gen diferans antre yo? Poukisa? Ki leson nou aprann nan yo? Si w fè sa, sa ka fè moun k ap koute w yo wè yon lòt aspè nan sijè a.

Si yo ba w egzamine yon aspè nan travay predikasyon kretyen yo ap fè a, ou ka fè prezantasyon w lan pi enteresan lè w kòmanse l ak yon koudèy jeneral sou aktivite sa a. Egzamine sa ki dwe fèt, poukisa sa dwe fèt e ki rapò sa genyen ak objektif nou an jeneral, antanke Temwen Jewova. Apre sa, esplike ki kote, ki lè e ki jan pou yo fè travay sa a.

Ki sa pou w fè si nan diskou w la, ou gen pou w egzamine kèk nan “bagay pwofon Bondye yo”? (1 Kor. 2:10.) Si premye bagay ou fè se idantifye kèk pwen kle nan sijè a e w esplike yo, l ap pi fasil pou moun yo konprann lòt enfòmasyon w pral bay yo. Si w fini diskou w la ak yon rezime tou kout, sandout moun yo ap santi yo satisfè e y ap santi yo aprann anpil bagay.

Konsèy sou fason pou kretyen yo viv. Moun k ap koute w yo ap santi diskou w la vrèman pwofitab pou yo, si w ede yo wè ki jan pou yo aplike enfòmasyon ki ladan l yo nan lavi yo. Lè w ap egzamine vèsè ki nan diskou yo ba w fè a, mande tèt ou: ‘Poukisa Jewova te fè mete enfòmasyon sa yo nan Bib la pou nou jwenn yo jis nan epòk nou an?’ ​(Wom. 15:4; 1 Kor. 10:11). Reflechi sou sitiyasyon moun ki nan asistans lan ap rankontre nan lavi yo. Egzamine sitiyasyon sa yo e chèche wè ki konsèy ak ki prensip nan Bib la ki ka ede yo fè fas avèk yo. Nan diskou w la, rezone sou Bib la pou w montre moun yo ki jan l ka ede yon moun fè fas ak sitiyasyon sa yo avèk sajès. Evite di bagay ki jeneral. Pale sou etadespri yo ta dwe genyen ak aksyon presi yo ka fè.

Pou kòmanse, lè w ap prepare yon diskou, aplike youn oswa de nan konsèy ou sot jwenn pi wo yo. Tank w ap gen eksperyans, aplike plis nan konsèy sa yo. Ofiramezi tan ap pase, w ap wè moun yo toujou ap tann diskou w yo, paske yo sèten y ap tande yon bagay k ap vrèman itil yo.

FASON POU W FÈ SA

  • Egzamine ki sa moun k ap koute w yo deja konnen sou sijè a.

  • Adapte vitès w ap pale a ak enfòmasyon w ap prezante a. Ou ka pale pi vit lè w ap egzamine pwen moun yo deja byen konnen, men pale pi dousman lè se pwen ki yon ti jan nouvo pou yo.

  • Pa annik bay enfòmasyon yo, egzamine sans yo ak enpòtans yo.

  • Fè tèt ou travay lè w poze kesyon tankou ki sa? poukisa? ki lè? ki kote? kiyès? ki jan?

  • Pran tan pou w rezone sou Bib la, bay plis esplikasyon sou kèk pati presi nan vèsè yo.

  • Itilize konparezon.

  • Fè yon rezime tou kout sou enfòmasyon yo.

  • Montre moun yo ki jan pou yo sèvi ak enfòmasyon yo pou yo rezoud pwoblèm y ap rankontre e pou yo pran desizyon.

EGZÈSIS: 1) Pran yon vèsè moun byen konnen, tankou Matye 24:14 oswa Jan 17:3, fè rechèch sou li pou w jwenn yon enfòmasyon ki enteresan. 2) Li Matye 3:17 ak Jan 5:20. Lè w medite sou relasyon ki egziste ant Jewova Dye ak Kris Jezi jan yo montre sa nan vèsè sa yo, ki jan sa ka ede w sèvi ak vèsè sa yo pou w ede yon fanmi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje