LESON 38
Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
ENTWODIKSYON se yon pati ki enpòtan nan kèlkeswa diskou a. Si w vrèman kapte atansyon moun k ap koute w yo, y ap pi anvi koute sa w pral di a avèk anpil atansyon. Lè w ap preche, si entwodiksyon w fè a pa kapte atansyon moun nan, ou ka pa gen posiblite kontinye prezante sijè w la. Lè w ap bay yon diskou nan Sal Wayòm nan, si w pa kapte atansyon moun k ap koute w yo, se vre yo pap leve ale, men yo ka kòmanse ap panse sou lòt bagay.
Lè w ap prepare yon entwodiksyon, se pou w gen objektif ki vin apre yo nan tèt ou: 1) kapte atansyon moun k ap koute w yo, 2) byen idantifye sijè w la e 3) montre moun yo poukisa sijè w la enpòtan pou yo. Nan kèk ka, ou ka atenn toule twa objektif sa yo prèske anmenmtan. Men, pafwa, ou ka veye pou w travay sou chak objektif sa yo youn apre lòt, e w ka chanje lòd yo ye a.
Fason pou w kapte atansyon moun k ap koute yo. Lefètke moun yo reyini pou yo koute yon diskou, sa pa vle di yo pare pou yo koute sijè a avèk tout atansyon yo. Poukisa? Gen anpil bagay nan lavi yo ki vle kapte atansyon yo. Yo ka gen yon pwoblèm lakay yo oswa yon lòt bagay ki enkyete yo. Antanke oratè, ou gen yon travay difisil pou w fè. Travay sa a se kapte atansyon moun k ap koute w yo e ede yo ret konsantre sou diskou a. Gen plizyè fason w ka fè sa.
Youn nan diskou yo te bay sou tè a moun pi byen konnen se Sèmon sou montay la. Ki fason Jezi te kòmanse diskou sa a? Selon sa Lik rakonte, Jezi te di: “Byennere nou menm ki pòv, [...] byennere nou menm ki grangou kounye a, [...] byennere nou menm k ap kriye kounye a, [...] nou byennere lè moun rayi nou.” (Lik 6:20-22). Ki sa k fè pawòl sa yo te kapte atansyon moun yo? Nan kèk mo sèlman, Jezi te montre li konnen kèk nan gwo pwoblèm moun ki t ap koute l yo t ap rankontre. Apre sa, olye l te rete ap pale sou pwoblèm sa yo nèt, li te montre moun ki gen pwoblèm sa yo ka gen kè kontan malgre sitiyasyon yo, e li te fè sa yon fason ki te fè moun ki t ap koute l yo anvi tande plis bagay toujou.
Ou ka itilize kesyon pou w byen kapte atansyon moun yo, men kesyon yo dwe apwopriye. Si kesyon w poze yo montre moun yo ou tou senpleman pral pale sou bagay yo te tande deja, ebyen, yo ka pa pran lontan pou yo sispann suiv ou. Pa poze kesyon k ap anbarase yo oswa ki ka fè yo panse se kritike w ap kritike yo. Okontrè, fè efò pou w poze kesyon w yo yon fason k ap ankouraje yo reflechi. Pran yon ti poz apre chak kesyon pou yo ka gen tan pou yo bay yon repons nan lespri yo. Lè yo santi se kòmsi y ap fè yon konvèsasyon avè w, konnen lè sa a ou kapte atansyon yo.
Yon lòt bon fason pou w kapte atansyon moun yo se rakonte yon istwa sou lavi yon moun. Men, ou ka rakonte yon istwa e w pa atenn objektif ou a, si istwa a anbarase yon moun pami moun k ap koute w yo. Si w rakonte yon istwa, moun yo sonje istwa a, men yo pa sonje enstriksyon w te vle ba yo a, ou rate objektif ou. Lè w rakonte yon eksperyans nan yon entwodiksyon, li ta dwe sèvi kòm baz pou yon aspè enpòtan nan devlopman diskou w la. Byenke li ka nesesè pou w bay kèk detay pou w fè istwa a vivan, veye pou w pa rakonte eksperyans ki long san rezon.
Gen kèk oratè ki kòmanse diskou yo avèk yon enfòmasyon yo fèk bay nan nouvèl, yon deklarasyon yo pran nan yon jounal nan zòn nan, oswa yon pawòl yon otorite moun byen konnen te di. Bagay sa yo tou ka bon si yo vrèman mache ak sijè w ap devlope a e si yo apwopriye pou moun k ap koute w yo.
Si diskou w ap fè a se yon pati nan yon diskou ki gen plizyè pati oswa se yon pati nan yon reyinyon sèvis, an jeneral, li pi bon pou entwodiksyon w lan kout e pou l dirèk. Si w ap fè yon diskou piblik, pa depase tan yo bay pou entwodiksyon diskou a. Se nan devlopman diskou a, moun k ap koute w yo pral jwenn enfòmasyon ki pi enpòtan pou yo.
Sa ka rive yon lè, ou gen pou w pale devan yon gwoup moun ki pa kwè nan sa w ap di yo oswa ki menm opoze avè w. Ki jan w ka fè pou w kapte atansyon yo? Yo pale de Etyèn, youn nan kretyen nan premye syèk la, kòm yon moun “ki [te] ranpli ak lespri sen ak sajès”. Yon lè, yo te met men sou li e yo te mennen l devan Sanedren juif la pou yo jije l. Li te fè yon gwo diskou devan Sanedren an, kote l te defann krisyanis la. Ki jan l te kòmanse diskou sa a? Li te fè sa avèk respè e li te pale de yon bagay tout moun ki te la yo te aksepte. Li te di: “Frè m yo, papa m yo, tande. Bondye ki gen glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an.” (Tra. 6:3; 7:2). Nan Areyopaj la, nan vil Atèn, apot Pòl te adapte entwodiksyon l te fè a ak moun ki t ap koute l yo ki te diferan nèt parapò ak moun ki te devan Etyèn yo. Li te di yo: “Moun Atèn, selon tout sa mwen wè, sanble nou pi atache ak dye yo pase lòt moun yo.” (Tra. 17:22). Nan toude ka sa yo, apre moun ki te la yo te fin tande bon entwodiksyon sa yo, yo te vle koute plis toujou.
Lè w nan predikasyon, ou bezwen kapte atansyon moun yo tou. Si w pa t di moun nan w ap pase vizite l, ou ka jwenn li okipe. Nan kèk kote nan monn nan, yon moun ki pa t envite yon lòt moun vin vizite l lakay li atann pou moun sa a di l rezon ki fè l vin vizite l la san pèdi tan. Nan kèk lòt kote, anvan w esplike moun yo rezon ki fè w vin vizite yo, yo atann pou w suiv yon seri règ ki gen nan koutim zòn nan. — Lik 10:5.
Men, kèlkeswa kote a, si yon moun vrèman amikal, sa ka kreye yon anbyans k ap pèmèt li gen bon konvèsasyon ak moun yo. Souvan, li bon pou w kòmanse ak yon pwen ki gen rapò dirèk ak sa ki okipe lespri moun nan. Ki jan w ka fè konnen sa pou w di? Ebyen, lè w ap pwoche bò kote moun nan, èske w wè l okipe? Petèt l ap fè jaden, l ap netwaye ozalantou kay li, l ap repare yon machin, l ap fè manje, l ap lave oswa l ap okipe pitit li. Èske l ap gade yon bagay, pa egzanp, yon jounal oswa yon aktivite kèk moun ap fè nan lari a? Èske w remake kèk bagay ki montre li enterese nan lapèch, spò, mizik, vwayaj, òdinatè oswa nan yon lòt bagay? Souvan, moun enterese nan bagay yo fèk tande nan radyo oswa yo fèk wè nan televizyon. Yon kesyon oswa kèk pawòl tou kout sou nenpòt nan bagay sa yo ka pèmèt ou kòmanse yon konvèsasyon amikal ak moun nan.
Fason Jezi te abòde fi samaritèn nan bò pi Sicha a se yon bèl egzanp ki montre fason yon moun ka kòmanse yon konvèsasyon nan objektif pou l bay yon temwayaj. — Jan 4:5-26.
Ou bezwen prepare entwodiksyon w ap fè a avèk swen, sitou si kongregasyon w lan ap preche nan yon tèritwa yo preche souvan. Si w pa fè sa, ou ka pa rive bay yon bon temwayaj.
Idantifye sijè w la. Nan kongregasyon an, an jeneral, moun k ap prezide a oswa moun ki vin anvan w nan pwogram nan ap anonse tit diskou w la e l ap entwodui w. Sepandan, nan entwodiksyon w ap fè a, li ka bon pou w fè moun k ap koute w yo sonje sou ki sijè w pral pale. Ou kapab di tèm nan egzakteman jan l ye a, men ou pa oblije fè sa. Kèlkeswa sitiyasyon an, ou ta dwe devlope tèm nan ofiramezi nan devlopman diskou a. Ou ta dwe fè yon fason kanmenm nan entwodiksyon an pou w atire atansyon moun yo sou sijè w la.
Lè Jezi te voye disip li yo al preche, li te di yo byen klè ki mesaj yo te dwe preche. Li te di yo: “Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’” (Mat. 10:7). Anrapò ak epòk pa nou an, men sa Jezi te di tou: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a.” (Mat. 24:14). Pòl egzòte nou pou nou “preche pawòl la”, sa vle di pou sa n ap di yo baze sou Bib la (2 Tim. 4:2). Men, anvan w ouvri bib ou oswa anvan w dirije atansyon moun nan sou Wayòm nan, an jeneral, li nesesè pou w idantifye kèk bagay byen souvan ki okipe lespri moun yo. Ou ka pale sou krim, chomaj, enjistis, lagè, fason pou yo ede jèn yo, maladi oswa lanmò. Sepandan, pa rete twòp sou bagay ki negatif, mesaj w ap preche a se yon mesaj ki pozitif. Fè efò pou w dirije konvèsasyon an sou Pawòl Bondye a e sou espwa Wayòm nan bay.
Montre moun k ap koute w yo poukisa sijè w la enpòtan pou yo. Si w ap pale devan kongregasyon an, ou ka prèske gen asirans pifò moun k ap koute w yo enterese nan sa w ap di yo. Men, èske y ap koute w menm jan yon moun fè lè l ap aprann yon bagay ki vrèman konsène l? Èske y ap koute w paske yo wè sa yo tande a konsène sitiyasyon yo rankontre nan lavi a e paske w ankouraje yo pou yo gen dezi pou yo aji ann amoni ak sa yo tande a? W ap ka rive fè sa sèlman si, lè w ap prepare diskou a, ou byen reflechi sou sitiyasyon moun ki pral koute w yo, sa ki enterese yo ak etadespri yo. Si w te fè sa, nan entwodiksyon w ap fè a, di yon bagay ki montre sa.
Kit w ap pale sou estrad la, kit w ap bay yon moun temwayaj, youn nan pi bon fason w ka kapte atansyon moun k ap koute w yo pou yo suiv sijè w ap prezante a se lè w fè yo santi sa w ap di yo konsène yo. Montre yo ki jan sijè w ap egzamine avèk yo a konsène pwoblèm yo genyen, bezwen yo oswa kesyon ki nan lespri yo. Si w montre moun yo se pa sou bagay jeneral sèlman w ap pale, men tou, w ap abòde kèk bagay byen presi ki gen rapò ak sijè a, y ap koute w avèk plis atansyon toujou. Pou w fè sa, ou dwe byen prepare.
Fason pou w fè entwodiksyon an. Sa w di nan entwodiksyon w lan gen anpil enpòtans, men fason w di l la tou ka fè w kapte atansyon moun k ap koute w yo. Se pou rezon sa a, nan preparasyon w ap fè a, nonsèlman ou dwe prepare sa w pral di yo, men tou, ou dwe prepare fason w pral di yo.
Pou w atenn objektif ou, li enpòtan pou w chwazi mo w ap itilize yo. Se sa k fè, li ka bon pou w byen prepare de oswa twa premye fraz yo. An jeneral, fraz ki kout e ki senp pi bon. Pou yon diskou nan kongregasyon an, ou ka deside ekri yo nan nòt ou oswa ou ka chwazi kenbe yo nan tèt ou yon fason pou pawòl w ap di nan kòmansman yo ka gen enpak yo dwe genyen an. Si w fè yon bon entwodiksyon nan diskou w la e w fè sa yon fason poze, sa ka ede w gen asirans ou bezwen an pou w fè tout rès diskou a.
Lè pou w prepare entwodiksyon an. Tout moun pa gen menm opinyon sou pwen sa a. Gen oratè ki gen eksperyans ki kwè lè yon moun ap prepare yon diskou se entwodiksyon an li ta dwe prepare anvan. Gen lòt oratè ki etidye fason pou moun pale an piblik ki panse yon moun ta dwe prepare entwodiksyon an apre l fin prepare devlopman an.
Pa gen dout, ou bezwen konnen sijè w la e w bezwen konnen ki pwen prensipal ou prevwa devlope anvan w anmezi pou w chwazi enfòmasyon w ap mete nan entwodiksyon w pral fè a. Men, e si w ap prepare yon diskou sou baz yon chema diskou òganizasyon an bay? Apre w fin li chema a, si w gen yon ide sou sa w ta vle di nan entwodiksyon an, pa gen okenn mal nan sa si w ekri l. Anplis de sa, ou dwe sonje, pou w fè yon bon entwodiksyon, ou dwe reflechi ni sou moun ki pral koute w yo ni sou enfòmasyon ki nan chema diskou a.