BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • scl p. 3
  • Entwodiksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Entwodiksyon
  • Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
scl p. 3

Entwodiksyon

Liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an ap fè l fasil pou ou pou w jwenn vèsè oswa istwa nan Bib la k ap ede w fè fas ak defi ansanm ak pwoblèm ou rankontre. Epitou, liv sa a ap ede w jwenn pasaj nan Bib la ou vrèman bezwen pou ankouraje w epi ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi. W ap jis chèche sijè w bezwen an, e nan chak sijè, w ap jwenn kesyon k ap ede w epi w ap jwenn kèk pawòl tou kout ki dekri yon istwa ki nan Bib la. (Gade kare “Fason pou w fè rechèch nan liv sa a”.) W ap jwenn yon pakèt bon konsèy ki enpòtan, direksyon ak rekonfò ki soti nan Pawòl Bondye a. Epitou, w ap jwenn trezò pou w pataje ak lòt moun, sa vle di vèsè k ap ankouraje yo, k ap ede yo jere pwoblèm yo genyen e k ap ba yo konsèy ak fòs.

Fason pou w sèvi ak liv sa a

Pou w jwenn yon sijè, ou ka sèvi ak ti kare chèche a, oswa ou ka chèche nan seksyon yo. Liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an gen sèt gwo seksyon ladan l: Pwoblèm, Konduit, Kongregasyon, Lavi chak jou, Fanmi, Relasyon nou ak Jewova epi Kalite ak defo. W ap jwenn pifò sijè w ap chèche yo nan youn nan seksyon sa yo. Chwazi seksyon ki apwopriye a, epi chèche sijè w bezwen an pami sijè ki ladan l yo. Sepandan, si w pa fin konnen nan ki seksyon sijè w bezwen an ye, chwazi Tout epi pase nan tout lis sijè ki genyen yo jiskaske w jwenn sijè w bezwen an menm. Nan chak sijè, w ap jwenn plizyè soutit ki an gra. Genyen se yon deklarasyon, genyen se yon kesyon. Lè w ap li vèsè yo bay ki an gra yo ki anba chak soutit, pran tan pou w medite sou fason yo kore deklarasyon an oswa reponn kesyon an. Pafwa, yo ka separe yon sijè fè plizyè pati pou ede w fè rechèch pi vit. Gen kèk kote n ap jwenn yon pati ki rele “Gade tou” ki gen kèk vèsè ladan l. Yo bay kèk lòt ide ki gen rapò ak sijè a. Souvan, w ap jwenn tou yon pati ki rele “Istwa nan Bib la ki kapab ede w”. Gen yon fraz ki pale sou pwen kle oswa leson ki nan pasaj yo bay yo. Pandan w ap li vèsè yo, sèvi ak fraz yo te ba w la pou w ka byen konprann ide a.

Liv sa a pa bay tout vèsè nèt ki gen rapò ak yon sijè. Men, l ap ede w byen kòmanse rechèch w ap fè yo (Pw 2:​1-6). Pou w ka fouye plis, ou ka sèvi ak referans majinal yo ansanm ak nòt etid yo ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Ou ka sèvi tou ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la ak Index des publications des Témoins de Jéhovah pou w etidye pi byen toujou sans yon vèsè oswa fason yo aplike l. Gade enfòmasyon yo bay ki pi ajou yo pou w ka sèten ou gen dènye konpreyansyon nou genyen sou verite ki nan Bib la.

Nou swete pou liv Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen an ede w jwenn sajès, konesans ak bon konprann ki gen nan Bib la. Tank w ap sèvi ak liv sa a, w ap vin gen plis konviksyon “pawòl Bondye a vivan e li pisan”. — Eb 4:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje