BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • scl
  • Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova
  • Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
scl

Jewova

Non l

Non Jewova a vle di “Li fè vin tounen”

Jen 1:1; Eg 3:​13-15; Sm 102:25; Eza 42:5

Ki sa Jewova vin tounen, sa vle di ki sa l fè tèt li vin tounen pou l ka pran swen sèvitè l yo?

Sm 19:14; 68:5; Eza 33:22; 40:11; 2Ko 1:​3, 4

Gade tou Sm 118:14; Eza 30:20; Jr 3:14; Za 2:5

Sa k fè sangtifikasyon non Jewova se bagay ki pi enpòtan?

Sm 83:18; Eza 29:23; Eze 36:23; Lk 11:2

Poukisa Jewova, Souvren linivè a, merite pou nou obeyi l?

Re 4:11; 7:​9-12

Kèk tit Jewova genyen

Toupisan — Jen 17:1; Re 19:6

Papa — Mt 6:9; Jan 5:21

Gran pwofesè — Eza 30:20

Chèf lame yo — 1Sa 1:11

Wa letènite — 1Ti 1:17; Re 15:3

Majeste — Eb 1:3; 8:1

Sila a ki nan pi gwo pozisyon an — Jen 14:​18-22; Sm 7:17

Mas Wòch — Dt 32:4; Eza 26:4

Seyè ki Souvren an — Eza 25:8; Am 3:7

Kalite estrawòdinè Jewova genyen

Ki jan Jewova montre byen klè li sen, e ki efè sa ta dwe genyen sou sèvitè l yo?

Eg 28:36; Le 19:2; 2Ko 7:1; 1P 1:​13-16

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eza 6:​1-8 — Pwofèt Ezayi te santi l boulvèse lè l te resevwa yon vizyon ki te montre jis nan ki pwen Jewova sen, men, gen yon serafen ki te fè l sonje menm lèzòm ki pechè kapab pwòp nan je Bondye.

    • Wm 6:​12-23; 12:​1, 2 — Apot Pòl esplike ki jan nou ka goumen ak tandans nou genyen pou n fè peche a epi kontinye chèche gen “yon lavi ki sen”.

Jis nan ki pwen Jewova gen anpil pisans, e ki fason li sèvi avè l?

Eg 15:​3-6; 2Kw 16:9; Eza 40:​22, 25, 26, 28-31

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 8:​12-18 — Moyiz, ki te yon pwofèt, te fè pèp Izrayèl la sonje tout bon bagay yo genyen se Jewova ki ba yo l grasa pisans li.

    • 1Wa 19:​9-14 — Jewova te fè yon seri aksyon estrawòdinè ki demontre pisans li pou l te ankouraje pwofèt Eli ki te deprime.

Poukisa jistis Jewova san parèy?

Dt 32:4; Jb 34:10; 37:23; Sm 37:28; Eza 33:22

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 24:​16-22 — Jan Lwa Moyiz la fè n konn sa, jistis Jewova toujou ann amoni ak mizèrikòd li ansanm ak lanmou l.

    • 2Kw 19:​4-7 — Wa Jozafa te fè jij li te nome yo sonje jijman y ap fè yo dwe baze sou jistis Jewova, yo pa dwe baze sou sa lezòm di.

Ki sa k montre Jewova pi saj pase tout moun nèt?

Sm 104:24; Pw 2:​1-8; Jr 10:12; Wm 11:33; 16:27

Gade tou Sm 139:14; Jr 17:10

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 1Wa 4:​29-34 — Jewova te beni wa Salomon, li te ba l yon sajès okenn lòt moun nan epòk li a pa t genyen.

    • Lk 11:31; Jan 7:​14-18 — Jezi te gen plis sajès pase Salomon; men, avèk imilite, li te rekonèt se Jewova ki te ba l sajès li te genyen an.

Ki sa Jewova fè ki montre lanmou se pi gwo kalite li gen lakay li?

Jan 3:16; Wm 8:32; 1J 4:​8-10, 19

Gade tou Sf 3:17; Jan 3:35

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Mt 10:​29-31 — Jezi te sèvi ak egzanp tikit yo pou l te montre nou jis nan ki pwen Jewova renmen chak sèvitè l yo e li ba yo anpil valè.

    • Mk 1:​9-11 — Pandan Jewova nan syèl la, li te pale ak Pitit Gason l lan, li te fè tout sa yon paran dwe fè pou pitit li: li te fè konnen li se pitit li, li renmen l e li pran plezi nan li.

Ki lòt rezon ki fè nou renmen Jewova? Bib la montre kèk pami bèl kalite Jewova genyen yo...

Li wè tout bagay — 2Kw 16:9; Pw 15:3

Li pa janm chanje; nou ka fè l konfyans — Ml 3:6; Jk 1:17

Li gen konpasyon — Eza 49:15; 63:9; Za 2:8

Li la pou toutan; li pa gen ni kòmansman, ni fen — Sm 90:2; 93:2

Li renmen bay — Sm 104:​13-15; 145:16

Li gen anpil pouvwa — Re 4:​1-6

Li gen kè kontan — 1Ti 1:11

Li gen imilite — Sm 18:35

Li gen bonte — Lk 6:35; Wm 2:4

Li fidèl — Re 15:4

Li gen anpil glwa — Sm 8:1; 148:13

Li gen mizèrikòd — Eg 34:6

Li gen pasyans — Eza 30:18; 2P 3:9

Li renmen lapè — Fp 4:9

Li gen jistis — Sm 7:9

Plis n ap aprann konnen Jewova, ki santiman n ap vin gen pou li?

Dt 6:​4, 5; Mk 12:​28-32

Fason pou nou sèvi Jewova

Ki sa k montre Jewova pa mande sèvitè l yo fè plis pase sa yo ka fè?

Dt 10:12; Mi 6:8; 1J 5:3

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 30:​11-14 — Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la pa t twò difisil pou Izrayelit yo te obeyi.

    • Mt 11:​28-30 — Jezi imite Papa l yon fason ki pafè, li te asire disip li yo li se yon bon Mèt.

Poukisa li nòmal pou nou fè louwanj pou Jewova?

Sm 105:​1, 2; Eza 43:​10-12, 21

Gade tou Jr 20:9; Lk 6:45; Tr 4:​19, 20

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 104:​1, 2, 10-20, 33, 34 — Moun ki te ekri Sòm 104 la te jwenn anpil bagay nan kreyasyon an ki te ba l rezon pou l fè louwanj pou Jewova.

    • Sm 148:​1-14 — Tout sa Jewova kreye yo ap ba l louwanj, zanj yo ladan l tou.

Ki jan konduit nou ka bay temwayaj sou Jewova?

Mt 5:16; Jan 15:8; 1P 2:12

Gade tou Jk 3:13

Poukisa nou dwe chèche vin pi pwòch Jewova?

Sm 73:28; Jk 4:8

Nan ki sans imilite ka ede nou pwoche bò kote Bondye?

Sm 138:6; Eza 57:15

Ki wòl lekti Labib ak meditasyon jwe nan ede nou pwoche bò kote Jewova?

Sm 1:​1-3; 77:​11-13; Ml 3:16

Poukisa l enpòtan anpil pou n aji ann amoni ak sa n aprann sou Jewova?

Lk 6:​46-49; Jk 1:​22-25

Poukisa nou pa dwe janm eseye kache anyen pou Jewova?

Jb 34:22; Pw 28:13; Jr 23:24; 1Ti 5:​24, 25

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Wa 5:​20-27 — Geyazi te eseye kache peche l te fè a, men Jewova te fè pwofèt Elize konnen laverite.

    • Tr 5:​1-11 — Anànyas ak Safira t ap kache peche yo te fè a, men Jewova te fè wè sa yo te fè a e li te pini yo paske yo t ap bay lespri sen manti.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje