Jezi Kris
Ki wòl enpòtan Jezi jwe nan akonplisman objektif Jewova?
Tr 4:12; 10:43; 2Ko 1:20; Fp 2:9, 10
Gade tou Pw 8:22, 23, 30, 31; Jan 1:10; Re 3:14
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Mt 16:13-17 — Apot Pyè te di Jezi se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
Mt 17:1-9 — Aparans Jezi te chanje devan twa nan apot li yo, e Jewova te pale de Pitit Gason l lan detan Jewova nan syèl la.
Ki sa k fè Jezi pa menm ak okenn lòt moun sou tè a?
Jan 8:58; 14:9, 10; Kl 1:15-17; 1P 2:22
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Mt 21:1-9 — Lè Jezi te antre Jerizalèm sou ti bourik la, li te akonpli pwofesi ki te anonse li t ap vin Wa, sila Jewova chwazi a.
Eb 7:26-28 — Apot Pòl te esplike kòman Jezi antanke Gran Prèt diferan ak tout lòt gran prèt ki te egziste yo.
Ki sa mirak Jezi te fè yo aprann nou sou li ak Papa l?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Mt 4:23, 24 — Jezi te montre li gen pouvwa sou demon yo, sou tout maladi ak andikap.
Mt 14:15-21 — Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje lè l te fè senk pen ak de pwason vin anpil.
Mt 17:24-27 — Jezi te fè yon mirak pou l fè Pyè jwenn kòb pou l bay nan tanp lan kòm taks, konsa, moun yo pa t ap bite.
Mk 1:40, 41 — Jezi te gen pitye pou yon mesye ki te gen lèp e li te geri l, sa montre li vrèman vle elimine maladi.
Mk 4:36-41 — Jezi te kalme yon gwo tanpèt, sa montre papa l ba l pouvwa menm sou fòs natirèl yo.
Jan 11:11-15, 31-45 — Jezi te kriye pou Laza yon zanmi l, ki te mouri e li te resisite l, konsa, li montre li rayi lanmò ak efè li gen sou nou.
Ki tèm mesaj Jezi t ap preche a?
Ki bèl kalite Jezi te montre li genyen pandan l te sou tè a? Gade ki jan li te demontre bèl kalite sa yo...
Abòdab — Mt 13:2; Mk 10:13-16; Lk 7:36-50
Gen konpasyon ak mizerikòd — Mk 5:25-34; Lk 7:11-15
Gen kouraj — Mt 4:2-11; Jan 2:13-17; 18:1-6
Gen imilite — Mt 11:29; 20:28; Jan 13:1-5; Fp 2:7, 8
Gen lanmou — Jan 13:1; 14:31; 15:13; 1J 3:16
Gen obeyisans — Lk 2:40, 51, 52; Eb 5:8
Gen sajès — Mt 12:42; 13:54; Kl 2:3
Poukisa Jezi te bay lavi l? E ki byenfè nou jwenn grasa lanmò l?
Poukisa nou ta dwe rejwi lefètke Jezi Kris ap dirije kòm Wa nan syèl la?
Sm 72:12-14; Dn 2:44; 7:13, 14; Re 12:9, 10
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Sm 45:2-7, 16, 17 — Sòm sa a montre Wa Bondye chwazi a pral pote laviktwa sou tout ènmi l yo e l pral dirije avèk laverite, imilite epi yon fason ki dwat.
Eza 11:1-10 — Lè Jezi ap dirije antanke Wa, tè a pral tounen yon paradi kote ap gen lapè.